Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Similar documents
REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Avi sou pratik konfidansyalite

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Preche Levanjil Mwen an

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Pushing: stage 2 of labor

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Other books by or edited by Bryant Freeman

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Elementary: Intermediate:

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

Byenvini nan klas kreyòl!

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

The shadows, The shadows, the emptiness, this

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

Minds are like parachutes : they only function when open! So, USE YOUR BRAINS! Nobody can do it for you!!!

Designated contracting state (EPC) AT BE BG CH CY CZ DE DK EE ES FI FR GB GR HU IE IS IT LI LT LU LV MC NL PL PT RO SE SI SK TR

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

MUSIC FOR CHILDREN CARL ORFF CANADA MUSIQUE POUR ENFANTS ORFF CHILDREN S DAY

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

Schematic Set. For XR-20 and XR-24 Rack-Mount Mixers

Scene Number 3 (Musique ancienne : Edith Piaf. Jessica arrive dans une salle ou la mamy est assise, elle tricote. Jessica se précipite dans ses bras)

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Understanding and Mastering The Bluebook

KONTENI. Nimero 128 Me Zin 2017

ONE. The IET Regulations, BS 7671 and this Guide CHAPTER

Personal Response Writing

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Answers File Type

KS4 curriculum map. Year 10

Senior High School Guitar District-Developed End-of-Course (DDEOC) Exam Study Guide

Math Assignment 10

Introduction to Japanese Language and Culture Prof. Vatsala Misra Indian Institute of Technology-Kanpur

2017 Tentative Roster

Legislative Testimony

Perusal only. So - leil. go sur. les flots. Vo-guons

) ) ) ) CASE NO. ) ) )

Remote Control Setup

Linking semantic and pragmatic factors in the Japanese Internally Headed Relative Clause

Transcription:

Pwogram pou elèv dwe Procedural Safeguards for Exceptional Students Who Are Gifted 6A-6.03313 Pwosedi pwoteksyon dwa pou elèv esepsyonèl, elèv dwe Dapre regleman-sa-a, bay manman/papa enfòmasyon konsènan dwa-yo enpòtan anpil. Epitou li garanti fanmi-an opòtinite vin asosye (patnè) nan desizyon ki pran konsènan pitit-li. Li enpòtan pou konsèy edikasyon lokal (school board) founi manm pèsonnèl distrik ak pèsonnèl lekòl ransèyman sou dwa-sa-yo tou konsa yo kapab idantifye sa elèv-yo bezwen epi satisfè yon jan apwopriye demann-yo. Regleman school board ak pwosedi ki bay garanti nan pwoteksyon dwa fanmi va tabli konfòmeman ak Regleman Rule 6A-6.03411, Florida Administrative Code (F.A.C.), epi va prevwa dispozisyon adekwa pou: (1) Bay avi anvan. Nan yon bon tan davans, distrik eskolè-a dwe fè fanmi-an konnen sa nan yon avi ekri anvan pwopozisyon oswa refi pou kòmanse oswa chanje idantifikasyon, evalyasyon, plasman elèv-la nan yon pwogram edikasyonèl oswa sèvis ki founi pou elèv-la resevwa yon edikasyon piblik, apwopriye, gratis. (a) Premye avi yo voye bay paran dwe ekri nan yon lang tout moun ka konprann epi ekri nan lang natif natal-ou oswa nan jan fanmi-an konprann epi kominike pi souvan sòf si gen bon rezon ki fè sa pa posib. (b) Si lang natif natal-ou oswa lòt jan ou kominike pa yon langaj ekri, distrik eskolè-a dwe asire: 1. Avi-a tradwi epi ou resevwa yon esplikasyon vèbal nan lang ou pale-a oswa nan lòt jan lekòl-la kapab kominike ak ou men toujou nan lang natif natal fanmi-an; 2. Ou konprann sa ki ekri nan avi-a; epi 3. Gen dokimantasyon ki pwouve kondisyon ki nan souparagraf (1)(b)1. ak 2. Regleman-saa satisfè. (c) Avi pou paran dwe enkli: 1. Yon deskripsyon aksyon distrik-la pwopoze oswa refize, yon esplikasyon poukisa distrik-la pwopoze oswa refize pran aksyon-an, ak yon deskripsyon tout lòt opsyon distrik-la konsidere ak rezon poukisa opsyon-sa-yo te refize; 2. Yon deskripsyon chak pwosedi evalyasyon, tès, dosye oswa rapò distrik-la baze sou aksyon ki pwopoze oswa refize; 3. Yon deskripsyon tout lòt faktè siyifikatif distrik-la te konsidere lè li tap pran desizyon pou pwopoze oswa refize; epi 4. Enfòmasyon sou jan paran kapab jwenn yon kopi bwochi pwosedi pwoteksyon dwa elèv dwe (gifted) ki mansyonne nan regleman-sa-a. (2) Pou fanmi, Kontni ak dispozisyon ki prevwa nan Pwosedi pwoteksyon dwa elèv dwe.

(a) Yo dwe bay fanmi-an yon kopi bwochi pwosedi pwoteksyon dwa elèv dwe. Nan bwochi-a fanmi-an dwe jwenn okonplè esplikasyon dispozisyon ki prevwa nan regleman-sa-a. (b) Yo dwe mete aladispozisyon fanmi-an yon kopi bwochi pwosedi pwoteksyon dwa elèv dwe (gifted), epi fanmi-an dwe resevwa kopi bwochi-a, chak fwa: 1. Lè gen yon premye referal pou evalyasyon; 2. Lè paran-an refize pou yo fè yon premye evalyasyon si li fè demann-nan; 3. Gen notifikasyon yon reyinyon EP; epi 4. Lè yo resevwa yon demann pou yon odyans pwosedi regilye ak tretman ekitab (due process hearing) swa distrik eskolè-a oswa paran-an mande odyans-la konfòmeman ak dispozisyon ki prevwa nan souseksyon (7) regleman-sa-a. (3) Konsantman fanmi enfòme. (a) Yo dwe bay fanmi-an nan lang natif natal-li oswa nan lòt jan li kominike, sòf si sa pa posib, tout ransèyman sou aksyon lekòl-la bezwen konsantman pou li. (b) Lekòl-la dwe gen konsantman alekri manman ak/oswa papa anvan li kòmanse premye evalyasyon pou detèminen elijibilite elèv-la epi anvan li founi elèv dwe (gifted student) sèvis epi tabli kondisyon pou premye sèvis. (c) Distrik eskolè dwe dokimante tout efò yo fè pou jwenn konsantman fanmi-an jan paragraf (3)(b) regleman-sa-a ekzije-li. (d) Fanmi kapab bay konsantman-li si li vle men li kapab retire konsantman-li nenpòt lè anvan aksyon-an rive. (e) Pou yon evalyasyon endividyèl, fòmèl ak sèvis yo va founi elèv-la premye fwa, konsantman ekzijib men nan lòt ka li pa ekzijib kòm kondisyon pou lòt bennefis pou paran oswa timoun-nan. Men apre premye plasman edikasyonèl, tout pwopozisyon oswa refi pou kòmanse oswa chanje idantifikasyon, evalyasyon, oswa plasman elèv-la nan yon pwogram edikasyonèl oswa sèvis ki founi pou elèv-la resevwa yon edikasyon piblik, apwopriye, gratis, konsantman fanmi-an pa vin nesesè men yo dwe voye kanmenm yon avi bay fanmi-an jan sa esplike nan souseksyon (1) avi-sa-a. (f) Konsantman fanmi pa ekzijib: 1. Anvan yo revwa donne ak ransèyman ki egziste deja epi ki fè pati yon evalyasyon; oubyen 2. Anvan yo bay tout elèv san esepsyon yon tès oswa tout lòt evalyasyon; sòf si anvan yo bay tès oswa evalyasyon sila, konsantman fanmi tout timoun sila te obligatwa. (4) Opòtinite pou paran konsilte dosye-yo epi patisipe nan reyinyon-yo. a) Dapre Regleman Rule 6A1.0955, F.A.C., Section 1002.22, Florida Statutes (F.S.), epi dapre regleman-sa-a, fanmi elèv-la ap gen opòtinite konsilte epi revwa dosye edikasyon pitit-li.

(b) Konfòmeman ak regleman-sa-a, reprezantan fanmi-an gen dwa konsilte epi revize dosyeyo, epitou dosye konsènan idantifikasyon, evalyasyon, ak plasman elèv-la nan yon pwogram edikasyon espesyal epi sèvis ki founi pou elèv-la resevwa yon edikasyon piblik, apwopriye epi gratis. (c) Yo dwe bay fanmi yon elèv dwe (gifted) opòtinite patisipe nan reyinyon ki konsènen devlopman plan edikasyon pitit-li. (5) Evalyasyon ou peye ak lajan pa-ou. Si manman/papa peye pou yon evalyasyon edikasyonèl endepandan ak lajan pa-yo epi evalyasyon-an satisfè kondisyon ki esplike nan souseksyon (4) Rule 6A-6.0331, F.A.C., distrik eskolè-a dwe pran an konsiderasyon rezilta evalyasyon endepandan-an nan tout desizyon yo va pran pou detèminen si pitit-ou elijib pou li resevwa sèvis adapte pou edikasyon elèv esepsyonnèl. (a) Rezilta evalyasyon endepandan-an kapab prezante kòm evidans nan tout odyans (hearing) otorize dapre sou seksyon (7) regleman-sa-a. (b) Si yon jij dwa administratif mande yon evalyasyon edikasyonèl endepandan nan kad pwosedi yon odyans, se Leta ki dwe peye pou evalyasyon-an, jan sa esplike nan paragraf (7)(c), Rule 6A-6.03411, F.A.C. (6) Pwosedi pou swiv pou pote plent (konplent) devan Leta. Department of Education (Depatman Edikasyon) va bay fanmi ak lòt moun enterese, opòtinite pou rezoud akizasyon yon distrik eskolè vyole kondisyon obligatwa Leta enpoze konsènan edikasyon elèv dwe. Yo kapab esplike sa ki pase nan pwosedi pou pote plent Leta tabli. (a) Nan katrevendis (90) jou apre yon konplent depoze, dapre dispozisyon ki prevwa nan regleman-sa-a, Depatman Edikasyon-an dwe: 1. Mennen yon envestigasyon endepandan sou plas, si Department of Education (Depatman Edikasyon) detèminen yon envestigasyon nesesè; 2. Bay pleyan-an opòtinite soumèt (founi) ransèyman adisyonnèl swa vèbal oswa alekri konsènan akizasyon ki esplike nan konplent-la; 3. Revwa tout enfòmasyon enpòtan epi fè yon detèminasyon endepandan pou wè si distrik eskolè-a vyole nenpòt nan kondisyon Leta enpoze konsènan edikasyon elèv dwe (gifted); 4. Rann yon dezisyon alekri ki adrese chak pwen prezante nan konplent-la epi konkli sou sa ki pase, konklizyon ak rezon, plizyè rezon pou desizyon final Depatman Edikasyon; epi 5. Pwolonje delè ki fikse nan paragraf (6)(a) regleman-sa-a si gen sikonstans espesyal ki jistifye sa dapre yon konplent anpatikilye. (b) Pwosedi pou mete ann aplikasyon / egzekite desizyon final Department of Education (Depatman Edikasyon) enkli sa ki vin apre

1.Aktivite ki mande asistans teknik: 2. Negosyasyon; ak 3. Aksyon korektif pou rive jwenn konfòmite. (c) Relasyon ak odyans due process (odyans pou pwosedi regilye ak tretman ekitab). 1. Konfòmeman ak souseksyon (7) regleman-sa-a, si nou resevwa yon plent sou fòm ekriti ki anmenmtan se yon demann pou yon odyans due process, oswa konplent-la gen ladann pwen miltip, yon keksyon oswa plis ki fè pati odyans-la, Department of Education dwe rejte nenpòt pati nan plent yap konsidere kounye diran odyans-la jiskaske tout aksyon pwosedi-a fini. Sepandan, nenpòt pwoblèm ki pa soulve nan odyans-la dwe jwenn yon solisyon konfòmeman ak pwosedi ki dekri nan souseksyon (6) regleman-la. 2. Dapre souseksyon-sa-a, si yon pwoblèm soulve nan yon konplent ki depoze epi keksyonsa-a te deja rezoud ant de menm pati-yo diran yon odyans due process, desizyon jij administratif-la dwe egzekite epi Department of Education (Depatman Edikasyon) dwe enfòme pleyan-an. 3. Department of Education (Depatman Edikasyon) dwe rezoud tout plent ki pretann yon distrik eskolè pa egzekite yon desizyon yo te pran diran yon odyans due process. (7) Odyans pou pwosedi regilye ak tretman ekitab - Due process hearings. Distrik eskolè ak fanmi elèv dwe (gifted), andwa gen yon odyans due process pou rezoud keksyon ki konsènen idantifikasyon, evalyasyon ak plasman elèv nan pwogram espesyal oswa sèvis ki founi pou elèv-la resevwa yon edikasyon piblik apwopriye epi gratis. (a) Manman/papa oswa yon distrik eskolè ka inisye yon odyans ki kapab deside sou pwopozisyon oswa refi kòmanse oswa chanje idantifikasyon, evalyasyon, plasman yon elèv nan pwogram edikasyonèl, oswa sèvis ki founi pou elèv-la resevwa yon edikasyon piblik apwopriye gratis. (b) Se yon jij dwa administratif nan Division of Administrative Hearings, Department of Management Services, ki kapab prezide yon odyans onon Depatman Edikasyon (Department of Education). (c) Yon jij dwa administratif (ALJ) va itilize esplikasyon nan souseksyon (7) regleman-sa-a pou nenpòt odyans; li dwe dayè dirije-li an konfòmite avèk pwosedi règ administratif (Uniform Rules for Administrative Proceedings, Chapit 28-106, F.A.C.,) selon li jije sa ki apwopriye enkli, men san limatasyon pou otan: otorite yon pati pou mande yon konferans preliminè anvan odyans, otorite jij-la (ALJ) pèmèt li site an jistis temwen-yo pou blije-yo konparèt devan tribinal-la epi prezante dosye-yo, epitou avèk otorite-li, jij-la (ALJ) kapab pran desizyon lè rezon materyèl ki an dispit pa prezan. (d) Kondisyon elèv-la diran pwosedi ak aksyon legal-yo.

1. Diran tan yon aksyon legal administratif oswa aksyon legal ankou, anrapò ak yon odyans due process, sòf si distrik-la ak fanmi elèv-la deside otreman, elèv ki konsènen an dwe rete kote yo te plase li pou edikasyon-li. Si diran pwosedi legal-la yo mande pou elèv-la ranpli yon aplikasyon pou admisyon nan yon lekòl piblik, yo dwe plase elèv-la, avèk konsantman fanmili, nan yon pwogram lekòl piblik jiskaske tout aksyon lajistis tèminen. 2. Si yon jij dwa administratif dakò ak paran-an epi jije chanjman nan plasman pou yon lòt pwogram eskolè nesesè, plasman-sa-a vin plasman pati yo dakò diran tan apèl-la ap pouswiv. (e) Dwa tout pati genyen lè yo nan yon odyans. 1.Nenpòt pati konfòmeman ak souseksyon (7) regleman-sa-a gen dwa: a. Pou yon avoka oswa yon reprezantan kalifye reprezante li selon kalifikasyon ak estanda ki tabli nan regleman Rules 28-106.106 ak 28-106.107, F.A.C., oswa ankò pati-a kapab fè yon moun ak konesans espesyal oswa yon moun ki antrene nan keksyon elèv dwe, akonpaye-li; yon konbinezon toulede opsyon posib; b. Prezante evidans, epi konfwonte, keksyonnen temwen deja entèwoje, oblije temwen-yo prezan; c. Entèdi yo entwodi evidans yo pat janm fè lòt pati-a konnen senk (5) jou anvan odyans-la; d. Resevwa, selon chwa fanmi-an, san fanmi-an pa peye anyen, yon rapò transkri motamo oswa yon rapò elektwonnik sou sa ki te di diran odyans-la; epi e. Resevwa, selon chwa fanmi-an, san fanmi-an pa peye anyen, rapò konklizyon nan fòma elektwonnik. 2. Kominike (revele) ransèyman adisyonnèl. a. Omwens senk (5) jou ouvrab anvan odyans-la konfòmeman ak souseksyon (7) reglemansa-a, chak pati dwe kominike bay lòt pati-yo tout evalyasyon ki konplete rive dat-sa-a ak rekòmandasyon baze sou evalyasyon pati-a gen entansyon prezante nan odyans-la. b. Yon jij administratif kapab anpeche nenpòt pati entwodi evalyasyon oswa rekòmandasyon enpòtan diran odyans-la, si pati-a pa respekte dispozisyon paragraph (7)(e)2. regleman-saa, san konsantman lòt pati-a pat nesesè. (f) Dwa fanmi diran odyans-yo. Yo dwe fè fanmi kap patisipe nan odyans-yo, anplis dwa-yo ki dekri nan paragraf (7)(e) regleman-sa-a, konnen dwa-yo pou: 1. Pitit-li prezan diran odyans-la paske li se yon pati konsènen tou; epi

2. Piblik-la andwa prezan diran odyans-la tou. (g) Devwa ak responsablite sipèrentandan-an (superintendent) oswa reprezantan-li se: 1. Mete ann aplikasyon pwosedi ki ekzije fanmi yon timoun dwe (gifted), oswa avoka ki reprezante timoun-nan, avèti distrik lekòl-la nan yon notis. Notis yo mande-a dwe rete konfidansyèl. Notis-la dwe enkli: non timoun-nan, adrès kote timoun-nan rete; non lekòl kote timoun-nan ale kounye-a; yon deskripsyon nati pwoblèm-la anrapò ak yon aksyon pwopoze oswa refize kòmanse oswa chanje, epitou enkli deskripsyon fè ki lakòz pwoblèm-la; ak yon rezolisyon pwopoze pou pwoblèm-la jiska yon sèten pwen epi ki aseptab pou fanmi-an nan moman-sa-a. Sepandan distrik eskolè-a pa kapab refize oswa retade dwa yon paran pou yon odyans due process paske fanmi-an pa bay notis. 2. Fakse imedytaman bay Division of Administrative Hearings (branch administratif ki okipe keksyon odyans) demann paran-an fè pou yon odyans menm moman yo resevwa demannnan; 3. Notifye tout pati konsènan dwa ak responsablite-yo anvan, diran, apre odyans-la. Notissa-a dwe enkli pou fanmi-an ransèyman sou kote yo ka jwenn sèvis legal gratis oswa a pri abòdab, ak lòt sèvis enpòtan, ki disponnib, si fanmi-an mande konnen enfòmasyon-sa-a oswa lè paran-an oubyen distrik eskolè-a inisye pwosedi odyans-la. 4. Detèminen si yon entèprèt nesesè epi fè aranjman pou entèprèt-la; 5. Respekte tout jijman (desizyon) jij dwa administratif-la rann konsènan demann pou ak echanj evidans; kominikasyon dosye; depozisyon mosyon epi fikse orè-yo konsa kondisyon regleman-sa-a ap respekte epi respekte delè ki fikse nan regleman-an. 6. Òganize anplwaye-yo pou yo founi asistans epi pou yo resevwa peman, fè preparasyon pou odyans-la, itilizasyon enstalasyon, epi founi dosye odyans transkri motamo; 7. Pran lòt responsablite school board espesifye. (h) Devwa ak responsablite Department of Education (Depatman Edikasyon) dwe enkli: 1. Kenbe yon lis moun ki egzèse fonksyon jij administratif ak yon deklarasyon konpetans ak kalifikasyon chak moun; 2. Kenbe yon endèks ak òdonnans (jijman) final odyans-yo epi bay piblik-la ransèyman sou òdonans-yo lè li resevwa yon demann. (i) Devwa ak responsablite jij dwa administratif: 1. Fikse dat, akilè, ak kote odyans-la ap fèt; fikse dat, akilè ak kote pou odyans preliminè ki fèt diran konferans telefonik ak pou lè yon pati gen pou prezante yon mosyon. Chak odyans kote pati prezante agiman oral dwe fèt nan lè ak kote ki konvni mye pou paran ak pitit-li; 2. Prezide yon odyans yon jan jis e san patipri;

3. Asire tout kominikasyon pyès dosye, mosyon, ak pwosedi odyans preliminè, espedisyonyo fèt nan delè ki fikse nan regleman-an konsènan echanj evidans epi rann yon òdonnans final. 4. Deside si fanmi-an vle yon kopi elektwonnik oswa yon kopi òdonnans final sou fòm ekriti ak pwosè-vèbal odyans-la; 5. Detèminen si fanmi-an vle piblik-la prezan diran odyans-la epi si fanmi-an vle pitit-la patisipe nan odyans-la; 6. Detèminen si konseye oswa reprezantan fanmi-an gen ase konesans oswa antrene nan keksyon elèv dwe (gifted); 7. Detèminen ki jan yo kapab fè echanj evidans anvan ak diran odyans-la; 8. Detèminen ki jan yo kapab oblije temwen vini nan odyans-la, keksyonnen temwen epi konfwonte-yo diran kominikasyon pyès dosye ak pandan odyans-la; 9. Detèminen ki jan yo kapab kominike evalyasyon ak rekòmandasyon anvan epi diran odyans-la; 10. Fè yon rezime sou sa ki pase ak rezime konklizyon ankèt-la epi rive pran yon desizyon san patipri baze sèlman sou enfòmasyon ki prezante diran odyans-la; 11. Rann yon òdonnans final epi voye bay tout pati-yo, pa lapòs, kopi òdonnans-yo. Kopi òdonnans-lan ap gen ladann deskripsyon fè ki lakòz pwoblèm-la, konklizyon ankèt ak desizyon (jijman-an). Jij-la gen karant senk (45) jou apre distrik-la resevwa demann fanmi-an oswa ankò lè distrik-la depoze yon demann pou odyans, pou bay yon kopi òdonans-la, selon dat ki pi pre; 12. Responsab pou fè respekte tout delè ak pwosedi etabli nan estati epi regleman pou odyans-yo; 13. Kenbe tout ransèyman ak enfòmasyon konfidansyèl; epi 14. Rann yon desizyon sou pwolongasyon delè espesifik, ki depase delè fikse nan souseksyon (7) regleman-sa-a, kèlkeswa pati ki fè demann-nan. (j) Aksyon sivil. Tout desizyon ki pran diran yon odyans konfòmeman ak souskesyon (7) regleman-sa-a dwe final, sòf, si nan trant (30) jou, yon pati ki panse desizyon-an pa nan enterè-li entante yon pwosè sivil devan tribinal sivil Leta kèlkeswa agiman, jan Section 1003.57(5), F.S. esplike l. Tribinal sivil Leta-a dwe: resevwa dosye ak pwosèvèbal pwosedi administratif; tande, si se nesesè, temwayaj adisyonèl si yon pati fè demann-nan; epi baze desizyon-ni sou evidans ki gen plis fòs, akòde reparasyon, si tribinal-la jije se nesesè. Nenpòt pati ki panse desizyon jij administratif-la pa nan avantaj-li gen dwa ale ann apèl epi mande tribinal apèl distrik-la yon revizyon san patipri, jan sa esplike nan Sections 120.68 and 1003.57(5), F.S.

Specific Authority 1001.02(1)(2)(n), 1003.01(3)(a)(b), 1003.57(5) F.S. Law Implemented (lwa mete ann apklikasyon) 1001.42(4)(l) 1003.01(3)(a)(b), 1003.57(5), 1001.03(8) F.S. History - New 9-20-2004. Bwochi-sa-a va ede fanmi timoun nan distrik eskolè Leta Florid konprann dwa-yo ki mache avèk pwogram pou elèv dwe (gifted). Li bay yon rezime lwa federal ak Leta sou jan dwa-ou pwoteje konsènan avi, konsantman, evalyasyon edikasyonèl endepandan, dosye, odyans ak apèl. Pwosedi pwoteksyon dwa aplikab pou timoun dwe (gifted). Florida Department of Education Dr. Tony Bennett, Commissioner ESE 310581 Revize 02/13

Pwogram pou elèv dwe Manman/Papa: Tanpri tcheke youn nan deklarasyon-sa-yo. Siyen papye-sa-a epi retounen-ni bay Espesyalis ESE (ESE Specialist). Mwen fè lekti bwochi Pwosedi pwoteksyon dwa elèv dwe (Procedural Safeguards for Gifted Students) epi mwen konprann dwa ak responsablite-mwen jan yo dekri yo-a. Mwen ta renmen yo ban-mwen yon esplikasyon sou pwoteksyon dwa elèv dwe (Procedural Safeguards for Gifted Students). Siyati Manman/Papa Dat li siyen For School Use Only: An explanation of the Procedural Safeguards for Gifted Students has been provided on: DATE 9/2/13 BY ED<HC#216/is/10/13 Document translated by ESOL Department (10/13)