SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Similar documents
SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Avi sou pratik konfidansyalite

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Pushing: stage 2 of labor

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

Preche Levanjil Mwen an

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Other books by or edited by Bryant Freeman

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Elementary: Intermediate:

The shadows, The shadows, the emptiness, this

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

Byenvini nan klas kreyòl!

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

KONTENI No Zin Ziyet 2013

KONTENI No.112 Desam Zanvye 2014

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

KONTENI. Ziyet-Ut Pu foto, remersiman: Clement Bordlais.

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

HIIT Console OWNER S MANUAL

LALIT. Revi MOBILIZASYON LEPEP TINIZI, LEZIP, YEMENN! TRANZAKSYON MEDPOINT Paz 3 LALIT KOMANT LINISYATIV GM MERJER DAN MEDYA MORIS.

1. At all relevant times, Richard S. McKirurey was the holder of North Carolina

KONTENI. Nimero 128 Me Zin 2017

DEPARTMENT OF HEALTH AND HUMAN SERVICES. Medicare and Medicaid Programs; Electronic Health Record Incentive Program--

TECHNICAL SPECIFICATION

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions

TECHNICAL SPECIFICATION

Scene Number 3 (Musique ancienne : Edith Piaf. Jessica arrive dans une salle ou la mamy est assise, elle tricote. Jessica se précipite dans ses bras)

四川苗 小花苗 Gan Yi Dry Yi 干彝 Hei Yi Black Yi 黑彝 Bai Yi Eastern Lisu

Introduction to Japanese Language and Culture Prof. Vatsala Misra Indian Institute of Technology-Kanpur

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

Year's Eve: Bernstein on Broadway Movie Watch Sans payer pas d'inscription date de sortie sous-titre anglais

Remote Control Setup

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

CHARTER PESER 2017 paz 13

Company Member s Signature: Parent/Guardian Signature of a Minor: PHOTO RELEASE

Transcription:

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 1 nan 8 Dat orijinal li antre an vigè : Jiyè 86 Dat yo te revize l : Avril 90, mas 2005 Kòd klasifikasyon : 400.301 Dat yo te revize l : Avril 2012, avril 2014, fevriye 2018 Referans yo : 101 CMR 613.00 Seksyon sou Regleman yo : Depatman / komite ki te bay li a : OBJEKTIF : Founi regleman ak pratik finansye ki sen pou asire yo konfòm a lalwa Federal ak nan eta a ki an vigè ak pou asire yo ranbouse Lopital la pou sèvis medikal li bay yo. REGLEMAN : Se regleman Lopital la pou l chache ranbousman pou sèvis li bay pasyan ki ka peye yo nan men tyès pati asirans ki responsab pou peye lajan swen pasyan an koute ak nan men pwogram asistans gouvènman an ak pwogram asistans ki pa pou gouvènman an pasyan an ka kalifye pou yo. Epi, Lopital la ka bay sèvis gratis oswa a yon pri redui pou pasyan ki endijan medikalman men ki pa kalifye pou lòt fòm asistans yo. Anplis, Lopital la ap bay resous ak bay konsèy pou ede pasyan yo aplike pou asistans. Lopital la ap kenbe konfidansyalite enfòmasyon medikal ak finansye tout pasyan yo an akò ak lalwa federal ak eta a, ki an vigè yo, sou respè lavi prive, sekirite ak vòl idantite. RESPONSABLITE : Se responsablite Depatman sistèm finansye pasyan an pou l aplike ak jere regleman sou kredi ak rekouvreman an. PWOSEDI : A. Kolekte enfòmasyon sou resous finansye ak kouvèti asirans pasyan an a) Lopital la ap travay ak pasyan an pou l konseye l sou responsablite l pou l bay enfòmasyon enpòtan ki anba yo : Anvan yo bay nenpòt sèvis swen lasante (sof sèvis yo bay pou estabilize yon pasyan yo detèmine ki gen yon maladi medikal ki ijan oswa ki bezwen sèvis swen an ijans), pasyan an gen responsablite pou l bay enfòmasyon atan ak ekzat sou sitiyasyon asirans li kounye a, enfòmasyon demografik, chanjman nan revni fanmi l oswa nan kouvèti asirans an gwoup yo a (si yo genyen), ak, si yo konnen, enfòmasyon sou dediktib oswa ko-peman asirans oswa pwogram finansye, yo ladan l lan, ekzije pou yo peye. Enfòmasyon detaye pou chak bagay dwe gen ladan l enfòmasyon ki anba yo, men yo pa limite a enfòmasyon sa yo sèlman : i) Non konplè, adrès, nimewo telefòn, dat nesans, nimewo sekirite sosyal (si l disponib), chwa sou kouvèti asirans yo gen kounye a, enfòmasyon sou sitwayènte ak rezidans ak resous finansye pasyan an genyen kounye a yo ka itilize pou peye bòdwo l la ; ii) Si l aplikab, non konplè moun ki te bay pasyan an garanti, adrès li, nimewo telefòn li, dat nesans li, nimewo sekirite sosyal li (si l disponib), chwa sou kouvèti asirans li gen kounye a, enfòmasyon sou sitwayènte ak rezidans ak resous finansye l genyen kounye a yo ka itilize pou peye bòdwo pasyan an ; ak iii) Pami lòt resous yo ka itilize pou peye bòdwo a, genyen lòt pwogram asirans yo, asirans machin oswa asirans pwopriyetè kay si se akoz yon aksidan yo te bay tretman an, pwogram endemnizasyon nan travay, asirans pou etidyan, ak nenpòt lòt revni fanmi an tankou eritaj, kado oswa lajan yo pran nan yon fideyikomi ki te disponib, pami yon pakèt lòt.

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 2 nan 8 Pasyan an gen pou responsablite tou pou l sonje bòdwo lopital li pako peye, ki gen ladan l kopeman, ko-asirans ak dediktib yo epi pou l kontakte lopital la si l bezwen asistans pou peye yon pati oswa tout lajan bòdwo a. Anplis, yo ekzije pasyan an pou l enfòme swa konpayi asirans lasante l gen kounye a (si l gen youn) oswa ajans eta a ki la pou detèmine si pasyan an kalifye pou yon pwogram piblik de tout chanjman ki gen nan revni fanmi an oswa nan sitiyasyon asirans li. Lopital la ka ede pasyan an tou pou l mete ajou enfòmasyon pou l konnen si l kalifye pou yon pwogram piblik lè gen chanjman nan revni fanmi an oswa nan sitiyasyon asirans li, amezi pasyan an te enfòme lopital la konsènan chanjman sa yo nan kondisyon kalifikasyon l lan. Lopital la ap travay ak pasyan an pou l asire l li konnen responsablite l pou l fè lopital ak pwogram kote li resevwa asistans la (tankou MassHealth, Connector, Health Safety Net oswa Medical Hardship) konnen nenpòt enfòmasyon ki gen rapò ak chanjman nan revni fanmi an oswa si yo fè pati yon reklamasyon asirans ki ka peye lajan pou sèvis yo te ba yo nan lopital la. Si gen yon tyès pati (tankou asirans kay oswa asirans machin ak lòt asirans) ki responsab pou peye pou swen an akoz yon aksidan oswa lòt ensidan, pasyan an ap travay ak lopital oswa pwogram li ladan l lan (ki gen ladan l MassHealth, Connector oswa Health Safety Net ak lòt ankò) pou l ba yo dwa pou yo rekipere lajan y ap peye oswa yo pako peye pou sèvis yo. b) Obligasyon pa lopital la : Lopital la dwe fè tout efò rezonab ak dilijan pou kolekte enfòmasyon sou asirans pasyan an ak tout lòt enfòmasyon pou verifye pasyan an gen kouvèti pou sèvis swen lasante y ap ba li yo nan lopital la. Yo ka fè efò sa yo lè pasyan an te vin anrejistre an pèson pou premye fwa li te vin mande yon sèvis nan lopital la oswa yo ka fè sa yon lòt lè. Anplis, lopital la ap fè pasyan an konnen disponiblite chwa kouvèti atravè pwogram asistans piblik ki disponib oswa pwogram asistans finansye lopital la, ki gen ladan yo kouvèti atravè MassHealth, pwogram pou ede peye pou lajan asirans Health Connector ap jere, Children s Medical Security Program nan, Health Safety Net, oswa Medical Hardship. Pwogram sa yo ka ede peye bòdwo y ap voye bay pasyan an oswa moun ki te bay pasyan an garanti a apre yo te ba l sèvis yo. Apre, lopital la ap fè tout dilijans posib atravè sistèm verifikasyon finansye piblik oswa prive ki ekziste yo pou l detèmine si l kapab idantifye si pasyan an kalifye pou kouvèti asirans piblik oswa prive. Lopital la ap fè tantativ pou kolekte enfòmasyon sa yo anvan l bay nenpòt sèvis swen lasante ki pa yon ijans e ki pa bezwen atansyon imedya. Lopital la ap retade nenpòt tantativ pou l jwenn enfòmasyon sa yo lè y ap trete yon pasyan pou yon sitiyasyon medikal ki ijan oswa si l bezwen sèvis an ijans. Efò nan dilijans lopital la fè yo gen ladan yo, men san yo pa limite a sa yo sèlman, mande enfòmasyon sou sitiyasyon asirans pasyan an, tcheke nenpòt bank done sou asirans piblik oswa prive ki disponib, swiv prensip nan prepare bòdwo ak bay otorizasyon, epi si sa apwopriye, al nan apèl pou nenpòt reklamasyon yo refize peye lè yo konnen gen yon tyès pati konpayi asirans ki ta dwe peye tout oswa yon pati nan lajan an e konpayi asirans la ka responsab pou l peye pou sèvis swen lasante pasyan an resevwa nan dènye tan sa yo. Lè pasyan an bay anplwaye anrejistreman ak admisyon lopital la enfòmasyon yo, anplwaye yo dwe travay ak pasyan an pou yo asire yo yo transmèt enfòmasyon enpòtan sa yo bay pwogram piblik ki apwopriye yo, tankou nenpòt chanjman nan revni fanmi an oswa nan sitiyasyon asirans yo ki gen ladan yo nenpòt pwosè oswa reklamasyon asirans ki ka peye lajan sèvis lopital la te bay yo koute.

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 3 nan 8 Si pasyan an oswa moun ki ba l garanti a pa an mezi pou bay enfòmasyon nou bezwen yo, e si pasyan an dakò, lopital la ap fè tout efò rezonab pou l kontakte fanmi, zanmi, moun ki bay garanti / responsab la ak oswa lòt tyès pati apwopriye pou yo jwenn plis enfòmasyon. Tout efò dilijans rezonab lopital pral fè pou l chache konnen si gen yon tyès pati asirans oswa si gen lòt resous ki ka responsab pou peye pou sèvis lopital la gen ladan yo, men san yo pa limite sèlman a sa yo, mande pasyan an pou l fè n konnen si gen yon asirans li konnen ki ta dwe peye pou reklamasyon yo, tankou : (1) asirans pou machin oswa pou kay, (2) asirans pwoteksyon pou aksidan jeneral oswa domaj pèsonèl, (3) pwogram endemnizasyon travayè yo, ak (4) asirans pou etidyan, pami yon pakèt lòt. Si lopital la an mezi pou idantifye yon tyès pati ki responsab oswa si l te resevwa yon peman nan men yon tyès pati oswa yon lòt resous (ki gen ladan l yon asirans prive oswa yon lòt pwogram piblik), lopital la ap rapòte peman an bay pwogram ki konsène a epi l ap soustrè l, si sa aplikab a ekzijans pwogram nan lè y ap trete reklamasyon yo, nan nenpòt reklamasyon yon tyès pati oswa lòt resous te gentan peye. Pou pwogram asistans piblik leta yo ki te gentan peye pou sèvis, lopital la pa oblije pou l fè repatisyon si yon pasyan gen dwa pou yon tyès pati ta kouvri sèvis yo ba li. Nan ka sa yo, pasyan an dwe konnen pwogram leta ki konsène a ka fè tantativ pou l chache pou tyès pati a ka peye pou yon pati nan sèvis yo te bay pasyan an. B. Regleman sou bòdwo lopital ak rekouvreman Lopital la gen yon sistèm ki inifòm ak konsistan lè l ap soumèt ak fè rekouvreman reklamasyon yo li voye bay pasyan yo san l pa konsidere sitiyasyon asirans yo. Espesifikman, si pasyan an gen yon balans yo pako peye ki gen rapò ak sèvis yo te deja ba li epi pa gen kouvèti piblik oswa prive pou sèvis sa yo, lopital la pral swiv pwosedi rezonab sa yo lè l ap fè rekouvreman / voye bòdwo. Pami pwosedi sa yo genyen : a) Yon premye bòdwo y ap voye bay pasyan an oswa antite ki responsab pou obligasyon finansye pèsonèl pasyan an ; nan premye bòdwo sa a ap genyen enfòmasyon sou disponiblite asistans finansye (ki gen ladan l, men pa limite a sa yo sèlman : MassHealth, pwogram pou ede peye pou asirans Health Connector ap jere, Children s Medical Security Program nan, Health Safety Net, oswa Medical Hardship) pou peye pou bòdwo lopital la ; b) Apre sa, y ap voye bòdwo a ankò, y ap fè apèl telefonik, y ap voye lèt rekouvreman, avi bay kontak pèsonèl pasyan an, notifikasyon pa odinatè oswa nenpòt lòt metòd notifikasyon ki konstitye yon efò otantik pou kontakte antite ki responsab la pou bòdwo yo pako peye a ; l ap gen ladan l tou enfòmasyon sou kijan pasyan an ka kontakte lopital la si l bezwen asistans finansye ; c) Si l posib, dokimantasyon sou efò altènatif yo te fè pou lokalize antite ki responsab pou dèt la oswa pou jwenn adrès ekzat pou bòdwo lapòs retounen paske «adrès la pa bon» oswa «yo pa ka fè livrezon an ;» d) Y ap voye yon dènye avi pa lèt sètifye bay pasyan ki pa asire yo (sa yo ki pa anwole nan yon pwogram tankou Health Safety Net oswa MassHealth) e ki akoz yon ijans gen yon balans move dèt plis pase $1.000 pou sèlman sèvis yo te resevwa an ijans, anka yo pa t retounen avi yo akoz «adrès la pa bon» oswa «yo pa ka fè livrezon an», epi y ap fè pasyan yo konnen tou disponiblite asistans finansye nan kominikasyon an ; e) Y ap kenbe ak mete disponib dokimantasyon pou bòdwo yo kontinye voye ak aksyon yo te fè pou rekouvreman pandan 120 jou apati dat sèvis la pou pwogram federal ak / oswa eta ki konsène yo ka verifye efò sa yo; epi

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 4 nan 8 f) Tcheke Sistèm verifikasyon elijiblite Massachusetts la (an anglè EVS) pou asire pasyan an se yon pasyan ki gen ti revni e li pa t soumèt yon aplikasyon pou l jwenn kouvèti swa MassHealth, pwogram pou ede peye pou asirans Health Connector ap jere, Children s Medical Security Program nan, Health Safety Net, oswa Medical Hardship anvan yo soumèt reklamasyon yo bay Biwo Health Safety Net la pou kouvèti pou move dèt. g) Pou tout pasyan ki anwole nan pwogram asistans piblik yo, lopital la ka sèlman voye ba yo bòdwo pou ko-peman, ko-asirans oswa dediktib espesifik ki ekri nan regleman eta ki konsène a e ki ka anplis nan Sistèm jesyon enfòmasyon Medicaid eta a. Lopital la ap chache yon peman byen detèmine pou pasyan sa yo ki pa kalifye pou yo anwole nan yon pwogram asistans piblik eta Massachusetts la, tankou rezidan lòt eta yo, men ki, otreman, t ap tonbe nan kategori yo pou satisfè elijiblite finansye jeneral yon pwogram asistans piblik leta. Pou pasyan sa yo, lopital ap fè yo konnen si gen resous adisyonèl ki disponib ki ap baze sou revni pasyan an ak kèk lòt kritè jan yo ekri yo a nan regleman sou asistans finansye lopital la. Lopital la, lè pasyan an mande e apre yo fè yon revizyon entèn de sitiyasyon finansye chak pasyan yo, ka byen tou ofri yon pasyan yon rabè adisyonèl oswa lòt asistans an akò ak pwòp pwogram asistans finansye entèn li a yo aplike sou yon baz inifòm san diskriminasyon pou tout pasyan yo, e ki pran an konsiderasyon dokimantasyon yo fè sou sitiyasyon finansye pasyan an ak enkapasite pasyan an pou l fè yon peman apre aksyon rezonab yo te fè pou rekouvreman. Nenpòt rabè lopital la fè an akò ak ekzijans federal ak eta a, epi sa pa enfliyanse yon pasyan pou l resevwa sèvis nan lopital la. C. Popilasyon ki ekzan de aktivite rekouvreman yo Popilasyon pasyan ki anba a ekzan de nenpòt pwosesis rekouvreman oswa pou yo voye bòdwo ba yo dapre prensip ak regleman eta a : Pasyan ki anwole nan pwogram asirans lasante piblik ki gen ladan l, men ki pa sèlman limite a sa yo, MassHealth, Èd ijans pou granmoun aje, pou moun ki andikape ak timoun (an anglè EAEDC); Children s Medical Security Plan (CMSP), si revni bri ki modifye ak ajiste a (an anglè MAGI) egal oswa pi piti pase 300% liy povrete federal la (an anglè FPL); pasyan yo gen ti revni dapre MassHealth ak Health Safety Net, ki gen ladan yo sa yo ki gen revni fwaye MAGI oswa Medical Hardship Family Countable Income (revni ki fè yo konsidere yon fanmi an difikilte pou l peye bòdwo medikal) ant 150,1 a 300% FPL la; ak ki gen Medical Hardship, sijè a eksepsyon ki anba yo : a) Lopital la ka antrepran aksyon rekouvreman kont nenpòt pasyan ki anwole nan pwogram yo mansyone anwo yo pou ko-peman ak dediktib, chak pwogram espesifik yo ladan yo ekzije pou yo peye ; b) Lopital la ka tou kòmanse voye bòdwo oswa fè rekouvreman kont yon pasyan ki pretann li nan yon pwogram asistans finansye ki ap peye pou sèvis lopital yo, men li pa ka bay prèv li nan pwogram nan vre. Apre yo resevwa prèv satisfezan ki montre pasyan an nan yon pwogram asistans finansye (tankou resi oswa verifikasyon pasyan an te siyen apikasyon an) lopital la dwe sispann voye bòdwo ba li ak aktivite rekouvreman yo ; c) Lopital la ka kontinye aksyon rekouvreman an kont nenpòt pasyan ki gen ti revni pou sèvis yo te ba li yo anvan yo te detèmine li se yon pasyan ki gen ti revni, epitou si estati aktyèl pasyan an kòm yon pasyan ki gen ti revni fini, ekspire oswa yo pa ka idantifye pasyan an kòmkwa dire li gen ti revni nan Sistèm verifikasyon elijiblite eta a oswa Sistèm jesyon enfòmasyon Medicaid la. Sepandan, yon fwa yo detèmine yon pasyan kalifye epi l anwole nan MassHealth, pwogram pou ede peye pou asirans Health Connector ap jere, Children s Medical Security Plan, oswa Medical Hardship, lopital la ap sispann

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 5 nan 8 aktivite rekouvreman pou sèvis yo (sof pou nenpòt ko-peman ak dediktib yo) te ba yo anvan kòmansman elijiblite yo a. d) Lopital la ka antreprann aksyon pou l fè rekouvreman kont nenpòt pasyan ki nan pwogram ki nan lis anwo a pou sèvis yo pa kouvri yo e pasyan an te dakò se li ki t ap responsab pou yo, depi pasyan an te bay lopital la konsantman alekri pou yo te voye bòdwo ba li pou sèvis sa a (yo). Sepandan, menm nan sikonstans sa yo, lopital la pa ka voye bòdwo bay pasyan an pou reklamasyon ki gen rapò ak erè medikal oswa reklamasyon konpayi asirans prensipal pasyan an refize peye akoz erè administratif oswa nan bòdwo a. D. Pwosesis rekouvreman pou lopital la Lopital la pap antreprann okenn «aksyon rekouvreman ekstraòdinè». a) Lopital la ap aksepte ak trete yon aplikasyon pou asistans finansye, anba regleman sou asistans finansye l la, yon pasyan soumèt pou tout «peryòd aplikasyon an.» «Peryòd aplikasyon an» kòmanse nan dat yo te bay swen an epi l fini nan sa ki fini pita nan swa 240 èm jou apre dat yo te voye premye bòdwo pou swen apre ekzeyat la, epi a kondisyon ekzijans adisyonèl espesyal ki anba yo satisfè. Peryòd aplikasyon pa fini anvan 30 jou apre lopital la te bay pasyan an avi 30 jou a yo dekri anba a. Nan ka yon pasyan kote lopital la te detèmine avèk prezonpsyon li kalifye pou yon asistans finansye ki pi piti pase asistans finansye ki pi jenere a anba regleman asistans finansye a, aplikasyon an pa fini anvan finisman yon peryòd rezonab pou pasyan aplike pou asistans finansye ki pi jenere a jan yo dekri l davantaj pa anba a. b) Lopital la (i) ap bay pasyan an yon avi alekri k ap endike asistans finansye disponib pou pasyan ki kalifye yo, (ii) ap bay pasyan an yon rezime regleman sou asistans finansye nan yon langaj ki klè ; e (iii) fè yon efò rezonab pou enfòme pasyan an oralman sou regleman sou asistans finansye a ak kijan pasyan an ka jwenn asistans avèk pwosesis aplikasyon ki nan regleman sou asistans finansye a ; sofsi yo aplike kèk ekzijans espesyal ki mande pou retade oswa refize swen ki medikalman nesesè jan sa dekri anba a. c) Si yon pasyan soumèt yon aplikasyon konplè oswa enkonplè pou asistans finansye dapre regleman asistans finansye lopital la pandan peryòd aplikasyon an, (i) lopital la ap detèmine si pasyan an kalifye pou asistans finansye dapre regleman asistans finansye a oswa (ii) oka aplikasyon pou asistans finansye a te enkonplè, lopital la ap fè demand pou enfòmasyon adisyonèl ak / oswa dokiman nan yon entèval tan ki rezonab. Lopital ka pran tou aksyon siplemantè tou depan si aplikasyon an konplè oswa enkonplè jan yo dekri sa anba a. Oka yon pasyan soumèt yon aplikasyon konplè pou asistans finansye pandan peryòd aplikasyon an, lopital la, kounye a, pral detèmine èske pasyan an kalifye pou asistans finansye a. Si lopital la detèmine pasyan an kalifye pou asistans finansye ki pa «swen gratis», lopital la ap (i) bay pasyan an yon bòdwo k ap endike konbyen lajan pasyan an posede pou swen an kòm yon pasyan ki kalifye pou asistans finansye epi k ap di oswa dekri kòman pasyan an ka jwenn enfòmasyon konsènan Kantite lajan jeneralman yo peye pou swen, (ii) remèt pasyan an nenpòt kantite lajan li te peye pou swen ki depase kantite lajan yo te detèmine pasyan an te responsab pou l peye pèsonèlman ak d) Oka yon pasyan soumèt yon aplikasyon enkonplè pou asistans finansye pandan peryòd aplikasyon an, lopital la, kounye a ap bay pasyan an yon avi alekri ki ap dekri enfòmasyon ak / oswa dokimantasyon adisyonèl li dwe bay yo dapre regleman asistans finansye e ap gen ladan yo enfòmasyon pou kontakte n.

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 6 nan 8 e) Lopital la ka avèk prezonpsyon detèmine yon pasyan kalifye pou yon asistans finansye dapre regleman asistans finansye a apati enfòmasyon ki pa t enfòmasyon pasyan an te bay yo oswa apati yon detèminasyon pou elijiblite yo te fè anvan. Nan ka yon pasyan kote lopital la te detèmine li kalifye pou yon asistans finansye ki pi piti pase asistans finansye ki pi jenere a dapre regleman asistans finansye a, lopital la ap : (i) fè pasyan an konnen sou ki prezonpsyon yo te baze pou yo te detèmine elijiblite a ak kijan pou l aplike pou asistans pi jenere ki disponib dapre regleman asistans finansye a ; (ii) bay pasyan an yon peryòd tan rezonab pou l aplike pou asistans ki pi jenere ; ak (iii) si pasyan an soumèt yon aplikasyon konplè pou l chache asistans finansye ki pi jenere pandan peryòd aplikasyon an, detèmine si pasyan an kalifye pou yon rabè ki pi jenere. f) Lopital la ak ajan l yo pa dwe kontinye efò rekouvreman oswa voye bòdwo bay yon pasyan ki nan pwosesis yon deklarasyon fayit eksepte pou l sekirize dwa l yo kòm yon kreditè nan lòd ki apwopriye a (pwogram asistans piblik ki te peye pou sèvis yo ka li menm tou fè aksyon ki sanble ak aksyon sa yo). Lopital la ak ajan l yo pap mete enterè sou balans lajan, dat pou te peye l la gentan pase, pou Pasyan ki gen ti revni yo oswa pou pasyan yo ki satisfè kritè yo pou kouvèti atravè pwòp pwogram asistans finansye entèn lopital la. g) Lopital la konfòme l ak ekzijans ki an vigè nan voye bòdwo epi l swiv ekzijans eta ak federal yo konsènan ekzijans ki an rapò ak lè yo pa peye pou kèk sèvis espesifik ki se te konsekans oswa ki te gen rapò dirèk ak yon Evenman grav yo te dwe rapòte (an anglè SRE), ak koreksyon yon SRE, ak yon konplikasyon ki te rive apre yon SRE oswa paske yo te entène pasyan an ankò nan menm lopital la pou sèvis ki gen rapò ak SRE a. Yo pap mete SRE yo ki pa t rive nan lopital la nan kategori pou yo pa peye yo depi enstitisyon k ap bay tretman an ak enstitisyon ki responsab pou SRE a pa gen menm mèt oswa yo pa pou yon menm konpayi. Lopital la tou pap chache peman nan men yon pasyan ki gen ti revni atravè pwogram Health Safety Net la paske yon pwogram asirans te rejte reklamasyon l te fè yo akoz lopital te fè yon erè administratif nan bòdwo a. E. Ajans rekouvreman ekstèn Lopital la ka fè kontra ak yon ajans rekouvreman ekstèn pou ede yo nan rekouvreman kèk dèt, ki gen ladan l lajan pasyan yo responsab pou yo peye men yo pako peye yo apre 120 jou efò rekouvreman kontini. Lopital la tou ka fè kontra yo oblije ekzekite avèk ajans rekouvreman ekstèn. Nenpòt nan kontra sa yo ki pèmèt yo vann dèt yo pa trete tankou yon mezi rekouvreman ekstraòdinè ap satisfè ekzijans yo dekri anwo a. Tout ajans rekouvreman lopital la anplwaye ap bay pasyan an yon opòtinite pou l depoze yon doleyans epi y ap voye rezilta doleyans pasyan an bay lopital la. Lopital la ekzije nenpòt ajans rekouvreman ekstèn li itilize, pou l opere an akò ak ekzijans rekouvreman dèt ki jis dapre lalwa federal la ak eta a. F. Avalwa ak plan vèsman pa tranch yo Konfòmeman ak regleman Massachusetts Health Safety Net konsènan pasyan yo ki swa : (1) yo detèmine ki se «Pasyan ki gen ti revni» oswa (2) kalifye pou Medical Hardship, lopital la ap bay pasyan an enfòmasyon sou avalwa ak plan peman yo ki ap baze sou enfòmasyon yo genyen yo sou sitiyasyon finansye l. Nenpot lòt plan an ap baze sou pwòp pwogram asistans finansye entèn lopital la epi li pap aplike pou pasyan yo ki gen mwayen pou yo peye. a) Sevis dijans

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 7 nan 8 Yon lopital ka pa ekzije avalwa nan men pasyan yo ki bezwen Sèvis nan ka ijans oswa yo detèmine ki gen ti revni anvan l entène yo ak / oswa anvan l trete yo. b) Avalwa nan men Pasyan ki gen ti revni Yon lopital ka mande pasyan yo detèmine ki gen ti revni yo pou yo bay yon avalwa. Jan avalwa sa yo pa dwe depase 20% lajan dediktib la e l pa ka plis pase $500. Tout balans ki rete yo ap sijè a kondisyon plan peman yo ki etabli nan 101 CMR 613.08(1)(g). c) Avalwa pou Pasyan Medical Hardship yo Yon lopital ka mande pasyan yo ki kalifye pou Medical Hardship yo pou yo bay yon avalwa. Avalwa yo pa dwe depase 20% kontribisyon Medical Hardship la e l pa ka plis pase $1.000. Tout balans ki rete yo ap sijè a kondisyon plan peman yo ki etabli nan 101 CMR 613.08(1)(g). d) Plan peman yo pou Pasyan ki gen ti revni yo konfòmeman a pwogram Massachusetts Health Safety Net la Yon pasyan ki gen yon balans $1.000 oswa mwens, apre l te bay premye avalwa a, yo dwe ofri l yon plan peman san enterè pou en (1) an pou pi piti ak yon peman minimòn ki pa dwe depase $25 pa mwa. Yon pasyan ki gen yon balans plis pase $1.000, apre l te bay premye avalwa a, yo dwe ofri l yon plan peman san enterè pou de (2) an pou pi piti. e) Dediktib Yon Sèl Fwa CommonHealth la Si pasyan an fè demand la, lopital la ka voye bòdwo bay yon Pasyan ki gen ti Revni pou pèmèt pasyan an rive nan limit Dediktib Yon Sèl Fwa CommonHealth la f) Gen plan peman yo pou Pasyan ki gen ti Revni ki gen HSN pasyèl konfòmeman a pwogram Massachusetts Health Net la, pou sèvis yo ba yo nan lopital ki se enstitisyon lasante lisansye, nan kote ki anba yo : Brockton Hospital Outpatient Care Center o 130 Quincy Avenue, 1 e ak 2 èm Etaj, Brockton, MA Signature Healthcare Brockton Hospital o 110 Liberty Street, 1 e Etaj, Swit #1B, Brockton, MA Signature Healthcare Brockton Hospital Imaging o 31 Roche Brothers Way, Easton, MA Signature Healthcare Brockton Hospital Rehabilitation Services o 1215 Broadway, 1 e ak 2 èm Etaj, Raynham, MA Signature Hospital @430 Liberty Street o 430 Liberty Street, Swit #7, Hanson, MA Signature Healthcare Brockton Hospital Rehabilitation Services East Bridgewater o 635 Plymouth Street, East Bridgewater, MA 02333 Signature Healthcare Cancer Treatment Center, o 25 Libby Street, 1 e ak 2 èm Etaj, Brockton, MA Brockton Radiation Oncology, LLC o 25 Libby Street, Brockton, MA Shields Signature Imaging, LLC

Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 8 nan 8 o 680 Centre Street, Brockton, MA g) Lopital la ofri tou Pasyan ki gen ti Revni ki gen HSN pasyèl yon plan ko-asirans ki pèmèt pasyan an peye 20% nan peman Health Safety Net la pou chak randevou jiskaske pasyan an rive nan limit dediktib anyèl la. Balans ki rete a Health Safety Net ap elimine l. REFERANS YO : 101 CMR 613.00 Credit & Collection Regulatory Requirements (Ekzijans prensip sou Kredi ak Rekouvreman) I.R.C 501(r) Se moun ak komite anba yo ki te REVIZE l : DAT : Direktè finansye Fevriye 2018 Konsèy administrasyon Fevriye 2018 Komite sou regleman administratif Fevriye 2018