Avi sou pratik konfidansyalite

Similar documents
REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

Preche Levanjil Mwen an

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Pushing: stage 2 of labor

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Other books by or edited by Bryant Freeman

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

I can t remember what I dreamt of last night. ( 私は昨晩夢で見たことを覚えていません )

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Lesson.8 What does mean?

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Intermediate Conversation Material #16

1 次の英文の日本語訳の空所を埋めなさい (1) His sister is called Beth. 彼の姉はベスと ( ) (2) Our school was built about forty years ago. 私達の学校は ( )

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Elementary: Intermediate:

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

3 級リスニングテスト 原稿. I m hungry, Annie. Me, too. Let s make something. How about pancakes? 1 On the weekend. 2 For my friends. 3 That s a good idea.

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

3 級リスニングテスト 原稿. I m hungry, Annie. Me, too. Let s make something. How about pancakes? 1 On the weekend. 2 For my friends. 3 That s a good idea.

Subject Transitive Verb Direct Object Objective Complement (Noun) ( 主語 + 動詞 + 直接目的語 + 名詞 ) ( 私はあなたの提案をいいアイデアだと考えている )

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

The shadows, The shadows, the emptiness, this

留学生のみなさん BSP メンバーのみなさん そして留学生と交流しているみなさんへ To the international students, BSP members & related people. あいりすレター :IRIS Letter No.11(

Inquiries regarding journal policy, manuscript preparation and other such general topics should be sent to the Managing Editor:

I d rather be a doctor than an architect. ( 私は建築家より医師になりたいです ) I d sooner leave than stay in this house. ( 私はこの家にいるよりむしろ出たいです )

Both Ana and Linda are beautiful.

INSTRUCTIONS FOR AUTHORS

What do you know about him? Steve Jobs Commencement Address at Stanford University ワークシート

Byenvini nan klas kreyòl!

The Internet community is getting bigger and bigger. ( インターネット コミュニティはどんどん拡大しています )

まであり 13ページにわたって印刷してあります 解答しなさい 答えはア イ ウ のうちから最も適切なものを選び 解答用紙 にその記号を書きなさい

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

1. 疑問文 1 3. 助動詞 3 4. 受動態 4 5. 不定詞 5 7. 動名詞 関係詞 接続詞 比較 代名詞 形容詞 副詞 前置詞 仮定法

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Lesson 27: Asking Questions/Clarifications (20-25 minutes)

2018 年度学力試験問題 芦屋大学 一般入試 (C 日程 ) 2018 年 3 月 16 日 ( 金 ) 実施 志望学部 学科学部学科 フリガナ 受験番号 氏名

Adverbial Clauses (Adv - Comment and Truth) As you know, all computers are connected in our network. ( ご存知のとおり すべてのコンピューターがネットワークに接続されています )

c. too interesting NEG 'only', 'nothing but' agreeable 'will do' a. Coffee will do. Informal Request a. Would you go?

Lesson 89 What languages do you speak? ~ Reading ~

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

平成 27 年度入居案内里見寮 ( 男子寮 )

The Nihongo Way 26. [Scene 1] [Scene 3] no ichigo wa daikôbutsu na n desu yo.

I registered myself for the business convention. ( 私は自分でビジネス コンベンションに申し込んだ ) I bought myself a briefcase. ( 私は自分にブリーフケースを買った )

IEC CENELEC Agreement on Common planning of new work And parallel voting IEC-CENELEC 新業務共同立案及び並行投票に関する協定 ( ドレスデン協定 )

INSTRUCTIONS FOR AUTHORS. General

Candidates may bring into the exam half an A4 sized piece of paper with up to 30 words.

( エレベーターの中に誰かがいます ) Each of the employees works for eight hours.

INTERMEDIATE JAPANESE 2001/2011

金沢星稜大学経済学部 人間科学部 人文学部

INTERMEDIATE JAPANESE 2001/2011

Adverbial Clauses (clauses of conditions) If we win, we ll go to Kelly s to celebrate. ( もし我々が勝ったらケリーの店に祝杯をあげに行くでしょう )

seeing Yokosuka through the Yokosuka Circle Bus this weekend.

平成 28 年度前期選抜試験 ⑴ 合図があるまでこの問題用紙は開かないこと ⑵ 説明にしたがって 解答用紙に受験番号 氏名を記入し 受験番号はマークもすること ⑶ 答えはすべて解答用紙にマークし 解答用紙だけ提出すること ⑷ 問いにあてはまる答えを選択肢より選び 該当する記号にマークすること

Transcription:

Avi sou pratik konfidansyalite Anvigè apati 1 me 2012 (Revize 7 fevriye 2017)

Avi sa a eksplike fason nou ka itilize ak pataje enfòmasyon medikal ki konsène w, ak fason ou ka aksede ak enfòmasyon sa yo. Tanpri li l ak anpil atansyon. Responsablite nou yo Lalwa mande nou respekte konfidansyalite ak sekirite enfòmasyon sante pwoteje w yo (PHI). Si yon vyolasyon rive epi konfidansyalite oswa sekirite enfòmasyon w yo ta an danje, n ap fè w konnen sa rapid. Nou pap itilize ni pataje enfòmasyon w yo yon lòt fason ki pa dekri nan avi sa a, sof si w ta fè nou konnen nou kapab fè sa pa ekri. Si w fè nou konnen nou kapab fè sa, ou ka chanje lide tou nenpòt levrekleri. Si w chanje lide sou sa, fè nou konn sa pa ekri. Nou dwe respekte tout pratik konfidansyalite ki sou avi ki anvigè a epi n ap remèt ou yon kopi avi sa a. Nou gen dwa chanje pratik konfidansyalite nou yo. Si nou chanje yon bagay enpòtan nan pratik konfidansyalite nou yo, w ap resevwa yon avi pou fè w konn sa sou 60 jou apre chanjman an. Nouvi avi a ap disponib tou sou sit Entènèt nou an nan adrès www.prestigehealthchoice.com. Nou gen dwa pou aplike chanjman sa yo sou PHI nou deja genyen yo, sou PHI nou kreye yo oswa sou PHI nou resevwa pi devan yo. Fason nou itilize oswa pataje PHI yo Lè w enskri nan Prestige Health Choice (Prestige), nou kenbe yon dosye pou ou. Nou voye yon dosye akèy ak yon kat idantifikasyon ba w, epi nou fè w konnen ki doktè prensipal (PCP) nou asiyen w pou ba w swen woutin yo. Nou kenbe enfòmasyon pwofesyonèl sante yo voye lè yo ba w sèvis antanke manm Prestige. Nou kenbe tout dosye reglemantasyon federal ak reglemantasyon eta yo mande nou kenbe. Nou kenbe dosye pou ede w resevwa swen w bezwen yo e pou pran desizyon sou sèvis nou peye pou yo ak tretman ou resevwa yo anba Prestige. Nou kenbe kopi kèk nan apèl ou pase pou kontakte Prestige ak kèk mesaj Prestige echanje avè w. Lwa federal yo pèmèt nou itilize oswa pataje enfòmasyon sa yo nan kad tretman, peman oswa jesyon biznis swen sante, tankou pou: Planifye swen w ak tretman w. Detèmine tout prekosyon nou dwen pran nan sitiyasyon w epi fè doktè prensipal ou ak lòt pwofesyonèl sante ki nan rezo nou an konnen sa nou rekòmande. Kominike ak lòt pwofesyonèl sante ki patisipe nan swen w yo. Kenbe dokiman sou swen w resevwa yo. Kowòdone sèvis ou resevwa yo ak lòt konpayi asirans oswa ak lòt òganizasyon ki peye pou swen w yo, tankou Medicare. Konprann sitiyasyon w parapò ak pwogram Florida Medicaid ak Florida Healthy Kids. Bay fonksyonè sante piblik yo enfòmasyon. Evalye ak amelyore swen nou bay yo. Fè pwofesyonèl sante ki nan rezo nou an konnen ou enskri nan Prestige epi di yo ki sèvis ou ka jwenn. Jere peman nou voye bay pwofesyonèl oswa etablisman sante yo pou swen yo bay yo. Veye pou pa gen fwod ak abi, epi respekte tout pwogram federal ak pwogram eta pou goumen kont fwod ak abi. Sepandan, lwa Florid yo di konsa dosye medikal yo pa dwe pataje epi pwoblèm medikal yon pasyan pa dwe pale ak yon moun ki pa pasyan an, reprezantan legal pasyan an oswa yon lòt pwofesyonèl sante k ap patisipe nan swen oswa nan tretman pasyan an, sof si pasyan an bay yon otorizasyon pou sa (Fla. Stat. 456.057(7)(a)). Etandone lwa Florid yo mete plis limit, nou dwe respekte yo nan domèn bay dosye medikal yo.

Nou dwe itilize epi pataje PHI ou yo si se moun sa yo ki mande nou sa: Ou menm oswa reprezantan legal ou. Sekretè Department of Health and Human Services lè li bezwen asire l vi prive w pwoteje kòmsadwa. Nou gen dwa itilize epi pataje PHI w yo nan kad tretman, peman ak jesyon biznis swen sante. Pa egzanp, nou ka itilize epi pataje PHI w yo: Pou peye prim asirans yo, pou konnen sèvis n ap peye pou yo. Pa egzanp, nou gendwa fè yon doktè konnen ou gen asirans oswa ki kantite kòb n ap peye nan fakti a. Pou jesyon tretman oswa jesyon swen. Pa egzanp, nou gendwa pataje PHI w yo ak pwofesyonèl k ap patitipe nan ba w swen. Pou jeswyon aktivite swen sante nou yo. Nou ka itilize epi pataje PHI w yo pou jere aktivite biznis swen sante nou yo. Pa egzanp, nou gendwa sijere w yon pwogram jesyon maladi. Pou prezante w pwogram ak pwodui sante ki disponib yo. Se gendwa lòt tretman, sèvis oswa pwodui. Pou fè w sonje kèk bagay sou avantaj yo oswa swen yo. Pa egzanp, nou gendwa voye w yon rapèl lè w gen yon randevou. Pou regle plent ak apèl yo. Pa egzanp, nou gendwa itilize epi pataje PHI w yo pandan yon ankèt n ap mennen konsènan yon plent oswa yon apèl. Nou gendwa itilize oswa pataje PHI w yo: Selon sa lalwa mande nou. N ap itilize epi pataje PHI w yo lè lwa federal, lwa eta oswa lwa lokal yo mande nou sa. Ak moun k ap patisipe nan swen w yo. Sa gendwa rive si w pa kapab di ou dakò oswa pa dakò, tankou nan yon ka ijans oswa lè w pa di ou pa dakò lè yo mande w sa. Pou aktivite sipèvizyon sante. Nou gendwa pataje PHI w yo ak yon ajans lalwa otorize resevwa PHI w yo. Nou ka fè sa nan kad ankèt yo mennen nan domèn lisans, odit, fwod ak abi. Pou yon pwosedi lajistis oswa administratif, tankou pou reponn ak yon demann tribinal oswa yon sitasyon. Pou ede otorite lapolis yo. Nou gendwa pataje PHI w yo si yon ofisye lapolis mande nou sa pou reponn ak yon òdonans tribinal, yon manda, yon sitasyon, yon konvokasyon, yon demann ankèt oswa yon pwosesis menm jan. Lè gen yon menas sante oswa sekirite grav ki egziste. Se gendwa yon ajans sante piblik oswa yon otorite lapolis ki mande sa, tankou lè yon ijans oswa yon katastwòf frape, pou evite oswa pou fini ak menas la. Pou kesyon medikal, tankou pou reponn ak yon demann don ògàn ak tisi, pou travay ak yon egzaminatè medikal oswa ak yon direktè fineray. Lwa federal ak lwa eta yo gendwa limite fason nou ka itilize ak patake PHI ki konfidansyèl anpil yo. Si gen yon seri lwa ki enpoze plis limit, n ap chèche respekte lwa sa yo. Nou pa itilize ni pataje PHI w yo san nou pa gen pèmisyon w pa ekri, sof nan sikonstans ki mansyone nan dokiman sa a. Si w pèmèt nou pataje PHI w yo, nou pa ka pwomèt ou moun k ap resevwa yo pap voye yo bay lòt moun. Ou gen posibilite retire pèmisyon w nenpòt lè, sof si nou gentan aji selon sa ou te pèmèt nou fè a. Pou konnen fason ou ka retire pèmisyon w, tanpri rele Sèvis manm Prestige Member Services nan 1-855-355-9800. Itilizasyon sit Entènèt lan: Lè w ale sou sit Entènèt Prestige Health Choice, gen lyen ki ba w posibilite ale sou lòt sit Entènèt. Tanpri se pou w sonje nou pa aksde, nou pa kontwole, nou pa pran desizyon ni pou pa gen otorite an rapòt avèk enfòmasyon ak tout sa ki sou sit Entènèt sa yo. Mete sou sa, nou pa responsab ni nou pa bay apwobasyon nou pou pratik konfidansyalite, enfòmasyon oswa politik ki sou sit Entènèt sa yo.

Dwa manm yo Men ki dwa ou genyen: Mande nou limite fason nou itilize ak pataje PHI w yo. Nou pa oblije aksepte jan de demann sa yo. Resevwa kominikasyon konfidansyèl sou PHI. Egzamine epi kopye PHI w yo. Se pou w konnen se pa Prestige ki kreye dosye medikal ou yo. Se doktè prensipal ou ak lòt pwofesyonèl sante ki fè pati rezo nou an e k ap ba w tretman ki jere dosye sa yo. Korije dosye sante ak demann ou yo si w panse yo pa kòrèk oswa yo manke kèk enfòmasyon. Nou gendwa refize demann ou, men n ap fè w konnen poukisa pa ekri sou 60 jou. Resevwa yon lis ki gen tout moun ki te itilize oswa ki te resevwa PHI w yo, sof nan kad tretman, peman oswa jesyon biznis swen sante. N ap ba w youn gratis chake ane kontab, men si w mande nou yon lòt nan 12 mwa ki vin apre yo, n ap mande w peye yon kòb ki rezonab pou sa demann sa a koute nou. Mande nou kontakte w yon fason espesifik (pa egzanp, nan telefòn lakay ou oswa nan telefòn ofis ou) oswa voye lèt ou yo nan yon lòt adrès. N ap egzamine tout demann ki rezonab yo, epi nou gen obligasyon di wi depi w di nou ou te ka an danje si nou ta refize. Chwazi yon moun pou aji nan non w kòm gadyen legal ou oswa atravè yon dokiman pwokirasyon medikal. N ap verifye si moun sa a otorize e si li ka aji nan non w anvan nou pran kèlkeswa desizyon an. Resvwa yon kopi avi sa a sou papye si w mande nou sa. Si w ta renmen egzèse dwa sa yo, voye demann ou pa ekri bay: Privacy Official, Prestige Health Choice LLC, 5100 W. Kennedy Boulevard, Suite 250, Tampa, FL 33609. Nou gendwa mande w yon kòb pou depans nou fè pou kopye dokiman yo, pou voye yo lapòs oswa pou lòt bagay nou oblije achte pou satisfè demann ou. Ou gen posibilite depoze yon plent bay Prestige si w panse nou pa t respekte dwa vi prive w yo. Pou depoze yon plent, tanpri kontakte Sèvis manm Prestige nan nimewo gratis 1-855-355-9800 oswa nan TTY 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen. Ou ka depoze yon plent bay sekretè Department of Health and Human Services Office for Civil Rights. Pou fè sa, voye yon lèt nan adrès 200 Independence Avenue, SW, Washington, DC 20201, oswa ale sou 1-877-696-6775, rele nan www.hhs.gov/ocr/privacy/hipaa/complaints/. Ou pap sibi okenn konsekans negatif si w depoze yon plent. Si w ta renmen resevwa plis enfòmasyon sou avi sa a, tanpri kontakte responsab konfòmite Prestige: Compliance Officer (Privacy Official) Prestige Health Choice 5100 W. Kennedy Boulevard, Suite 250, Tampa, FL 33609 1-800-575-0417 PRES-1522-01 M1153_1608 Tout imaj nou itilize anba lisans e se pou ilistre sa n ap di yo nou itilize yo sèlman. Nenpòt moun ki sou imaj sa yo se yon modèl li ye. www.prestigehealthchoice.com This information is available for free in other languages. Please contact our customer service number at 1-855-355-9800 or TTY/TDD 1-855-358-5856, 24 hours a day, 7 days a week. Esta información está disponible en otros idiomas de forma gratuita. Comuníquese con nuestro número de servicio al cliente al 1-855-355-9800 o TTY/TDD 1-855-358-5856, las 24 horas del día, los 7 días de la semana. Enfòmasyon sa a disponib gratis nan lòt lang. Tanpri rele sèvis kliyan nou annan nimewo 1-855-355-9800 oswa 1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen, 24 sou 24, 7 sou 7.

Zak diskriminasyon pa ann amoni ak lalwa Prestige Health Choice dakò ak lwa federal sou dwa sivil yo epi li pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou. Prestige pa mete sou kote oswa trete moun lòt jan akoz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks ou. Prestige: Bay moun ki gen andikap asistans ak sèvis gratis pou kominike fasilman ak nou, tankou: - Entèprèt konpetan nan lang siy. - Enfòmasyon sou lòt fòma (gwo karaktè, odyo, fòma elektwonik aksesib, lòt fòma ankò). Bay moun ki pa fò nan anglè sèvis lang gratis, tankou: - Entèprèt konpetan. - Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang. Si w ta bezwen youn nan asistans sa yo, kontakte Prestige nan 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856). Nou disponib 7 jou sou 7 epi 24 sou 24. Si w ta konstate Prestige neglije bay sèvis sa yo oswa fè diskriminasyon kèlkonk sou baz ras, koulè, peyi kote w soti, laj, andikap oswa sèks, ou ka depoze yon doleyans nan: Grievance and Appeals, PO Box 7368, London, KY 40742. 1-855-371-8078 (TTY 1-855-371-8079), Faks: 1-855-358-5847. Ou ka depoze yon doleyans pa mwayen imèl, faks, oswa telefòn. Si w gen difilte pou w depoze yon doleyans, yon Manm nan Sèvis Prestige la ap kontan ede w. Ou ka pote yon plent sou dwa sivil bay Depatman Sante ak Sèvis Dwa Moun Etazini an ak Biwo Dwa Sivil la pa mwayen elektwonik, ou ka fè sa sou Paj pou Plent Biwo pou Dwa Sivil la nan https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, oswa pa mwayen kourye oswa telefòn nan: U.S. Department of Health and Human Services 200 Independence Avenue, SW Room 509F, HHH Building Washington, D.C. 20201 1-800-368-1019, 800-537-7697 (TDD) Fòmilè pou plent yo disponib nan: http://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html.

Gen sèvis entèprèt nan plizyè lang English: ATTENTION: If you speak English, language assistance services, free of charge [at no cost], are available to you. Call 1-877-430-5638. Spanish: ATENCIÓN: Si usted habla español, tiene a su disposición servicios de asistencia lingüística de forma gratuita [sin costo]. Llame al 1-877-430-5638. Haitian Creole: ATANSYON: Si w pale Kreyòl ayisyen, ou kapab jwenn sèvis ki gratis [san sa pa koute w anyen] pou ede w nan lang pa w. Rele nan 1-877-430-5638. Arabic: ملحوظة: إذا كنت تتحدث اللغة العربية فإن خدمات المساعدة اللغوية تتوافر لك بالمجان )بدون تكلفة(. اتصل برقم 1-877-430-5638. Chinese Mandarin: 注意 : 如果您说中文普通话 / 国语, 我们可为您提供免费语言援助服务 [ 无需付费 ] 请致电:1-877-430-5638 Chinese Cantonese: 注意 : 如果您使用粵語, 您可以免費獲得語言援助服務 [ 無需付費 ] 請致電 1-877-430-5638 Syriac: Vietnamese: CHÚ Ý: Nếu bạn nói Tiếng Việt, có các dịch vụ hỗ trợ ngôn ngữ miễn phí [không mất tiền] dành cho bạn. Gọi số 1-877-430-5638. Albanian: VINI RE: Nëse flisni shqip, për ju ka në dispozicion shërbime të asistencës gjuhësore, pa pagesë [pa asnjë shpenzim nga ana juaj]. Telefononi në 1-877-430-5638. Korean: 주의 : 한국어를사용하시는경우, 언어지원서비스를비용부담없이 [ 무료로 ] 이용하실수있습니다. 1-877-430-5638 번으로전화해주십시오. Bengali: লক ষ য কর ন আপনন যন ব ল য় কথ বললন ত হলল নবন ম ললষ য [নন খরচ য়] ভ ষ সহ য়ত পনরলষব প লবন এর জনষ য 1-877-430-5638 নম বলর ফ ন কর ন Polish: UWAGA: Jeżeli mówisz po polsku, możesz skorzystać z bezpłatnej [bez żadnych kosztów] pomocy językowej. Zadzwoń pod numer 1-877-430-5638. German: ACHTUNG: Wenn Sie Deutsch sprechen, stehen Ihnen gebührenfrei (kostenlos) sprachliche Hilfsdienstleistungen zur Verfügung. Rufnummer: 1-877-430-5638. French: ATTENTION : si vous parlez français, des services d'aide linguistique vous sont proposés gratuitement [sans coût]. Appelez le 1-877-430-5638. Japanese: 注意事項 : 日本語を話される場合 言語支援フリーサービス ( 無料 ) をご利用いただけます 1-877-430-5638まで お電話にてご連絡ください Russian: ВНИМАНИЕ: Если вы говорите на русском языке, то вам доступны бесплатные [на безвозмездной основе] услуги перевода. Звоните 1-877-430-5638. Serbo-Croatian: PAŽNJA: Ako govorite srpsko-hrvatski, na raspolaganju su vam besplatne usluge tumača [bez naplate]. Nazovite 1-877-430-5638. Tagalog: PAUNAWA: Kung nagsasalita ka ng Tagalog, maaari mong mapakinabangan ang libreng [walang bayad] language assistance service (pag gabay sa wikang Tagalog). Tumawag sa 1-877-430-5638. PRES-16218 www.prestigehealthchoice.com