BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

Similar documents
ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Preche Levanjil Mwen an

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

DOSYE ENSKRIPSYON POU

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Pushing: stage 2 of labor

Avi sou pratik konfidansyalite

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Other books by or edited by Bryant Freeman

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

Elementary: Intermediate:

The shadows, The shadows, the emptiness, this

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

Byenvini nan klas kreyòl!

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL

KONTENI. Nimero 131 Desam Zanvye 2018

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

KONTENI No Zin Ziyet 2013

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

KONTENI. Ziyet-Ut Pu foto, remersiman: Clement Bordlais.

KONTENI. Nimero 121. Des Zan 2016

LALIT. Revi. KI NU BIZIN FER? Paz 3 LA VERITE SUR LA LIBYE PU ENN LETA PALESTINN: ENN ANALIZ PAZ 36. Editoryal: FAS A KRIZ EKONOMIK EK POLITIK,

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

KONTENI. Ziyet - Ut 2011 SPESYAL NIMERO 100

KONTENI No.112 Desam Zanvye 2014

CHARTER PESER 2017 paz 13

KONTENI. Nimero 128 Me Zin 2017

BROWARD COUNTY HISTORY DAY RULE BOOK

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

KONTENI No.114 Zin Ziyet 2014

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

KONTENI. Nimero 135 Desam Zanvye Pibliye e Inprime par LALIT, 153 Rut Rwayal, GRNW, Port Louis, Repiblik Moris.

On the Common Goods. Dr. Gregory Froelich

INTUITIVE, REAL-TIME LAUNDROMAT DATA THAT S CUSTOM-MADE FOR THE WAY YOU OPERATE. LAUNDROMAT - LOCATION 1 - HUEBSCH.COM/COMMAND

LALIT. Revi MOBILIZASYON LEPEP TINIZI, LEZIP, YEMENN! TRANZAKSYON MEDPOINT Paz 3 LALIT KOMANT LINISYATIV GM MERJER DAN MEDYA MORIS.

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

Set-Top Box Incentive Programs: The Slippery Frog or A Subliminal Fog?

ARLINGTON COUNTY, VIRGINIA. County Board Agenda Item Meeting of January 23, 2016 SUPPLEMENTAL REPORT REVISED DRAWINGS AND AMENDED CONDITIONS

Item 6A Page 1. Board of Directors. Gerhardt Hubner, District Administrator. Date: June 1, 2016

LALIT. Revi. 1,200 PRIZONYE PALESTINYIN DEKLANS LAGREV LAFIN Paz 58. Editoryal: ANALIZ DISKUR PROGRAM Paz 3

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Schematic Set. For XR-20 and XR-24 Rack-Mount Mixers

Transcription:

HAITIAN CREOLE BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS PLAN ESTRATEJIK 2016 19 ANNOU VANSE NAN BON DIREKSYON

Broward County Public Schools 600 SE Third Avenue Fort Lauderdale, FL 33301 754-321-0000 browardschools.com The School Board of Broward County, Florida Dr. Rosalind Osgood, Chair Abby M. Freedman, Vice Chair Robin Bartleman Heather P. Brinkworth Patricia Good Donna P. Korn Laurie Rich Levinson Ann Murray Nora Rupert Robert W. Runcie Superintendent of Schools The School Board of Broward County, Florida, entèdi tout regleman oswa pwosedi ki ka lakòz diskriminasyon baze sou laj, koulè po, andikap, idantite seksyèl, espresyon seksyèl, nasyonnalite, eta sivil, ras, relijyon, sèks oswa oryantasyon seksyèl. Moun ki vle pote plent kont diskriminasyon ak/oswa arasman kapab rele Director, Equal Educational Opportunities/ADA Compliance Department nan nimewo telefòn 754-321-2150 oswa Teletype Machine (TTY) 754-321-2158. Dapre amannman lwa Americans with Disabilities Act Amendments Act of 2008, (ADAAA), moun ki andikape kapab mande akomodasyon lè yo rele depatman Educational Opportunities/ ADA Compliance Department nan nimewo telefòn 754-321-2150 oswa Teletype Machine (TTY) 754-321- 2158. browardschools.com TAB MATYÈ-YO 1 Mesaj Sipèentandan-an 3 Valè nou pwomote 4 Mesaj Manm Board-la 7 Misyon-nou, Vizyon-nou 10 Fòmile Estrateji pou Enplimante Plan Estratejik 15 Twa Bi 16 Bi 1: Enstriksyon Bon Kalite 30 Bi 2: Amelyorasyon Kontini 40 Bi 3: Kominikasyon Efikas 42 Pwogram Sipò ki resevwa yon atansyon soutni 46 Apwopode nou

MESAJ SIPÈRENTANDAN-AN ROBERT W. RUNCIE Se yon onnè ak privilèj estrawòdinè pou mwen sèvi distrik-la ak kominote-a. Nou gen anpil chans paske nou gen pwofesè, administratè ak estaf ki devwe. Nou tout n ap travay ansanm pou founi elèv-nou-yo ak fanmi-yo sèvis esansyèl. Depi nan ansèyman ak aprantisay pase nan transpòte an sekirite plis pase 73,000 elèv alevini ant lekòl ak lakay chak jou, sèvi plis pase 30 milyon repa toulejou, mentni an boneta plis pase 36 milyon pye kare bilding ak enstalasyon, rive founi timoun ak fanmi ki bezwen sipò, divès sèvis sosyal - nou pran angajman fè tout sa ki bon pou elèvnou-yo. Nou rete fokis sou twa pilye plan estratejik Distri-a enstriksyon bon kalite, amelyorasyon kontini ak kominikasyon efikas. Lè nou konsantre efò-nou sou kolaborasyon efikas epi optimize rannman anplwaye ak resous-nou sa va pèmèt nou kontinye tounen defi nou genyen ann opòtinite pou vin miyò, pandan n ap delivre priyorite estratejik-nou. Jodia-a menm, nou dwe fè fas ak pi gwo defi-nou, ki se reyalize atravè Distri-a amelyorasyon nan ansèyman ak aprantisay, yon fason konsistan epi dirab pandan n ap fèmen eka reyisit ak rannman elèv. Nou konstate yon ogmantasyon nan kantite elèv fanmi-yo ki gen ti revni. Anfèt, plis pase 60 pousan elèv-nou-yo kalifye pou manje midi gratis oswa sibvansyonne. Sa vledi ede elèv ki nan yon sitiyasyon sosyoekonomik ba. Ede-yo reyisi se youn nan eleman fondamantal misyon-nou. Genyen tou yon ogmantasyon nan kantite elèv ki resevwa sèvis Edikasyon pou elèv esepsyonnèl (Exceptional Student Education (ESE). Nap travay avèk fanmi epi gwoup enterese pou restriktire pwosesis ak resous-nou nan bi amelyore epi ofri elèv sila sèvis ESE endividyèl. Mwen te gen chans gen de paran ki travay di; fanmi-nou pat gen anpil mwayen. Edikasyon louvri pòt pou lavni mwen. Se konsa mwen vin premye manm fanmi-m ki diplome ayeskoul, ale nan kolèj epi ale nan inivèsite pou pran yon metriz. Mwen konnen nou kapab delivre pwomès viv Rèv Ameriken brize sik lapovrete atravè jenerasyon epi kreye mobilite sosyal vètikal pou jenerasyon fiti. Tousa ka reyalize si nou bay elèv-nou-yo yon bon baz solid pou siksè yon esperyans edikasyon strik epi bon kalite. 1

Mesaj Sipèrentandan Robert W. Runcie a suiv Yon bon baz kòmanse ak esperyans aprantisay bonnè epi literasi, kontinye avèk aprantisay aktif kote elèv-yo itilize konesans ak abilte-yo pou rezoud pwoblèm epitou amelyore esperyans-yo. Yon bon baz edikasyon prevwa tou prepare elèv ki kapab jere emosyon-yo nan tout sitiyasyon (resilient) ak prepare elèv akademikman pou leve defi kominote mondyal pandan yap pouswiv etid nan kolèj ak karyè-yo. Elèv-nou-yo dwe devlope karakteristik sosyal e emosyonnèl fòmasyon karaktè ke yo bezwen pou asire siksè sou yon tan alontèm. Kèkfwa yo rele-yo abilte ki pa koyitif. Abilte tankou jere emosyon, tabli epi reyalize bi pozitif, demontre rezilyans, optimis ak responsablite lè yap pran desizyon. Kifè, nou dwe entegre aprantisay sosyal e emosyonnèl nan pratik ak nan pwogram fòmasyon pwofesè, kourikoulòm epi aktivite akademik. Nou gen edikatè ak administratè estraòdinè ki travay di pou edike elèv-nou-yo. Sependan, nou dwe travay yon fason pi entelijan men pa pi di. Nou dwe elwaye nou de yon modèl edikatif inivèsèl epi pwomote pou chak elèv yon aprantisay endividyèl epitou baze sou esperyans. Nou dwe fokis sou fòmasyon ak devlopman pwofesyonnèl pwofesè-nou anmenmtan n ap chèche edike elèv-nou-yo. Se lemoman pou nou repanse ansèyman epi travay ansanm pou asire pwofesyon-an atreyan avèk nòm elve, pèfèksyonnman pwofesyonnèl, ak yon cheminman karyè ki rekonnèt epi ki rekonpanse anseyan ki kapab antrene epi fòme lòt edikatè. Mwen kwè nou kapab chanje epi dwe chanje lemond edikatif. Nan lane 1903, de frè, Wilbur ak Orville Wright, aprè plizyè ane yo te resevwa anpil kritik epi simonte plizyè echèk, kontinye pèsèvere avèk esperimantasyon syantifik yo tap fè pou yo ka reyalize premye vòl avyon ki te gen siksè. Se yon istwa plen motivasyon sou kijan kouraj, inovasyon, vizyon ak kolaborasyon kapab chanje lemond. Listwa ban-nou anpil ekzanp kote yon aksyon parèt enposib, men avèk panse inovatris epi detèminasyon vin reyalite. Kounyea, se lemoman pou nou reenvante edikasyon piblik nan Broward County epi pran angajman fè tout sa nou kapab pou asire siksè tout elèv. Nou pa la jodia akòz sa elèv-nou yo akonpli nan moman prezan, men nou la paske nou kapab gide-yo pou demen. Mwen kwè nou ka devni yon gran sistèm eskolè ki va sèvi kòm modèl pou Leta isit ak nasyon-an. Plan estratejik-sa-a kapab fè sa vin posib. Avèk respè, Robert W. Runcie Superintendent of Schools 2

VALÈ NOU PWOMOTE > > Chak elèv va aprann lekòl lè bezwen endividyèl-li satisfè > > Aprantisay, aprann se yon pwosesis pou lavidiran > > Chak elèv andwa gen opsyon yon bon kalite edikasyon > > Fanmi ki enterese asosye ak pwofesè kalifye e efikas epi lidè nan lekòl-yo se konpozan esansyèl yon lekòl ki gen siksè > > Fòmasyon karaktè esansyèl pou devlopman konplèt yon timoun, fòmasyon-an dwe pozitif > > Divèsite nan kominote-nou se yon avantaj nou asepte > > Prepare elèv-yo pou yo vin pansè ki kapab inove epi sitwayen responsab pou yo vin konpetitif onivo ekonomi mondyal > > Ofri kliyantèl-la yon sèvis ekselan se yon konpozan enpòtan yon bon kalite edikasyon > > Patisipasyon pozitif chak pati ki enterese, amelyore akonplisman elèv > > Chak moun dwe respekte nòm etik ak moralite pou kontinye atenn ekselans > > Chak moun dwe kontribye epi yo dwe rann li responsab pou akonplisman elèv > > Yon sistèm edikasyon ekitab founi tout resous nesesè pou satisfè bezwen edikatif elèv-yo > > Tout sèvis Distri-a dwe pran an konsiderasyon akonplisman elèv > > Respè ak diyite enpòtan andedan ak andeyò saldeklas > > Sistèm edikasyon piblik se fondasyon yon sosyete demokratik > > Li esansyèl pou Distri-a fòme sitwayen enfòme, angaje epi responsab 3

MESAJ MANM BOARD-LA PLAN ESTRATEJIK-NOU SE YON SISTÈM pou libere potansyèl ansèyman ak aprantisay Distrik-la nan bi asire reyisit akademik. Plan-an esplike apwòch ak estrateji komen ki itilize pou edike, rann elèv-yo responsab epitou prepare-yo pou kolèj, karyè ak kominote-a. Nou va evalye pwogrè ak efikasite apwòch-sa-a yon mannyè kalitatif epi kantitatif. Bi-nou reflete angajmannou pou CHANGE yon akwonim ki vledi Children Have A Need to Grow Everyday (Timoun bezwen grandi chak jou). Nou kwè avèk fèmte bon kalite edikasyon, amelyorasyon kontini epi kominikasyon efikas va prepare chak timoun pou li reyisi nan mond demen. Dr. Rosalind Osgood, CHAIR School Board Member, District 5 KÒM YON ANSYEN PWOFESÈ EDIKASYON ESPESYAL, SOU- DIREKTRIS EPI MANMAN DE ELÈV, MWEN KWÈ NOU DWE FOKIS SOU EDIKE YON TIMOUN OKONPLÈ, pa sèlman sou rezilta yon tès. Nouvo Plan estratejik-la fokis sou devlopman akademik, sosyal epi emosyonnèl, epitou founi yon kad fòmasyon pou aprantisay elèv. Avèk sipò paran, pwofesè, anplwaye-nou-yo epi kominote-a, nou va atenn bi-nou ki se bay chak elèv meyè edikasyon posib baze sou bezwen endividyèl elèv-la. Robin Bartleman School Board Member, Countywide, Seat 9 LEKÒL PIBLIK BROWARD COUNTY PRAN ANGAJMAN ASIRE CHAK ELÈV ITILIZE POTANSYÈL-LI, kèlkeswa defi lavi ka pote. Antanke sistèm eskolè, li enpòtan pou konsantre efò-nou pou asire tout elèv gen zouti nesesè ki va pèmèt yo obteni diplòm ayeskoul, prepare-yo pou kolèj ak karyè. Plan Estratejik-nou fokis sou twa bi enpòtan. Kòm n ap anbake nan yon nouvo chemen aprantisay, nou dwe fè tout efò posib pou travay ansanm epitou asire siksè tout elèv-nou-yo. Patricia Good School Board Member, District 2 4

SA MWEN RENMEN NAN PLAN ESTRATEJIK-LA SE LEFÈT PLAN-AN KONSIDERE TWA BI PRENSIPAL ki klè, presi epi reyalizab. Mwen satisfè avèk chak bi esansyèl nou fikse. Bon kalite enstriksyon va ede elèv-yo devlope abilte pou fè analiz kritik; kifè, yo kapab vin konpetitif sou mache mondyal. Amelyorasyon kontini va pwouve rezilta dezire ap reyalize. Kominikasyon efikas va konble eka ant elèv, pwofesè, administratè, ak paran konsa yo kapab kreye yon milye akademik favorab a chak timoun. Abby M. Freedman, VICE CHAIR School Board Member, District 4 NOU VA ITILIZE PLAN ESTRATEJIK-LA KÒM YON GID EVALYASYON PWOGRÈ NOU, ki asire tout gwoup patisipan detèmine pouswiv bi komen, pandan n ap kontinye amelyore lekòl piblik Broward County. Yon apwòch restren sou objektif mezirab espesifik, konbine ak opòtinite pou reevalyasyon, refleksyon ak revizyon chak anne, va asire yon nouvo dinamis. Mwen espere plan sa a va jenere yon nouvo angajman bò kote kominote Broward pou asire tout elèv-yo atenn pi wo potansyèl-yo. Heather P. Brinkworth School Board Member, District 3 YON ÒGANIZASYON KI GEN SIKSÈ SE YON ÒGANIZASYON KI MOTIVE AK YON VIZYON EPI YON MISYON BYEN KLÈ. Pati esansyèl sila reyalize nan plan estratejik-la, ki mande epi asire chak elèv atenn potansyèl-li. Devouman-nou derape ak edikasyon bonnè depi lanfans. Nou angaje elèv-nou-yo resevwa yon enstriksyon ki prepare-yo pou ayeskoul, kolèj ak mache travay. Plan-an rekonnèt tou enpòtans patisipasyon kominote-a paske nan sistèm edikasyon piblik-nou, ansanm nou fò depandan de kominote ki sipòte sistèmla. Plan estratejik-sa se yon pwen depa men lap efikas sèlman lè li se fòs prensipal ki apiye desizyon edikasyonnèl nou pran. Nou kapab konsidere Plan-an kòm yon dokiman vivan ke souvan nou revize. Donna P. Korn School Board Member, Countywide, Seat 8 5

MESAJ MANM BOARD-LA a suiv LI ESANSYÈL POU NOU AMELYORE PÈFÒMANS ELÈV EPI TRANSFÒME TOUTBONVRE SISTÈM EDIKASYON ANSANM. Kilti ak priyorite Distri-a reflete atravè Plan Estratejik-la, avèk yon fokis kontini sou twa pilye-sa-yo bon kalite enstriksyon, amelyorasyon kontini, epi kominikasyon efikas. Broward County School Board pran angajman asire tout elèv-yo resevwa yon bon kalite edikasyon grasa yon kourikoulòm siperyè, anmenmtan elèv-yo byen prepare epi devni sitwayen pwodiktif ki va reyalize tout potansyèl-yo. Laurie Rich Levinson School Board Member, District 6 EDIKASYON SE AKTIVITE ESANSYÈL-NOU, KÒM NAN YON BIZNIS, PARAN AK KOMINOTE-A SE KLIYAN-NOU. Nou vle kontinye delivre yon bon kalite enstriksyon lè nou kite pwofesè ak estaf-la enfòme-yo de konsèp inovasyon resan nan edikasyon epi fòme-yo dapre konsèp-sa-yo. Anjeneral, n ap vanse nan bon direksyon pou prepare chak elèv antre sou mache travay oswa ale nan enstitisyon apre lekòl segondè. Bi-nou se satisfaksyon kliyan-nou elév diplome ayeskoul ki gen abilte, (skills) nesesè pou li vin konpetitif nan yon sosyete mondyalize. Ann Murray School Board Member, District 1 PLAN ESTRATEJIK-LA POU 2016-19 MONTRE YON VIZYON KLÈ AVÈK ANGAJMAN NESESÈ pou sèvi kominote-a epi amelyore lavi elèv-yo lè nou ba-yo opòtinite prepare yo anvan yo antre nan kolèj/karyè, avèk konesans epi abilte nesesè pou vin konpetitif nan yon sosyete mondyalize. Fokis sou timoun-nan okonplè, konbine ak ranfòsman lyen kominotè epi relasyon ak anplwaye, va gen yon efè sinèjik sou siksè timoun-nou-yo. Ansanm, nou kapab bay tout elèv Broward yon bon edikasyon. Nora Rupert School Board Member, District 7 6

MISYON-NOU Deklarasyon misyon-nou defini bi-nou poukisa nou egziste epi sa nou dwe fè pou nou reyalize vizyon-nou. Li ban-nou direksyon ak fokis, epi sèvi kòm yon gid pou bi ak desizyon nou pran. Li raple nou poukisa n ap fè travay sa. Lekòl piblik Broward County pran angajman edike chak elèv pou li ka itilize tout potansyèl-li. VIZYON-NOU Deklarasyon vizyon-nou dekri yon fason frapan anviwonnman ideyal ak rezilta yon imaj de lavni nou vle kreye. Li enspire, estimile, epi bay alontèm yon apèsi pou lavni. Edike elèv jodi pou reyisi nan mond demen. 7

Mwen kwè yon bon enstriksyon strik dwe kòmanse depi nan lekòl primè. Alò, nou kapab bati yon baz solid pou aprantisay. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik 8

9

Fòmile Estrateji pou Enplimante Plan Estratejik Pandan plizyè ane, distri-a enplimante pwogram ak inisyativ efikas ki vize amelyore rannman ak pèfòmans elèv. Men, gen moun ki va diskite toujou gen plas pou plis amelyorasyon nan sistèm edikatif Broward. 10

Plan Estratejik 2016 19 Distri-a va pèmèt nou ranpli misyonnou avèk maksimòm efikasite epi enpak. Plan-an fokis sou amelyorasyon instructional core -baz ansèyman- pandan lap itilize apò ak kontribisyon divès ekip k ap kolabore ak nou tankou administratè, pwofesè, elèv epi gwoup patisipan. Plan-sa-a esplike bi espesifik epi dekri etap, mezi ak resous ki nesesè pou reyalize bi-sa-yo. Plan-an reflete apwòch pwoaktif nou pran pou jere kounyea pèfòmans men li gen posibilite reponn a chanjman entèn epi ekstèn. Pandan BCPS revizyon faktè entèn ak ekstèn, ki te enkli enplimante nouvo nòm Leta Florid rekòmande, enplimante pwogram literasi diran premye anne lekòl, enstriksyon ak meyè pratik aktyèl, modèl pèfeksyonnman pwofesyonnèl, metòd jesyon entèn ki egziste kounye ak fidbak gwoup patisipan, nou te detèmine pou 2016 19 nou dwe rekalibre (reajiste) Plan Estratejik aktyèl-la. Rekalibrasyon vledi etabli nouvo baz referans ak yon nouvo pwosede ki enkòpore eleman Plan Estratejik 2012 15 ki te deja la. Plan Estratejik 2016 19 itilize yon peryòd plannifikasyon pi kout epi ensiste sou ekzekisyon, kontwòl epi rapò, ki va pèmèt nou fè revizyon pi souvan epi pran nouvo mezi koreksyon. Ane 1 Itilize resous ki disponib kounyea pou jere domenn ki bay opòtinite amelyorasyon pi pèfòman. Ane 2 Sezi opòtinite ki ekzije kapasite ak envèstisman amelyore. Ane 3 Itilize o-maksimòm rezilta ak dekouvét ane presedan-yo pandan n ap vize pwogram nan domenn espesifik ki ba-nou defi. 11

Fòmile Estrateji pou jesyon Plan Estratejik a suiv Pwosesis Planifikasyon Reyalize an Kolaborasyon Yon pwosesis plannifikasyon dwe enkòpore pwenndvi tout gwoup ki va afekte ak Plan Estratejik-la oswa gwoup ki va jwe yon wòl pou ekzekite Plan-an. Pou reyalize bi-sa-a, gwoup travay te gen responsablite reflechi sou planifikasyon-an nan plizyè domenn esansyèl. Yo te itilize teyori aksyon. (Yon teyori aksyon se lyen ant kòz ak efè, vledi konekte aksyon ak konsekans.) BCPS enplimante yon apwòch debazanwo pou rekalibre Plan Estratejik-la, lè l al chèche rekeyi apò ak sijesyon andedan òganizasyon an epi nan kominote Broward pou chèchè apò gwoup enterese. Nou te kreye senk kategori ekip konpoze de moun ki gen diferan pèspektiv ak esperyans de lekòl piblik Broward County. > > Yon ekip te konpoze de pwofesè sèlman. > > Yon lòt ekip te konpoze de direktè lekòl sèlman. > > Twazyèm kategori ekip te konpoze de administratè nan distri-a ki soti nan divès depatman BCPS. > > Ekip entegre nan lekòl katriyèm kategori enkli elèv, paran, pwofesè ak direktè lekòl. > > Senkyèm kategori, ekip konplètman entegre, manm kominote miks ak patnè biznis, pwofesè, direktè lekòl ak administratè Distri-a. 12

Ekip-yo te òganize an sèt gwoup travay, chak gwoup te travay sou yon deklarasyon ak yon keksyon espesifik. Pou obteni yon pi gran pèspektiv, oken gwoup travay pat gen de menm kalite ekip. Lidèchip Distri-a te prezante deklarasyon sou keksyon esansyèl lò lansman nan mwa septanm 2015 efò rekalibrasyon Plan Estratejik-la. Sou yon peryòd plizyè mwa, yo te idantifye keksyon-yo apre yon seri diskisyon entansif ant Sipèentandan ak manm kabinè-li. Chak deklarasyon esplike yon defi kle anrapò ak instructional core baz ansèyman), defini nan tèks-la kòm relasyon ant elèv, pwofesè epi kontni (egzanp, kourikoulòm). Yon manm chak ekip ofri san yo pa fòse l vin fasilitatè ekipla. An mwayenn, fasilitatè-yo konvoke ekip respektif-yo nan reyinyon twa fwa sou yon peryòd nèf semenn. Chak atelye dire dezè a twazèdtan. Yo te pase ekip-yo lòd devlope teyori aksyon sèlman sou keksyon yo mande yo konsidere. Ofis Office of Strategy & Continuous Improvement te mande chak ekip itilize yon modèl komen (template). Yo atann aske teyori aksyon ekip-yo va: > > aliye rezilta vize avèk reyalite travay nan Distri-a; > > konekte estrateji avèk aktivite epi relasyon espesifik, esansyèl a yon bon enstriksyon epi aprantisay elèv; > > idantifye depandans mityèl obligatwa pou motive amelyorasyon; epi > > gen konesans nan rechèch ak pratik baze sou evidans. 5 KATEGORI EKIP 7 GWOUP TRAVAY 0 REKOUPMAN 13

14

TWA BI 1 Enstriksyon Bon Kalite 2 Amelyorasyon Kontini 3 Kominikasyon Efikas 15

Bi 1 Bon Kalite Enstriksyon Nou dwe adrese defi anviwonnman ekstèn ak òganizasyon entèn pou asire tout elèv resevwa enstriksyon ki adrese non sèlman siksè akademik-yo men bezwen emosyonnèl ak bezwen sosyal-yo epi sèvi kòm katalizè pou akonplisman elèv. Sa ta depase atant aktyèl. Rekalibrasyon Plan Estratejik 2016-19 jwenn apui sou inisyativ 2012-15 ki te delivre amelyorasyon nan sèvis founi nan lekòlyo, envestisman nan pwogram Sekirite, Mizik & Ar, Espò, Renovasyon ak Teknoloji - Safety Music & Arts, Athletics, Renovations and Technology (SMART)- epitou poze baz solid yon edikasyon. Nou dwe kontinye amelyore fokis-nou epi itilize resous nou sou bò elèv kòm aprenan. Enstriksyon Bon Kalite ekzije: > > ensiste sou kontni kourikoulòm; > > yon angajman pou pèfeksyonnman pwofesyonnèl pwofesè; > > pratik ak metòd pedagojik efikas; > > anviwonnman aprantisay ak esperyans apwopriye; > > kontwòl pèfòmans ak rezilta lè sa apwopriye; epi > > fòmasyon pwofesyonnèl kontini nan tout nivo. Aprantisaj se aktivite esansyèl nou. Nou dwe asire elèv-nou-yo ap aprann toulejou. Aprantisay enkli metrize nòm akademik, favorize devlopman sosyal-emosyonnèl, epi aplike konesans ak abilte (skills) nan nouvo sitiyasyon. Nou fokis kontinyèlman sou enstriksyon bon kalite, avèk pwogram literasi depi nan klas preskolè ak ane primè, kontinye nan midèleskoul avèk aplikasyon konesans, epi konkli nan ayeskoul avèk preparasyon pou kolèj ak karyè. Evalyasyon pwogrè ak preparasyon nan twa nivo-sa-yo nou fèk mansyone va asire bezwen elèv-yo satisfè ansanm avèk cheminman aprantisay pèsonnèl-yo. 16

Nou dwe ede fason pwofesè-yo angaje elèv-yo nan aprantisay andedan anviwonnman inik chak saldeklas. Matche èd-la ak laj elèv-yo. Lè nou gade kalite travay elèv-yo ak kalite fidbak elèvyo resevwa, nou va kapab evalye mye kalite enstriksyon nou founi. Itilizasyon efikas done pou idantifye, sipòte, kontwole epi evalye bezwen elèv se yon bagay enpòtan. Nou dwe amonize efò amelyorasyon, akondisyon nou founi resous sifizan epi kominike klèman avèk tout gwoup patisipan. Nou akeyi tout elèv nan faz devlopman ak preparasyon yo ye kounyea. Pou rezon-sa, nou dwe estriktire aprantisay avèk atant chak elèv va prepare pou reyisi apre ayeskoul san ale nan klas ratrapaj paske li deja konnen epi depase nòm edikasyon Leta Florid tabli. Bi-nou se pout tout elèv ki diplome ak yon diplòm BCPS letre, byen enfòme epi pare pou antre sou mache travay kòm yon manm ki gen matirite sosyal, yon manm pwodiktif nan kominote-nou. Aprantisay se aktivite esansyèl nou. Nou dwe asire elèv-nou-yo ap aprann toulejou. 17

Bi 1: Enstriksyon Bon Kalite Literasi ak Aprantisay bonnè Literasi se aptitid pou li yon fason endepandan, ekri yon fason klè, konprann epi kreye enfòmasyon nan diferan fòm medya. Aprantisay elèv kòmanse depi lanesans avèk paran-li, fanmi elaji, moun k ap okipe-li (caregivers) epi tout kominote-a nèt. Nou pran angajman travay ak fanmi, òganizasyon sosyal epi kominote pou amelyore kalite aprantisay elèv-yo fè esperyans anvan yo antre lekòl. Nou dwe ede elèv ki gen pwoblèm aprantisay, tankou pwoblèm nan zye, disleksi ak/oswa diferans koyitif. Nou travay avèk founisè prive sèvis gadri, epi pwogram preskolè pou asire pwogram-yo gen anviwonnman ak enstriksyon apwopriye pou devlopman timoun piti, rich an resous, epitou baze sou aprantisay ak aktivite entansyonèl. Nou dwe sipòte pwogram bon kalite Head Start, ogmante o-maksimòm anwolman nan pwogram Voluntary Pre- Kindergarten, epitou edike tout paran ensike responsab gadri osijè nòm BCPS ekzije pou prepare elèv-yo antre nan kindègadenn. Elèv-yo antre nan klas kindègadenn avèk divès esperyans epi abilte. Nou dwe travay avèk elèv ki avanse nan devlopman-yo epi ak elèv ki gen reta nan devlopman-yo. Nou dwe ede elèv ki gen pwoblèm aprantisay, tankou pwoblèm nan zye, disleksi ak/ oswa diferans koyitif. Elèv BCPS dwe pale Angle kouraman; kèk elèv pale kouraman yon lang oswa pale plis lang. Nou prefere apwòch ak metòd lekti konni sou non Balanced Literacy (Pwogram Literasi Ekilibre). Li kòmanse avèk fonik, kontinye avèk lekti gide, epi itilize kontni tèks ak tèks fiksyon pou lekti endepandan. Nou itilize fich obsèvasyon ak evalyasyon pèfòmans lekti pou kontwole pwogrè elèv nan lekti jiskaske elèv-yo vin lektè endepandan. 18

Nou gide elèv-yo pou yo vin lektè endepandan ki ekri byen. Nan sans-sa-a, nou ede-yo esplore saldeklas, kominote-yo ak lemond. Atant nou se tout elèv vin lektè endepandan rive nan fen twazyèm anne, konfòm ak nòm nasyonnal pou klas-sa-a. Kèk elèv k ap atenn bi-sa-a pi bonnè; lezòt va lite pou satisfè bi-sa-a. Broward bezwen pwofesè nan ti klas ki se espesyalis nan lekti ak devlopman timoun piti. OBJEKTIF/BI LEKÒL PRIMÈ MWAYÈN LETA* BCPS BAZ REFERANS** 2019 BI DEZIRE** 2019 BI ELAJI** LEKTI 53,0 50,0 60,2 62,1 MATEMATIK 57,0 57,0 66,7 68,6 *Pousantaj elèv nivo 3 ak pi wo a, gen ladan tout lekòl (tradisyonèl ak charter school), konbine klas K-5. **Pousantaj elèv nivo 3 ak pi wo a, gen ladan lekòl tradisyonèl sèlman, klas konbine K-5.. 2016 17 TAKTIK > > Enplimante pwogram Literacy ekilibre avèk Gid Literasi. > > Nan klas primè, deziyen pwofesè ki gen meyè kalifikasyon pou anseye pwogram literasi. > > Pèfeksyone izaj fich obsèvasyon ak evalyasyon pèfòmans lekti pou nòmalize zouti, mezi ak enplimantasyon. > > Kolabore ak lekòl prive epi gadri pou ankouraje preparasyon pou literasi byen bonè. > > Amelyore enplimantasyon Sistèm Sipò Plizyè Nivo/Repons Entèvansyon Distri-a pou bay elèv-yo byen bonnè sipò akademik, sipò pou konpòtman, ak sipò sosyal e emosyonnèl. > > Priyoritize akizisyon konesans an literasi lè nou itilize nan saldeklas-la materyèl pedagojik ak materyèl òganizasyonnèl epi resous espesifik. 19

Edikasyon preskolè ta dwe yon priyorite paske si yon timoun konprann, aprann epi gen konfyans nan tèt-li, depi li piti, mwen kwè li va gen yon bon fòmasyon debaz ki va motive li kontinye aprann. Elèv ki rete annaryè oswa pa konprann depi li piti, kapab montre li pa enterese nan etid-li epi li pap menm eseye fè efò alavni. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik 20

21

Bi 1: Enstriksyon Bon Kalite Aprantisay nan klas midèleskoul Enpòtans ane midèleskoul te vin pi aparan. Nan ane midèleskoul (grades 6 8) fokis-la se aplikasyon aprantisay ak abilte travay sou pwojè ak pwoblèm ki entegre konesans elèv-la deja te aprann epi ogmante konpreyansyon atravè nouvo esperyans. Aktivite-sa-yo prepare pou itilize melanj endepandans ak ensekirite ki se karakteristik adolesans. Enpòtans ane midèleskoul te vin pi aparan. Itilize yon pedagoji apwopriye pou nivo devlopman elèv-yo, yon kourikoulòm entèdisiplinè, defi endividyèl ak pèspektiv global, tousa va bati yon baz solid pou siksè nan kolèj ak karyè-yo. Nou neglije klas midèleskoul diran deba nasyonnal osijè amelyorasyon lekòl. Plizyè moun konsidere-yo kòm yon estasyon pwovizwa san enpòtans sou chemen ayeskoul yon chans pou elèv-yo fè fas ak defi adolesans, men atant minim pou reyisit eskolè. Toudènyèman, enpòtans ane midèleskoul te vin pi aparan. Paegzanp, chèchè-yo nan rechèch-yo jwenn kèk faktè bazik nan midèleskoul (nòt, prezans ak absans lekòl, epi konpòtman) ki kapab predi, avèk 75 pousan, ki elèv k ap kite lekòl byen lontan anvan elèv-sa-yo deside sa. Byen souvan, elèv ki kite lekòl nan klas uityèm anne san konpetans (skills) esansyèl yo bezwen ki prepare-yo pou kolèj ak karyè pap janm ratrape-yo. Si nou kapab idantifye elèv-sa-yo depi nan midèleskoul, lekòlyo kapab kreye entèvansyon sible epi atan ki kapab amelyore yon fason siyifikatif chans pou yo reyisi nan ayeskoul. Nou va amelyore kourikoulòm ak enstriksyon pou asire siksè elèv BCPS alavni. Nou dwe gen yon apwòch konpreyansif ki anglobe sistèm-la nèt epi ki fokis sou amelyore rezilta ak anviwonnman aprantisay pou tout jèn adolesan nan Distri-a. Konbinezon pwogram akselerasyon, ratrapaj ak pèfeksyonnman pwofesè-yo bezwen kowòdone pou elèv-yo, reyalizab omwayen pwojè ak pwoblèm baze sou aprantisay. 22

Pou amelyore aprantisay nan klas midèleskoul, nou dwe bay edikatè ak paran trening entansif nan kat domenn prensipal: 1 konprann devlopman adolesans ak enplikasyon-li nan enstriksyon, disiplin ak òganizasyon midèleskoul 2 itilize done (enkli, men pa limite ak rezilta tès) pou kreye epi egzekite yon plan enstriksyon strik epi pèsonalize; 3 ede pwofesè-yo kolabore onivo plizyè klas pou kreye chapit avèk yon tèm spesyal konsa aprantisay vin enteresan epi estimilan; 4 etabli pwogram sansibilizasyon ak preparasyon pou kolèj ak karyè, pwogram ki fè elèv-yo konnen byen bonè opòtinite ki disponib apre ayeskoul. OBJEKTIF/BI MIDÈLESKOUL MWAYÈN LETA* BCPS BAZ REFERANS** 2019 BI DEZIRE** 2019 BI ELAJI** LEKTI 52,0 51,7 55,6 57,5 MATEMATIK 55,0 55,3 60,0 61,5 *Pousantaj elèv nivo 3 ak pi wo a, gen ladan tout lekòl (tradisyonèl ak charter school), konbine klas K-5. **Pousantaj elèv nivo 3 ak pi wo a, gen ladan lekòl tradisyonèl sèlman, klas konbine K-5. 2016 17 TAKTIK > > Restriktire esperyans klas midèleskoul pou òganize-yo otou pwojè ak pwoblèm baze sou aprantisay entèdisiplinè. > > Entegre nòm aprantisay sosyal-emosyonnèl - Social-Emotional Learning (SEL) nan klas ansèyman matyèdebaz. > > Konekte MTSS/RtI avèk endikatè pèfòmans preparasyon elèv pou gradyasyon. > > Amelyore tranzisyon akademik epi sosyal ant uityèm ak nevyèm anne. > > Bay pwogram literasi plis sipò pou enkli aprantisay aktif kòm yon fòm espresyon nan tout matyè elèv-yo ap etidye. 23

24

Nou dwe asire elèv-yo atenn nivo pèfòmans aseptab nan lekti paske lekti se fondasyon chak matyè ki etidye. Lè elèv-yo konprann sa yo li, yo kapab konprann tou matyè yap etidye, kòmanse eksele epi fè analiz kritik a yon nivo elve. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik 25

Bi 1: Enstriksyon Bon Kalite Preparasyon pou kolèj ak karyè Nan lekòl-yo, kilti-a dwe afime preparasyon pou kolèj ak karyè, asire elèv-yo prepare opwenndvi akademik, yo kapab jere emosyon-yo, epi enfòme-yo de konesans ak abilte pratik nesesè apre ayeskoul. Sa enkli konprann pwosedi admisyon ak èd pou peye kolèj ensike potokòl elèv-yo kapab swiv lè yap aplike epi entèvyouve-yo pou yon anplwa - tousa dwe fèt anvan gradyasyon. Li nesesè pou kreye cheminman miltip ki va ede elèv-yo reyisi. Alòske bi preparasyon kolèj ak karyè idantik pou tout elèv, cheminman-an diferan depandan de sa ki enterese chak elèv ak preferans aprantisay-li. Li nesesè pou nou kreye cheminman miltip, sekirize e disponib nan lekòl-yo avèk ti kominote aprantisaj epi avèk klas ki strik epi enpòtan (aliye avèk ekonomi lokal). Apwòch-sa-a baze sou pòtfolyo lekòl-nou. Yon pòtfolyo lekòl ak pwogram disponib nan lekòl-yo, reprezante plis pase yon konbinezon lekòl ki ofri elèv-yo opsyon. Se yon estrateji pou kreye tout yon sistèm ayeskoul ekselan avèk chwa inivèsèl jere, kòm yon zouti santral ki fòse chanjman nan Distri-a. Tankou nan yon jaden, desizyon sou plantasyon ak emondaj dwe pran selon jan plant-yo ap grandi, nou-menm nou jere yon pòtfolyo lekòl dapre jan elèv-yo ap aprann. BCPS fè yon patenarya avèk kominote edikasyon siperyè, konpani ki asepte estajyè, epi ak òganizasyon ki ede avèk preparasyon pou kolèj. BCPS ak patnè-li dwe fokis pou ede elèv-yo antre nan laj adilt byen detèmine epi pasyone. Nou dwe asire tout elèv pran mezi nesesè pou prepare-yo antre nan kolèj. Nou ede-yo ak yon plan pèsonalize nan cheminman preparasyon pou kolèj ak karyè. Lidèchip konseye lekòl ak patisipasyon tout adilt nan lavi elèv-yo ede nan pwosesis-sa-a. 26

Nou ofri tout elèv esperyans pwofesyonnèl grasa estaj, edikasyon siperyè avèk klas anwolman doub, epi nou espoze-yo a anviwonnman kolèj ak karyè lè yo vizite kanpis epi lye travay. Aktivite esansyèl-nou enkli ofri tout elèv opòtinite pran tès admisyon pou kolèj depi nan dizyèm anne epi redije yon esè toujou avèk lide admisyon nan kolèj. Nan BCPS, efò devlope yon kilti baze sou preparasyon pou kolèj ak karyè vledi envesti nan lavni chak elèv. Nou dwe itilize kourikoulòm, enstriksyon ak devlopman pwofesyonnèl pwofesè-nou-yo pou garanti rezilta-sa-a. OBJEKTIF/BI LEKÒL AYESKOUL MWAYÈN LETA* BCPS BAZ EFERANS** 2019 BI DEZIRE** 2019 BI ELAJI** LEKTI 52,0 52,3 56,4 58,2 ALJÈB 1 56,0 57,1 73,5 74,2 POUSANTAJ ELÈV KI DIPLOME 77,8 81,2 89,0 89,1 *Pousantaj elèv nivo 3 ak pi wo a, gen ladan tout lekòl (tradisyonèl ak charter school), konbine klas K-5. **Pousantaj elèv nivo 3 ak pi wo a, gen ladan lekòl tradisyonèl sèlman, klas konbine K-5. 2016 17 TAKTIK > > Bay elèv-yo bon baz nan aljèb, lekti ak ekriti depi nan klas nevyèm anne. > > Onivo lekòl segondè, amelyore sèvis counseling ki va ede elèv-yo gen yon meyè pèfòmans epi ede-yo ak nouvo klas yo bezwen pran. > > Bay aksè nan ekzamen admisyon kolèj ak sipò pou pwosedi èd finansye. > > Bay aksè ak counseling ki va ede elèv-yo ak pwosesis seleksyon nan kolèj. > > Itilize pwosedi MTSS/RtI pou ede ak gradyasyon epi tranzisyon apre lekòl segondè. 27

Yon aspè enpòtan ayeskoul ak preparasyon pou kolèj ak karyè se lojik, analiz kritik epi etik. Depi nan klas primè, ta dwe gen klas lojik ak analiz kritiz. Klas-sa-yo ta dwe obligatwa. Yo demontre timoun kapab konprann lojik senbolik depi yo piti. Kalite rezonnman-sa-a va pèmèt elèv-yo konprann matyè yap etidye ak chak aspè nan lavi-yo. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik 28

29

Bi 2 Amelyorasyon kontini Rekritman pèsonnèl konpetan e ki gen talan se yon pwosesis kontini. Diran dènye anne ki sot pase, pifò distri, enkli BCPS tou, te gen difikilte amelyore rannman elèv yon fason dirab (enstriksyon bon kalite). Faktè ekstèn ak faktè entèn te anpeche enplimantasyon inisyativ enpòtan, ki pat toujou jwenn siksè. Diplis, jesyon pa diferan depatman operaysonnèl nan diferan moman te soufri akòz absans yon plan estratejik entegre epi konsistan. Anplis, fokis prensipal nou sou enstriksyon bon kalite, amelyorasyon kontini ekzije yon kolaborasyon ak itilizasyon kapital finansye (bidjè), kapital imen (moun) ak efikasite operasyonnèl. Ou va jwenn anba a objektif ak taktik ki va pèmèt BCPS amelyore fason nou jere, òganize epi itilize resousnou. Pwosedi Jesyon BIDJÈ Jan sa konn fèt tradisyonnèlman, diran twazyèm ak katriyèm trimès, sèvis depatman finans prezante pwosesis bidjetè anyèl ki otorize depans sou operasyon ak fonksyonnman, pwogram diskretyonè ak envestisman kapital pou anne pwochenn. Akòz lè aktivite-sa-yo pwograme, Plan Estratejik-la pat byen enfòme sou pwosesis-sa-a. 30

BCPS rekonnèt byen jere resous limite pi enpòtan ke jamè pou òganizasyon sektè piblik. Bidjè baze sou pèfòmans gen pou objektif amelyore efisyans ak efikasite depans piblik lè li konekte finansman Plan Estratejik avèk rezilta li delivre. Itilizasyon sistematik enfòmasyon rann sa posib. Nou va evalye pwojè ak pwogram Plan Estratejik-la inisye, dapre rezilta obteni. Nou va itilize yon modèl bilan pèfòmans sou twazan pou dokimante epi kontwole pwogrè pwojè ak pwogram nan akonplisman bi ak priyorite Plan Estratejik-la. MOUN Nan plizyè distri eskolè, rekritman pwofesè fèt nan fen anne eskolè ak diran mwa dete. Paske se peryòd ki pi konpetitif diran anne a, meyè kandida-yo te deja pran desizyon osijè djòb yo vle fè. Tankou biznis nan sektè prive, distri eskolè ki pwoaktif kòmanse byen bonnè nan anne a pou chèche epi rekrite kandida ki gen meyè kalifikasyon. Anvan peryòd nòmal rekritman, BCPS ta dwe gen deja meyè kandida potansyèl ki angaje-yo vini nan Distri-nou. Nou rekonèt se pa tout modèl lekòl ki bon pou chak timoun ositou BCPS ofri divès opsyon edikasyonnèl. Pou BCPS, rekritman pèsonnèl konpetan e ki gen talan se yon pwosesis kontini. BCPS rekrite pèsonnèl anseyan ak lidè nan edikasyon ki soti toupatou nan peyi a, men pifò nan yo soti nan Florid ak Nòdès. Anvan, kantite pwofesè ki gen kalifikasyon e ki disponib te bese anpil paske lekòl-yo pat gen ase otorite pou anboche kandida pou pòs vakan espesifik jouk lè mwa me rive. Diplis, apeprè 50 pousan pòs vakan pat deklare jouk apre kòmansman ane eskolè; pòs-yo rete vakan jiskaske tout alokasyon fon finalize. Nou dwe asire tout pòs vakan lidèchip dwe ranpli chak anne anvan pwofesè-yo kòmanse travay diran nouvo trimès-la. Si nou vle BCPS gen yon avantaj konpetitif epi anboche anplwaye ki gen talan, nou dwe atire pwofesè-yo lè nou fè òf danplwa fèm odebi mwa fevriye epi asire tout pòs vakan nan lidèchip edikasyon pibliye epi ranpli ositoke posib. Depatman Resous Imen kolabore ak lòt depatman pou retire obstak, ki anpeche nou anboche pi bonnè. Opwenndvi estrateji, li enpòtan pou BCPS rekrite epi kenbe pèsonnèl ki kalifye. Retansyon pwofesè se yon defi kontinyèl onivo nasyonnal ak onivo BCPS. Apeprè, nèf pousan pwofesè nan Distri-a kite pòs anseyan-yo chak anne akòz demisyon oswa retrèt. 31

Bi 2: Amelyorasyon Kontini Sondaj reyalize onivo nasyonnal nan distri lekòl piblik bò kote anplwaye-yo montre 40-50 pousan pwofesè kite pwofesyon-an nan senk premye anne-yo. Se menm kantite-a ki vle pouswiv karyè-yo nan ansèyman, ki rete. Nan BCPS, nou kenbe apeprè 42 pousan pwofesè nan pòs-yo apre senkan. Rechèch endike retansyon pwofesè ogmante lè gen yon pwogram efikas entegrasyon nouvo pwofesè, mentò ki kalifye, bon kondisyon travay ki ofri sipò ak lidè ki pwomote yon kilti siksè. Nan dènye ankèt BCPS reyalize, done ankèt montre prensipal rezon pou demisyon pwofesè se mank sipò (53 pousan), answit deplasman (32.5 pousan) ak salè (19.5 pousan). Office of School Performance & Accountability (OSPA), Office of Academics, Talent Acquisition ak lòt depatman ap kontinye esplore inisyativ ki kapab ede ogmante retansyon pwofesè. OSPA ak Academics ap patisipe nan yon pwojè rechèch sou twazan pou ekzaminen diferan apwòch sou keksyon entegrasyon nouvo pwofesè. Rezilta pwojè-a va disponib nan fen anne 2016. Reprezantan Talent Acquisition ap kolekte enfòmasyon rekeyi nan divès ankèt epi diran vizit yo fè avèk edikatè BCPS. Yo va analize enfòmasyon-sa-a ak done entèvyou sou rezon depa pwofesè pou detèminen ki amelyorasyon ki nesesè pou kenbe pwofesè ki gen bon kalifikasyon. EFIKASITE OPERASYONNÈL Pou asire siksè efò nan amelyorasyon kontini, nou dwe evalye souvan efikasite sèvis ak aktivite-nou, operasyon ak pwosesis. Nou dwe chèche fè amelyorasyon pwogresif e kontini ki va satisfè kliyan-nou ak pati ki enterese, pandan n ap asire transfè resous nan inisyativ enstriksyon bon kalite. OBJEKTIF/BI AMELYORASYON KONTINI* BAZ REFERANS POU ANE 2019 Pousantaj biznis/sèvis sipò KPi s nan top quartile 26% 40% Rasyo elèv parapò a konpitè** 6:1 3,5:1 Ogmante retansyon pwofesè sou yon peryòd 5-an 42% Ogmante pa 5% * Enkli endikatè pèfòmans kle atravè aktivite priyoritè. Sous: Council of the Great City Schools Benchmarking for K 12 Operations Konpitè defini kòm desktop, tablet oswa laptops 32

2016 17 TAKTIK > > Enplimante yon modèl pèfòmans bidjetè sou twazan pou dokimante epi swiv pwojè ak pwogrè pwogram. > > Ofri tout direktè lekòl-yo trenning nan jesyon bidjè lekòl pou konplete fòmasyon-yo. > > Itilize done pou predi avèk presizyon kantite pèsonnèl ki nesesè. > > Enplimante yon pwogram prim ankourajman Early Notification Incentive Award Program. > > Chak anne, swiv epi kontwole endikatè pèfòmans kle (KPIs), BCPS priyoritize, an konparezon ak lòt gran distri ki tabli nan gran vil. > > Enplimante teknik GPS pou montre pozisyon egzakt bis lekòl-yo epitou mizajou enfòmasyon an tan reyèl. > > Enplimante rekòmandasyon ki apwouve dapre etid Disparity Study ak revizyon politik. > > Enplimante yon sistèm jesyon aprantisay. > > Fè yon patenarya avèk New Teacher Center Corporation pou devlope epi egzekite pwogram aprantisay ak lidèchip pou pwofesè ak direktè lekòl. Transpòtasyon Depi lansman Plan Estratejik 2012-15, depatman Transpòtasyon reyisi nan tout inisyativ transfòmasyon li te anvizaje. Envèstisman enpòtan nan teknoloji pou amelyore operasyon toulejou enkli Global Positioning System (GPS), yon solisyon Kronos pou jesyon pèsonèl, ak EDULOG sofwè planifikasyon ak trajè wout bis lekòl. Sisèm-sa-yo yo pèmèt sipèvizyè-yo itilize done reyèl pou senplifye ak modènize trajè wout bis-yo, redwi depans ovètaym epi idantifye ki pwogram nan Distri-a ki bezwen transpòtasyon. Transpòtasyon va kontinye avèk inisyativ-sa-yo epi ap enkli pwojè fonksyonnman yon pak bis lekòl nan pwochen Plan Estratejik twazan-li. Sèvis acha & depo Depi pasaj bon General Obligation Bond nan mwa novanm 2014, ogmantasyon nan volim acha epi sansibilizasyon opinyon piblik gen pou rezilta chanjman pwofond nan sistèm acha ak antrepozaj, pwosede ak politik ki aliye mye avèk nouvo direksyon Distri-a pran. Vizyon depatman-an se optimize depans, konfòmite ak operasyon, konsidere lòt apò ki gen valè nan yon fason bi estratejik tabli. Bi estratejik-la sipòte bezwen edikasyonnèl Distri-a. Nou idantifye kèk inisyativ estratejik ki enkli: 1 Amelyore 2 Modènize 3 4 pase sistèm lokalizasyon ak siveyans pou ogmante abilte-nou founi done an tan reyèl; pwosede ak konstriksyon pou itilizasyon efikas resous limite-nou; Enplimante rekòmandasyon otè etid sou disparite sigjere osijè aksè egal pou minorite. Priyoritize solisyon a kou tèm e alontèm; epi de yon modèl acha desantralize a youn ki santralize. 33

Bi 2: Amelyorasyon kontini Depatman SÈVIS PÒTFOLYO Nou rekonnèt se pa tout modèl lekòl ki bon pou chak timoun ositou BCPS ofri divès opsyon edikasyonnèl. Itilize resous, kreye enstalasyon dapre espas ki alwe epi reenvesti nan lekòl ak kominote-nou pèmèt kreye opòtinite pou amelyorasyon pwogram edikasyonnèl. Ekip sèvis pòtfolyo reyini done, bezwen, ekspètiz ak resous pou kreye nouvo modèl lekòl ki ofri pwogram inovatif ak efektif klas ki pi piti. Estrateji Pòtfolyo enkli: > > ofri tout fanmi nouvo opsyon, toutan; > > kreyasyon nouvo pwogram inovasyon; > > reòganizasyon estratejik resous-nou pou satisfè bezwen elèv; > > devlope nouvo estrateji pou rechèch nouvo talan; > > sipò diferansye pou chak lekòl; > > optimize sistèm done, enkli akademik, anwolman, endikatè atmosfè nan milye lekòl ak kominote; > > chèche angajman piblik nan restriktirasyon ak reòganizasyon lekòl. 2016 17 TAKTIK > > Opwenndvi stratejik, li enpòtan kolekte done ki koresponn a reyalite aktyèl. > > Etabli sèvis jesyon pwojè polivalan, ki responsab travo ankou ak ekip. > > Optimize kolaborasyon avèk kominote-a, avèk lekòl, estaf, paran, biznis epitou ofisyèl eli, raple-yo enpòtans reenvesti epi restriktire lekòl-nou-yo. 34

ENSTALASYON AK KONSTRIKSYON Nan mwa novanm 2014, votè-yo te apwouve yon bon General Obligation Bond (GOB) pou yon montan de $800 milyon dola, konbine ak resous an kapital ki la deja sa bay ototal $984 milyon dola pou amelyorasyon nan lekòl-nou-yo nan kategori Sekirite, Mizik & Ar, Espò, Renovasyon ak Teknoloji (SMART). $984 milyon va konte pou prekse yon tyè kapital repòte an fonksyon bezwen nan lekòl-nou-yo. SMART gen apeprè 1,400 pwojè amelyorasyon nan divès enstalasyon n ap swiv deprè pwogrè-yo. Nou antisipe fini tout pwojè-yo nan sèt anne (FY 2020-21). Nan premye ane pwogram-la nou chèche tabli yon bon fondasyon pou siksè pwogram-la tankou mande tribinal valide referandòm bon GOB; kreyasyon yon komite konwòl (Bond Oversight Committee); apwobasyon Plan enstalasyon eskolè Distri-a ak remaniman sourcing/estaf. OBJEKTIF/BI AMELYORASYON KONTINI BAZ REFERANS POU ANE 2019: Pousantaj pwojè ki ankou nan divès enstalasyon pwogram SMART* Pousantaj pwojè nan divès enstalasyon ki nan faz apèldòf, an konstriksyon oswa ki fini** 35% 90% 7% 60% Diminye tan finisman travay*** N/A 10% Diminisyon pri pou chak travay antretyen ak reparasyon pou chak komannn*** N/A 6% *Ankou vledi yon pwojè nan yon lekòl ki aktif, nan faz plannifikasyon, konsepsyon (design) oswa konstriksyon. Sa pa enkli pwojè anrapò ak teknoloji oswa enstriman mizik. **Tout pwojè-sa-yo vin apre faz planifikasyon ak konsepsyon epi lòt kategori pwojè ki ankou. ***Sous: Council of the Great City Schools Benchmarking for K-12 Operations 2016 17 TAKTIK > > Amelyore sipò depatman Physical Plant Operations (PPO) kapab bay lekòl-yo ak pwosesis desizyon baze sou done kolekte. Ranplase sistèm komann ki espire, e ki gen deja 30 anne. Enfòmasyon & Teknoloji pa ka sipòte sistèm-sa-a ankò. > > Fini pwojè nou erite konsa nou va itilize resous-nou-yo mye avèk enplimantasyon pwogram SMART. > > Devlope epi egzekite yon pwogram avèk fokis sou amelyorasyon kontini pou akselere pèfòmans elve ak sèvis ekselan. 35

Bi 2: Amelyorasyon Kontini Diran anne eskolè 2015/16, Distri-a anplwaye yon nouvo Chief Facilities Officer epi Distri-a retni sèvis yon nouvo konsiltan, Owner Representative and a Cost and Program Controls. Ekip ibrid-sa-a konpoze ak lidèchip Distri-a epi ak ekspè nan endistri-a ki rekonni onivo nasyonnal. Sa montre nou pran oserye angajman nou anvè piblik-la epi volonte Distri-a pou egzekite pwogram SMART yon fason konsistan. Depi nan kòmansman ane 2016, ekip-la fè avanse plis pase 500 pwojè nan diferan lekòl. Ekip-la kowòdone faz planifikasyon, konsepsyon ak konstriksyon. JESYON ESTRATEJIK INISYATIV Distri-a kreye kounyea yon nouvo depatman ki ofri sipò pou amelyore enplimantasyon Plan Estratejik-la. Jesyon santralize depatman-sa-a gen yon wòl ki va pèmèt gide, kowòdone, epi swiv, kontwole tout inisyativ priyoritize nan bi amelyore ekzekisyon plan-an (2016-17 ane pilòt). Nouvo depatman-sa-a va konstwi kapasite ki va aliye mye avèk Plan Estratejik 2016 19. Plan Estratejik se senpleman yon kat, avèk yon kòmansman (kondisyon aktyèl anviwonnman ak kondisyon entèn) epi yon finisman (BCPS vizyon ak misyon-li) Epi nan pati mitan evalyasyon ak ekzekisyon estrateji se pati ki bay defi. Nan BCPS, pati mitan se Jesyon estratejik pèfòmans ki va ekzekite tout pwosesis ak pwosede. Lè sa vin efektif, nou kapab enstitisyonalize yon kilti amelyorasyon kontini, priz deizyon efikas, ak jesyon chanjman. Evalyasyon ak ekzekisyon se eleman ki fè pati pwosesis planifikasyon estratejik debazanwo. (Gade paj 12 pou metòd planifikasyon enklizyon). Pwosesis-sa-a vini akonpaye ak egzekisyon plan, bi avèk taktik, kalandriye epi objektif. Bi ak objektif tabli sou baz apò mezirab, siyifikatif, epi balanse, baze sou kat pèspektiv: kliyan, bidjè, konpetans skills- (moun) ak pwosesis. Pwosesis ak pwosede jesyon estratejik pèfòmans-nou ede kreye yon sistèm evalyasyon oswa fich evalyasyon (scorecard). Nan BCPS, fich evalyasyon founi yon rapò detaye pwogrè sou inisyativ kle ak akonplisman elèv. 36

OBJEKTIF/BI AMELYORASYON KONTINI BAZ REFERANS POU ANE 2019 Pousantaj pwojè k ap tann trening fòmèl N/A 90% Kantite inisyativ estratejik swivi e ki kontwole yon fason fòmèl Kantite revizyon jesyon pèfòmans pou inisyativ estratejik N/A 10 N/A 12 2016 17 TAKTIK > > Itilize zouti Jesyon Plan Estratejik pou reòganize aktivite epi tabli bi presi ak responsablite epi transparans. > > Konsevwa epi modifye pwosede jesyon pèfòmans ak evalyasyon ki va sèvi kòm gid ak sipò pou inisyativ estratejik. > > Asire School Board ak ekip lidèchip gide epi ofri sipò kontini. 37

Pwogram literasi ekilibre (Balanced literacy) nan tout matyè elèv-yo etidye Sa enpòtan nou entwodi toulejou lekti ak ekriti, ensike pale ak koute lè n ap anseye timoun. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik 38

39

Bi 3 Kominikasyon Efikas browardschools.com facebook.com/ browardschools twitter.com/ browardschools Nou fè efò amelyore efikasite kominikasyon entèn epi ekstèn avèk gwoup patisipan, pou transmèt vizyon ak bi Distri-a. Diplis, nou travay aktivman pou enplimante estrateji maketing pou amelyore pèsepsyon piblik-la gen de BCPS. Vizyon global-nou se edike elèv jodi pou reyisi nan mond demen. Ofiramezi, n ap vanse, nou dwe asire kominote-a pran konsyans de objektif, bi, siksè ak defi-nou. Chak elèv, paran, anplwaye ak manm kominote-a gen enterè pèsonnèl nan siksè BCPS. Nou dwe kominike nan yon fason siyifikatif avèk lòt gwoup enterese. Nou tout se anbasadè pou BCPS, avèk abilte gen yon enpak pozitif sou pèsepsyon piblik-la ka gen de nou. Sa depann de nou pou nou pataje enfòmasyon ekzakt osijè travay remakab k ap fèt atravè tout Distri-a. Nou va kontinye kenbe tout gwoup ki enterese enfòme sou kote nou te ye, kote nou prale epi kijan nou planifye edike tout elèvyo pou yo atenn pi wo potansyèl-yo. Nou bay sijesyon-ou valè pandan n ap travay pou pèmèt elèv BCPS fè yon enpak pozitif pou lavni. Nou va kolabore, pataje enfòmasyon epi koute sijesyon ak fidbak pou amelyore metòd ak pratik-nou. Nou pral itilize o-maksimòm talan ak enèji estraòdinè ki egziste nan tout òganizasyon-an. Nou va itilize teknoloji pou amelyore chenn kominikasyon. Nou va fokis sou twa domenn prensipal: kominikasyon ekstèn; kominikasyon entèn, ak maketing lekòl, pwogram ak inisyativ. 40

OBJEKTIF/BI KOMINIKASYON EKSTÈN Restriktire sitwèb Distri-a pou amelyore esperyans itilizatè ak rechèch enfòmasyon Lansman intranet pou estaf-la nan bi amelyore kominikasyon entèn Prezans sou medya sosyo BAZ REFERANS N/A N/A 36,000 Twitter followers 11,549 Facebook likes 2019 BI DEZIRE Konplete Konplete Ogmante pa 15% ogmante kantite downloads (application) pou aparèy mobil Rasyo nouvèl pozitif parapò ak nouvèl negatif 19,000 downloads Ogmante pa 35% 5:1 Ogmante pa 5% 2016 17 TAKTIK > > Amelyore kominikasyon ak patisipasyon fanmi epi kominote-a. > > Enplimante estrateji kominikasyon maketing entegre pou pwomouva lekòl ak pwogram. > > Amelyore esperyans itilizatè avèk sitwèb BCPS epi itilize lòt zouti kominikasyon Distri-a. > > Amelyore kominikasyon entèn epi fokis sou pousantaj estaf k ap itilize sant enfòmasyon yon manyè pwoaktif. > > Bay yon sèvis ekselan alakliyantèl, pou tout gwoup BCPS ki enterese. > > Itilize o-maksimòm epi devlope patnèchip ekstèn pou sipòte elèv, lekòl ak pwogram. > > Lansman yon intranet pou estaf-la, ki va sèvi kòm sant kominikasyon epi enfòmasyon. Ane 1 objektif enkli dat lansman, prezantasyon, entegrasyon lòt estaf ki gen aksè ak resous teknolojik. Ane 2-3 fokis sou pousantaj estaf k ap itilize sant enfòmasyon pou chache enfòmasyon, sondaj pou estaf, etc. 41

PWOGRAM SIPÒ KI RESEVWA YON ATANSYON SOUTNI APRANTISYAY AKTIF Elèv-nou-yo bezwen fè esperyans ki ka montre-yo yo kapab reyisi nan lavi. Metòd tradisyonal evalysyon rezilta notaman nòt obteni pou devwa, kanè ak nòt obteni nan tès estanda di elèv-yo jan adilt-yo jije e evalye pwogrè yo fè lekòl. Nou kapab kreye opòtinite pou elèv-yo kote yo viv esperyans pèsonnèl ki pèmèt-yo evalye kalite rannman travay-yo. Opòtinite sila egziste nan BCPS, men se opòtinite nou dwe ofri tout elèv-yo. Opòtinite-sa-yo sipòte epi depase materyèl prezante nan tès FSA oswa SAT/ACT. Depi nan klas primè rive ayeskoul, nou dwe asire elèv-yo gen esperyans yo kapab aplike epitou gen esperyans ki depase konesans nòm Leta ekzije. Lè sa nou kapab bay chak aprenan opòtinite ak enpòtans. Onivo lekòl primè, elèv-yo montre pwogrè-yo nan aprantisay aktif grasa pòtfolyo - echantiyon travay-yo- epitou nan prezantasyon. Nou kapab ofri opòtinite sa-yo omwayen kourikoulòm, sòti òganize (field trips) ak pwogram tankou je dechèk nan 2zyèm ak 3zyèm anne. Onivo lekòl primè, nou dwe ofri espò, deba, coding, ar, mizik, STEM ak lòt pwogram. Elèvyo dwe pran avantaj opòtinite-sa-yo pou yo kapab dekouvri epi esplore sa ki enterese-yo. Nan klas midèleskoul, BCPS founi enstriksyon epi patisipasyon nan pwogram lokal oryante sou sivis. Pandan ane eskolè 2016/17, elèv-yo dwe kapab ekri, prezante epi pataje esperyansyo avèk lòt kamarad ki nan lòt peyi. Kontak-sa-yo etabli omwayen pwojè, pwogram sou Entènet. Kòm yap apwoche gradyasyon, elèv-yo bennefisye de esperyans sila paske esperyans-yo enpòtan epi yo kapab plase-yo nan kontèks etidyo. Elèv ayeskoul dwe patisipe nan aktivite aprantisay andeyò jounen lekòl-yo. BCPS pran angajman sipòte epi rekonnèt apò elèv-yo nan kominote-yo nan kad pwogram benevola (service learning) ak pwogram sèvis kominotè. Nou ankouraje elèv-yo patisipe nan pwogram entwodiksyon epi avanse espò, syans konpitè, deba, ar, mizik, STEM ak piplis ankò. Learning by doing - Aprann an pratikan se yon metòd pwouve ki montre amelyorasyon nan patisipasyon, retni konesans ak akonplisman. BCPS pran angajman fini ak keksyon enstriksyon akonpaye avèk preparasyon tès epi asire anviwonnman aprantisay aktif epi strik. 42

REPONS ENTÈVANSYON BCPS devlope plan akademik, konsepsyon òganizasyonnèl epi rekòmande metòd plan daksyon atravè Beyond Expected Students Targets (BEST). Diran ane eskolè 2016/17, n ap pase de BEST 1.0 a BEST 2.0. Amelyorasyon nan domenn BEST 2.0 baze dapre done ak konvèsasyon ki te fèt diran sesyon Jesyon pèfòmans, atelye School Board, sijesyon estaf ak fidbak piblikla. Nou va: > > fokis sou kominote pwofesyonnèl aprantisay konpoze de pwofesè ki va analize travay elèv ak rezilta travay-yo; > > itilize resous ribrik pou evalye pèfòmans elèv ak kalite fidbak ak kòmantè elèv-yo fè; > > amelyore kalite Nivo 1 enstriksyon pou ranfòse pratik Response-to-Intervention (RtI). Asire tout elèv-yo resevwa yon enstriksyon bon kalite baze sou nòm anvan yo pase a Nivo 2 oswa Nivo 3; > > amelyore patnèchip entèn/ekstèn pou sipòte kalite edikasyon; > > ogmante opòtinite pou aktivite elèv, aplikasyon ak patisipasyon nan aktivite aprantisay kominotè; > > ogmante itilizasyon sistèm jesyon antrepriz avèk aplikasyon sofwè pou akselere meyè pratik. Eliminen sistèm ak pratik endepandan. Pwosesis reyisi enplimantasyon Sèvis sipò plizyè nivo/rti ki te plannifye nan Plan Estratejik 2012-15 favorize kreyasyon ekip rezolisyon pwoblèm an kolaborasyon pou detèminen entèvansyon ki ka pwofite elèv-la. Lè nou itilize pwosesis entèvansyon pou rezon akademik ak konpòtman, yon langaj ak kilti komen te kreye nan tout Distri-a. BCPS pran angajman devlope aprantisay pèsonalize ak entèvansyon endividyèl. Notasyon baze sou lèt epi apre Alòske BCPS pran angajman edike tout elèv-li-yo pou atenn pi wo potansyèl-yo, angajman sa kontinye atravè esperyans akademik-yo. Lekòl-nou-yo ofri plizyè opsyon ko-kourikoulòm ak aktivite andeyò lekòl ki atire atansyon onivo lokal, Leta epi nasyonnal. Nou ofri tou sipò sosyal-emosyonnèl pou optimize esperyans pèsonnèl elèv-yo. Nou dwe redirije atansyonnou, mete sou kote nòt obteni anyèlman nan tès Leta ekzije epi pase a eleman dinamik ki reflete fidèlman nouvo esperyans edikasyonnèl. Evalyasyon lekòl Distri-a fè va mete aksan sou nivo devlopman elèv-nou-yo reyalize nan tout disiplin akademik. Nou dwe kominike san rete siksè lekòl-nou-yo. Kilti ak atmosfè lekòl-la se de endikatè prensipal yon lekòl ki efikas; nou va gade pou wè si lekòl-nou-yo gen abilte jere fonksyonnman-yo yon mannyè konpreyansif. Efò Plan Estratejik 2016-19 va fokis sou amelyoraasyon Nivo 1 enstriksyon epitou rakousi tan pou detèminen epi delivre sipò adisyonnèl nan Nivo 1, 2, 3 oswa lè gen yon referal pou chache detèminen si sèvis edikasyon esepsyonnèl pou elèv (ESE) nesesè. 43

Pwogram sipò ki resevwa yon atansyon soutni a suiv BCPS konsidere kòm yon valè fondamantal angajman ak patisipasyon fanmi, konbine avèk pwofesè epi lidè lekòl trè efikas, se baz esansyèl yon lekòl ki reyisi. Vizyon nou se pou chak fanmi nan Broward vin aktif andedan kominote-li lè li sipòte aprantisay jenn moun opwendvi akademik sosyal e emosyonnèl, epi pou tout lekòl gen sistèm ak pratik an plas ki valorize epi enplike fanmi ak kominote nan yon fason siyifikatif epi esansyèl. Rive ane 2019, bi-nou se 100% lekòl BCPS bennefisye de avantajsa-a epi plannifye aktivman patisipasyon fanmi ak kominote, enkli, volontè, mentò, paran, gwoup ak kominote ak patnè biznis epi lòt gwoup ki pa mansyone. Bi kolektif-la se pou tout elèv-nou resevwa sa kominote-a ofri pi bon. PATISIPASYON FANMI AK KOMINOTE BCPS kwè fanmi ak kominote ki byen enfòme se yon bagay esansyèl nan siksè elèv ak lekòl-nou-yo. Depi nan pre-k rive ayeskoul, paran/gadyen ak fanmi ki patisipe kapab fè yon gwo diferans. Elèv-yo bezwen konnen paran/ gadyen-yo enterese. Yo bezwen konnen tou manm kominote-a vreman enterese nan edikasyon-yo, epi finalman, nan siksè-yo. Elèv BCPS reprezante plis pase 208 peyi diferan epi gen plis pase 181 lang ki pale. Pandan n ap enplimante Plan Estratejik 2016-19, priyorite-nou se kowòdone aktivite ak konvèsasyonnou avèk fanmi, lekòl, founisè sèvis epi ajans kominotè. Chak manm estaf BCPS pataje responsablite ranfòse koneksyon fanmi ak kominote. Nou va travay ansanm pou asire chak elèv atenn pi wo potansyèl-li. Nou dwe kominike klèman avèk fanmi epi gwoup patisipan nan yon fason siyifikatif epi atan. Nou dwe koute, reyaji, epi konprann bezwen tout gwoup patisipan-yo. Nan kominote Broward, mentò, volontè ak patnè ajoute yon valè konsiderab nan lavi elèv-nou-yo diran edikasyon-yo. Nou konnen lekòl-nou-yo bennefisye lè kominote-a patisipe. Nou konnen tou nou ka toujou pòte amelyorasyon. Nou va kontinye travay pou kowòdone mye aktivite nan tout depatman ak lekòl. Nou dwe asire tou resous -sa-yo pataje nan yon fason ekitab nan tout lekòl-yo epi reflete divèsite nou. Lè nou entèkonekte lavi elèv-yo entansyonnèlman epi pozitivman, edikatè ak manm kominote, nou va ranfòse lyen ki konekte-nou jodia epi alavni. Edike pwochen jenerasyon-an se yon responsablite pataje. Lè fanmi, kominote ak lekòl travay ansanm, elèv-yo reyisi mye epi sa nan avantaj kominote a nètale. -- Depatman Edikasyon Etazini 44

KONBLE EKA REYISIT ELÈV Distri-a va kontinye travay pou fèmen eka reyisit epi ogmante opòtinite pou tout timoun ak pou elèv ki nan sou gwoup epi ki travay pi ba pase nivo nòmal lè yo konpare-yo ak lòt elèv k ap fè menm klas. Inisyativ nou pran adrese eka-sa-yo. Nou konsantre efò nou pou ofri sipò ak entèvansyon nan domenn literasi epitou prepare jenn ki diplome ayeskoul, pare pou ale nan kolèj ak karyè. Priyorite enpòtan lwa Chak elèv dwe reyisi Every Student Succeed Act (ESSA) enkli: pwomote egalite lè nou asire pwoteksyon enpòtan pou elèv defavorize ak elèv ki gen gran bezwen sèvis; lè sistèm sipò global diminye kantite jenn ki vin gen pwoblèm avèk sistèm jivenil, epi asire jenn-yo pwogrese avèk sipò paran, mantò ak lòt adilt byenveyan ki va ede-yo vin responsab epi reyisi ak edikasyon-yo epi nan lavi. Prensip lwa ESSA va gide egzekisyon yon plan ki sipòte efò fèmen eka reyisit eskolè. SELEBRE DIVÈSITE DISTRI AK KOMINOTE-NOU BCPS sèvi yon popilasyon elèv kote gen anpli divèsite, avèk elèv ki reprezante 208 peyi diferan epi gen 181 lang diferan ki pale nan distri-a. Atravè tout Distri-a, nou selebre richès divèsite pami elèv-nou-yo, estaf ak kominote. BCPS ofri yon pakèt pwogram ak opòtinite tankou, men san limitasyon: Bilingual Parent Outreach, ESOL Parent Ambassadors, ESOL Leadership Council, the Cultural Academy for New Americans, Dual Language and World Language programs, Mi Gente Mi Escuala, Latinos In Action, the Seal of Biliteracy, Road to College Workshops, and Courageous Conversations, epi trening Culturally Responsive Teaching and Diversity. Diplis, chak anne, Distri-a angaje nan divès aktivite ki vize rekonesans, sansibilizasyon ak rapwochman epi ki mete aksan sou divès selebrasyon, tankou: Women s History, History of the Holocaust, Hispanic Heritage, African-American History, LGBTQ, Native American History, Jewish History, Haitian Heritage, ak Muslim American Heritage. BCPS pran angajman satisfè bezwen edikasyonnèl tout elèv. Nou va kontinye onnore divèsite nan kominote-nou. Atant pou enplimantasyon plan estratejik dwe klèman defini pou elèv, paran, pwofesè, ak lidè nan lekòl epi nan kominote-a. Nan Distri-a, bezwen-yo diferan de yon zòn a lòt, men ta dwe gen yon sèl mesaj, yon sèl vwa, yon sèl direksyon. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik Nan chak klas, atant akademik ta dwe elve. Siksè depi timoun-nan piti vledi siksè pi ta. Tout bi dwe fokis sou timounnan [okonplè]. Yon moun ki reponn keksyon sondaj BCPS Plan Estratejik 45

APWOPODE NOU PI GRAN INISYATIV DEBA nan nasyon-an ofri nan tout midèleskoul ak ayeskoul, epi kontinye pran estansyon nan tout distri-a 100 LEKÒL PRIMÈ ofri aprantisay mis, pèsonalize avèk inisyativ dijital nan saldeklas PREMYE sistèm eskolè ki akredite nan Florid depi 1962. C D O E CODE.ORG 100% lekòl ofri kounyea klas syans konpitè oswa aktivite anrapò ak konpitè 2 DEZYÈM pi gran sistèm eskolè nan Florid 236 LEKÒL 136 38 33 PRIMÈ MIDÈLESKOUL AYESKOUL 7 19 3 KONBINE SANT KOLÈJ 6 SIZYÈM sistèm eskolè nan Florid pi gran nan U.S. PLIS 101 CHARTER 69 PWOGRAM MAGNET nou ofri elèv lekòl primè, midèleskoul ak ayeskoul 85 PWOGRAM MAGNET INOVATIF nou ofri elèv lekòl primè, midèleskoul ak ayeskoul KOLÈJ TEKNIK NAN BROWARD elèv-yo obteni plis sètifika endistri asepte nan Leta-a 46

5 731 PRE-K 47 147 MIDÈLESKOUL 97 264 70 404 5 194 45 365 SANT 271 105 PRIMÈ AYESKOUL CHARTER ELÈV KI ANWOLE 60+ Career, Technical, Adult and Community Education (CTACE) pwogram nou ofri nan midèleskoul ak ayeskoul ESTATIK SOU GWOUP ETNIK ANPLWAYE 14 640 PÈSONÈL ANSEYAN 1 389 ADMINISTRATÈ 10 362 ANPLWAYE, SIPÒ, ETC. ANPLAYE 26 391 PÈMANAN 6,508 SIPLEYAN/ TANPORÈ BLAN 51,3% NWA 40,4% 138 954 109 427 TOTAL 32 899 ANPLWAYE AZYATIK AWAYEN/ NATIF ZIL PASIFIK 3,8% 0,9% AMERENDYEN /NATIF 10 169 ALASKA 2 383 3,6% MILTI- 0,2% RASYAL 523 9 649 PWOGRAM JE DECHÈK Tout lekòl primè ak K-8 ofri First Move yon inisyativ nasyonal pou je dechèk ISPANIK PA 32,9% 67,1% ISPANIK 89 073 182 032 SELEBRE 100 LANE EKSELANS AKADEMIK 47

BCPS te reyalize yon sondaj pou mande paran ak estaf di-nou ki keksyon yo vle wè adrese nan Plan Estratejik 2016 17. Pou gen kominikasyon efikas ak enpak pozitif sou akonplisman akademik elèv-yo, depatman distri-a dwe amelyore fason yo kominike antre yo. Mank kominikasyon afekte tout lekòl ak elèv-nou-yo. Mwen kwè avèk fèmte yo dwe mete plis aksan sou anne klas primè. Timoun-yo kapab benefisye anpil si nou ba-yo plis tan, enèji ak lajan lè nou kreye entèvansyon pou chak aprenan depi yo piti. 48

Preparasyon pou klas midèleskoul ta dwe objektif sible, paske se lè sa elèv-yo vin pi endepandan. Se lè sa a tou elèv-yo kòmanse esplore sa ki enterese yo grasa klas elektif epi opsyon klas. Finalman, midèleskoul gen yon eleman sosyal, ke nou kapab konsidere kòm inik. Mizajou chak mwa sou pwogrè Plan Estratejik ta dwe kenbe edikatè-yo enterese epi mye enfòme. Pifò obstak rankontre onivo lekòl se akòz inisyativ miltip k ap fèt anmenmtan. Plan konsènan enplimantasyon ta dwe fèt sou yon peryòd twa a senkan. Souvan, nan moman yon plan vin yon nòm, li va chanje. Pèsonèl lekòl kapab vin fristre epi dezangaje paske yo pa ka rete opa avèk chanjman konstan. 49

Broward County Public Schools 600 SE Third Avenue Fort Lauderdale, FL 33301 754-321-0000 browardschools.com iv