Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Similar documents
ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Preche Levanjil Mwen an

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Pushing: stage 2 of labor

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

Avi sou pratik konfidansyalite

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

Other books by or edited by Bryant Freeman

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

Elementary: Intermediate:

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

The shadows, The shadows, the emptiness, this

Byenvini nan klas kreyòl!

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

KONTENI. Nimero 135 Desam Zanvye Pibliye e Inprime par LALIT, 153 Rut Rwayal, GRNW, Port Louis, Repiblik Moris.

On the Common Goods. Dr. Gregory Froelich

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

Scene Number 3 (Musique ancienne : Edith Piaf. Jessica arrive dans une salle ou la mamy est assise, elle tricote. Jessica se précipite dans ses bras)

CHARTER PESER 2017 paz 13

KONTENI. Nimero 131 Desam Zanvye 2018

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

KONTENI. Ziyet - Ut 2011 SPESYAL NIMERO 100

KONTENI. Ziyet-Ut Pu foto, remersiman: Clement Bordlais.

LALIT. Revi. 1,200 PRIZONYE PALESTINYIN DEKLANS LAGREV LAFIN Paz 58. Editoryal: ANALIZ DISKUR PROGRAM Paz 3

SAMPLE MISSA MARIA MAGDALENA. Kyrie Free and mysterious; molto rubato h = 54 SOLO (SOPRANO 2) SOPRANO ALTO TENOR BASS ORGAN

KONTENI No.112 Desam Zanvye 2014

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

KONTENI No.114 Zin Ziyet 2014

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

KONTENI No Zin Ziyet 2013

FOR THE FLOWER OF GINEN: THE ARTISTRY OF CLOTAIRE BAZILE, A HAITIAN VODOU FLAGMAKER

KONTENI. Nimero 121. Des Zan 2016

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Lennart Westman. Lapides. for solo tenor and two electronic parts recorded on CD. durata: 5:10

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Answers File Type

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions

TESOROS OCULTOS. Treasures Out of Darkness

Kees Schoonenbeek Arranger, Composer, Director, Publisher, Teacher

Transcription:

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA Translators: Fénélon Withno, Alex Joseph and Nicholas Pierre English teachers of the MENFP and members of the Haiti-Canada-France-US Professional Learning Community Project Kòd Etik la, Te adopte nan asanble Asosyasyon Entènasyonal Evalyatè Lang yo oubyen ILTA (the International Language Testing Association) ki te fèt nan Vankouvè nan mwa mas 2000. Premye kòd etik sa a ki te soti nan asosyasyon entènasyonal evalyatè lang yo te gen origin li nan prensip ki soti nan filozofi moral epi ki sèvi kòm gid pou bon konduit pwofesyonèl. Kòd sa a pa ni yon lwa, ni yon regleman ni tou li pa genyen yon liy dwat pou suiv. Objektif li se bay tout evalyatè lang yo prensip pwofesyonèl k ap pote satisfaksyon nan sa ki konsène etik la. Li makonen ak kòd pratik ILTA a. kòd etik la mete ansanm ak tout valè byenfezans, jistis, respè otonomi ak sosyete sivil la. Kòd Etik sa genyen nèf (09) prensip fondamantal ki jwenn sipò yon seri kòmantè ki mete tout bagay klè, bay preskripsyon general sou sa mann ILTA yo ta dwe ou pa ta dwe fè, kòman yo ta dwe konpote ou ankò kisa yo gen pou fè ; yo idantifye difikilte yo ak eksepsyon yo ki gen ak aplikasyon prensip yo. Anplis kòmantè yo ki sanksyon kòd la prevwa epi yo ekplike byen klè kouman vid ki genyen yo ka mennen nan konsekans ki grav anpil. Tankou radye yon mann ILTA su rekòmandasyon komite etik la. Kòd etik sa a gen lot kòd etik ki sanble ak li. Li fè anpil jefò pou li sanble ak valè kiltirèl yo nan yon mond ki toujou ap chanje, pu rezon sa a, evalyatè lang yo dwe entèprete li ansanm ak kòd pratik la. Tout kòd pwofesyonèl ta dwe gide konsyans pwofesyonèl ak jijman pwofesyonèl. Kòd etik sa a pa bay evalyatè lang yo okenn obligasyon, ni okenn responsabilite ki soti nan lòt kòd, ni okenn obligasyon ki soti nan lòt kòd lwa jiridik nasyonal tankou entènasyonal yo ta dwe konbe devan l.

Evalyatè lang yo se moun moral endepandan yo ye. Pafwa, yo kapab gen pozisyon moral pèsonèl yo tou ki pa tonbe dakò avèk pwosedi ki gen rapò ak evalyasyon lang yo. Yon fason Moral, yo gen dwa pou refize patisipe nan pwosedi ta va kont pozisyon moral ak pèsonèl yo. Tout evalyatè lang ki aksepte pòs kote yo ka enplike nan sitiyasyon k ap mete yo nan konfli ak konviksyon yo, genyen responsabilite pou yo enfòme patron yo sou sa. Patron yo ak kòlèg yo gen pou devwa, veye pou evalyatè sa yo pa viktim diskrinasyon nan milye kote yo ap travay la. Kòd etik sa a mache men nan men ak Kòd pratik ILTA a. Kòd etik sa a genyen kòm bousòl «lamoral ak sa pwofesyon an vize kòm ideyoloji». Poutan kòd pratik la, li menm, li idantifye egzijans ki pi piti yo ki relye ak pratik la yon fason pou li fè previsyon sou fòt ak èrè nan konpòtman. Toulede kòd yo : ni kòd etik la, ni kòd pratik la dwe reponn ak prensip nan chanjman ki gen rapò ak profesyon an. Pou rezon sa a, li mande pou revize yo nan bon moman yon fason pou li reflete (sanble) chanjman an nan domèn evalyasyon lang yo ak nan sosyete a. kòd etik la ap revize chak senk ane oubyen anvan, si gen gen bezwen pou sa. Prensip 1 Evalyatè lang yo dwe respète diyite kandida yo. Yo dwe bay yo anpil atansyon, respekte bezwen yo, valè yo ak kilti yo nan moman yo ap prezante tès lang lan. Evalyatè lang yo pa dwe diskrimine ni eksplwate kandida yo akòz laj yo, sèks yo, ras yo group sosyal yo, oryantasyon seksyèl yo, pase lengwistik yo, relijyon yo apatenans politik yo ak relijye yo. Ni tou, evalyatè lang yo pa gen dwa enpoze kandida yo valè yo (tankou valè sosyal, espirityèl, politik ak ideyolojik yo) pandan yo menm yo konprann sa. Evalyatè lang yo pa dwe janm, eksplwate kandida yo ni eseye enfliyanse yon an yon fason ki pa gen rapò ak objektif sèvis yo ap bay la, oubyen ak rechèch y ap fè a. Kòd etik la kondane tout relasyon seksyèl antre evalyatè ak kandida sou nenpòt ki fòm li ta va ye a. Fòk genyen akò ak konsantman kandida yo nan sa ki konsène rechèch ak ansèyman evalyatè lang yo. Fòk diyite ak lavi prive kandida yo respekte. Yo dwe fè kandida yo konnen si yo ta refize patisipe nan rechèch la, sa p ap genyen okenn konsekans grav sou 2

kalite sèvis evalyatè lang yo ap bay la (nan fason li anseye, nan rechèch la, nan administrasyon). Si yo ta vle itilize enfòmasyon yo (tankou papye, videyo, son, eletronik) nan yon lòt fason kote kandida yo enplike, fòk genyen bon jan antant ak kandida yo sou sa. Evalyatè yo dwe fè jefò pou yo transmèt enfòmasyon yo jwenn yo bay tout pati ki konsène nan pi bon fason posib la Depi li posib, yo ta dwe rankontre kandida yo pou pale ak yo sou tout sa ki konsène yo. Prensip 2 Evalyatè lang yo dwe pwoteje tout enfòmasyon yo jwenn sou kandida yo nan kad egzèsis aktivite pwofesyonèl yo, epi yo dwe montre yo gen teknik ak bon sans lè y ap pataje enfòmasyon yo. Akòz itilizasyon fotokopi ak telekopi ki ap gaye toupatou, tès enfòmatize yo ak enfòmasyon yo, epi pou evite tout demand kont ki gen rapò ak enfòmasyon pèsonèl sou kandida yo, evalyatè lang yo oblije respèkte dwa konfidansyèl kandida yo epi sere (byen pran swen) tout enfòmasyon yo jwenn sou kandida yo (tankou tout enfòmasyon ki sou sistèm enfomatik yo a) nan kad travay aktivite Profesyonèl yo. Nivo sekrè a pa dwe tròp tou, sitou, lè enfòmasyon nou jwenn yo gen rapò ak etidyan yo ki nan pwosesis entegrasyon oubyen pou jwenn travay. Evalyatè lang yo dwe kenbe yon bon jan ekilib nan kenbe sekrè ak pran responsabilite yo serye nan nivo ki pi laj oubyen ki pi vas nan sosyete a. Menm jan an tou, lè gen bezwen pou sa, kòlèg evalyatè lang yo gen dwa pou yo jwenn tout enfòmasyon yo poko genyen sou kandida yo nan lide pou yo amelyore kalite sèvis pwofesyon an. Lè sa rive, tout moun yo ki vin genyen enfòmasyon yo dwe aksepte oubyen dakò pou yo byen kenbe enfomasyon yo an sekrè. Tout enfòmsyon yon evalyatè lang jwenn yon fason endirèk (tankou se anseyan kandida yo ki bay li sou kandida yo), Evalyatè lang sa a gen pou obligasyon kenbe enfòmasyon say o an sekrè. Sa ka rive yon evalyatè lang gen yon devyasyon lejè nan fason li ap bay enfòmasyon. Tankou, lè yon evalyatè lang se temwen eskpè nan yon pwosè. Evalyatè lang sa dwe gen menm kòpòtman an nan sa ki gen rapò ak sekrè 3

Prensip 3 Evalyatè lang yo pa dwe koube yo anba tout prensip etik ak prensip moral ki soti nan direksyon nasyonal ak entènasyonal yo lè y ap fè yon pwopozisyon, bay opinion yo, oubyen pran yon pozisyon yo jije ki korèk sou yon bagay, fè yon eksperyans, kote yo ap bay pozisyon yo yo sou yon pwen, fè yon eksperyans, fè yon entèvansyon oubyen nenpòt lòt aktivite rechèch. Pwogrè ki gen nan evalyasyon lang lan yo santre sou rechèch la. sa ki mande patisipasyon moun yo. Rechèch la dwe an annamoni ak tout prensip jeneral yo ki aksepte nan milye akademik. Yo pran fòs tou sou konesans ki gen rasin yo fon nan literati pwofesyonèl la. Yo planifye epi egzekite nan nivo ki pi wo yo Tout rechèch dwe jistifye. Nòmalman, rechèch yo dwe bay repons sou kesyon ki poze yo. Dwa patisipan yo nan rechèch la dwe toujou vini avan lasyans oubyen syosyete a. Lè rechèch la bay difikilte ak bagay ki fè kandida yo pa alèz, nan ka sa a, yo dwe eksplike yo tout benefis ak avantaj yo. Men se sèl moun ki gen problèm yo yo dwe eksplike difikilte yo ak risk yo. Si gen bagay endezirab nou pa te prevwa, men ki vin parèt, rechèch la tad we fè yon ti kanpe oubyen chanje. Yon komite dewontoloji endepandan ta dwe evalye tout pwopozisyon rechèch yo yon fason pou yo egzamine oubyen evalye amoni nòn syantifik yo ki pi estrik yo. Yon fason pou nou gen konsantman patisipan yo, nou dwe premèman pataje enfòmasyon ki enpòtan yo sou objektif yo sou metòd sou risk yo ak enkonfò nan rechèch la. Konsantman an pa dwe gen okenn om presyon oubyen kontrent. Patisipan yo dwe lib pou yo refize patisipe nan rechèch la oubyen retire kò yo nenpòt kilè / nenpòt ki moman anvan piblikasyon rezilta rechèch yo. Yon desisyon konsa (refize patisipe) pa ta dwe gen okenn konsekans negatif sou patisipan an. 4

Li nesesè pou genyen yon akonpayman ak atansyon serye ki bay ak moun oubyen patisipan ki depann lòt moun (tankou etidyan yo, moun ki granmoun yo, etidyan ki gen difikilte yo.) Pou minè yo, (timoun ki poko gen 18 lane yo), nou bezwen jwenn konsantman paran oubyen yon moun ki gen manda legal pou reprezante paran timoun sa a. men tou nou dwe jwenn konsantman yo tou si yo gen kapasite ak matirite pou yo konprann. Pèsonn pa gen dwa itilize enfòmasyon yo yo jwenn nan aktivite rechèch la pou fè lòt bagay eksepte sa pwotokòl rechèch la, ki benefisye apwobasyon komite dewontoloji a, mande. Plikasyon rezilta rech yo dwe vrè, klè ak presi Piblikasyon rapò yo ki nan rechèch la pa dwe bay posibilite pou idantifye patisipan yo ki nan rechèch la Prensip 4 Toutan sa posib, evalyatè lang yo pa ta dwe otorize pou yo itilize oubyen pou yo sèvi ak konesans yo oubyen konpetans pwofesyonèl yo pou fè moun abi, eksplwate moun, oubyen fè moun enjistis. Evalyatè lang yo pa dwe itilize ak pwòp konsyans yo, konesans yo oubyen konpetans profesyonèl yo yon fason ki kontrè ak enterè kandida yo. Lè entèvansyon evalyatè lang yo pa gen pou objèktif dirèk benefis kandida yo (tankou lè yo mande kandida ki nan rechèch la pou aji tankou yon senp moun lè yo ap eseye yon tès konpetans ki te pwevwa pou lot sitiyasyon.) Si pa gen konfòmite ak valè moral yo oubyen relijye yo sosyete a oubyen estati migrasyon li, sa pa dwe yon faktè detèminan oubyen eleman fondamantal nan evalyasyon konpetans lang kandida yo. Kelkeswa sikonstans jiridik yo, evalyatè lang yo pa ta dwe patisipe, yon fason dirèk oubyen endirèk, nan tòtire oubyen lòt fòm pinisyon (kriyèl) ki pa respekte dwa moun oubyen ki devalorize moun. 5

Prensip 5 Evalyatè lang yo dwe kontinye devlope konesans pwofesyonèl yo. Pandan y ap pataje konesan yo ak lòt kolèg ki nan domèn lengistik la. Fòmasyon kontini ak devlopman konesans se 2 eleman enpòtan nan wòl yon pwofwesyonèl, sinon sa ap lakòz yon echèk pou kandida yo. Evalyatè lang yo dwe profite divès kalite metòd nan fòmasyon kontini an ki dispoze pou yo. (tankou patispasyon nan pwogram kontini nan evalyasyon lang yo, konferans pwofesyonèl, lèkti regilye nan jounal pwofesyonèl ki rekonèt yo ap pibliye. Yon mwayen enpòtan pou evalyatè lang yo kapab develope konesans pwofesyonèl yo, se pwofite okasyon pou kominike ak kòlèg yo ak lòt profesyonèl ki genyen nan domèn lenguistik la Evalyatè lang yo dwe pataje nouvèl konesans yo ak kolèg yo pa mwayen piblikasyon jounal pwofesyonèl yo rekonèt yo oubyen pa mwaywen konfrerans. Evalyatè lang yo dwe kontribye nan entriksyon ak nan devlopman pwofesyonèl evalyatè lang yo, nan fòmasyon ak nan elaborasyon gid fòmasyon sa a egzije. Evalyatè lang yo dwe prèt pou kontinye nan fòmasyon etidyan yo nan pwofesyon ki gen rapò ak pwofwsyon ki makonen ak lang yo. Prensip 6 Evalyatè lang yo gen responsabilite pou kenbe entegrite nan pwofesyon yo Evalyatè lang yo dwe ankouraje, ranfòse entegrite pwofesyon an, ankouraje konfyans ak responsabilite antre kòlèg ak kòlèg. Lè gen opinyon diferan, yo dwe bay lide yo ak tout sensirite, respè tan pou yo ta fè sa nan denigre youn lòt. 6

Evalyatè lang yo ap devlope epi aplike tout prensip nan non sosyete a. nan sans sa a, yo trouve yo nan kote yo gen privilèg ki oblije yo kenbe prensip moral yo ak pèsonèl yo ki mache men nan men ak pratik pwofesyonèl yo nan aspè lavi yo ki ka gen apil konsekans sou entegrite pratik yo. Lè evalyatè yo konnen yon kòlèg li ap konpòte yo tankou yon amatè, yo dwe pran tout mezi ki nesesè kont sa, yo ka menm drese yon rapò bay otorite ki plase pou rezoud problèm sa yo. Si gen yon kote kòd etik la pa respekte, yo dwe pran sa serye, epi sa ka lakòz gwo sanksyon. Yo ka menm mete moun yo sanksyone a deyò nan asosyasyon ILTA. Prensip 7 Nan sosyete a, evalyatè lang yo dwe fè efò pou amelyore kalite sèvis tès lenguistik yo, nan evalyasyon ak nan ansèyman yo. Yo dwe ankouraje sèvis yo ak kontribye nan edikasyon sosyete a. konsènan aprantisaj ak konpetans lang yo. Evalyatè lang yo gen yon devwa patikilye, pou ankouraje, pou yo pote ameliorasyon nan sèvis tès lang yo. Paske anpil nan kandida yo pa gen resous ak pouvwa akòz estati ki pa pèmèt yo sa. Etandone Evalyatè lang yo gen konesans ak eksperyans pou sa, yo dwe prèt pou yo konseye responsab yo sou prestasyon sèvis ki mache ak tès lang yo. Evalyatè lang yo dwe prèt pou aji tankou se defansè kandida yo, epi yo dwe menm jwen youn ak lòt yon fason pou yo asire yo kandida yo resevwa yon pi bon sèvis tès lang. Evalyatè lang yo dwe kolabore ak tout sèktè ki konsène epi ki jwe yon wòl enpòtan tou (tankou òganis konsiltatif, reglemantè, benevòl oubyen komèsyal) nan prestasyon sèvis tès lang lan. Evalyatè lang yo dwe pran tout mezi ki endispansab si sèvis yo tonbe nan nivo ki pi ba a akòz pwoblèm bidjè a pa reponn oubyen lòt pwoblèm ki ta ka rive. Pafwa, evalyatè lang yo ka separe yo sou sèvis yo sou kondisyon sa pa nwi kandida yo. Evalyatè lang yo dwe prèt pou entèprete, distribye ak difize tout enfòmasyon syantifik ki enpòtan ak opinyon pwofwsyonèl sosyete a rekonèt yo. Pou sa, evalyatè a dwe afiche li, eske li se pòt pawòl li ye oubyen non pou yon òganis pwofesyonèl ki rekonèt. Si opinyon yo ale alankont opinion general yo, lè sa a, evalyatè a dwe endike sa byen klè. 7

Evalyatè lang yo dwe fè diferans nan wòl yo kòm Edikatè pwofesyonèl ak wòl yo kòm sitwayen. Li rezonab (nòmal) pou evalyatè lang yo patisipe nan deba (diskisyon) piblik, sosyopolitik ki sansib tankou deba ki ap fè sou : ras, dezavantaj, ak edikasyon timoun pa mwayen kontribisyon li ki santre sou rechèch la. Evalyatè lang yo dwe fè diferans nan wòl yo kòm edikatè pwofesyonèl ak nan wòl kòm sitwayen. An amoni ak prensip sa a, evalyatè lang yo dwe fè anpil atansyon pou yo ap fè pwomosyon pou tèt pa yo epi yo ap denigre lòt kòlèg yo lè yo ap akonpli tach. Evalyatè lang yo dwe montre byen klè yo pa pretann, ni yo pa wè tèt yo tankou se yo sèl ki konnen tout konesans ki pi enpòtan yo. Prensip 8 Evalyatè lang yo dwe gen konsyans sou obligasyon yo anvè sosyete kote yo ap travay la pandan yo ap rekonèt obligasyon sa yo ka antre an konfli, pafwa, ak responsabilite yo fas ak kandida yo, ak lòt moun ki gen enterè nan sa. Lè yo jwenn rezilta tès yo nan enstitisyon yo (ministèyo, kò pwofesyonèl yo, inivèsite yo, lekòl yo, antrepriz yo). Evalyatè lang yo gen yon obligasyon pou yo bay rapò konsènan rezilta ak presizyon; menm si kandida yo ak lòt moun ki konsène (tankou fanmi, moun k ap gen pou anplwaye yo) yo ka mal resevwa sa. Kòm manm nan sosyete kote yo ap travay la, evalyatè lang yo ta dwe rekonèt obligsyon nan kesyon egzijans evalyasyon nan sosyete a, menm lè yo pa dakò ak sa. Nan sitiyasyon kote dezakò yo a ta va gen anpil aenpòtans pou konsidere kòm yon objèksyon konsyans, yo ta dwe gen dwa pou refize yo sèvis pwofesyonèl ki ap bay la. 8

Prensip 9 Evalyatè lang yo dwe egzamine souvan efè potansyèl yo ni nan tan kout ni nan tan long sou tout moun ki ap patisipe nan pwojè a ak sou tout pati ki gen enterè nan pwojè a, pandan y ap rezève dwa pou refize sèvis pwofwsyonèl yo pou anpil rezon konsyans. Kòm pwofesyonèl, evalyatè lang yo gen pou responsabilite pou evalye konesans etik yo pwojè a te soumèt yo a. pandan yo p ap ka anvizaje tout posibilite ki genyen yo. Evalyatè lang yo ta dwe angaje yo nan evalyasyon konesans yo pi fon. Epi refize sèvis yo, si dapre konpreyansyon yo, yon fson profesyonèl, yo p ap asepte asèpte konsekans yo. Nan ka sa yo, evlyatè lang yo dwe al jwenn lòt kòlèg parèy yo yon fason pou yo ka detèmine nan ki degre / kouman opinyon yo pataje, pandan yo ap rekonèt dwa kòlèg yo gen genyen pou li pa pataje menm opinyon ak yo oubyen pou li ta menm gen yon pozisyon ki kontrè ak opinyon pa yo pou rezon konsyans yo. 9