Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Similar documents
Pushing: stage 2 of labor

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

Other books by or edited by Bryant Freeman

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Preche Levanjil Mwen an

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Elementary: Intermediate:

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Avi sou pratik konfidansyalite

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

The shadows, The shadows, the emptiness, this

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

DOSYE ENSKRIPSYON POU

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

Byenvini nan klas kreyòl!

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

English IV Through ESOL

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

English IV Through ESOL

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

2017 Tentative Roster

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

Scene Number 3 (Musique ancienne : Edith Piaf. Jessica arrive dans une salle ou la mamy est assise, elle tricote. Jessica se précipite dans ses bras)

French Guaranteed to get you talking

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

Classroom Cantatas. can ta ta singers. Neighborhood House Charter School. Open a Book. Composed and Performed by NHCS 4th Grade Classes

SAMPLE MISSA MARIA MAGDALENA. Kyrie Free and mysterious; molto rubato h = 54 SOLO (SOPRANO 2) SOPRANO ALTO TENOR BASS ORGAN

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

On the Common Goods. Dr. Gregory Froelich

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Perusal only. So - leil. go sur. les flots. Vo-guons

Fifth Grade Music History Video 2

KONTENI No.112 Desam Zanvye 2014

OFFICE OF SPECIFIC CLAIMS & RESEARCH WINTERBURN, ALBERTA

Nä Wä Kamali i Hawai i

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

CHARTER PESER 2017 paz 13

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

Toutes les nuits. CORO Publishing Clément Janequin. ed. Matthew Oltman

Classroom Cantatas. can ta ta singers. Mendell Elementary School. Countries and Oceans. Continent Cantata

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Answers File Type

EU RO PE AN AG RE E MENT

1 1 In yej ua i min to ka i uej ka taj uan JesuCristo yej uan

Transcription:

C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal Nan chapit sa a : Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay. 433 Egzamen laboratwa...434 Transfizyon sagin Sonogram, Doplè, ak radyografi.434 (bay san nan venn)...436 Medikaman...434 Zouti pou ede timoun malad...437 Zouti pou tranche ak akouchman dijans.....435 Ale nan yon sant medikal...438 Chache jwenn asistans rapidman.438 Travay an kolaborasyon ak sant medikal epi doktè...438 Nan sant medikal la..440 432

Chache jwenn asistans medikal C CHAPIT 15 H A P T E R Menm fanmsaj ki gen plis konesans epi ki gen plis eksperyans bezwen asistans medikal pafwa. Pa egzanp, emoraji grav, eklanmsi, oswa lè gen prolapsus kòdon lonbrit la; tout se pa bagay ki ka trete lakay. Se sèlman lè w sèvi ak zouti epi konesans ki disponib nan sant medikal ak lopital yo ke w ap jwenn èd pou solisyone kalite pwoblèm sante sa yo. Liv sa a fè sigjesyon sou ki lè w ta dwe mande pou konsèy medikal, chache asistans medikal, oswa ale nan yon sant medikal ou byen nan yon lopital. Gen de lè se ou menm ki pou deside si w bezwen kout men. Pa egzanp ka gen pwosedi nan liv sa a ke w pa konnen fè. Ou dwe chache asistans nan men yon moun ki gen eksperyans, olye pou w ap eseye aprann fè pwosedi sa yo nan li liv la sèlman. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Pou ede sove lavi moun, lopital ak sant medikal yo gen zouti, ekipman, moun ki gen gwo konesans nan domèn medikal, epi medikaman w ka pa ta ka jwenn lakay. Lè w tande pwosedi yo nesesè, li trè enpòtan pou se lopital yo fèt. Epi gen de lè, pwosedi ak zouti sa yo se sèl bagay ki ka sove lavi fanm yo. Nan chapit sa a, nou bay yon lis kalite asistans ou ka jwenn nan yon sant medikal oswa yon lopital. Nou bay kèk lide sou ki lè ak kouman pou w travay ak anplwaye lopital yo epi lòt kalite travayè lasante. Chonje: Pou pi fò tranche, ou gen bezwen bon jan kalite zouti ak pwosedi medikal. Nan anpil lopital, yo sèvi ak zouti sa yo plis ke yo ta dwe. Pa egzanp, leplisouvan, yon fanm ansent pa bezwen yon sonogram (foto pitit la nan matris manman an). Men gen anpil lopital kote yo fè youn pou tout fanm ansent. Gen lopital ak doktè ki fè yon sere de pwosedi ki pa nesesè epi ki danjere tou. Pa egzanp, gen doktè ki ka fè yon epizyotomi (koupe bouch vajen fanm nan) nan chak akouchman. Se pa yon bagay ki nesesè epi sa ka lakòz enfeksyon ak lòt kalite pwoblèm apre akouchman an. 433

Chapit 24 : Chache jwenn asistans medikal Egzamen laboratwa Laboratwa gen zouti, tankou mikwoskòp, ak moun ki antrene pou fè egzamen san, pipi, poupou ak pati nan kò moun pou maladi ak lòt kondisyon sante. Gen de lè se sèlman yon egzamen laboratwa ki ka moutre pi byen kisa ki lakòz yon pwoblèm. Pa egzanp, egzamen laboratwa ka moutre si yon fanm fè anemi, gen enfeksyon nan blad pipi oswa VIH. Sonogram, Doplè, ak radyografi Gen de lè sant medikal yo gen yon machin ki ka pran foto pitit la pandan li nan matris manman an. Yo rele sa sonogram oswa iltrasonn. Ou ka bezwen sonogram nan pou konnen si fanm nan ap pote marasa oswa ki pitit nan pozisyon chita. Yon aparèy fetoskòp (Doplè) fè li vin pi fasil pou w tande batman kè pitit men li pa fè foto. Gen yon lòt machin ki sèvi ak radyografi pou pran foto zo moun andedan ko yo. Sa ap pèmèt ou wè si yon zo kase. Radyografi domaje selil ki andedan kò moun. De twa radyografi ka pa lakòz pwoblèm, men lè w fè radyografi anpil fwa, sa ka bay kansè. Yon fanm ansent pa janm dwe fè radyografi eksepte si se yon bagay ki nesesè anpil. Si yon fanm ansent dwe fè yon radyografi, vant li dwe kouvri ak yon tablye ki fèt an plon pou pitit la ka pwoteje. 434 Medikaman Yon doktè ki pran anpil prekosyon epi ki gen bon jan ekipmanka bay nan yon sant medikal medikaman ki pa tap bon pou pranchans bay lakay. Pa egzanp, fanmsaj pa dwe janm bay oksitoksin lakay lè li vle pou tranche a kòmanse oswa pou li ka chofe. Men oksitoksin ka bay san danje nan yon sant medikal paske lè sa a yo ka kontwole manman ak tout pitit la deprè, epi pitit la ka fèt byen vit pa sezaryèn si genyen yon pwoblèm. Si sa fè twò lontan depi fanm nan an tranche (wè paj 186), oksitoksin ke yo ba li nan yon sant medikal ka fè l fè pitit la. Epi tou, nan yon sant medikal oswa nan lopital, ou ka jwenn medikaman pou yon timoun ki malad. Leplisouvan li two danjere epi li difisil pou bay yon tibebe medikaman lakay. Kout oksitoksin Lè gen moun ki pou swiv deprè epi ki ka fè sezaryèn, tibebe a ka pran oksitoksin nan sewòm san pwoblèm.

Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Zouti pou tranche ak akouchman dijans Nan pati sa a nou eksplike kèk pwosedi ki ka sèvi nan yon sant medikal pou chofe tranche a oswa pou fè pitit la soti pi vit. Pwosedi sa yo konn sove lavi tibebe ki an detrès, ak lavi manman ki pase anpil, anpil tan avèk tranche, oswa ki riske fè enfeksyon. Kase lezo Lè yon fanm gen tranche pandan lontan san li pa fè okenn pwogrè, kèk doktè (ak fanmsaj) sèvi ak yon zouti esterilize pou pete pòch lezo a. Leplisouvan sa ap pèmèt tibebe a desann byen vit pou vin rete sou kòl matris la epi sa chofe tranche a. Lè sak dlo a pete sa ogmante chans pou enfeksyon epi sa ka kanpe tranche a si tèt la soti vit nan move pozisyon. Zegwi Amnyo se yon zouti ki pou pete sak dlo a. Zouti akouchman Avèk yon pens yo rele fòsèp oswa yon aspiratè yo rele vantouz doktè oswa travayè lasante ka rale yon tibebe ki kole nan pasaj. Pens fòsèp sa a sèvi pou kenbe tèt tibebe a epi rale l soti andedan manman an. Aspiratè yo rele vantouz la fèt pou kole ak tèt tibebe a epi li sèvi kòm aspiratè pou rale pitit la soti nan vajen an. Pens ak aspiratè se bagay ki pa sèvi souvan epi yo twò danjere pou sèvi avèk yo lakay. Men si pitit la an danje lanmò (ak nan kèk lòt ka dijans), zouti sa yo se pi bon manyè ak fason ki pi rapid pou ede pitit la fèt. Note: Instruments should be avoided with a woman who has HIV. Using them increases the risk of HIV infection for the baby. 435

Chapit 24 : Chache jwenn asistans medikal Operasyon sezaryèn Raman se operasyon ki oblije fèt pou pou ke lavi manman oswa pitit la. Pa egzanp si pitit la nan yon pozisyon difisil pou l fèt, se sèlman operasyon ki ka fe ti bebe a soti.operasyon nesesè tou lè pitit la ak manman an nan gwo danje, tankou lè placenta la dekole oswa gen prolapsus kòdon lonbrit la. Sepandan, operasyon sezaryèn ka lakòz gwo pwoblèm. Pa egzanp, fanm nan ka fè alèji ak anestezi a. Lè vant li fin koupe, li ka pa vle geri operasyon sezaryèn fasilman oswa li ka enfekte. Fanm nan ka gen pwblèm pou l bay tete oswa pou pran swen pitit la paske apre operasyon an l ap pran plis tan pou li refè. Fanm ki akouche pa sezaryèn bezwen plis repo, plis swen, ak plis asistans. Nòt: Operasyon sezaryèn fèt twò souvan! Kèk doktè prefere sezaryèn paske yo ka chwazi lè pou yo fè akouchman an yo menm, oswa paske yo fè moun peye plis kòb pou sa. Gen kèk kote, pi fò fanm fè pitit pa sezaryèn. Men operasyon sezaryèn ta dwe fèt sèlman nan ka dijans. Symphysiotomy Symhysiotomy se yon dechiri ki fèt nan mitan pibis manman an (zòn anwo kote ki gen pwèl la). Dechiri a fèt pou louvri basen manman ki twò piti kidonk kreye yon fason pou pitit la ka soti nan vajen an. Li pi fasil pou fè l ke yon sezaryèn men se sèlman nan kèk kote yo fè l nan lemonn paske sa patoujou mache byen. Sa ka lakòz pwoblèm tou, tankou li ka blese blad pipi a oswa lakòz yon domaj ki pa janm geri. 434 Transfizyon sangin (bay san nan venn) Yon fanm ki pèdi anpil san apre akouchman an oswa akoz de lòt pwoblèm (tankou yon avòtman ki mal fèt) ka bezwen pran san nan venn. Gen de kote ou dwe mennen yon manm fanmi an ki pou bay san pou li.transfizyon sangin se yon bagay ki ta dwe fèt sèlman nan ka dijans, paske san an ka gen enfeksyon tankou epatit ak VIH. Si yon fanm pran san nan men yon moun ki gen enfeksyon, li gen chans pou li pan enfeksyon an tou. Nan anpil kote, yo teste san an pou wè si li pa kèk kalite maladi, men toujou genyen Lè yon fonn pèdi anpil san, yon transfizyon sangin ka sove lavi l. yon ti chans pou yon moun trape maladi nan pran san.

Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Zouti pou ede tibebe ki malad Nan zòn ki pa gen anpil sèvis medikal, anpil tibebe ki fèt tou malad pa ka jwenn asistans. Men yon lopital ki byen ekipe ap gen kèk bon jan zouti pou ede tibebe ki malad, ki twò piti oswa ki fèt twò bonè. respiratè Yon kouvèz se yon bwat pou yo kenbe tibebe ki twò piti oswa ki malad. Menm jan ak anpil lòt zouti medikal, moun ka sèvi ak li twò souvan. Pifò titbebe rete pi cho lè yo nan bra manman yo, tou pre ak po kò manman yo. Yon tant a oksijèn oswa yon chapo a oksijèn bay tibebe a oksijèn li bezwen an plis. Sa ka ede tibebe ki pa ka respire byen. Tib dalimantasyon Pou tibebe ki malad anpil, yon respiratè ap ede l respire. Yon tib dalimantasyon ki pase nan nen tibebe a pou rive nan lestomak li. Yo sèvi ak sa lè tibebe a twò fèb pou li pran tete. Lopital la ka mete nan tib la lèt doktè baymen lèt yo rale nan tete manman li pi bon (wè paj 285). Aparèy pou kontwole kè ak lòt kalite aparèy tache sou kò tibebe a pou mezire batman kè l ak lòt siy sante li. respirator Aparèy pou kontwole kè Sant medikal yo bezwen sipò kominote a Chak kominote ta dwe genyen yon sant medikal ak kantite materyèl yo gen bezwen. Omwen, yon sant medikal ta dwe gen travayè lasante ki kalifye ansanm ak kèk materyèl de baz ki ka ede sove lavi, tankou oksijèn, kèk kalite medikaman, epi ekipman esterilize ki ka fè operasyon de baz. Men malerezman, pi fò lopital ak klinik sante pa gen tout materyèl yo bezwen. Kèk kominote pa gen ase lajan pou depanse pou lopital oswa lasante. Epi anpil kominote prefere depanse lajan yo pou fè lagè oswa pou pwofite mete lajan nan pòch moun ki déjà rich olye pou yo ta ede rezoud pwoblèm elemantè pèp la. Twòp sant medikal, klinik, pòs sante, ak lopital pa genyen sa yo bezwen pou bay menm sèvi sante de baz yo. 435

Chapit 24 : Chache jwenn asistans medikal Ale nan yon sant medikal Yon fanm ki gen gwo pwoblèm sante, oswa ki riske gen yon gwo pwoblèm, bezwen asistans medikal san pèdi tan. Lè yon fanm an danje, fanmi l ak fanmsaj la ka panse pa gen espwa pou li ankò. Se pa vre. Chache jwenn asistans medikal san pèdi tan ka sove lavi yon fanm. Yon fanm ki rete andeyò ka pran plizyè jou pou li rive nan sant medikal ki pi pre a. Gen fanm ki pran bis oswa yo mache plizyè kilomèt pou yo ale chache asistans medikal. Menm fanm ki rete tou pre yon lopital gen dwa pa ka ale ladan l paske yo pa gen lajan oswa transpò. Ansanm avèk chak fanmi epi avèk tout kominote a, planifye kouman w ka mennen yon fanm nan yon sant medikal anvan li genyen yon ka dijans. Wè paj 106 pou jwenn lide sou kouman pou w fè yon plan pou transpò. Chache jwenn asistans rapidman Si w wè yon siy ki moutre gen risk, pa rete tann. Si w ka trete pwoblèm nan lakay, fè sa vit. Si w pa ka trete l w menm, oswa si tout sa w fè anyen pa chanje li lè pou w chache jwenn asistans medikal! Lè w chache jwenn asistans pi vit, se pi vit on travayè sante ki nan sant medikal la oswa nan lopital la ap ka ede fanm nan ak pitit la. Travay an kolaborasyon ak sant medikal epi doktè Fanmsaj, enfimyè, doktè, ak lòt travayè lasante dwe travay ansanm pou fanm ak fanmi yo ka jwenn bon jan lasante. Fanmsaj yo gen bezwen sant medikal ak doktè yo. Lè yon fanm gen yon ijans medikal, yon fanmsaj ki gen sajès konnen ke yon sant medikal ka se meyè kote pou li ale. Malerezman, gen anpil doktè ki pa reyalize jan yo gen bezwen fanmsaj yo. Doktè resevwa fòmasyon sou kouman pou yo chache pwoblèm dijans, epi anpil ladan yo trete chak akouchman tankou yon ka dijans. Men fansaj yo se ekspè nan akouchman nòmal ki fèt san okenn pwoblèm. Leplisouvan yo gen plis pasyans akkonfyans ke yon fanm ki an tranche bezwen pou l akouche. Anpilfanmsaj konnen pou yo sèvi ak remèd fèy, kouman pou bay masaj, kouman pou vire yon tibebe san pwoblèm, oswa yo gen lòt konesans ke yo pa anseye nan lekòl de medsin. Doktè yo ka pa apresye bon jan kalite konesans fanmsaj yo genyen. Fanmsaj tradisyonèl yo an patikilye ka gen moun ki imilye yo epi ki konsidere yo kòm moun ki pa edike Siman fanm sa a te pedi anpil san apre akouchman an. Se trè byen w mennen lopital. M byen kontan w la a pou ede. M panse l ta pral mouri. oswa ki pa konpetan. Se yon bagay ki ka difisil anpil pou yon fanmsaj kolabore ak yon sant medikal lè li vle sa ki byen pou yon fanm ansent. 438

Travay an kolaborasyon ak sant medikal epi doktè A kòz de defi sa yo, li enpòtan pou genyen yon bon relasyon avèk sant medikal yo epi avèk doktè yo anvan yon ka dijans rive. Konsa, lè w bezwen èd, gen plis chans pou yo resevwa w ak respè. Eseye pale avèk yon doktè ki sanble li konprann kisa fanmsaj yo ye. Di kouman w renmen kolabore avèk lopital la. Si se posib, yon reynyon ant yon gwoup fanmsaj avèk yon gwoup doktè ka ede tout mout kolabore youn ak lòt. Lè fanmsaj ak lopital kolabore, tout moun pwofite. Si lè yon fanm an danje fanmsaj la voye l ale lopital byen vit, doktè yo gen plis bagay yo ka fè pou evite pwoblèm. Epi youn fanmsaj ki jwenn respè ap pi anvi mennen fanm nan lopital. Men istwa yon bagay ki te pase tout bon vre: Yon fanmsaj ki pa janm dekouraje (sispann eseye) : Newousa se yon fanm tou piti ki travay latè nan pey Brezil. Li se yon fanmsaj tou. Lora, youn nan malad Newousa yo, te ansent 3 fwa déjà men li pèdi tou le 3 timoun nan foskouch paske li fè tansyon ki ba li kriz chak fwa li rive sou dènye mwa gwosès la. Lora te toujou tris, dousman epi li te reziyen l pou pa janm gen pitit. Newousa pale ak Lora sou zafè sante l, epi li ba li vitamin ak ankourajman sou kesyon ansent la. Se swen ke Lora pat janm kont jwenn. Loa toujou kontan lè Newousa ap vinn rann li vizit. Yon jou sou 8èm mwa gwosès la, Lora leve avèk yon gwo tèt fè mal epi pye li anfle. Lora pat gen glas nan ti ajoupa l la pou li ta wè figi l, men lè Newousa rive, li te sezi wè kouman figi Newousa te anfle. Newousa te konnen si Lora pa jwenn asistans, li t ap pèdi pitit sa a ankò ; menm li menm li ka mouri! Piske se te semèn anvan Nwèl, lopital te gen sèlman kèk doktè ak enfimyè k ap travay. Yo pat vle pran plis malad, alò yo bay Lora yon piki epi yo di l tounen lakay li pou li al tann lè pou pitit la fèt. Newousa pa dakò ak sa ; li ale wè direktè lopital la pou li eksplike sitiyasyon Lora ak pwoblèm li te genyen ak gwosès anvan yo. Men apre li fin wè badj li epi li tande ke Newousa se yon fanmsaj, direktè a di Newousa pa gen plas epi pou li mennen Lora tounen ale tann lakay. Men Newousa pa dekouraje. Li konnen Lora te nan yon kondisyon ki twò danjere pou ta mennen l tounen lakay. Olye de sa, li mennen Lora nan yon biwo lapolis. Lè li rive li fè yon gwo bri. Li se yon ti bout fanm se vre, men li gen yen yon vwa avèk yon ekla nan je l ke pèsonn pa ka bliye. Lè li nan batay, se pa fasil pou yon moun meprize l. Finalman, yon machin lapolis mennen Newousa ak tout Lora nan yon lopital ki te a inè detan ak kote Newousa te rete a. Distans pou yo rive, tansyon Lora te moute byen wo, alò doktè yo fè yon sezaryèn epi Lora fè yon pitit gason byen pòtan. Konesans Newousa gen sou la sante, dètèminasyon l, and lanmou l genyen pou travay li te sove lavi pitit la petèt li sove lavi manman an tou. 439

Chapit 24 : Chache jwenn asistans medikal Nan yon system kote sèvis sante mache byen, fanmsaj avèk doktè travay nan tèt ansanm. Lè yon fanmsaj mennen yon fanm lopital pou l akouche, li ta dwe rete avèk fanm pandan tout peryòd akouchman. Sa ap pèmèt fanm nan pi anvi aksepte asistans medikal lè li gen yon ka dijans, paske li santi l pi an sekirite epi li pi kal. Epi tou sa ap pèmèt fanmsaj la aprann pandan l ap gade kouman sant medikal la ap trete ka dijans yo. Fanmsaj, doktè, ak lòt travayè lasante dwe pale youn ak lòt sou zafè de pwoblèm sante ki genyen nan kominote a, epi sou kouman chak ladan yo ka ede rezoud pwoblèm sa yo. Fanmsaj yo ta dwe ka poze doktè yo kesyon sou zafè lasante, epi doktè yo dwe santi yo alèz pou reponn kesyon yo. Doktè ak sant medikal yo ka bay materyèl ak fòmasyon pou fanmsaj yo. Si yon fanm ap pèdi san, w dwe voye l la a nan lopital la. Nan ka dijans, pa toujou gen ase tan. Nou bezwen oksitoksin pou rete san a apre akouchman an. Si nou moutre fanmsaj yo sèvi ak oksitoksin san danje mwen kwè se va yon bon bagay. Epi nou ta ka travay ansanm pou evite anemi ki lakay anpil fanm. Nan sant medikal Sant medikal ak lopital yo gen pwòp pwosedi pa yo. W ap santi yo etranj pou w jiskaste w abitye avèk yo. Si w paka akompanye fanm ki gen pwoblèm sante a pou ale avèk li nan sant medikal la, ou ka aprann pwosedi ak teknik sa yo epi w ka eksplike yo bay fanm nan ak fanmi li. Petèt ou ka menm ede chanje pwosedi ki pa nesesè yo. 440

Travay an kolaborasyon ak sant medikal epi doktè Aprann nan men moun sant medikal yo Swiv tout bagay kap fèt nan sant medikal la. Poze kesyon lè w kapab,. Doktè, pouki sa w chanje kalite fil w ap koud la? Paske m ap koud yon misk. Gade, fil 00 gen plis fòs ke sa 000 wa. Eksplike sa k ap fèt la Fè fanm nan ak fanmi li konnen pou ki sa chak pwosedi ap fèt. Asire w ke fanm nan konprann epi li dakò ak tretman yo ap fè pou li a. Fè efò pou chanje pratik ki pa nesesè, ki pa fèt ak respè, oswa ki danjere Gen kèk bagay lopital yo fè ki pa nesesè. Yo ka bay fanm yo malèz san okenn bon rezon. Pa egzanp, pa gen okenn rezon pou grate plim bouboun yon fi ki ap fè akouchman nòmal. Se yon bagay ki pa nesesè men anpil lopital fè li. Yon lòt bagay lopital renmen fè se sa yo rele epizyotomi (koupe antre vajen an) anvan chak akouchman pou yo ka fè ase pasaj pou pitit la. Sa pa nesesè. Sa ka bay plis dechiri ki rive jis nan two dèyè fanm nan epi li ka pa geri byen menm jan ak yon dechiri piti. Si w gen bon relasyon ak yon sant medikal, ou ka arive sigjere pou yo fè kèk chanjman. Li pwobab pou w gen plis siksè si w sigjere yon chanjman alafwa. Men kèk nan bagay ki dwe plis enterese w: Yo dwe eksplike pwosedi yo byen klè bay moun kap resevwa laswenyay la. Fanm gen dwa pou yo manje ak bwè lè yo an tranche. Se pou yo bay (ankouraje) fanm yo chita, kanpe, oswa mache lè yo gen tranche. Fanm ta dwe kapab akouche chita, akwoupi, oswa kanpe. Pwosedi ak operasyon ki pa nesesè (tankou epizyotomi ak sezaryèn) ta dwe evite. Fanm ta dwe gen dwa pou yo kenbe tibebe yo kou yo fin akouche. Yo dwe ankouraje yo bay tete kou yo fin fèt. Tibebe dwe rete bò kote manman yo; se pa nan kouvèz oswa pepinyè pou yo rete, eksepte si yo gen yon ka dijans. 439