MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

Similar documents
REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Avi sou pratik konfidansyalite

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Pushing: stage 2 of labor

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

Preche Levanjil Mwen an

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Other books by or edited by Bryant Freeman

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

The shadows, The shadows, the emptiness, this

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Elementary: Intermediate:

Byenvini nan klas kreyòl!

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

English IV Through ESOL

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

English IV Through ESOL

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

KONTENI. Ziyet-Ut Pu foto, remersiman: Clement Bordlais.

Further information about EZ Card & Kiosk is available at

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

KONTENI No Zin Ziyet 2013

Savannah Widows' Society records

Schematic Set. For XR-20 and XR-24 Rack-Mount Mixers

Representing Social Sciences

KONTENI. Nimero 134 Septam Oktob 2018

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Scene Number 3 (Musique ancienne : Edith Piaf. Jessica arrive dans une salle ou la mamy est assise, elle tricote. Jessica se précipite dans ses bras)

Remote Control Setup

2018 UNDERGRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

DOWNLOAD OR READ : NOTARY PUBLIC RECORD BOOK NOTARY JOURNAL PUBLIC NOTARY LOGBOOK LARGE ENTRIES NOTARY RECEIPT BOOK PAPERBACK PDF EBOOK EPUB MOBI

Olly Richards. I Will Teach You A Language COPYRIGHT 2016 OLLY RICHARDS ALL RIGHTS RESERVED

KONTENI. Nimero 131 Desam Zanvye 2018

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions

STALKING PRESENTED BY: HEATHER PUTNAM JEN LACHANCE-SIBLEY

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

KONTENI. Nimero 128 Me Zin 2017

Court Filings 2000 Trial

DOWNLOAD OR READ : THE PLAZA THE JEWEL OF KANSAS CITY PDF EBOOK EPUB MOBI

Your use of the JSTOR archive indicates your acceptance of the Terms & Conditions of Use, available at

Transcription:

MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL FON POU VIKTIM-YO POTOKÒL FINAL 27 Avril, 2018 Atak 14 Fevriye nan lekòl Marjory Stoneman Douglas High School te yon zak atwosite ki te devaste kominote-nou epi boulvèse tout peyi-a. An reyaksyon kont malè san non sa te gen yon demonstrasyon konpasyon, rezilyans, sipò ak jenewozite ke moun atravè peyi nou epi moun de kat kwen lemond te mannifeste. Zak jantiyès ak byenfezans, piti oswa gwo, se limyè espwa ki fè kontras ak tenèb ki te tonbe sou nou. Yon Fon kreye èd pou viktim fiziyad ki te pase nan lekòl Marjory Stoneman Douglas. Pandan plis pase sis minit angwasan epi orib, yon moun ak zam nan men l pran kontwòl epi teworize tout yon lekòl. Pou nou geri de santiman nou te viktim, nou dwe fè ansòt nou reprann kontwòl epi aji selon aspirasyon pwofon ki pouse n akonpli yon bagay. Moun tout klas sosyal chwazi onnore memwa moun ki te tiye, admire kouraj ak detèminasyon envensib kay sivivan-yo, kifè yo kontribye epi bay lajan opwofi viktim-yo. Nou-menm, nan Komite direksyon (Steering Committee) pou Fon èd sa, gen yon obligasyon serye onnore entansyon byenfezans chak donatè. Jesyon fon èd pou viktim dwe reflete jistis, transparans, santre sou viktim, epi enfòme sou chòk ak twoma. Pèsonn pa ka fè revandikasyon legal oswa gen dwa sou fon èd pou viktim. Se yon kado, yon gwo zak jennewozite endividi ak òganizasyon fè. Wòl Komite direksyon se jere fon sa yo, yon fason ekitab ki va bennefisye dirèkteman viktim-yo, nan kad disponnibilite lòt sèvis. Lajès piblik-la enspire nou asiste otan moun nou kapab ede, touotan nou kapab fè sa, byenke nou konsyan de restriksyon ak limit nou. Sa fè nou mal. Nou pa ka rezoud tout pwoblèm ki soulve alaswit evènman trajik sa. Tout lajan lemond ta bay pa ka ni fè moun ki mouri resisite, ni pa ka fè sivivan-yo efase de memwa-yo sa yo te temwen epi bliye soufrans yo andire. Nou rekonnèt plan an pa byen adapte pou adrese bezwen alontèm oswa pou konsidere pwoblèm domajman ak blesi ki deklare byen lontan apre peryòd aplikasyon tèmine. Men Fon sa a pa izole; se senpleman yon pati nan divès swen ki founi de fason kontini kòm repons a atwosite sa. Asistans imedya te disponnib grasa pwogram konpansasyon pou viktim krim, Leta Florid kreye, epitou grasa anpil sit Entènèt ki ofri finansman patisipatif. Asistans alontèm gouvènmantal ak kominotè va disponnib, byenke sa ka pran 18-24 mwa pou asistans-la vin disponnib. Fon an ofri èd ak asistans a mwayen tèm, kòm yon solisyon tanporè. Kado Fon sa ofri diferan opwenndvi kalitatif de tout lòt pwojè ak inisyativ ki ofri sekou ak asistans. Kado-sa-yo pa baze sou pèt ekonomik oswa depans ki deja efektye. Biwo konpansasyon pou viktim Leta Florid (Florida Crime Victim Compensation Bureau) kapab ranbouse pèt sa-yo, epi n ap chache rete apa pou evite nou mele ak lòt bennefis ki deja egziste. Kado sa-yo se pou tout viktim; yap resevwa kado-yo san okenn restriksyon; viktim-yo ka itilize kado pa-yo jan yo vle. Nou kwè viktim ak sivivan-yo mye plase pou detèmine ki sa yo ka fè ak kado-yo epi kijan sa va fasilite gerizon-yo. Nou kwè tou lè nou bay viktim yo mwayen pou yo deside de yo-menm se yon lòt fason ki va ede-yo reprann kontwòl yo te pèdi lò trajedi 14 Fevriye-an. Nou pa konnen konbyen lajan nou pral kolekte, men nou pran angajman fèm 100% donasyon ki kolekte pou viktim-yo, nou va distribye tout donasyon bay viktim ak fanmi-yo. Te gen diskisyon pou konnen kilès ki kalifye kòm viktim. Nan domenn asistans pou viktim, tèm viktim ak sivivan preske entèchanjab, men anpil moun konprann mo sivivan kòm pi afimatif, pi aseptab. Yon viktim yon krim se yon moun ki te yon sib, oswa ki te dirèkteman afekte lè yon zak kriminèl te komèt. Chak moun ki te sou kanpis lekòl Stoneman Douglas omoman fiziyad-la yo kalifye l kòm yon viktim ensike paran, timoun, frè ak sè moun ki te mouri oswa blese. Menm moun-sa-yo, yo ka rele-yo sivivan, alesepsyon de 17 moun ki te asasine. Siksè oswa echèk Fon an pap evalye an fonksyon lajan ki kolekte, men pito selon si fon-yo distribye yon fason ekitab epi ak transparans, epitou annakò ak entansyon byenfezans donatè yo. Chak moun va resevwa avantaj bennefis monetè. Men sa ki 1

MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole pi avantaje ke resevwa lajan ki sètennman va ede san konsiderasyon si se te yon donasyon yon gwo sosyete te fè, oswa se te resèt lavaj oto, vant patisri, ak vant sitwonnad se satisfaksyon konnen plizyè milye moun te fè donasyon paske yo sousye yo de kominote MSD epi senpleman yo vle ede. Sa ki vin apre nan lèt-la se yon Potokòl Final, ki va reji kondisyon elijibilite pou bennefis ak distribisyon kado. Kòmantè ak fidbak nou resevwa nan men piblik-la diran twa reyinyon louvri pou piblik-la (Town Hall meetings) ak kòmantè alekri nou resevwa de elèv, pwofesè, paran ak manm kominote-a gide nou nan redaksyon Potokòl sa. Nou rekonesan paske National Compassion Fund (Fon Nasyonnal pou Konpasyon) ban-nou konsèy ak soutyen epi ofri esperyans-yo nan jesyon fon pou èd la, alaswit ensidan kote krim lakòz anpil moun blese, mouri. Ak yon kominote osi enpòtan epi divès, nou pap bay tèt nou manti lè nou afime nou ka pwodi yon potokòl ki va satisfè tout moun. Sepandan, nou ka konfime nou egzamine ak anpil atansyon, fidbak, sijesyon ak kòmantè nou te resevwa nan men piblikla epi nou te gade tout videyo ki te soumèt a atansyon nou. Nou te konsidere kèk sijesyon tankou itilizasyon fon-yo pou demolisyon bildin 1200, konstriksyon yon moniman komemoratif, amelyorasyon sekirite nan lekòl-yo, men finalman nou te rejte sijesyon sa-yo paske yo depase objektif deklare fon èd-la. Lòt sijesyon tankou evalye chòk ak twoma baze sou si yon moun te toupre tirè a ak tankou vyolans yon moun te espoze, te fè sans, men finalman, nou te konsidere sijesyon sa pa reyalizab paske komite sa pa ka obteni de ajans ranfòsman lalwa, yon lis kote chak moun te ye omoman fiziyad-la. Diplis, nou ta dwe kapab verifye lis la ak non chak moun, san patipri. Nou modifye epi fè chanjman nan potokòl-la selon kòmantè nou te resevwa. Nou note diran lòt fiziyad ki enplike anpil moun, yo toujou mande viktim-yo pa retounen sou sèn krim-la kote yo te fè yon esperyans twomatik. Men nan sikonstans sa, nou remake sòf nan ka yon pwofesè oswa yon elèv ki vle separe l volontèman de zanmi li, kominote ak sistèm sipò ki disponnib, nou mande elèv, pwofesè ak anplwaye retounen nan menm lekòl sa pou peryòd ki ka dire kèlke mwa a plizyè anne. Nou admèt tout moun afekte kit yo chèche aktivman swen sante mantal oswa obteni tretman swen sante mantal. Tout moun ki elijib ki vle jwenn avantaj bennefis dwe aplike. Nou swete nou pwodi yon potokòl ki va satisfè tout moun. Entansyon nou se kreye yon potokòl ki va pèmèt otorize sèvis ak èd konsiderab anpil moun va bennefisye. Terè vizite kominote nou le 14 Fevriye, se pat yon ennemi etranje, lwen de rivaj nou, ki te komèt krim la; men terè a soti nan kominote nou. Men nan mitan kominote nou, pi enpòtan gen yon solidarite ki devlope epi reyaksyon-an te plen konpasyon: volonte asiste epi ede viktim ak sivivan atak sa. Efò sa va bay kominote a opòtinite geri epi epanwi ansanm ak viktim epi sivivan. Sensèman, Senator George S. LeMieux Chairman Potokòl sa va sèvi kòm Potokòl final pou Distribisyon. Potokòl-la va reji Fon èd pou viktim Marjory Stoneman Douglas High School Victims Fund (Fon - Fund ). Se Administratè ki te devlope l epi yo te enkòpore fidbak ak sijesyon Komite direksyon lokal, Marjory Stoneman Douglas Victim Fund Local Steering Committee (Komite - The Committee ), fondasyon, Broward Education Foundation, National Center for Victims of Crime/National Compassion Fund, Kominote Sid Florid, epi piblik-la an jeneral; administratè-yo enkli fidbak, sijesyon ak kòmantè moun ki te prezan nan reyinyon meri (Town Hall) ki te fèt le 10 avril, 2018 ak yon lòt reyinyon ki te fèt le 17 avril, 2018. Tout aspè Potokòl-la, enkli, san limitasyon, klasifikasyon demandè, kritè pou distribisyon (pataj), pwosedi pou reklamasyon, kalandriye, ak peman final ki va debouse, kapab revize, selon diskresyon Administratè-yo. 2

MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole Fon an (Fund) te kreye grasa jenewozite biznis, fondasyon, epi donatè endividyèl. Yo va itilize Fon èd pou asiste fanmi viktim ki te mouri, viktim ki te donmaje nan kò, epi viktim ki fè esperyans twoma/chòk sikolojik lè yo te prezan fizikman sou kanpis lekòl Marjory Stoneman Douglas High School, nan vil Parkland, Florid, le 14 Fevriye, 2018 diran atak nan lekòl MSD (the MSD Attack ). Fondasyon, Broward Education Foundation, se yon 501(c)(3) òganizasyon san bi likratif, nimewo ID taks federal # 59-2359433 ak # Rejistrasyon nan Leta Florid CH49396. Fon nasyonnal pou konpasyon, ann angle National Compassion Fund, se yon pwojè afilye ak Sant nasyonnal pou viktim krim (National Center for Victims of Crime), yon òganizasyon 50l(c)(3) san bi likratif, nimewo ID taks federal #30-0022798 ak nimewo rejistrasyon nan Leta Florid, #CH21962. Nou va debouse lajan Fon an pou viktim-yo selon yon pataj epitou selon gravite blesi viktim-yo sibi alaswit atak nan lekòl MSD. 1 Klasifikasyon pou distribisyon (pataj) esplike anba a: KATEGORI APLIKAN KI ELIJIB A. Bennefis nan ka lanmò Aplikan ki elijib, ki admisib pou ranpli yon aplikasyon pou viktim ki te mouri alaswit Atak nan lekòl MSD va resevwa peman maksimòm nan kad Potokòl sa. Yon desizyon final pou peman va pran apre nou resevwa tout done anrapò ak chak ka; nou konsidere tout kòmantè ki mansyone anwo a nan priz desizyon-an. B. Bennefis nan ka donmaj nan kò, blesi a se yon blesi pa bal Aplikan ki elijib se sila ki jou 14 fevriye, 2018, te sibi yon domaj fizik (nan kò) paske yo te resevwa yon blesi pa bal (moun ki te blese lèjèman ak yon bal ladann tou) va resevwa peman selon direktiv Potokòl sa. C. Bennefis pou moun ki te prezan fizikman nan bildin 1200, men ki pat resevwa yon bal e ki pat blese Aplikan ki elijib ki te prezan fizikman nan bildin 1200 omoman Atak nan lekòl MSD, men ki pa resevwa yon bal e ki pat blese, va resevwa yon peman, selon direktiv Potokòl Final-sa. Prèv elèv ak moun ki te prezan fizikman va baze sou fich prezans jou sa. D. Benenfis pou moun ki te prezan sou kanpis lekòl MSD, ki pat andedan bildin 1200 epi ki pat resevwa yon bal e ki pat blese Aplikan ki elijib ki te prezan fizikman sou kanpis lekòl MSD omoman fiziyad-la, malgre yo pat prezan nan bildin 1200, epi yo pat resevwa yon bal e pat blese, va resevwa yon peman selon direktiv Potokòl Final sa. Prèv elèv ak moun ki te prezan fizikman va baze sou fich prezans jou sa. 1 Desizyon pou montan chak aplikan ki elijib va resevwa, va depann de: (1) balans ki nan Fon an rive dat 30 Jen, 2018; (2) nouvo mizajou done konsènan tip blesi ak kantite donmaj fizik (nan kò) epi kantite moun ki te prezan fizikman sou kanpis lekòl Marjory Stoneman Douglas High School; (3) fini ak revizyon tout aplikasyon ki te soumèt; (4) revizyon ak apwobasyon Administratè-yo. 3

PWOSESIS AK PWOSEDI MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole Aplikan ki elijib dwe ranpli yon demand aplikasyon pou bennefis pou yo ka resevwa yon peman nan men Fon an. Aplikasyon-an va bay opòtinite espesifye si yap chache jwenn bennefis pou Viktim ki Mouri, si yap ranpli yon aplikasyon pou jwenn bennefis paske yo gen yon domajman, blesi a se yon blesi pa bal ak/oswa si yap ranpli yon aplikasyon paske yo te Prezan fizikman sou kanpis lekòl Marjory Stoneman Douglas diran atak-la. Chak aplikan ki elijib dwe soumèt yon sèl aplikasyon pou jwenn bennefis. Men pwosesis ak pwosedi pou egzamine aplikasyon ki elijib: A. Sant nasyonnal pou viktim krim/fon nasyonnal pou konpasyon (National Center for Victims of Crime/National Compassion Fund) ak fondasyon, Broward Education Foundation, va jere Fon an. Yon lyen pou soumèt anliy yon aplikasyon pou benefis ( Aplikasyon ) ak dokiman Potokòl Final-la va disponib pou tout moun konni e potansyèl ki te founi dosye enfòmasyon-yo bòkote fondasyon, Broward Education Foundation, oswa ki te voye pa lapòs Etazini ak/oswa imel, enfòmasyon-yo bay Fon, National Compassion Fund ( NCF ). Potokòl final-la ak enfòmasyon konsènan pwosedi verifikasyon aplikasyon va disponib sou sitweb nationalcompassionfund.org apati Premye Me, 2018. Reprezantan Fon èd, National Compassion Fund ak Gwoup Angeion Group (kolektivman, Fund Administrators - Administratè Fon an) va jere epi fè verifikasyon tout aplikasyon. Soumèt yon sèl Aplikasyon pou chak viktim, oswa onon chak viktim. Aplikasyon dwe konplete epi soumèt anvan 31 Me, 2018. Administratè Fon an dwe resevwa chak aplikasyon (akonpaye ak tout pyès jistifikatif ki ekzijib e ki esplike an detay sou Aplikasyon-an). Si ou gen kesyon oswa bezwen asistans pou ranpli Aplikasyon-an, voye yon imel, nan adrès elektwonnik MSDFund@ncvc.org oswa rele nimewo 855-4VICTIM (855-484-2846). B. Ou va jwenn aksè nan Sistèm Aplikasyon anliy (Online Application System) sou sitweb www.nationalcompassionfund.org. Nou envite tout aplikan ki pa gen koneksyon Entènèt, rele nimewo gratis Sèvis asistans, nimewo a se 855-4VICTIM (855-484-2846). Pale ak yon reprezantan ki va konseye w sou lòt aplikasyon altènatif ou ka ranpli. C. Sizoka yon aplikan ta soumèt yon Aplikasyon enkonplèt oswa ensifizan (egzanp, aplikan-an pa founi tout dokiman ki nesesè oswa pa toutafè ranpli Aplikasyon-an), yon reprezantan de ofis Administratè Fon an va travay ak aplikan an nan yon efò pou rektifye sa ki manke nan dosye-a. D. Nou va kòmanse debouse epi fè peman-yo touswit apre delè pou soumèt kontribisyon ak donasyon epi apre revizyon final epi apre desizyon final sou tout Aplikasyon ki elijib ke Administratè Fon an verifye. Administratè Fon an va soumèt desizyon final sou peman bòkote Komite direksyon pou rekòmandasyon ak soumisyon dokiman e Komite a va voye yo bay fondasyon, Broward Education Foundation, pou apwobasyon transfè peman, swa pa chèk oswa transfè elektwonnik a yon bank, pou chak aplikan ki elijib. Sizoka nou ta resevwa ase donasyon apre desizyon final sou peman, aplikan ki elijib ka resevwa yon pòsyon peman lò pataj sipleman donasyon. E. Aplikasyon ki ranpli pou yon viktim ki mouri va ekzije mari oswa madanm oswa patnè legal siyen fòm-la si moun ki mouri an te marye omoman lanmò a, epi aplikasyon an dwe enkli enfòmasyon konsènan moun sa yo (ekzanp, mari oswa madanm, timoun, paran, frè ak sè) ki ka elijib pou resevwa konpansasyon selon lwa siksesyon lokal, baze sou domisil viktim ki mouri a. Nan ka viktim-la pat marye, reprezantan pèsonnèl ki otorize legalman jere Patrimwanla (Estate) dwe soumèt yon Aplikasyon. Si moun ki mouri a pat fè yon testaman (Will), reprezantan pèsonnèl-la dwe prepare epi pwopoze yon plan distribisyon (pataj) fon-yo pami eritye ak benefisyè legal. Nou va distribye Plan ki pwopoze a bay eritye ak bennefisyè legal, yo chak dwe bay konsantman yo pou plan pataj ki pwopoze. Si eritye ak 4

5 MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole bennefisyè legal pa dakò sou kilès ki va sèvi kòm reprezantan pèsonnèl, oswa yo pa dakò sou distribisyon (pataj) ki pwopoze, aplikan-yo dwe obteni yon otorizasyon legal nan men Tribinal siksesyon (Probate Court) ki gen jiridiksyon pou detèminen kilès ki responsab legalman epi ki elijib pou ranpli aplikasyon pou yon reklamasyon (Claim). Nan kasa-yo, Administratè Fon an va rekòmande ke fondasyon Broward Education Foundation depoze fon ki afekte nan tribinal, Probate Court ki gen jiridiksyon, mande depo a va fèt sou yon kont anbank separe, epi pataje montan an sèlman lè gen yon rezolisyon ki pran konfòmeman ak yon òdonnans valid tribinal-la. F. Pou aplikasyon konsènan yon minè, Aplikasyon-an va mande konsantman yon paran oswa gadyen (guardian). Pou aplikasyon konsènan adilt ki gen yon enkapasite, Aplikasyon-an va mande prèv reprezantan-an ka aji onon adiltla, bay prèv tankou manda valid (power-of-attorney), titèl legal (guardianship), deziyasyon yon responsab legal (guardian) oswa yon avoka ad litem. G. Yon Aplikasyon ki ranpli pou yon domaj ki rive alaswit yon blesi pa bal, aplikan-an dwe enkli yon otorizasyon pou kominike enfòmasyon medikal, ki ateste: (i) dat moun-la te entène lopital, (ii) dat egzeyat (discharge) aktyèl oswa ki te prevwa, ak (iii) tip blesi-a epi ateste moun-la te blese akòz atak nan lekòl MSD. I. Nan Aplikasyon pou Bennefis ki ranpli pou moun ki te prezan fizikman men yo pat resevwa okenn blesi pa bal, prezante prèv aplikan an te prezan fizikman sou kanpis lekòl Marjory Stoneman Douglas High School, atestasyon an dwe fèt selon fich prezans aktyèl jou sa swa le 14 Fevriye. J. Konfòmeman ak Lwa sou transfè pou minè, Florida Uniform Transfer to Minors Act, pou fon ki depase $10,000 yon bennefisyè anba laj 21 lane va resevwa, fon sila dwe depoze nan yon trust (fidisi) oswa nan yon custodial account (yon kont ki jere pa yon lòt moun ki deziye). Tousa va nan enterè elèv ki minè. K. Elèv minè ki bennefisyè epi ki resevwa mwenske $10,000, epi paran-yo pa marye, toude paran-yo dwe dakò sou ki kont lajan-an dwe depoze. Si paran-yo pa ka antann yo, administratè a, selon diskresyon-li, ka di ki kote lajan an ka depoze. Tousa nan enterè bennefisyè a (elèv minè); lajan an dwe itilize pou bennefis elèv ki minè a. L. Fon èd pa ka bay endividi ki resevwa peman an nan men Fon an okenn konsèy sou peman taks. Administratè Fon an rekòmande al konsilte konseye fiskal-ou (tax advisor) pou tout keksyon konsènan obligasyon fiskal pou peman ou resevwa. M. Yon sosyete odit endepandan va fè odit liv kontablite Fon èd pou viktim atak nan lekòl Marjory Stoneman Douglas High School apre 15 out, 2018. Nou va mete aladispozisyon tout aplikan-yo, donatè, ak piblik-la anjeneral rezilta odit-la, ansanm ak Rapò final ke Administratè fon an jere. PWOGRAM ÈD DIRÈK A KOMINOTE A (OUTREACH) A. National Compassion Fund (Fon nasyonnal konpasyon) va ofri viktim Atak lekòl MSD divès sèvis tankou rele yo nan telefòn, kontakte yo pa lapòs, kontakte yo an pèsonn, ak kontakte yo selon divès mwayen elektwonnik pou bay viktim-yo enfòmasyon sou pwosedi aplikasyon-an, reponn keksyon yo ki gen rapò ak aplikasyon-an, pou asiste viktim-yo rektifye sa ki manke nan dosye Aplikasyon-yo, epi kolabore ak tout moun ki elijib e ki vle soumèt yon Aplikasyon kapab fè sa anvan 31 Me, 2018, dat limit pou ranpli yon aplikasyon. Men National Compassion Fund pa garanti nou va kontakte tout moun ki ka elijib, ni li pa garanti non moun ki kominike ak National Compassion Fund enkli nan Potokòl-la. Se responsablite moun ki elijib pou li ranpli yon Aplikasyon epitou fè sèten li ranpli Aplikasyon-an atan epi nou resevwa l nan delè ki prevwa. B. Administratè Fon an (Fund Administrators), te òganize twa reyinyon piblik, de reyinyon te fèt le Madi, 10 Avril, 2018 nan Rick Case Arena sou kanpis inivèsite Nova Southeastern University nan vil Ft. Lauderdale, Florida,

MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole epi yon lòt le 17 Avril, 2018 nan Coral Springs Performing Arts Center. Bi reyinyon-an se te pou esplike kontni pwojè Potokòl ak pwosedi soumisyon dokiman pou fè reklamasyon (claims), epitou envite demandè potansyèl ak piblik-la anjeneral fè sijesyon ak kòmantè. Lè n ap finalize dokiman Potokòl-la, nou va pran an konsiderasyon epi egzamine tout enfòmasyon ki te kolekte apati reyinyon ak diferan gwoup sa-yo, enfòmasyon ki kolekte nan divès kominikasyon, ak nan korespondans ant Administratè Fon an epi pati ki konsènen. C. Yon fwa dokiman-an finalize, nou va distribye Potokòl Final-la ak enfòmasyon ki nesesè pou ranpli aplikasyon an bay tout viktim konni e ki anrejistre, menm ransèyman-yo ap disponnib sou sitweb NationalCompassionFund.org apati Premye Me, 2018. Administratè Fon an va travay dirèkteman ak demandèyo si yo mande sa. Sa va fasilite pwosesis-la konsa tout reklamasyon va soumèt anvan delè 31 me. D. Si yon demandè vle, li kapab mande fè yon randevou epi gen yon reyinyon fasafas ak Administratè Fon an. Tout verifikasyon reklamasyon-yo va fèt diran peryòd ant Premye Me epi 25 Jen, 2018. Tout aplikan ki mande reyinyon fasafas ak Administratè Fon an anvan verifikasyon aplikasyon konplete yap ba-yo yon randevou diran peryòd ant Premye Me ak Premye Jen, 2018. N ap fikse dat yon reyinyon nan lè ak kote, toude pati yo konvni. Nan plas yon reyinyon fasafas, demandè a kapab mande fè reyinyon-an nan telefòn. Pou mande yon reyinyon, tanpri voye demand-la nan imel, adrès elektwonnik, MSDFund@ncvc.org oswa rele nimewo telefòn (855) 4VICTIM (855 484-2846). E. Tout Aplikan yo plase nan Kategori A ak B va resevwa asistans ak konsèy pou ede-yo ranpli aplikasyon yo epi soumèt tout pyès jistifikatif. KALANDRIYE PWOPOZE 30 Avril, 2018: Nou va distribye bay tout aplikan konni e potansyèl ki anrejistre sou sitweb Fon an, dokiman Potokòl Final ak enstriksyon pou ranpli Aplikasyon an. Dokiman-sa-yo va disponnib sou sitweb Fon an pou tout fanmi ak pati ki enterese. Premye Me 31 Me, 2018: Aplikasyon ki konplete epi soumèt bay Administratè Fon an, ansanm ak tout dokiman epi pyès jistifikatif ki nesesè. 31 Me, 2018: Delè pou soumèt fòm pou Reklamasyon (Claim Forms). Premye Me Premye Jen, 2018: Reyinyon an pèsonn ak Administratè Fon an, fini. 25 Jen 3 Jiyè, 2018: Administratè Fon an revwa chak Aplikasyon epi fè rekòmandasyon pou debouse epi fè yon peman pou demandè ki elijib. Komite Direksyon va revwa dokiman-yo pou yon revizyon endepandan epi apwobasyon. 16 Jiyè, 2018: Distribisyon peman pou demandè ki elijib e ki apwouve epi pwosesis-la va fèt selon estati chak aplikasyon. Apre 15 Out, 2018: Yon sosyete va fè yon odit endepandan. 6