Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Similar documents
REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Pushing: stage 2 of labor

Avi sou pratik konfidansyalite

Preche Levanjil Mwen an

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

Other books by or edited by Bryant Freeman

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Elementary: Intermediate:

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

The shadows, The shadows, the emptiness, this

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Byenvini nan klas kreyòl!

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL

KONTENI No.112 Desam Zanvye 2014

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

KONTENI. Ziyet-Ut Pu foto, remersiman: Clement Bordlais.

KONTENI. Nimero 128 Me Zin 2017

KONTENI No Zin Ziyet 2013

KONTENI. Nimero 121. Des Zan 2016

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

LALIT. Revi. 1,200 PRIZONYE PALESTINYIN DEKLANS LAGREV LAFIN Paz 58. Editoryal: ANALIZ DISKUR PROGRAM Paz 3

KONTENI. Nimero 135 Desam Zanvye Pibliye e Inprime par LALIT, 153 Rut Rwayal, GRNW, Port Louis, Repiblik Moris.

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

KONTENI No.114 Zin Ziyet 2014

KONTENI. Ziyet - Ut 2011 SPESYAL NIMERO 100

KONTENI. Nimero 131 Desam Zanvye 2018

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

KONTENI No.117 Mars - Avril 2015

CHARTER PESER 2017 paz 13

2017 Tentative Roster

KONTENI. Nimero 134 Septam Oktob 2018

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

LALIT. Revi MOBILIZASYON LEPEP TINIZI, LEZIP, YEMENN! TRANZAKSYON MEDPOINT Paz 3 LALIT KOMANT LINISYATIV GM MERJER DAN MEDYA MORIS.

LALIT. Revi. KI NU BIZIN FER? Paz 3 LA VERITE SUR LA LIBYE PU ENN LETA PALESTINN: ENN ANALIZ PAZ 36. Editoryal: FAS A KRIZ EKONOMIK EK POLITIK,

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Schematic Set. For XR-20 and XR-24 Rack-Mount Mixers

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

Celebrai Will Lopes pdf download $1.00 GP-L003 SATB a cappella. Will Lopes. Celebrai. for SATB a cappella.

FOR THE FLOWER OF GINEN: THE ARTISTRY OF CLOTAIRE BAZILE, A HAITIAN VODOU FLAGMAKER

Transcription:

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013 Apwouve an 1982 Revize epi Apwouve an 1992 Revize an 1993, 1994, 1995, 2006, 2010 ak 2013 Pou mete Kòd la konfòm avèk M.G.L. Chapit 71, Lwa 1993 M.G.L. Chapit 380, Lwa 1993 M.G.L. Chapit 92, Lwa 2010 M.G.L. Chapit 222, Lwa 2012 P.L. 103-382 (Lwa 1994 Pa Genyen Zam Afe nan Lekòl) Lwa Edikasyon sou Moun Ki Enfim (IDEA) Revize an 1997, 1998, 1999, 2001, 2002, 2005, 2006, 2010, ak 2013 pou ajoute revizyon lwa ak regleman federal ak etatik yo tabli, pou aliyen Kòd ak chapant òganizasyonèl Lekòl Piblik Boston, epitou ajoute chanjman ki fèt yo nan politik jeneral Komite Lekòl Vil Boston apwouve. Pèsonn pa genyen pouvwa pou repwodui dokiman sa a san pèmisyon Lekòl Piblik Boston.

2 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 SA KI ANNDAN DOKIMAN AN Alapapòt 3 Filozofi ak Prensip Debaz... 4 Rezon pou Kòd Konduit la... 5 Dwa ak Responsablite..... 6 Kòd Konduit la....10 Seksyon 1 Opòtine Egal-Ego pou Edikasyon......10 2 Lang Nòt Avètisman, Konferans, ak Chita-Tande....... 10 3 Machasuiv Pou Tabli Regleman Lèkòl yo sou Pwoblèm Disiplin..... 10 4 Anviwonman Lekòl Okonplè an Sekirite ak Sipòtif.. 12 5 Lòt Entèvansyon ak Apwòch Ki Santre Sou Elèv....14 EGZIBISYON 1: Machasuiv pou pa Gen Transpòtasyon......17 6 Mete Deyò nan Klas Tanporèman.....18 7 Motif pou Sispansyon, Sispansyon Manch Long, Sispansyon Nètale, Transfè pou Disiplin, Plasman nan Pwogram Altènatif, oswa Mete Deyò......19 8 Machasuiv pou Sispansyon an Ijans.....24 9 Sispansyon: Definisyon ak Machasuiv......25 EGZIBISYON 2: Sijesyon sou Machasuiv pou Mennen yon Chita-tande pou Sispansyon: SAN Chanje Plasman nan Pwogram......30 EGZIBISYON 3: Machasuiv Ale Annapèl, Etap pa Etap: Sispansyon, Sispansyon Manch Long, Sispansyon Nètale, ak Transfè pou Disiplin/Plasman nan Pwogram Altènatif......32 10 Sispansyon Manch Long ak Sispansyon Nètale: Definisyon ak Machasuiv....33 11 Transfè pou Displin/Plasman nan Pwogram Altènatif: Definisyon ak Machasuiv..... 34 EGZIBISYON 4: Sijesyon sou Machasuiv pou Mennen yon Chita-tande ki Rekòmande Chanjman nan Plasman: Transfè pou Disiplin (Jaden Danfan-5yèm ane); Plasman nan Pwogram Altènatif (6zyèm-12zyèm ane); Sispansyon Nètale; oubyen Mete Deyò...36 12 Sispansyon Ki Akimile.. 39 13 Mete Deyò: Definisyon ak Machasuiv.......40 EGZIBISYON 5: Delè Rekòmande pou Machasuiv Mete Deyò 41 EGZIBISYON 6: Machasuiv pou Ale Annapèl, Etap pa Etap: Mete Deyò..49 14 Abi Sibstans.. 50 15 Elèv ak Enfimite...51 EGZIBISYON 7: Machasuiv pou yon Ofans ki Pase nan Lekòl la Ki Ka Debouche sou Mete yon Elèv ak Enfimite Deyò....53 16 Displin ak Travay Lekòl.....56 17 Elimine Dosye...56 18 Ale Annapèl Mèt/Matmwazèl ak Administratè. 56 19 Fòs Fizik....56 20 Pwoklamasyon ak Distribisyon..57 21 Definisyon......57 ANÈKS A: Sèvis Sipò Elèv Okonplè.. 64 ANÈKS B: Jistis Reparatè... 70 ANÈKS C: Sistèm Nivo Sipò nan Masachousèt......72

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 3 ALAPAPÒT LEKÒL PIBLIK BOSTON (ANSWIT DISTRI/BPS) GENYEN FÈM KONVIKSYON bonjan disiplin ankouraje opòtinite edikatif egal-ego ansanm ak yon anviwonman pou edikasyon ki an sekirite epi ki sipòtif. Lekòl Piblik Boston debouye li pou devlope epi mete an aplikasyon pwogram ak metòd aprantisay epitou disiplin ki ap: mete paran/responsab/èd yo an konfyans nan abilite chak grenn lekòl pou genyen yon klima ki an sekirite epi ki sipòtif; ede administratè, mèt/matmwazèl, ak lòt anplwaye yo kreye anviwonman ansèyman ak aprantisay ki an sekirite epi ki sipòtif; epitou asire elèv yo ke yo kapab aprann nan yon atmosfè ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif lèfini tretman yo ap jwenn nan ap rezonab, li ap konsistan, epi li pap diskriminatwa. Chak lekòl ta dwe kreye yon anviwonman aprantisay ki ankouraje reyisit akademik, echanj lide san pwoblèm, lèfini pèmèt maksimòm devlopman pèsonèl. Li fèt pou tout moun konprann lè elèv antre nan lokal yon lekòl yo pa depouye yo de dwa konstitisyonèl yo, pa egzanp dwa pou yon machasuiv anbònedifòm, libète lapawòl, dwa rasambleman nan lòd, dwa vi prive moun, libète kont diskriminasyon, elatriye. Li fèt pou li klè tou elèv genyen responsablite pou yo pa entèwonp demach pou edikasyon an oubyen enpoze yo sou lòt moun, mete lavi lòt moun andanje, oubyen anpeche lòt moun jwi dwa yo pou yo genyen yon edikasyon. Politik jeneral Lekòl Piblik Boston se fè tout sa yo kapab pou yo rezoud pwoblèm disiplin anvan yo mete elèv deyò nan lekòl. Pou akonpli sa, Lekòl Piblik Boston ap kreye anviwonman aprantisay ki an sekirite, ki senesof epi ki sipòtif. Nap suiv machasuiv ki dwat epi ki rezonab tou pou asire elèv yo, Paran, Responsab, ak Èd yo sou dwa yo. Lè yo detèmine yon chita-tande pou disiplin nesesè, elèv la ap gen yon chita-tande ki ekitab dapre konsiy, regleman ak machasuiv ki tabli yo. Komite Lekòl yo ak administrasyon an espere tout moun ki konekte ak lekòl yo ap demontre respè youn pou lòt pou dwa lòt moun; epi yo espere tout moun ki patisipe nan ansèyman ak aprantisay ap aksepte epi pran responsablite yo nèt youn pa rapò ak lòt ak tout pa rapò ak sistèm lekòl la. Dwa ak responsablite sa yo, nou tire yo nan lwa ak regleman federal ak etatik yo, òdonans lokal yo, politij jeneral Komite Lekòl yo, objektif Pwogram Akselerasyon, Chapant Akonplisman Akademik, ak Konpòtman an Sante epi Chapant Lekòl Piblik (Chapant) Konpòtman an Sante nan Masachousèt ak Rapò Final 2011 Gwoup Travay Lekòl Piblik, Komite Lekòl Boston, ak Direktè Jeneral anchèf la (Sipèentandan an) atann pou machasuiv sa yo toujou konfòm ak jan yo detaye yo nan Kòd Konduit la epi fasilite egzekisyon lwa sa yo, òdonans, konsiy, ak regleman yo selon jan yo ekri a nan menm lespri a. Kòd Konduit la konfòm ak manda St. 93, C. 71, ki rele Lwa Refòm sou Edikasyon 1993, jan St. 1993, C. 380 te modifye li a; epi jan St. 2012 C. 222 te modifye li; P.L. 103-382, 14601 (Lwa 1994 Amelyore Lekòl nan Etazini yo 1994); 18 USC, 921 et seq. (Kòd Etazini); ak Lwa Federal pou Moun ak Enfimite, Modifye an 2004 (IDEA-04).

4 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 FILOZOFI Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Boston Antan kote edikasyon piblik te premye kòmanse nan nasyon an, Lekòl Piblik Boston pran angajman pou transfòme lavi tout timoun atravè bonjan ansèyman premye klas ki inovatif epi ki akeyan. Nou travay bradsou-bradsa ak kominote a, fanmi yo, ak elèv yo pou devlope lakay chak grenn timoun k ap aprann konesans, ladrès, ak karaktè pou yo ka reyisi nan inivèsite, nan karyè yo, ak nan lavi yo. LEKÒL PIBLIK BOSTON rekonèt premye entansyon sosyete a se tabli lekòl piblik ki pou pèmèt opòtinite pou aprantisay ak devlopman lakay pa kapab bay. Lekòl Piblik Boston rekonèt elèv genyen tout dwa yo dapre sous otorite legal ki make pi wo yo, konsa dwa sa yo pa fèt pou retresi, anpeche, oubyen chanje eksepte si yo konfòm a yon machasuiv danlarègdwatèt. Anplis, Lekòl Piblik Boston rekonèt enpòtans pou kenbe yon anviwonman lekòl ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif. Lèfini tou, BPS ap kontinye sèvi ak apwòch ki fè prevansyon epi ki pozitif pou disipline epitou reponn ak entèvansyon epi konsekans ki vize pou adrese kòz yon move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv, epi kenbe elèv yo lekòl. Dokiman sa a detaye responsablite ak dwa elèv, mèt/matmwazèl, administratè ak paran/responsab/èd yo. Ankouraje edikasyon ki gen kalite ak lekòl ki sipòtif non sèlman depann sou responsablite ak dwa elèv, men tou sou kalite entèaksyon ant elèv, paran/responsab/èd, mèt/matmwazèl, ak administratè. Paran, Elèv, Responsab ak Èd gen dwa pou yo bonjan patisipan aktif nan etap prantisay la, pou esprime sa yo panse, epi pou bay dizon yo sou desizyon ki afekte lavi yo ak edikasyon. Paran, responsab, ak èd yo vital nan reyisit lekòl la. Yo genyen responsablite pou bay pwosesis aprantisay la jarèt lakay, pou ankouraje epi trase egzanp bonjon konpòtman, pou motive pitit yo pou yo kapab enterese nan lekòl, epi asire yo pitit yo ale lekòl regilyèman. Yo ta dwe espere siksè ki pi wo a nan reyisit pitit yo kapab la, avèk pèfòmans mèt/matmwazèl yo ki kapab bay nivo siskè sa a boustè. Pòt la louvri pou yo epi nou ankouraje yo chita-pale ak mèt/matmwazèl pou yo kapab okouran pwogrè pitit yo. Plis yo patisipe se plis kalite edikasyon pitit yo a ap vin pi wo nivo. Mèt/matmwazèl ak lòt pèsonèl lekòl la ap trete tout elèv yo ak respè. Mèt/matmwazèl bezwen esplike epi aplike tout tan regleman debaz sou konpòtman ki admisib, patisipasyon nan klas, pwen, epi devwa. Mèt/matmwazèl ap kominike ak lakay sou aktivite nan lekòl, siksè ak pwoblèm, epitou kijan paran, responsab ak èd yo kapab ede pitit yo reyisi nan lekòl. Se responsablite direktè lekòl yo pou asire yo bezwen edikatif tout elèv nan lekòl satisfè epi tout manb kominote lekòl la la jwi yon tretman ki pa nan pati pri epi ki ekitab. Direktè lekòl yo ap kominike bay elèv yo, paran/responsab/èd, ak pèsonèl lekòl la konviksyon lekòl se yon kote pou ansèyman ak aprantisay, enpi se biznis tout moun pou asire yo sa fèt chak jou regilyèman. Y ap pase mesaj la aklè epi egzekite politik jeneral pou fè prevansyon ak aplike regleman pozitif sou disiplin nan lekòl la onètman enpitou regilyèman. PRENSIP DEBAZ PRENSIP DEBAZ SA YO tabli fondasyon pou kreye anviwonman aprantisay ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif ki gen ladan li adopsyon apwòch prevansyon pozitif nan zafè disiplin pou sipòte elèv yo nan devlope konpetans sosyal ak bonjan konpòtman, rezoud konfli nan yon fason ki san vyolans, epi kreye anviwonman aprantisay ki pwodiktif.

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 5 Prensip sa yo se konviksyon esansyèl ki ap gide ekip travay Lekòl Piblik Boston, elèv ak fanmi nan travay tètansanm pou asire bonjan anviwonman lekòl epi amelyore rezilta elèv yo. Yo fèt pou diskite prensip sa yo, konprann yo, epi anbrase yo nan tout vil la pou asire maksimòm aprantisay ak opòtinite pou tout timoun gen opòtinite pou yo pouse pou pi devan: 1. Rann kont genyen epi respekte prezans divès popilasyon nan lekòl yo ak kominote a gen yon enpòtans kapital. Tout timoun fèt pou gen asirans yo kapab aprann nan yon atmosfè ki pa nuizib epi yo ap jwenn tretman rezonab ki pa diskriminatwa sou yon baz regilye. 2. Kreye yon anviwonman lekòl ki an sekirite epi ki sipòtif ak sèvis kolaboratif se baz nesesè pou amelyore rezilta nan edikasyon pou tout elèv, espesyalman sila yo ki gen pwoblèm konpòtman an sante. 3. Amelyore rezilta nan edikasyon yo pou elèv ki gen twoub konpòtman mande pou lekòl yo vin anviwonman ki founi sipò nan twa nivo swen ak enstriksyon. a. Ankourajman. Lekòl nouri byennèt emosyonèl tout elèv nan apwòch jeneral pou tout lekòl la pou sipòte konpòtman pozitif. b. Prevansyon. Lekòl founi sipò pou entèvni bonè pou minimize sentòm twoub konpòtman yo idantifye nan sipò kolaboratif yo sible; ak c. Entèvansyon. Lekòl founi epi patisipe nan swen ki kowòdone pou ti kantite elèv ki demontre yo gen gwo bezwen. Yo pa dwe konsidere twa nivo sa yo nan yon kacho poukont pa yo, fèt pou gen aktivite nan chak nivo yo nan tout lekòl la, nan sal klas, nan ti gwoup, ak elèv yo epi fanmi yo. 4. Lekòl yo kapab suiv chapant an sis pati sa a pou devlope solisyon lokal pou adrese bezwen kominote yo a nan touletwa nivo sa yo atravè òganizasyon: a. Alatèt lekòl la ak administratè distri a kreye anviwonman lekòl ki sipòtif epi ankouraje sèvis kolaboratif ki fyab pou adrese chak nan twa nivo sa yo; b. Devlopman pwofesyonèl pou administratè lekòl, edikatè, ak ajan konpòtman an sante atravè fòmasyon ant tout disiplin epi chak disiplin separe; c. Aksè ak resous epi sèvis pou idantifye, kowòdone, epi kreye sèvis sou konpòtman an sante nan lekòl ak nan kominote a pou amelyore anviwonman lekòl la okonplè. Chapant sa a rekonèt bezwen pou resous ki apwopriye klinikman, lengwistikman, ak kiltirèlman pou tout elèv ak fanmi yo. d. Apwòch akademik ak sa ki pa akademik ki pèmèt timoun aprann, ak tout sa yo ki bezwen gen konpòtman an sante, epi ki ankouraje siksè nan lekòl. e. Regleman lekòl, politik jeneral, ak pwotokòl ki bay yon baz pou lekòl yo egzikite epi sipòte travay sa a; epitou f. Kolaborasyon ak elèv epi fanmi kote elèv, paran/responsab, ak fanmi yo enkli nan tout aspè nan edikasyon pitit yo. REZON POU KÒD KONDUIT LA KÒD KONDUIT LA chita sou lwa ak regleman epi politik jeneral k ap chache pèmèt aksè nan edikasyon pou tout moun pandan y ap pwoteje dwa anbònedifòm moun nan. Disiplin, jan Kòd la defini li nan, dwe genyen kalite tankou konpreyansyon, pa nan pati pri, fleksib, epi konsistan. Se responsablite pèsonèl lekòl la, elèv, paran/responsab ak kominote a pou kontribiye nan atmosfè yon lekòl ki ankouraje yon anviwonman lekòl okonplè ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif epi ki favorab pou aprantisay. Disiplin prevantif epi pozitif se responsablite elèv, administratè, mèt/matmwazèl, paran/responsab ak kominote a. Kòd Konduit la fèt ak entansyon pou li enstwi, men se pa pou li pini, epi li baze sou prensip disiplin prevantif ak pozitif (tankou entèvansyon, devlope konpetans ak konsekans) ki vize adrese koz move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv epi kenbe yo lekòl. Anplis, Kòd la gen bi pou kreye egzijans aklè epi nivo sipò ak entèvansyon gradyèl pou tout elèv ak konsekans ki endividyalize pou move konpòtman, konsistan, rezonab, pa nan pati pri,

6 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 apwopriye dapre laj la, epi ki mache ak gravite move konpòtman elèv la. Ti dezòd ki pa grav ak dezòd ki komèt pou premye fwa y ap trete yo san pa gen pinisyon depi sa posib. Faktè tankou laj ak nivo klas elèv la, devlopman sosyal, emosyonèl, ak entèlektyèl elèv la, lèfini dwa ak responsablite elèv la fèt pou yo konsidere yo toutan. Kòd la vize kreye yon anviwonman lekòl okonplè ki an sekirite epi ki sipòtif, ki sipòte devlopman sosyal ak emosyonèl tout elèv, epi anseye altènatif alaplas vyolans epi respè pou tout manb kominote lekòl la. Lè yo wè devlopman sosyal kòm yon aspè kritik nan responsablite yon lekòl, lekòl yo kapab antisipe epi reponn ak pwoblèm disiplin nan lekòl nan yon fason ki konsistan ak sans diyite elèv yo epi amou pwòp yo. Objektif disiplin nan fèt pou konprann epi adrese koz konpòtman pou rezoud konfli, pandan l ap anseye konpetans tounèf epi repare mal ki fèt deja a, retabli relasyon epi reentegre elèv nan kominote lekòl la. Anplis, y ap bay fanmi ki pi ekpoze yo ak jenn ki kouri plis risk pou yo mete yo aleka nan lekòl la atansyon espesyal ak sipò pou entèvansyon DWA AK RESPONSABLITE ELEV A. DWA ELÈV Li pa posib pou nou enimere angranjanman tout dwa elèv. Kidonk, dwa anba yo pap kapab sèvi pou refize oubyen limite lòt dwa elèv yo genyen nan pwòp lekòl yo a, nan kapasite yo kòm yon manb nan popilasyon elèv yo, oubyen kòm sitwayen. 1. Selon Konstitisyon Etazini epi lwa ak regleman federal ak etatik ki aplikab yo, yo paka bay okenn elèv kanpe lwen oubyen yo pa kapab diskrimine kont okenn elèv lè y ap enskri nan kèlkilanswa Lekòl Piblik Boston, oubyen nan jwenn avantaj, privilèj ak pwogram detid lekòl piblik sa a (ak tout dwa pou patisipe nèt nan enstriksyon nan sal klas ak lòt aktivite andiplis) baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, oryantayon seksyèl, idantite gason/fi, enfimite, twoub, laj, estati aktif lame oubyen jenetik. 2. Elèv genyen dwa pou yon edikasyon nan nivo ki pi wo a. 3. Elèv genyen dwa pou yon pwogram ki fè sans ki konsistan ak Chapant la epi dwa pou yo fè tande vwa yo nan devlopman pwogram sa a. 4. Elèv genyen dwa pou sekirite fizik epi pwoteksyon pwopriyete prive yo. 5. Elèv genyen dwa pou sèvis sanitè ki senesof. 6. Elèv genyen dwa si yo vle pou kontakte pwofesè, konseye, ak administratè epitou nenpòt lòt moun ki konekte ak lekòl la nan lè ki apwopriye. 7. Elèv genyen dwa pou eleksyon libelibè kanmarad klas yo nan gouvènman elèv nan bilten sekrè epi yo genyen dwa tou pou kouri pou yon pozisyon epi ranpli wòl pozizyon an. 8. Elèv gen dwa pou fè tande vwa yo nan koze ki afekte yo. 9. Elèv genyen dwa pou patisipe nan devlopman regleman ak konsiy yo pral genyen pou suiv yo epi yo fèt pou yo okouran sou regleman ak konsiy sa yo. 10. Paran/responsab ak elèv (ki genyen swa 14 zan oubyen nan 9yèm ane ou plis) genyen divès dwa daprè lalwa federal ak etatik sou dosye elèv, san konte dwa pou wè tout dosye elèv la, kontwole ki moun deyò lekòl la ki kapab wè dosye sa yo, epi ale annapèl sou desizyon ki genyen arevwa avèk dosye yo. Osito yo resevwa avètisman pou transfè, Paran/Responsab oubyen Èd ki otorize a pa bezwen bay pèmision pou dosye konplè elèv la ale jwenn distri ki ap resevwa elèv la. Men paran an fèt pou li okouran ke dosye a te ale. (Chak ane ou distribiye yon rezime ki genyen plis detay bay tout elèv ak paran/responsab. Enfòmasyon andiplis ak kopi marasa regleman sa yo disponib nan chak lekòl sou demann epitou nan Depatman Edikasyon nan Masachousèt). 11. Elèv yo kapab egzèse dwa lapawòl yo, rasanble, laprès, ak asosyason nan pwòp lekòl pa yo, konfòm ak Premye Amandman nan Konstitisyon nan Etazini ak Pati I, Atik XVI Deklarasyon Dwa nan Masachousèt. Lè elèv yo ap egzèse dwa sa yo, yo ava evite itilize pawòl piman bouk ak difamasyon daprè definisyon legal ki ajou yo, oubyen ki genyen tandans soulve moun pou komèt zak ilegal, oubyen tou ki kapab parèt siy ki kapab koze gwo

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 7 manman boulvès nan lekòl oubyen nan aktivite sal klas jan sa defini nan Seksyon 7.10 nan Kòd la. Menm jan ak sa ki te di deja, epi jan lalwa mande sa, elèv genyen dwa pou yo: 1. Mete bwòch politik sou yo, braslè, ak lòt bouton siy ekpresyon senbolik. 2. Distribiye materyèl epi pase petisyon nan lakou lekòl la ak menm anndan lekòl la san yo pa bezwen otorizasyon davans nan men administratè lekòl la, sof si: a. materyèl yo ap distribye yo ak petisyon yo ap fè pase yo genyen non ak adrès moun oubyen òganizasyon ki sipòte (ak non epi adrès omwens youn nan manb gwoup la) pou distribiye oubyen sikile materyèl oubyen petisyon an; ak b. moun ki ap distribiye oubyen sikile materyèl oubyen petisyon yo fèt pou se elèv lekòl la ki konsène a; ak c. lè pou materyèl sa a distribiye oubyen sikile fèt pou fèt anvan lekòl, apre lekòl, ak pandan lè manje a pou evite entèferans ak pwogram lekòl la; ak d. kote pou distribisyon oubyen sikilasyon nan chak lekòl la fèt dwe limite a yon ti kote tou piti pou ka pèmèt monte-desann ant anndan lekòl la ak pòt ki mennen sou deyò; ak e. fason distribisyon oubyen sikilasyon an ap fèt dwe ase limite pou li anpeche bri san nesesite ak kontraryete; ak f. elèv yo dwe atann yo pou yo mande yo pou retire debri distribisyon oubyen sikilasyon sa a lakòz. 3. Itilize pwòp pano afichaj pa yo san yo pa sansire depi: a. tout materyèl, nòt avètisman, ak lòt kominikasyon ki afiche genyen non ak adrès moun oubyen òganizasyon ki patwone (ak non epi adrès youn nan manb gwoup la pou pi piti) afichaj materyèl sa yo, nòt avètisman sa yo ak lòt kominikasyon; ak b. tout materyèl, nòt avètisman, ak lòt kominikasyon dwe genyen dat sou yo anvan yo afiche yo epi materyèl sa yo fèt pou soti nan yon tan ki rezonab ase pou asire aksè konplè a tablo afichaj yo. 4. Itilize sistèm kominikasyon piblik la ak lòt fòm medya nan lokal lekòl la nan yon fason rezonab, ekspete anons sa yo dwe fèt anvan lekòl, apre lekòl, ak lòt lè ki pa genyen klas. 5. Fòme òganizasyon sosyal ak politik epi mennen aktivite ki ka pèmèt sa fèt, depi nenpòt elèv ka manb gwoup la konfòm ak Paragraf B.1 Seskyon Dwa ak Responsiblite Kòd sa a. 6. Pwoteksyon daprè lalwa federal ak etatik sou edikasyon espesyal si lekòl la te konnen (jan lalwa federal ak etatik defini sa) elèv yo se elèv ki te genyen enfimite anvan konpòtman ki te presipite aksyon disiplinè yo pwopoze a (aplikab pou elèv yo potko detèmine elijib pou edikasyon espesyal ak sèvis apwopriye, epi ki te genyen konpòtman ki te vyole nenpòt regleman oubyen kòd konduit la). 7. Prezante petisyon, plent, oubyen fè reklamasyon devan otorite lekòl ki apwopriye konsènan koze disiplin ak lòt kesyon ki genyen arevwa ak lekòl eksepte kote Kòd la bay dwa fòmèl pou ale annapèl. 8. Respè nan men pwofesè ak administratè. 9. Vi prive pèsonèl, ak tout dwa pou detèmine ak kisa yo vle sanble epi pou yo chwazi pwòp estil cheve ak rad yo depi sa reponn ak regleman nesesè sou lasante ak sekirite. 10. Sèvi nan twalèt yo, kazye yo, ak lòt enstalasyon dapre idantite gason/fi yo, oubyen sèvi nan twalèt ki la pou toulede sèks yo si elèv la prefere sa. 11. Adrese yo jan yo rele a oubyen pwonon yo chwazi yo menm. 12. Pa fouye yo oubyen pa fouye epi poze-sele sou kazye yo, otomobil yo, oubyen afè pèsonèl yo. Sepandan, si genyen koz rezonab, yon administratè lekòl la ki otorize kapab fouye kazye, otomobil, ak afè pèsonèl. [Ale gade Sikilè Sipèentandan Superintendent Circular 3SAF3 Regleman sou Kazye Elèv.] B. RESPONSABLITE ELÈV Responsablite elèv pa kapab ranplase regleman ki nan Kòd Konduit la. Sepandan, malgre li pa posib pou nou enimere tout responsablite elèv, elèv ki toujou konpòte yo konfòmeman ak responsablite lajman-laj lis sa a ap an akò ak regleman Kòd la.

8 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 Elèv genyen responsablite pou yo: 1. Respekte dwa tout moun ki patisipe nan pwosesis pou edikasyon an. 2. Respekte otorite anplwaye lekòl la. 3. Respekte divèsite anplwaye ak elèv Lekòl Piblik Boston konsènan ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, maryaj, gwosès, matènite/patènite, oryantasyon seksyèl, idantite gason/fi, lang natif-natal, enfimite, bezwen espesyal, ak klas ekonomik. 4. Kontribiye nan kenbe yon anviwonman edikatif ki sipòtif epi ki an sekirite. 5. Aplike abilite yo ak enterè yo pou amelyorasyon edikasyon yo. 6. Egzèse oto-disiplin nan degre yo kapab la, pou yo ka obsève epi suiv regleman epi konsiy yo. 7. Rekonèt responsablite antre anndan egzèsis chak dwa. 8. Asire yo ke yo egzèse vwa yo nan gouvènans elèv. RESPONSABLITE ADMINISTRASYON Administratè genyen responsablite pou yo: 1. Kreye anviwonman lekòl ki sipòtif epi ki ankouraje sèvis kolaboratif pou amelyore rezilta edikatif pou tout elèv, ak tout elèv ki gen bezwen konpòtman senesof. 2. Pwoteje sante mantal ak byennèt fizik tout elèv ak anplwaye. 3. Pwoteje dwa legal pwofesè, elèv ak paran/responsab. 4. Sipòte pèsonèl lekòl la nan reyalizasyon responsablite disiplinè yo jan Kòd Konduit la defini sa ak regleman endividyèl ki tabli nan lekòl dapre fòmasyon administratè, pwofesè, ak lòt anplwaye lekòl la pran sou Kòd la. 5. Founi yon kourikoulòm varye epi ki baze sou plizyè bagay lèfini ki konsistan ak egzijans Masachousèt sou Kourikoulòm epitou ki satisfè bezwen endividyèl. 6. Devlope epi egzekite regleman jeneral sou disiplin yo ki fè prevansyon epi ki pozitif an kolaborasyon ak elèv, paran/responsab, mèt/matmwazèl daprè politik jeneral Komite Lekòl yo ak tout Kòd Konduit la. 7. Kontakte epi fè paran/responsab patisipe nan trete kesyon disiplin. 8. Enfòme kominote a, elèv, paran/responsab, ak anplwaye lekòl la sou regleman ki genyen arevwa ak konduit elèv nan lekòl, pandan aktivite lekòl la patwone, ak transpòtasyon lekòl la founi. 9. Kolekte enfòmasyon ki apwopriye sou displin elèv, Jere Enfòmasyon sou zafè moun ki gen dwa legal pou gade timoun nan byen konsa enfòmasyon an kapab disponib pou paran/responsab depi yo mande yo oubyen otreman di jan lalwa mande sa. 8. Founi ekip ki kalifye pou satisfè bezwen elèv yo epi pou akonpli bi ak objektif lekòl la. 9. Kolabore ak kominote ak ajans gouvènman an nan pwogram ki ankouraje anviwonman aprantisay sensesof, an sekirite, epi sipòtif. 10. Kenbe sou yon baz regilye yon apwòch pèsonalize ki pa nan pati pri epi ki rezonab pou tout elèv. 11. Entegre lespri Filozofi ak Prensip Debaz yo lè desizyon ap pran epi dirije nan trase bon egzanp. RESPONSABLITE MÈT/MATMWAZÈL Mèt/matmwazèl genyen responsablite pou: 1. Kenbe yon atmosfè pou aprantisay ki an sekirite epi ki sipòtif. 2. Etale kalite konpetans, kreyativite, kontwòl tèt yo. 3. Respekte chak elèv kòm yon moun. 4. Demontre konpreyasyon ak enkyetid yo pou grenn elèv la ak tout bezwen li epitou refere elèv pou evalyasyon edikasyon espesyal ki konfòm ak sa lalwa leta ak federal mande pou edikasyon espesyal.

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 9 5. Enspire nan elèv yo volonte pou yo kapab vanse pou pi devan ak tèt yo. 6. Gide elèv yo pou yo devlope disiplin tèt yo. 7. Rete okouran regleman ak konsiy lekòl la. 8. Egzekite konsiy, regleman, ak politik jeneral Komite Lekòl yo ak Kòd Konduit la, ak tout regleman disiplin ki fè prevansyon epi ki pozitif nan tèt ansanm ak elèv, paran/responsab, epi administratè. 9. Anrejistre done sou displine elèv jan administrasyon an mande sa. 9. Kominike ak elèv ak paran yo oubyen responsab yo. 10. Genyen konsyans sou etik pwofesyonèl an rapò ak elèv, lòt mèt/matmwazèl parèy yo, ak administratè. DWA AK RESPONSABLITE PARAN AK RESPONSAB A. DWA PARAN AK RESPONSAB Paran, responsab, ak fanmi gen dwa pou yo patisipe nan tout aspè edikasyon pitit yo. Sa vle di bagay sa yo: 1. Dwa edikasyon gratis nan lekòl piblik pou pitit yo nan yon anviwonman aprantisay ki an sekirite epi ki sipòtif. 2. Dwa pou yo gen aksè ak enfòmasyon nan dosye edikasyon pitit yo, done sou disiplin menm jan lalwa mande sa epi nenpòt enfòmasyon ki disponib sou pwogram ak opòtinite nan edikasyon. 3. Dwa pou yo bay yo nenpòt opòtinite ki disponib pou yo ka gen bonjan patisipasyon ki fè sans nan edikasyon pitit yo. 4. Dwa pou yo pot plent ak/osinon pou ale annapèl zou zafè ki afekte edikasyon pitit yo. 5. Patisipasyon nan etap dezisyon k ap pran ki afekte machasuiv yo ak regleman lekòl la. 6. Siveye epi evalye regleman ak pratik lekòl la, ak tout, men se pa sa sèlman, dwa pou vizite lekòl la ak sal klas yo. 7. Aksè sou done displin elèv jan lalwa otorize sa. B. RESPONSABLITE PARAN AK RESPONSAB Paran ak responsab genyen responsablite pou: 1. Pataje responsablite konpòtman pitit yo a lekòl, nan aktivite lekòl la patwone ak lè yo pral lekòl epi lè y ap sot lekòl. 2. Prepare pitit yo a pou pran responsablite li pou ale lekòl, epi pou pwòp konpòtman li. 3. Ankouraje pitit yo a pou li genyen yon atitid ki pozitif ak tèt li, ak lòt moun, nan lekòl la, ak nan kominote a. 4. Kominike ak pèsonèl lekòl la konsènan pitit yo a. 5. Ale nan konferans endividyèl oubyen konferans an gwoup. 6. Rekonèt anplwaye lekòl la genyen dwa pou egzekite konsiy yo, lwa yo, ak regleman Komite Lekòl Boston. 7. Konpòte yo nan yon fason ki koutwa epi ki pa deranjan lè yo ap vizite lekòl la. 8. Asire yo pitit yo a ale lekòl la ak bagay ki apwopriye sèlman nan anviwonman yon lekòl. Kominote a genyen responsablite pou: RESPONSABLITE KOMINOTE A AK AJANS KI SIPOTE LEKOL LA 1. Ede mete bi lekòl la sou pye. 2. Okouran bi ak regleman lekòl la. 3. Sipòte yon bonjan sistèm lekòl ki an sekirite epi ki sipòtif. Lekòl Piblik Boston bay ajans responsablite pou yo sipòte elèv ak fanmi yo genyen responsablite ak konsantman paran/responsab la pran apre yo fin enfòme: 1. Adrese bezwen kliyan yo ki entèfere ak pwosesis aprantisay la. 2. Kolabore ak lekòl yo pou bay bonjan sèvis sipò ki senesof.

10 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 Kòd Konduit la Seksyon 1 OPÒTINITE EGAL-EGO POU EDIKASYON 1.1 Konfòm ak Konstitisyon Etazini lèfini ki aplikab ak lwa epi regleman federal ak etatik yo, yo pa gen dwa sispann okenn elèv, mete yo aleka, oubyen otreman di disipline yo sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, gwoup etnik, relijyon, sèks, oryanstasyon seksyèl, idantite gason/fi, enfimite, laj, jenetik, oubyen estati militè aktif yo. Seksyon 2 LANG POU NÒT AVÈTISMAN, KONFERANS AK ALE ANNAPÈL 2.1 Tout nòt avètisman aloral oubyen alekri Kòd sa a egzije fèt pou ekri an Angle ak lang natif-natal yo pale lakay la. Tout nòt avètisman fèt pou yo senp ak mo moun konprann epi yo itilize tout tan otan sa posib. 2.2 Nan tout chita-tande ak konferans, elèv ak paran genyen dwa pou yon entèprèt ki pale lang natif-natal la. Tout nòt avètisman ki pale sou chita-tande ak konferans Kòd sa a egjize, fèt pou enfòme paran yo sou dwa sa yo genyen an, nan premye lang yo pale nan kay la. Seksyon 3 MACHASUIV POU TABLI REGLEMAN LEKÒL YO SOU PWOBLÈM DISIPLIN 3.1 Kòd sa a tabli menm regleman ak machasuiv yo pou tout sistèm nan suiv nan pran aksyon disiplinè tankou aksyon ki pa bay kanpe lwen, aksyon ki pozitif ak apwòch prevantif pou disiplin elèv, jan sa ye nan Seksyon 4 ak 5 ki la pou ranplase meta aleka lekòl nan anpil zafè disiplin. Lekòl Piblik Boston mande pou tabli regleman lekòl la, chak grenn lekòl dwe adopte epi egzekite regleman ki konfòm ak mezi ki parèt nan seksyon sa a. 3.1.1 Administratè lokal lekòl la ap rankontre chak prentan ak sou-komite konsèy lekòl la pou revize, epi si sa nesesè, pase men nan regleman lekòl la pou lekòl sa a. Regleman sa yo pa ka retire oubyen antre an konfli ak okenn machasuiv oubyen dwa ki dekri nan Kòd sa a, epi okenn regleman ki tabli pa kapab sou okenn fòm pinisyon kòporèl (bat, kale, met ajenou). Regleman Lekòl la dwe ekri nan yon langaj ki senp, klè, nan yon estil presi, lèfini yo fèt pou evite tèm ki pa defini, ak jagon legal ak jagon nan edikasyon. Apre komite konsèy Lekòl la fin revize yo, regleman lekòl la fèt pou tradui nan lang yo pale lakay elèv nan lekòl la. 3.1.2 Sou-komite regleman lekòl la dwe gen ladan reprezantan tout moun ki konsène yo ki nan lekòl la administratè, pwofesè, paran/responsab ak lòt moun epi yo dwe reflete popilasyon lekòl la. Nan lekòl mwayen ak lekòl segondè, sou-komite yo dwe gen elèv ladan yo. 3.1.3 Administratè Lokal chak lekòl dwe gen yon fason pou yo bay tan pou reprezantan paran/responsab, pwofesè, ak elèv pou fè moun ki konsène yo patisipe omaksimòm nan devlopman regleman yo. 3.1.4 Apre regleman ki tabli nan lekòl la fin devlope dapre sa Seksyon sa a di, komite konsèy lekòl la ap pase men ladan yo epi Sipèentandan an oubyen moun li bay dwa ap apwouve yo pou asire yo aliyen ak Kòd la. 3.1.5 Apre yo fin adopte regleman yo, regleman lekòl la ak nenpòt lòt chanjman k ap fèt apre pap ka antre an aplikasyon toutotan yo pa distribiye yo bay elèv yo, paran/responsab yo, ak manb pèsonèl anseyan yo. Apresa, anvan 15 Septanm chak ane lekòl, y ap distribye regleman lekòl la bay elèv yo, paran/responsab yo, ak manb pèsonèl anseyan yo ak Livrè Regleman Lekòl Piblik Boston pou Paran & Elèv. Regleman

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 11 lekòl la dwe plase kote ki vizib nan lekòl la. Yo dwe prezante regleman lekòl la tou bay anplwaye yo ak elèv yo nan sesyon oryantasyon/fòmasyon anvan twazyèm Vandredi nan mwa Septanm chak ane lekòl. Y ap distribiye regleman lekòl yo epi prezante yo nan oryantasyon/sesyon fòmasyon yon fwa pou piti pandan ane lekòl la. Regleman lekòl yo adopte an Septanm ap rete an efè pou jiskaske yo adopte nouvo regleman lòt Septanm. Kòd Konduit BPS aplikab pou elèv pandan ane a, ak tout pandan mwa ete yo pandan pwogram lekòl an ete epi nan oryantasyon lekòl. 3.1.6 Nenpòt ki moun kwè Kòd sa a pat suiv lè yo t ap tabli regleman lekòl yo kapab pote yon plent nan Biwo Ekite nan Lekòl Piblik Boston k ap envestige sa epi bay Sipèentandan an rekòmandasyon. 3.1.7 Y ap re-evalye regleman ak solisyon yo adopte yo dapre Seksyon sa a menm jan an chak ane anvan premye Jen. 3.2 Administratè nan chak lekòl ap mete yon sou-komite Komite Konsèy Lekòl sou pye chak prentan, pou l revize, epi, depi sa nesesè, pou l pase men nan Regleman Lekòl yo pou lekòl sa a, sou pwoblèm disiplin ki pa mande pou gen sispansyon epi bay solisyon. Regleman Lekòl yo pap wete oubyen pap an konfli ak okenn machasuiv oubyen dwa ki dekri nan Kòd sa a, lè fini pap gen okenn regleman degradan, avilisan, oubyen pinisyon kòporèl. Men, yo kapab pèmèt pou pèdi privilèj, tankou pwomnad ak lòt aktivite andiplis, pou yon peryòd tan limite. Regleman lekòl yo ap ekri nan yon estil senp, klè epi presi, epi yo ta dwe evite genyen ladan yo tèm sou edikasyon ki pa defini ak jagon legal epi jagon nan edikasyon. Apre Komite Konsèy Lekòl la fin revize yo, Regleman Lekòl la dwe tradui nan lang ki apwopriye pou elèv ki nan lekòl la. 3.3 Pou rete konfòm ak Seksyon 4 ak 5 Kòd sa a, lekòl dwe adrese pwen sa yo ak tout lòt bagay yo panse ak yo nan regleman lekòl nan yon apwòch prevantif ak pozitif sou disiplin pou reponn ak move konpòtman an ak entèvansyon epi konsekans ki vize adrese koz move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv epi kenbe timoun yo lekòl: 3.3.1 Fouye elèv ak fouye afè yo 3.3.2 Kopye 3.3.3 Manje nan zòn ki pa otorize nan lokal la 3.3.4 Reta 3.3.5 Liv ak pwopriyete ki pèdi, dechire, abime, vòlè 3.4 Regleman Lekòl ap adrese pwen sa yo Kòd Konduit la adrese yo ak lòt regleman Komite Lekòl Boston adopte, pou asire paran ak elèv yo okouran regleman sa yo: 3.4.1 Dosye elèv ak tout dosye ki ale jwenn yon lekòl nan yon lòt distri lè elèv la transfere (refere a Sikilè Sipèentandan Superintendent s Circular, LGL-7: Machasuiv Dosye Elèv) 3.4.2 Pèdi privilèj 3.4.3 Liv ak lòt pwopriyete ki pèdi, ki domaje, ki dechire pak an pak, ak yo volè 3.4.4 Transpò ak tout responsablite paran lè yon elèv pèdi privilèj otobis li (refere a Superintendent s Circular, TRN-2: Sekirite Transpòtasyon Elèv & Disiplin)

12 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 3.4.5 Itilizasyon pwodui tabak nan pwopriyete lekòl (refere a Sikilè Sipèentandan Superintendent s Circular, SHS-19: Regleman sou Fimen) 3.4.6 Vizit lekòl ak prezantasyon paran ak lòt moun (refere a Sikilè Sipèentandan Superintendent s Circular, LGL-4: Gid pou Vizitè nan Lekòl) 3.4.7 Kenbe apre lekòl 3.4.8 Regleman inifòm lekòl ak/oubyen fason pou abiye (refere a Sikilè Sipèentandan Superintendent s Circular SUP-18: Regleman Inifòm Lekòl) 3.5 Sou-komite Regleman-Lekòl ava genyen ladan li reprezantan ki soti nan tout konstitiyan lekòl la administratè, mèt/matmwazèl, paran, ak lòt moun epi moun sa yo dwe reflete popilasyon lekòl la. Nan lekòl mwayen ak lekòl segondè, Sou-komite a kapab genyen elèv ladan li tou. 3.6 Administratè Lokal chak lekòl dwe mete sou pye yon mekanis pou bay tan pou reprezantan paran, mèt/matmwazèl, ak elèv enplike konstitiyan yo nètale nan devlopman regleman sa yo. 3.7 Apre Regleman Lekòl la fin mete sou pye daprè seksyon sa a, Komite Konsèy Lekòl la dwe revize yo epi adopte yo. 3.8 Apre adopsyon, Regleman Lekòl la ak nenpòt chanjman ki vin annapre pa kapab mete an aplikasyon anvan yo distribiye yo bay elèv, paran, ak kò akademik lekòl la. Apre sa, anvan chak 15 Septanm chak ane lekòl, Regleman Lekòl la ak Liv Regleman Lekòl Piblik Boston pou Paran & Elèv ap distribiye bay elèv, paran ak lòt manb lekòl la. Regleman Lekòl la ap afiche kote ki pi vizib yo nan lekòl la. Regleman Lekòl la ap prezante bay anplwaye ak elèv yo pandan oryantasyon/sesyon fòmasyon anvan twazyèm Vandredi mwa Septanm chak ane lekòl. 3.9 Nenpòt moun ki kwè Kòd sa a pat suiv nan tabli Regleman Lekòl la kapab pote yon plent bay Lekòl Piblik Boston nan Biwo Ekite ki ava envestige epi fè rekòmandasyon bay Sipèentandan an. 3.10 Regleman ak solisyon ki adopte daprè Seksyon sa a ap re-evalye menm jan an chak ane anvan premye Jen. Seksyon 4 ANVIWONMAN LEKÒL OKONPLÈ AN SEKIRITE AK SIPÒTIF 4.1 Rezon ak Chapant 4.1.1 Tout kominote lekòl la genyen elèv, pwofesè, administratè, konseye, travayè sosyal ak lòt anplwaye lekòl la, fanmi ak vwazinay/kominote nan zòn nan. Pou ka kreye anviwonman ki an sekirite, ki senesof, epi ki sipòtif, lekòl fèt pou bay sipò nan twa nivo swen ak enstriksyon. Jan sa diskite nan prensip kle yo pi wo a, twa nivo sa yo se: Ankourajman. Lekòl ankouraje byennèt emosyonèl tout elèv nan pran apwòch jeneral nan tout lekòl la pou sipòte konpòtman pozitif. Prevansyon. Lekòl bay sipò pou entèvni davans pou ka minimize sentòm twoub konpòtman yo idantifye nan sipò kolaboratif yo sible; ak Entèvansyon. Lekòl founi epi patisipe nan swen ki kowòdone pou ti kantite elèv ki demontre yo gen gwo bezwen.

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 13 Yo pa dwe konsidere twa nivo sa yo kòmkwa yo nan yon eto, fèt pou gen aktivite nan chak nivo yo nan tout lekòl la, nan sal klas, nan ti gwoup, ak grenn elèv yo epi fanmi. Sèvis yo kapab anndan lekòl la menm osinon nan kominote a, epi yo kapab ofri yo swa nan sal klas la osinon deyò sal klas la. 4.1.2 BPS ak lekòl yo pou kont pa yo ap devlope solisyon lokal kap genyen apwòch sou disiplin lekòl pou pa mete aleka men ki prevantif ak pozitif pou adrese bezwen kominote yo a nan suiv Chapant ak sis tèt sa a nan touletwa nivo sa yo atravè òganizasyon. Lidè alatèt lekòl la alatèt ak administratè distri a ap kreye anviwonman lekòl ki sipòtif epi ankouraje sèvis kolaboratif ki fyab pou adrese chak nan twa nivo sa yo; Devlopman pwofesyonèl pou administratè lekòl, edikatè, ak ajan konpòtman senesof atravè fòmasyon ant tout disiplin epi chak disiplin apa; Aksè ak resous epi sèvis nan idantifye, kowòdone, epi kreye sèvis sou konpòtman senesof nan lekòl ak nan kominote pou amelyore anviwonman lekòl la okonplè. Chapant sa a rekonèt bezwen resous ki apwopriye klinikman, lengwistikman, ak kiltirèlman pou tout elèv ak fanmi yo. Apwòch akademik ak sa ki pa akademik pou pèmèt timoun aprann, ak tout sa yo ki bezwen gen konpòtman senesof, epi ki ankouraje siksè nan lekòl. Regleman lekòl, politik jeneral, ak pwotokòl ki bay yon baz pou lekòl yo egzekite epi sipòte travay sa a; epitou Kolaborasyon ak elèv epi fanmi kote elèv, paran, ak fanmi enkli nan tout aspè edikasyon pitit yo. (Al gade Konpòtman Senesof ak Chapant Lekòl Piblik, Rapò Final 2012 Komite Travay Konpòtman Senesof ak Lekòl Piblik nan Masachousèt table nan Anèks A). 4.2 Apwòch pou Ankouraje Lekòl ki an Sekirite epi ki Sipòtif Gen yon bann apwòch pou ankouraje lekòl ki an sekirite epi ki sipòtif. Depatman nan tout BPS la founi entèvansyon baze sou nivo epi BPS suiv modèl sèvis baze sou nivo Chapant Rezo Akonplisman Akademik Entèvansyon. Anplis, lekòl yo kapab chwazi pou adopte apwòch ki pozitif ak prevantif ki mache pou tout lekòl la, tankou Sistèm Sipò Baze sou Nivo nan Masachousèt ki gen non (MTSS) ak Pratik Reparatè. N ap jwenn enfòmasyon sou chak apwòch sa yo pi ba a epi nou kapab jwenn plis enfòmasyon nan anèks la. Nenpòt sipò yo adopte dwe bati sou fòs elèv yo, ankouraje siksè lekòl, epi maksimize tan yo pase nan sal klas epi minimize sispansyon, mete deyò, ak lòt fòm ki fè elèv ki gen twoub konpòtman soti. 4.2.1 Entèvansyon Baze sou Nivo ki genyen nan BPS: Gen yon bann entèvansyon baze sou nivo yon pakèt depatman nan BPS bay. Yo genyen entèvansyon pou sipòte 11 domèn, chak make pi ba a ak yon pakèt egzanp sou entèvansyon ki disponib. Yon lis okonplè entèvansyon baze sou nivo disponib nan Anèks A. Devlopman Pwofesyonèl: Fòmasyon kont agresyon, fòmasyon sou sekirite nan entènèt Vizit Lekòk/Asistans Teknik: Sekirite nan otobis, entèvansyon sou kriz, sèvis terapi endividyèl Kourikoulòm: Rezolisyon konfli nan K-12zyèm ane, priz konsyans sou dwòg, prevansyon sou vyolans / medyasyon

14 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 Pwomosyon/Kominikasyon: Koneksyon Senesof sou sit entènèt, feyè enfòmasyon CRA Done/Sistèm Enfòmasyon Elèv: Sondaj Konpòtman Riske Jenn, Liy 24 sou 24 baz done Triyaj/Evalyasyon: Evalyasyon Fòm Fizik Elèv, Risk Suisid ak Evalyasyon Regleman: Regleman Prevansyon Kont Entimidasyon BPS, Regleman Byennèt Distri a, Regleman Anviwonman San Tabak Pwogram Prevansyon: Lekòl ki Sansib sou Twoma, Konekte Fanmi, Operasyon Anndan Patisipasyon Lafanmi: Liy telefòn 24 sou 24 kont Entimidasyon, reyinyon admisyon paran, konsèy fanmi Tan Aprantisay Pwolonje: Tèt-ansanm ki gen arevwa ak byennèt (tankou BOKS), Samdi pou Siksè Patisipasyon Elèv: Gid prevansyon kont entimidasyon, Aksyon pou Devlopman Kominote Boston "Boston Community Development (ABCD)" 4.2.2 Jistis Reparatè (RJ) Jistis Reparatè se yon filozofi ak yon apwòch pou adrese move konpòtman, konfli ak ofans pandan y ap kenbe elèv lekòl epi rann yo responsab aksyon yo. RJ poze twa kesyon: ki tò ki te koze sou moun nan ak tout kominote a, toulede; kilès ki responsab tò sa a epi fè bagay yo mache dwat; lèfini kijan tò a ka repare ak retabli relasyon yo pi granjanman posib. Anpil fwa RJ enkli dyalòg ant de pati oubyen plis, oubyen konferans an gwoup reyinyon yo genyen ladan yo viktim nan, moun ki koze ofans la, epi kominote ki afekte a. Bi prensipal yo se pou kreye yon espas an sekirite pou viktim nan ak kominote a kapab genyen dizon pa yo nan kijan pou yo fikse pwoblèm nan epi detèmine konsekans ki apwopriye; rele pwoblèm nan pou sa li ye a yon fason pou moun ki kreye pwoblèm nan kapab konprann enpak aksyon yo a; epitou kreye yon opòtinite pou sila yo ki responsab pwoblèm nan kapab fikse li. Bagay sa a retabli relasyon yo epitou li redui chans pou ta genyen move konpòtman alalong. Pou plis enfòmasyon al gade Anèks B oubyen ale nan www.safersanerschools.org www.restorativejustice.com; oubyen www.iirp.org; 4.2.3 Sistèm Sipò Baze sou Nivo nan Masachousèt (MTSS) MTSS la gen yon sistèm nivo chanjman nan sal klas la, lekòl la ak distri a pou satisfè bezwen akademik ak bezwen ki pa akademik tout elèv ak tout elèv ki gen enfimite. Twa nivo fleksib reprezante nivo sipò ak entèvansyon akademik ak sa ki pa akademik ak yon entansite an montan: 1) anviwonman lekòl ki sipòtif; 2) entèvansyon depi byen bonè; ak 3) sèvis entansif. Eleman santral nan MTSS a se kourikoulòm debaz ak enstriksyon ki gen kalite wo nivo; entèvansyon akademik ak evalyasyon baze sou rechèch; entèvansyon sou konpòtman ak sipò baze sou rechèch; triyaj inivèsèl ak kontwòl pwogrè; epi kolaborasyon ak kominikasyon ant edikatè ak paran. Pou plis enfòmasyon al gade Anèks C Seksyon 5 LÒT ENTÈVANSYON AK APWÒCH KI KONSANTRE SOU ELÈV 5.1 Konferans ki konsantre sou elèv

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 15 Anplwaye akademik ava eseye rezoud pwoblèm disiplin anvan yo refere yo bay Administratè Lokal la oubyen yon moun Administratè a bay dwa. Pou sa ka fèt, anplwaye akademik yo, nan moman yo temwen oubyen yo enfòme yo sou yon ofans Kòd la entèdi, nou ankouraje yo pale ak elèv la an prive osito yo genyen opòtinite sa, epitou pale ak paran an swa pa telefòn oubyen pa lèt. Yon anplwaye akademik oubyen yon elèv kapab envite yon paran nan yon konferans ak elèv la epi anplwaye a nan yon lè ak yon kote ki konvenab pou tout moun. 5.1.1 Referans Anplwaye Non-Akademik Anplwaye non-akademik ak lòt moun kap sèvi lekòl nou yo men ki pa anplwaye, osito yo temwen yon ofans Kòd sa a entèdi, ankouraje refere pwoblèm nan bay yon anplwaye akademik ki ap sipèvize elèv la oubyen, si pa genyen youn yo konnen osinon ki disponib, refere ka a bay Administratè Lokal la ki va bay yon anplwaye akademik apwopriye dwa pou antreprann machasuiv sa a ki dekri nan Seksyon 3.2. 5.1.2 Referans Baze sou Konferans Anplwaye Akademik Lè rezolisyon konferans anplwaye akademik la pa satisfezan, anplwaye akademik la ava enfòme Administratè Lokal lekòl la oubyen yon Moun Ki Gen Dwa pou fè sa, li te refere elèv la pou ka chache rezoud pwoblèm nan oubyen move konpòtman an. Y ap plase nan dosye tanporè elèv la yon deklarasyon alekri sa ki te pase ki te fè yo refere elèv la, ofans yo kwè elèv la te komèt la, ak jefò pwofesè a te fè pou li rezoud pwoblèm. 5.1.3 Konferans Enfòmèl Administratè Lokal la Administratè Lokal la oubyen moun li bay Dwa a ava eseye aranje yon lè ak yon kote ki konvenab pou tout patisipan yo pou yon konferans enfòmèl. Administratè Lokal la oubyen Moun li Bay Dwa a kapab envite paran an pou vin nan konferans enfòmèl sa a, men si paran an pa vini patisipe sa pa dwe retade konferans la ni sa pa dwe afekte kantite tan oubyen kalite aksyon disiplinè y ap pran an. Si genyen plis pase yon elèv ki te patisipe nan ensidan an yo ap refere elèv la pou li a, Administratè Lokal la oubyen Moun li Bay Dwa a, osinon elèv la kapab mande pou tout elèv ki konsène yo prezan. 5.1.4 Machasuiv Lekòl Elemantè Nou rekonèt lekòl elemantè yo pa genyen menm chapant òganizasyonèl oubyen pwogram ki kapab ede nan mezi prevansyon ak solisyon altènatif yo pran nan lekòl segondè. Kidonk, li enpòtan anpil pou komite nan nivo elemantè devlope Regleman Lekòl anba Seksyon 4 la ki tabli mekanis sipò anndan lekòl la, lèfini ant anplwaye lekòl la ak paran. Administratè Lokal lekòl Elemantè yo oubyen moun yo bay Dwa a dwe travay nan tèt ansanm ak anplwaye epi paran pou devlope kalite resous sa yo. 5.2 Kontra Anplwaye lekòl la kapab devlope akò ak elèv pou idantifye konpòtman yo sible, defini ak kisa sa yo ap atann yo, epi dekri konsekans. Kontra sa yo kapab alekri pou kontwole konpòtman elèv pandan yo lekòl la, sou wout lekòl pandan yo prale ak lè yo ap soti lekòl, nan transpò lekòl la founi, epi nan aktivite lekòl la patwone, pandan ak apre jounen lekòl regilye. Kontra sa yo kapab enkli lòt anplwaye, paran, administratè, ak lòt elèv, lè sa apwopriye. Nou rekòmande pou akò sa yo fèt alekri epi pou genyen lè espesik pou revize yo. Yo va enfòme elèv, epi paran elèv ki poko gen 18 an se si yo vle pou yo dakò ak yon kontra. 5.3 Kenbe apre Lekòl Yon solisyon pou move konpòtman elèv kapab kenbe apre lekòl. Lekòl dwe sèvi ak kenbe apre lekòl tankou

16 KÒD KONDUIT LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 yon opòtinite pou founi elèv yo sipò edikatif. Apre yo fin enfòme elèv ak paran/responsab oubyen Èd ki otorize a alekri nan lang yo pale lakay elèv la, yo kapab kenbe yon elèv apre lekòl pa plis pase inèdtan apre lekòl pou chak jou pa plis ke twa (3) jou lekòl youn dèyè lòt oubyen yo kapab mande elèv la pou li vini lekòl la pi bonè pou yon kantite jou byen detèmine, depi kantite total jou pou kenbe apre lekòl la pa depase twa (3) èdtan tan pou yon ofans. Si yo pa kapab jwenn yon Paran/Responsab/Èd ki otorize a pa telefòn, yo kapab kenbe elèv la jou annapre a depi yo bay elèv la yon nòt avètisman alekri bay paran li nan lang yo pale lakay elèv la. Aranjman dwe fèt pou elèv ki genyen transpò nan otobis jòn yo. Avètisman fèt pou bay nan yon tan ki rezonab anvan yo kenbe elèv la apre lekòl la. Si yon elèv rate rete apre lekòl sa kapab debouche sou lòt aksyon disiplinè. Elèv yo fèt pou kapab fè devwa yo nan lè yo kenbe yo apre lekòl la. 5.4 Pèdi Privilèj Lekòl: Pwomnad, Aktivite Apre Lekòl, elatriye Si gen yon pwomnad oubyen aktivite lekòl ki egzijib pou ansèyman ak aprantisay la kapab fèt nan sal klas la oubyen gen yon devwa pou yon pwen, elèv yo pa kapab pèdi opòtinite pou yo patisipe. Nan lòt ka, yon elèv kapab pèdi privilèj nan lekòl tankou pwomnad ak aktivite apre lekòl kòm solisyon pou move konpòtman. Yo kapab enpoze solisyon sa a apre yo fin voye yon nòt alekri bay Paran, Responsab oubyen Èd ki otorize a nan lang yo pale lakay elèv la, men yo pa kapab retire dwa yon elèv pou li patisipe nan aktivite lekòl nètale. Yo kapab retire privilèj yon elèv pou li patisipe nan aktivite lekòl pa plis pase yon semèn alafwa, oubyen yon total twa (3) semèn pandan yon tèm, sof si te gen yon chita-tande jan sa defini nan Seksyon 9.5. Pou lekòl ki adopte lwa inifòm obligatwa, elèv paran yo mande egzante yo pou lwa sa a pap pèdi okenn privilèj nan lekòl la lè yo pa mete inifòm nan sou yo. Nan ka kote yo pa te mande pou egzante yo, timoun nan kapab pèdi privilèj nan lekòl la apre paran an fin resevwa nòt avètisman epi yo ofri paran an yon dezyèm fwa pou li mande egzante elèv la pou regleman inifòm obligatwa a. 5.5 Ajisteman Manch Long nan Orè Klas Apre yo fin voye yon avi bay elèv ak paran pou rezon ki fè yo pwopoze ajisteman klas la ak apre sesyon medyasyon devan paran an, orè klas yon elèv kapab ajiste, men se pou kapab minimize kontak ant elèv ak yon mèt/matmwazèl oubyen ant elèv ak yon lòt elèv lè genyen prèv genyen yon konfli san rete ant yo de a. Kapab genyen ajisteman orè tanporè pou jiska twa (3) jou san yo pa avèti paran an. 5.6 Pwobasyon Apre avi alekri, oubyen apre yon konferans ant elèv epi paran, si genyen yon lòt ofans ankò sa ap debouche sou yon lòt mezi disiplinè an patikilye, yon elèv kapab plase sou pwobasyon pou jis lè tèm nan fini. Nenpòt ki mezi disiplinè ki pran an koneksyon ak pwobasyon an ap fèt kare-bare an akò ak Kòd la. 5.7 Restitisyon Apre avi alekri bay elèv ak paran, oubyen apre konferans ak elèv epi paran an, yo kapab mande yon elèv pou repare, retabli, ranplase, oubyen peye pou domaj, kraze-brize, pwopriyete lekòl la ki pèdi oubyen volè. Yo kapab mande pou pèman an fèt swa ak lajan kontan oubyen ak sèvis tout moun dakò ki apwopriye. 5.8 Refize Bay Transpò Lekòl la 5.8.1 Yo kapab refize bay elèv transpò lekòl la bay, ak tout pas MBTA gratis, paske yo kontinye gen move konpòtman oubyen fè ofans ki grav, jan sa dekri nan sekyon 7.2 rive 7.10 ak sekyon 14.1 lè sa pase nan lekòl la osinon nan transpò piblik.

KÒD DISIPLIN LEKÒL PIBLIK BOSTON JIYÈ 2013 17 5.8.2 Nou kapab refize bay yon elèv transpò lè aksyon li fè a mete oubyen kontinye mete sekirite li ak sekirite lòt moun an danje. 5.8.3 Refize bay transpò ap pou yon tan byen espesifik lèfini konfòm ak prensip disiplin pwogresis epitou kalite vyolasyon an. 5.8.4 Refize bay transpò pandan pi piti pase kat (4) jou pa bezwen yon chita-tande. Sepandan, yo ap bay elèv la rezon ki fè yo refize ba li transpò epi li ap genyen opòtinite pou reponn akizasyon yo mete sou do li yo anvan yo egzekite refi a. Refize bay transpò pandan kat (4) jou youn dèyè lòt ak/oubyen sis (6) jou ototal nan nenpòt ki tèm dwe genyen yon chita-tande daprè Sekyon 9.5. Nan kèlkilanswa ka a, paran an fèt pou avèti anvan yo refize bay sèvis transpò a. Ale gade Egzibisyon 1: Sijesyon pou Machasuiv sou Liy Tan pou Refize Bay Transpòtasyon. EGZIBISYON 1: Machasuiv Pou Pa Gen Transpòtasyon Rapòte Ensidan Sizoka gen on ensidan akòz konpòtman elèv, chofè otobis la ap kontakte Kontraktè Otobis la epi l ap enfòme Kontraktè Otobis la sou ensidan an. Kontraktè Otobis la responsab pou enfòme Depatman Transpòtasyon sou ensidan an swa aloral ou alekri osinon toulede. Toudepann gravite ensidan an, y ap kontakte moun sa yo aloral epi alekri: Administratè Lokal la, Direktè Transpòtasyon, Sipèentandan Adjwen, Direktè Jeneral Operasyon, Sipèentandan Rezo, Direktè Transpòtasyon, Lidè Operasyon, Biwo Sekirite Kontraktè Otobis, ak Ofisye Transpòtasyon ki gen dwa pou sa. Wòl ak Responsablite Administratè Lekòl Pou pa gen transpòtasyon ki dire pi piti pase kat jou: Administratè Lokal la responsab pou envestige ensidan an epi pran aksyon ki apwopriye. Si rezilta a se pou pa gen transpòtasyon, se responsablite lekòl la pou enfòme paran an aloral epi alekri nan lang yo pale lakay la. Lekòl la ap fakse Avètisman Pa Gen Transpòtasyon bay Ofisye Transpòtasyon an ki gen dwa pou sa a, ki pral kowòdone a Kontraktè Otobis la dat lè pap gen transpòtasyon an kòmanse ak dat l ap fini. Pou pa gen transpòtasyon k ap dire kat jou oubyen plis : Administratè Lokal la responsab pou envestige ensidan an epi pran aksyon ki apwopriye. Si rezilta a se pou pa gen transpòtasyon, se responsablite lekòl la pou li enfòme paran an aloral epi alekri nan lang yo pale lakay la. Lekòl la ap fakse avètisman Pa Gen Transpòtasyon an bay Ofisye Transpòtasyon an ki pral kòwòdone ak Kontraktè Otobis la dat lè pap gen transpòtasyon an kòmanse ak dat l ap fini. Si pap gen transpòtasyon pou yon bon tout tan, souple voye enfòmasyon an bay Lidè Operasyon an. Nòt : Elèv ki enfim pa kapab pa gen transpòtasyon (al gade Anèks 7 ak Seksyon 15.4) Wòl ak Responsablite Chofè Otobis ak Kontraktè Otobis Chofè yo ap avèti Kontraktè Otobis la aloral epi alekri sou nenpòt ki ensidan ki rive nan otobis la pandan elèv yo nan otobis la pral lekòl epi ap sot lekòl. Depatman Transpòtasyon an ap fè suivi ak anplwaye lekòl la ki anchaj kowòdone pa gen transpòtasyon Chofè Otobis la ap kapab fè yon rekòmandasyon bay lekòl la pou retire privilèj pa gen transpòtasyon yon elèv ki gen plis pase 3 ensidan. Y ap voye rekòmandasyon an alekri bay Depatman Transpòtasyon, Kontraktè Otobis yo ak Lekòl la. Lekòl la ap pran yon detèminasyon final. Nòt: Elèv ki enfim pa kapab pa gen transpòtasyon (al gade Anèks 7 ak Seksyon 15.4)