Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Similar documents
REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Pushing: stage 2 of labor

Preche Levanjil Mwen an

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Avi sou pratik konfidansyalite

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

The shadows, The shadows, the emptiness, this

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

Other books by or edited by Bryant Freeman

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Elementary: Intermediate:

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

Byenvini nan klas kreyòl!

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

English IV Through ESOL

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

On the Common Goods. Dr. Gregory Froelich

English IV Through ESOL

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

2018 ROSS COUNTY IDOL & JR. IDOL Presented by Feast of the Flowering Moon

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages

Celebrai Will Lopes pdf download $1.00 GP-L003 SATB a cappella. Will Lopes. Celebrai. for SATB a cappella.

MUSIC FOR CHILDREN CARL ORFF CANADA MUSIQUE POUR ENFANTS ORFF CHILDREN S DAY

2018 UNDERGRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM

Remote Control Setup

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions

Execu/Suite Master Folio Setup

College of MUSIC. James Forger, DEAN UNDERGRADUATE PROGRAMS. Ad mis sion as a Ju nior to the Col lege of Mu sic

Doshisha Women s College of Liberal Arts Japanese Studies Program 2016 Application Checklist

四川苗 小花苗 Gan Yi Dry Yi 干彝 Hei Yi Black Yi 黑彝 Bai Yi Eastern Lisu

For Review Only. Pangasinan Pronunciation Guide. Consonants are pronounced like the typical Italian ones except: c which is pronounced like k

2017 Tentative Roster

Ilio Volante Composer

2018 GRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

Perusal only. So - leil. go sur. les flots. Vo-guons

AUDITIONS. Woodland Theatre Presents

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

Cheers to Chapman Wilson Spa and Pool.

Setting Up Your Camera

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

Transcription:

Kategori : ELÈV YO Nimewo : A-815 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Paj : 1-1 REZIME CHANJMAN YO sa a ranplase A-815 date 21 jiyè 2004. Li founi enfòmasyon debaz sou pwosedi responsabilite yo egzije pou pwogram sèvis manje lekòl la. Chanjman : Yo mete ajou règleman sa a pou ajoute yon lòt metòd pou garanti responsabilite ki apwouve sa a ajoute nouvo pwosedi responsabilite pou direktè yo swiv nan kote ki gen plizyè lekòl oubyen pwogram oswa toude.

Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 1-5 REZIME Sèvis manje maten ak midi dwe kòmanse nan lekòl leta yo nan premye jou lekòl la e yo dwe kontinye sèvi e rann kont pou yo pou chak jou lekòl, e sa enkli demi jounen administratif yo. sa a founi enfòmasyon debaz sou pwosedi responsabilite pou jistifye tout demann ranbousman Depatman an soumèt. Si yo pa swiv pwosedi kòrèk yo, gen posibilite pou gen anpil lajan ki pèdi e sa kapab afekte ni pwogram edikasyonèl yo ni pwogram nitrisyonèl yo. Se responsabilite tout pèsonèl ki enplike nan Pwogram repa lekòl la pou yo okouran enstriksyon sa yo e pou yo respekte yo. I. RESPONSABILITE A. Yo defini responsabilite isit la kòm metòd ak pwosedi ki fèt pou yo bay rezilta sa yo ki pi ba a : 1. Founi chif chak jou ki presi e ki dokimante nan Pwen kote yo sèvi a sou kantite manje maten ak manje midi yo sèvi timoun yo dapre categori elijibilite chak timoun (gratis, ba pri oswa pri nòmal), kèlkeswa kote yo pran repa yo (tankou kafeterya, salklas, elatriye) e 2. Garanti repa yo sèvi yo genyen eleman nitrisyonèl yo egzije yo : twa nan kat eleman yo nan manje maten ak twa nan senk eleman yo nan manje midi. B. Chif dokimante sou kantite repa yo reklame pou ranbousman an se nan Pwen kote yo sèvi a yo anrejistre l. Pwen sa a defini kòm pwen nan operasyon sèvi manje a kote yon kontaj presi kapab fèt sou manje ranbousab yo sèvi yon timoun ki elijib. Yo dwe pran dispozisyon pou kolekte e dokimante lajan pou patisipan ki oblije peye pri nòmal la oswa pri ki pi ba a pou repa yo. II. KIJAN POU YO DOKIMANTE ELIJIBILITE A. Pwosedi administratif yo dwe toujou anplas pou yo idantifye, selon elijibilite yo, tout elèv ki prezante pou yo sèvi yo manje. Sa enkli pwosedi pou idantifye elèv ki pèdi kat pou repa yo oubyen sa yo te vòlè kat pou repa yo oswa kanè talon yo. Elijibilite elèv yo dwe dokimante nan ATS la, swa otomatikman atravè yon match nan òdinatè oswa manyèlman atravè yon aplikasyon SD1041 oubyen yon lèt Sètifikasyon andirèk Direct Certification (konsilte Chanselye A-810 lan).

Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 2-5 III. 1. ATS la ap sèvi kòm baz pou responsabilite sou tout repa elèv e y ap defini yon lis prensipal pou eleman idantifikasyon pou manje elèv dirèkteman apati analiz enfòmatik ATS RMEL la. B. Pandan mwa Septanm, lekòl yo kapab kontinye sèvi ak rejis repa ane pase a oubyen lis prensipal elijibilite a rive jis 21 oktòb 2005. Sa vle di lekòl leta yo ta dwe konsève rejis repa yo oubyen lis prensipal elijibilite ki soti nan ATS la depi nan dat lekòl la kòmanse rive nan dat sa a sèlman. 1. Rive nan mitan mwa Septanm, y ap retire (elimine) tout kòd ki egziste yo nan ATS la e y ap fè yon match enfòmatik pou tout elèv yo ak done Administrasyon resous imèn lan Human Resources Administration sou moun ki resevwa asistans leta (Temporary Assistance to Needy Families (TANF)) ak moun ki resevwa food stamp. Nenpòt elèv ki ta matche ap resevwa yon kòd nan ATS la ki montre li elijib pou manje midi gratis san konsiderasyon sou si fanmi an fè yon aplikasyon pou manje midi oubyen pa. 2. Apati 24 oktòb 2005, rejis repa yo ak lòt zouti verifikasyon nan Pwen kote yo sèvi a (tankou rejis klas, kat idantite ak talon koupon repa) dwe soti nan rapò RMEL ATS la fè e elijibilite a dwe baze sou done ane ki ankou a. Lekòl yo pa ta dwe sèvi ak rejis ki fèt alamen. METÒD RESPONSABILITE YO REKONÈT A. Yo kapab sèvi ak metòd yo site la yo (e sèlman ak sa yo) kòm metòd responsabilite e tout dwe konfòme yo a kòd repa ane ankou a ki nan ATS la : 1. Yon lis klas kode ki soti nan RMEL nan ATS la (li kapab sèvi nan tout lekòl yo). 2. Kat repa pèmanan ak Rejis nimewote (li kapab sèvi nan tout lekòl yo). 3. Kanè talon (kapab sèvi nan lekòl segondè, entèmedyè ak junior high). 4. Systèm elektwonik nan Pwen kote yo sèvi a Electronic Point-of-Service (POS). B. Kèlkeswa metòd yo sèvi a, gen fonksyon ki pa chanje. 1. Direktè a oswa moun ki deziyen an dwe detèmine elijibilite elèv yo dabò avèk yon mekanis apwopriye tankou kodaj otomatik nan ATS, yon fòm SD1041 yo ranpli oswa yon lèt Sètifikasyon andirèk ki valid. 2. Metòd responsabilite a pa dwe pèmèt idantifikasyon elèv yo pa kategori elijibilite sou baz aparans fizik kat la, kanè talon an elatriye. 3. Nan fen sèvis chak jou a, yo dwe fè total kantite repa yo sèvi pou chak kategori elijibilite. Se kesyè a oubyen manm pèsonèl direktè a deziyen an ki fè total yo e yo

Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 3-5 IV. voye rapò a ba moun ki responsab pou ranpli Rapò sou repa yo sèvi yo Report of Meals Served (MIE 1). 4. Nan kote ki gen plizyè lekòl oubyen lòt pwogram ki pral fè rapò sou kantite repa yo sèvi sou menm rapò reklamasyon an (Report of Meals Served Form MIE-1 ), direktè yo dwe afekte yon moun pou fè yon analiz responsabilite apa nan Pwen kote yo sèvi a. Manm pèsonèl la ap fè rapò sou patisipasyon elèv la, jan yo endike l anlè a, e li pral bay manm pèsonèl lekòl prensipal yo deziyen an chif definitif la chak jou. 5. Yo dwe sere dokimantasyon apwopriye a pou yon peryòd twazan, plis ane ankou a. C. Deskripsyon detaye alekri sou metòd responsabilite ki apwouve yo disponib nan Biwo pou manje lekòl la Office of SchoolFood. Pèsonèl teren Biwo pou manje lekòl la disponib tou pou bay enstriksyon sou tout egzijans yo e pou bay konsiltasyon sou metòd ki kapab pi apwopriye nan yon sityasyon an patikilye. Si ta gen kesyon, direktè a ta dwe diskite yo ak manadjè SchoolFood yo afekte pou lekòl la. PWOSESIS REPA LEKÒL INIVÈSÈL LA A. Premyè Ane oswa Ane Debaz 1. Lekòl la dwe bay chak elèv li yon aplikasyon pou manje midi nan lekòl la (SD1041). 2. Lekòl la dwe sètifye aplikasyon pou manje midi elèv la kòm gratis, ba pri oswa pri nòmal dapre direktiv federal aktyèl yo ak Chanselye A-810 la. 3. Lekòl la dwe mete anplas youn nan metòd responsabilite yo defini pi wo a. 4. Lekòl la dwe asire l li fè reklamasyon kòrèk pou tout repa elèv yo (maten ak midi) nan Pwen kote yo sèvi a chak jou pa kategori elijibilite kòm repa gratis, a ba pri oswa pri nòmal dapre kantite repa yo konte avèk sistèm responsabilite a. 5. Yo dwe sèvi ak metòd responsabilite a chak jou lè yo sèvi manje maten ak midi, menm lè gen demi jounen lekòl ak jou pwomnad e pou salklas ak lòt kote yo sèvi repa. 6. Yo pa dwe touche lajan pou manje maten ak midi, sòf pou sèvis alakat pou elèv ak granmoun. 7. Yo dwe ranpli yon fòm rapò MIE-1 (Report of Meals Served) ak yon fòm MIE-2 (Cash Receipt Worksheet) e soumèt yo ba Manadjè SchoolFood lan nan lendi apre semenn sèvis lan.

Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 4-5 8. Lekòl la dwe sere tout dosye yo (aplikasyon, rejis, talon, fòm MIE-1 e 2, lis prensipal, elatriye) pou twazan plis ane ankou an si lekòl la pa apwouve pou repa inivèsèl. Si lekòl la apwouve, yo kenbe dosye yo pou menm tan sa a apre fen sik repa inivèsèl la. B. Dezyèm Ane rive Katriyèm Ane (Apre apwobasyon lekòl la pa SED kòm Lekòl repa inivèsèl Universal Meals School) 1. Chak jou, nan Pwen kote yo sèvi a, manm pèsonèl direktè a afekte a dwe konte kantite repa konplè manje maten ak manje midi yo sèvi elèv yo. Yo dwe sèvi ak yon aparèy kontaj ("clicker") pou yo konte repa yo. Kontaj kantite plato oswa pòsyon manje oubyen metòd dediksyon pa de metòd akseptab pou konte repa yo. 2. Nan fen chak jou, manm pèsonèl direktè a afekte dwe bay moun k ap prepare fòm MIE-1 an kantite total manje maten ak manje midi konplè yo sèvi elèv yo. Chif sa a dwe anrejistre nan liy total la sèlman. 3. Repa yo sèvi elèv yo ke yo reklame ranbousman pou yo dwe repa konplè. Repa a dwe gen ladan l eleman nan manje yo egzije yo. Sa vle di yon manje maten dwe gen omwen twa nan kat eleman manje yo egzije yo pou yo ranbouse l. Yon manje midi dwe gen omwen twa nan senk eleman manje yo egzije yo pou yo ranbouse l. V. AFICHAJ PANKAT POU LAVANT KOTIDYEN KAT MANJE OUBYEN KANÈ A. Nan lekòl ki pa lekòl Repa inivèsèl, yo dwe afiche yon pankat kote tout moun ka wè l nan kafeterya a pou garanti gen kat kotidyen pou manje oubyen kanè ki la pou vann anvan repa a. Pankat sa a dwe di: KAT REPA KOTIDYEN OUBYEN KANÈ AP VANN LA A CHAK JOU. VI. (DAILY MEAL CARDS OR STUBS ARE AVAILABLE FOR PURCHASE DAILY.) B. Avi sa a ta dwe fè pati anons yo li ba elèv yo nan salklas yo. ADMINISTRASYON SISTÈM RESPONSABILITE A A. Pa gen okenn sityasyon kote yon direktè oswa yon moun yo deziyen kapab sèvi ak yon metòd responsabilite ki pa nan sa yo defini nan règleman sa a. Si yo ta prefere nenpòt lòt metòd, metòd sa a yo pwopoze a dwe soumèt ba Biwo pou manje lekòl la, nan adrès nou bay nan fen règleman sa a, pou yo soumèt li pou evalyasyon ak apwobasyon alekri ba Depatman Edikasyon Leta a. B. Si yon ajans federal oswa yon ajans eta a refize yon ranbousman poutèt yon lekòl pa mete anplas yon metòd responsabilite ki apwouve oubyen lòt egzijans pwogram manje maten, manje midi oswa sa lòt pwogram manje, lajan ki pèdi a pral soti nan fon prelèvman taks distri oubyen divizyon ansèyman ki responsab la.

Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 5-5 VII. VIII. RAPÒ SOU DONE MANJE MATEN AK MANJE MIDI A. Tout direktè oswa moun ki deziyen dwe sètifye patisipasyon lekòl yo nan manje maten ak manje midi e lajan yo kolekte nan yon fòm Rapò sou kantite repa yo sèvi (MIE-1) yo soumèt chak semenn ak yon fòm Cash Receipts Worksheet (MIE-2) ki gen yon chèk ki akonpaye l. Chèk sa a dwe fèt sou non Office of SchoolFood pou yo prepare yon reklamasyon pou ranbousman onivo federal ak eta a. B. Yon sistèm responsabilite ki apwouve dwe anplas depi premye jou ane akademik la. Elijibilite yon timoun pou ane ki sot pase a valab rive jis 21 oktòb 2005 oubyen rive lè yon nouvo analiz elijibilite fèt, selon sa ki vin anpremye a. C. Tout kat repa pèmanan, kanè, rejis, tikè ak kat manje midi, fòm MIE-1, fòm MIE-2 ak nenpòt lòt dosye (tankou tèp kès otomatik) ki asosye ak metòd responsabilite lekòl la dwe rete nan dosye lekòl la pandan twazan anplis ane ankou a e yo dwe disponib pou oditè vil la, eta a oubyen federal analize yo pandan lè nòmal lekòl yo. REKÈT Rekèt ki gen pou wè ak règleman sa a ta dwe adrese ba : Telefòn (718) 707-4250 Office of SchoolFood Internal Audit Unit NYC Department of Education 44-36 Vernon Boulevard Long Island City, NY 11101 Faks (718) 349-5463