Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Similar documents
REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

DOSYE ENSKRIPSYON POU

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Avi sou pratik konfidansyalite

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Pushing: stage 2 of labor

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

Preche Levanjil Mwen an

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Other books by or edited by Bryant Freeman

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

Elementary: Intermediate:

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The shadows, The shadows, the emptiness, this

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

Byenvini nan klas kreyòl!

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

KONTENI No.113 Mars Avril 2014

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

2017 Tentative Roster

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

KONTENI Nimero 123 Me Zin 2016

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

Classroom Cantatas. can ta ta singers. Mendell Elementary School. Countries and Oceans. Continent Cantata

Your use of the JSTOR archive indicates your acceptance of the Terms & Conditions of Use, available at

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

MUSIC FOR CHILDREN CARL ORFF CANADA MUSIQUE POUR ENFANTS ORFF CHILDREN S DAY

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

Perusal only. So - leil. go sur. les flots. Vo-guons

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions

KONTENI No.112 Desam Zanvye 2014

LALIT. Revi MOBILIZASYON LEPEP TINIZI, LEZIP, YEMENN! TRANZAKSYON MEDPOINT Paz 3 LALIT KOMANT LINISYATIV GM MERJER DAN MEDYA MORIS.

Remote Control Setup

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages

KONTENI No Zin Ziyet 2013

Fifth Grade Music History Video 2

SAMPLE MISSA MARIA MAGDALENA. Kyrie Free and mysterious; molto rubato h = 54 SOLO (SOPRANO 2) SOPRANO ALTO TENOR BASS ORGAN

Cover photo by Malene Thyssen,

Stodola Pumpa. Sto- do- la, Sto- do- la, Sto- do- la pum- pa Sto- do- la pum- pa, sto- do- la pum- pa

Schematic Set. For XR-20 and XR-24 Rack-Mount Mixers

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Answers File Type

Transcription:

Osijè : PWOMENAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 1-1 Rezime chanjman yo sa a ranplase Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005. an mete anplas règ ak pwosedi pou yo swiv nan tout sistèm eskolè a lè lekòl ap òganize pwomenad pou elèv yo. Li tabli direktiv pou planifye e pou fè pwomenad edikatif pou elèv yo. Li dekri responsablite Direktè chèf lekòl yo, direktè yo ak anplwaye yo. Li detèmine yon kantite fiks anplwaye ak lòt adilt pou yon kantite elèv byen detèmine, ansanm ak règ pou yo obsève nan ka ijans. Men chanjman yo : Akò Direktè chèf lekòl pou ansèyman rejyonal la nesesè pou vwayaj entènasyonal. Li pa nesesè pou vwayaj k ap fèt nan lòt vil peyi a ki dire pase sèt (7) jou. Yo pa bezwen akò Biwo Lekòl segondè pou vwayaj entènasyonal yo. Yo ka òganize pwomnad pou al naje, oswa pou al fè espò nan dlo, oubyen pou monte cheval ak akò direktè a e dapre sa li menm li deside. Kantite granmoun ki pou sipèvize elèv yo chanje.

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 1-7 ABSTRÈ sa a mete anplas règ, règleman, ak pwosedi pou lekòl yo swiv lè y ap òganize pwomnad pou elèv yo. Li ranplase Chanselye A-670 ki date 19 desanm 2003. Yo dwe modifye tout lwa ak pwosedi rejyonal ki gen pou wè ak pwomnad lekòl yo pou adapte yo a sa a. Yo defini yon pwomnad lekòl kòm tout pwomnad yo òganize andeyò lekòl la, kèlkeswa destinasyon oswa mwayen transpò yo itilize. Tout administratè ak anplwaye building yo dwe familyarize yo ak sa a pou asire yo pwomnad lekòl yo fèt sandanje, epi yo pwofitab e agreyab pou elèv yo, paran yo ak anplwaye yo. I. OBJEKTIF YO A. Pwomnad lekòl yo bay elèv yo opòtinite pou yo obsève, fè rechèch, konstate, epi patisipe toutbon vre nan eksperyans y ap viv yo. Lekòl yo ka otorize pwomnad anvan, pandan oswa apre lè lekòl yo. B. Tout pwomnad lekòl yo dwe konsantre yo sou selebrasyon yon evènman ki apwopriye e edikatif, epi yo dwe se pwolonjman pwogram etid ak anviwonman aprantisaj la. C. Pou tout pwomnad lekòl yo, direktè a gen responsablite pou l asire l ke yo pran tout kalite mezi apwopriye pou asire sekirite tout patisipan yo. II. PLANIFIKASYON AK ÒGANIZASYON A. Planifikasyon 1. Direktè a dwe apwouve alavans tout pwomnad lekòl yo. Yo konsidere kòm pwomnad lekòl tout pwomnad Pwogram espesyal yo òganize nan lekòl la menm (pa egzanp nan club) e direktè a dwe otorize yo alavans. Direktè chèf lekòl pou ansèyman rejyonal la dwe apwouve alavans tout vwayaj entènasyonal. 2. Yo dwe mete anplas yon plan vwayaj e yo dwe kenbe yon kopi plan an nan dosye lekòl pou tout pwomnad yo. Plan an dwe espesifye tout enfòmasyon, tankou moun ki responsab, klas elèv k ap patisipe yo, kote klas la pral loje, aktivite yo pral fè ak kote yo pral vizite, non granmoun k ap patisipe yo, ak detay sou ale-retou, mwayen transpò e

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 2-7 non konpayi transpò a, epi non konpayi asirans pou vwayaj la (al gade tout dokiman sou konpayi asirans lan ki vini ak dokiman sa a). 3. Yo dwe founi elèv Edikasyon espesyal transpò ak lojman ki satisfè bezwen yo. 4. Yo dwe enkli ijans medikal ak lajan anplis pou ka ijans nan plan vwayaj la. Adilt k ap sipèvize yo dwe vwayaje ak yon sak ki pou gen ladan l tout bagay yo ka itilize ann atandan swen doktè, nimewo telefòn pou sèvis ijans nan zòn lan, ak nimewo telefòn pou yo kontakte kay elèv yo. 5. Lè y ap planifye yon pwomnad, anplwaye yo dwe chèche konnen si gen pri espesyal pou gouvènman ak lekòl ki disponib pou lojman, transpò, elatriye. Yo dwe toujou enfòme yo pou konnen si gen kondisyon ki pèmèt yo pa peye taks, e yo dwe enkli sa ki pwouve pou kisa yo egzante nan konvèsasyon oswa lèt yo ak founisè sèvis sa yo. B. Depans Depans, tankou kòb pou admèt elèv yo nan pwomnad la e pou loje yo, pa dwe twò chè, e pa ka yon montan ki ka anpeche elèv patisipe si yo ta vle si li pa te koute twòp. Yo pa ka anpeche yon elèv patisipe si l pa ka peye lajan yo mande l pou peye a. Lè l nesesè, lekòl yo ka ede elèv yo ki gen pwoblèm lajan pou yo kapab patisipe. C. Avi pou paran, Fòm ak dokiman * pou paran bay akò yo. 1. Se pou yo avize paran yo alekri anvan yo planifye pwomnad la, e gen yon fòm pou paran yo bay akò yo ki obligatwa pou chak pwomnad k ap fèt. Yo pa p pèmèt okenn elèv patisipe nan yon pwomnad si paran l oswa gadyen legal li, oswa yon moun ki fanmi li pa siyen yon fòm pou l di li dakò pou pèmèt elèv la patisipe nan pwomnad la (gade dokiman sa yo ki vin ak sa a). Yon elèv ki gen dizwit ane oswa plis, oswa yon minè emansipe, ka bay akò l limenm. 2. Yo dwe mete nan fòm akò yo aktivite ki gen risk ladan yo (tankou, naje, monte cheval, eskiye, ekipman espò) elèv yo pral fè nan pwomnad la, e yo dwe mande paran yo anpatikilye nan fòm lan si y ap * Yo dwe ekri tout lèt oswa fòm pou bay akò ki gen pou wè ak sa a, lè sa posib, nan lang oswa nan mwayen pou kominike paran elèv la pi pito. Nan ka sa yo, lè l pa posib voye yon tradiksyon konplè, yo dwe ekri lèt la oswa fòm akò a ann angle e avi ki pou ale ak lèt la dwe ekri nan lang oswa nan mwayen pou kominike paran elèv la pi pito ki pou endike mo sila yo : Lèt sa a gen ladan l enfòmasyon sou pitit ou a ki enpòtan anpil. Tanpri fè yon moun tradyi l pou ou touswit.

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 3-7 bay pitit yo pèmisyon pou patisipe nan aktivite sa yo. Si otorizasyon doktè nesesè pou yon elèv patisipe nan yon pwomnad oswa nan kèk aktivite, elèv la dwe chèche gen otorizasyon an anvan pwomnad la. 3. Lè se pa Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) k ap bay lajan pou yon pwomnad e se yon asosyasyon paran, yon asosyasyon paran-pwofesè oswa yon òganizasyon ekstèn ki gen yon rapò ak lekòl la k ap finanse l, yo dwe eksplike paran yo sa kareman, e tout dokiman ki gen pou wè ak pwomnad la dwe endike sa. D. Sipèvizyon 1. Direktè a dwe deziyen yon pwofesè sètifye, yon asistan direktè, oswa yon lòt sipèvizè pou patisipe nan pwomnad la kòm moun ki gen tout responsablite pwomnad la. Pou pwomnad y ap òganize pou elèv nan pwogram sou dwòg yo, yo dwe deziyen anplwaye Sèvis pou prevni oswa anpeche moun itilize dwòg Substance Abuse Prevention Intervention Services (SAPIS) ki okipe elèv yo regilyèman kòm moun ki gen tout responsablite pwomnad la. 2. Yon adilt responsab dwe akonpaye elèv yo touttan, epi yo dwe sipèvize elèv jan sa dwe fèt nan tout etap pwonmad la. Yo pa ka pa sipèvize yon elèv nan okenn moman pwomnad la. Lè y ap fè aktivite ki gen risk yo (tankou, naje, monte cheval, eski sou glas) oswa lè y ap titilize ekipman pou fè espò nan pwomnad la, direktè a oswa moun li deziyen an dwe asire l sipèvizyon adilt la koresponn ak aktivite a pandan elèv yo ap patisipe nan aktivite a. Lè aktivite pwomnad yo ekzije ekipman apwopriye pou pwoteksyon, yo dwe founi yo. 3. Si yon elèv dwe kite pwomnad la anvan l fini, youn nan anplwaye yo dwe akonpaye l si yon paran pa kapab vin chèche l. 4. Direktè a gen responsablite pou l asire l kantite anplwaye ak granmoun pa rapò a elèv yo apwopriye pou pwomnad la. E li dwe pran ankonsiderasyon laj elèv k ap patisipe nan pwomnad la, mwayen transpò, e tip vwayaj la. Yo dwe itilize pwopòsyon anplwaye pa rapò a elèv sila yo : a. Pwomnad regilye nan vil Nouyòk : Pou elèv lekòl primè ak lekòl entèmedyè, omwen yon (1) anplwaye lekòl ak de (2) lòt granmoun pou jiska trant (30) elèv. Pou elèv lekòl segondè yo, omwen yon (1) anplwaye lekòl ak yon (1) lòt adilt pou jiska trant (30) elèv. Anplwaye lekòl la dwe se yon pwofesè oswa yon sipèvizè. Lòt adilt la ka yon paran ki ap ofri

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 4-7 sèvis volontè oswa youn nan anplwaye k ap anseye yo (tankou pwofesè, sansè, konseye pedagojik, asistan sosyal) oswa yon parapwofesyonèl oubyen yon èd pwofesè lekòl. b. Pwomnad pou pase yon jou andeyò lavil la oswa pou pase nwit la deyò : Pou elèv lekòl primè, entèmedyè e segondè, omwen de (2) anplwaye lekòl la e yon (1) granmoun pou jiska trant (30) elèv. Nan de (2) anplwaye lekòl ki site pi wo a, youn ladan yo dwe se yon pwofesè oswa yon sipèvizè. Lòt la ka youn nan anplwaye k ap anseye yo (tankou, pwofesè, sansè, konseye pedagojik, asistan sosyal) oswa yon parapwofesyonèl oubyen yon èd pwofesè lekòl. c. Lòt adilt, pou pwomnad nou site pi wo yo : Nan klas primè, pou chak dis (10) elèv k ap patisipe, yo ekzije yon adilt. Nan klas entèmedyè ak nan klas segondè yo, pou chak kenz (15) elèv k ap patisipe, yo ekzije yon (1) adilt. d. Vwayaj entènasyonal Dwe genyen omwen de (2) anplwaye pou jiska kenz (15) elèv. Li rekòmande pou yo enkli nan pwomnad omwen yon paran volontè. Nan de (2) anplwaye lekòl yo ki site piwo a, youn ladan yo dwe se yon pwofesè oswa yon sipèvizè. Lòt la dwe se youn nan anplwaye ansèyman yo (tankou, pwofesè, sansè, konseye pedagojik, asistan sosyal), oswa yon parapwofesyonèl oubyen yon èd pwofesè lekòl. Pou chak dis (10) elèv k ap patisipe, yo mande pou gen yon adilt anplis. e. Elèv Edikasyon espesyal yo Pou pwomnad lekòl pou elèv Edikasyon espesyal, kantite anplwaye pa rapò a kantite elèv la dwe omwen egal ak sa ki ekzije pou klas yo. 5. Anjeneral, li rekòmande pou anplwaye lekòl yo k ap akonpaye elèv yo soti nan menm lekòl k ap òganize pwomnad la. Kèk fwa, lè sa nesesè, direktè a, si l vle, ka apwouve lè yo mande l pou anplwaye lòt lekòl akonpaye elèv yo. 6. Kèlkeswa tip pwomnad, li pa fezab pou yo reyini oswa ranvwaye elèv yo yon lòt kote ki pa lekòl la, sèlsi fòm pou bay akò a otorize ekspre pou sa fèt. Direktè oswa moun li deziyen an dwe pran tout

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 5-7 responsablite pou l resevwa timoun k ap tounen soti nan pwomnad la. Lè sikonstans moun pat prevwa anpeche ranvwa elèv yo kote yo te konvni a : (1) yo dwe kontakte paran yo pou fè yo konnen sitiyasyon an; (2) anplwaye lekòl ki apwopriye yo dwe rete ak elèv la (yo) jiskaske paran an (yo) vin chèche elèv la (yo). Si yon paran pa ta vin chèche yon timoun e si yo eseye plizyè fwa kontakte paran an oswa moun yo dwe kontakte a, direktè oswa moun li deziyen an dwe ranseye l sou pwosedi rejyon an pou elèv ki rete apre lekòl, oswa li dwe kontakte biwo lapolis ki pi pre a. 7. Yo pa pèmèt frè ak sè elèv ki gen paran k ap akonpaye l nan pwomnad yon klas patisipe nan pwomnad la. E. Ijans 1. Elèv disparèt a. Si yo pa ka wè youn oswa plis elèv kote yo fè pwomnad la, se pou yo avèti otorite konpetan nan zòn lan touswit, epi òganize yon rechèch. Si, lè yo fin chèche, yo pa ka jwenn elèv la (yo), yo dwe rele polis nan rejyon an touswit. Anplwaye responsab la dwe fè tout efò pou kontakte paran yo, ansanm ak sipèvizè l tou. b. Yon anplwaye dwe rete kote yo fè pwomnad la jiskaske li rann li kont tout elèv yo prezan. Anplwaye responsab la dwe detèmine si lòt elèv ak adilt yo kite kote yo òganize pwomnad la. Yo dwe pran tout desizyon sa yo ankonsiltasyon avèk sipèvizè anplwaye yo. Yo dwe ba paran yo nouvo ransèyman sou rezilta rechèch y ap fè pou yo jwenn pitit yo. 2. Maladi ak blesi a. Si yon elèv tonbe malad oswa si l blese, e li bezwen pou yo ede l, yo dwe avèti fonksyonè lasante apwopriye yo touswit. Fonksyonè lasante yo dwe detèmine gravite maladi a oswa blesi a, e si gen bezwen pou mete l lopital, yon adilt dwe akonpaye timoun lan. Se pou yo avèti paran yo touswit e ba yo ransèyman sou sa k ap pase (lopital, elatriye), e di yo ki kalite maladi oswa ki domaj timoun lan genyen. b. Anplwaye responsab la dwe detèmine si lòt elèv ak lòt adilt yo kite kote yo òganize pwomnad la, men tou yon anplwaye dwe rete jiskaske elèv ki malad oswa blese a kapab kite kote a. Yo dwe pran tout desizyon sa yo apre yo fin diskite ak sipèvizè anplwaye

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 6-7 yo. Yo dwe avèti paran yo osijè eta pitit yo si yo pa ka vwayaje pou vini kote yo te òganize pwomnad la. III. TRANSPÒ A. Lekòl yo ka itilize tout mwayen transpò sila yo : 1. Sistèm transpò piblik yo (tankou, subway, otobis); 2. Avyon komèsyal ki gen patant; 3. Otobis ki fonksyone ant vil yo oswa sistèm transpò piblik (tankou, Amtrak, Greyhound); ak 4. Otobis prive ki fè trafik men ki gen otorizasyon pou fè l, tankou otobis lekòl. Nou pral dekri yo pi ba a : a. Tout machin yo itilize pou transpò elèv dwe respekte tout règleman Depatman Edikasyon, vil, leta, ak federal yo sou transpò elèv. Yo dwe enkli nan règleman sa yo, men se pa sa sèlman, nòm ofisyèl yo mete anplas pou machin, chofè, asirans, ak konpayi yo. Se pou nou kontakte Biwo pou transpò elèv Office of Pupil Transportation (OPT) pou n sa jwenn yon lis konpayi ki ofri sèvis ki respekte nòm sa yo. b. Pou mande OPT yon otobis lè yon lekòl ap òganize yon pwomnad, tanpri kontakte Depatman pwomnad edikatif Field Trip Unit nan (718) 784-3313. Depatman sa a voye ba tout lekòl, anvan lekòl ouvri chak ane, enfòmasyon sou fòmalite pou yo fè pou yo sa jwenn otobis pou pwomnad yo. Tanpri, li pwosedi sa yo lè w ap mande OPT pou l ba w sèvis otobis. c. Elèv yo pa ka ale kote y ap fè pwomnad la nan yon machin ki pa gen otorizasyon pou fè sa oswa nan yon vwati prive. IV. ASIRANS Lekòl yo dwe mete nan dosye yo dokiman ki pwouve kote elèv yo pral vizite a gen yon asirans responsablite sivil ki kouvri tout domaj pou yon valè ki pou pa mwenske 2.000.000$ pou chak ensidan, epi se pou kote a bay alekri garanti ke nòm ofisyèl pou lasante, ensandi, ak sekirite yo adapte a nòm ki obligatwa yo nan zòn kote yo abite a pou moun ki gen laj kat a venteyen ane. Nan ka yo pa resevwa dokiman sa a, direktè lekòl la dwe detèmine si yo fèt pou fè pwomnad la. Yo dwe achte yon asirans gwoup medikal pou kouvri tout patisipan nan pwonmad entènasyonal yo. Yo dwe poze tout kesyon ki gen pou wè ak asirans ba Biwo sèvis legal yo Office of Legal Services.

Osijè : PWOMNAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 7-7 V. RESPONSABLITE Dapre lwa Leta Nouyòk, anplwaye k ap anseye e k ap sipèvize yo, ak moun yo ki gen otorizasyon pou patisipe nan pwogram volontè lekòl la ka gen dwa pou yon avoka reprezante yo, e pou resevwa lajan pou tout reklamasyon yo fè poutèt yon seri bagay moun fè oswa moun deside pa fè nan kad travay leta l ap fè a e pandan anplwaye a oswa volontè a t ap fè travay li, alòke li pa t ap vyole okenn règleman Depatman Edikasyon lè moun lan fè oswa pa fè bagay la. Nan ka yon anplwaye oswa yon volontè Depatman Edikasyon ap fè yon pwosè, se pou li kontakte Biwo sèvis legal Office of Legal Services Depatman an nan (212) 374-6888 pou l mande avoka Depatman an reprezante l. VI. RANSÈYMAN Pou mande ransèyman sou sa a, se pou moun kontakte Biwo pou pwojè espesyal yo : Telefòn 212-374-6099 212-374-0398 Office of Special Projects N.Y.C. Department of Education 52 Chambers Street - Rm. 205 New York, New York 10007 Faks 212-374-5902

Chanselye A-670 Atachman #1 Paj 1 nan 2 REMAK: Ka oblije gen chanjman ki fèt nan dokiman sa a pou egzije enfòmasyon anplis depandan de sikonstans inik sou yon sòti patikilye. Avi pou Paran/ Fòm Konsantman Sòti Lajounen Non Klas Lekòl (make lòt moun ki ap sipòte sòti a si genyen) Dat Sòti: / / Kowòdònatè sòti a: Destinasyon: Kote yo ap Derape: Lè Depa: Kote yo ap Retounen: Lè Retou: Mwayen Transpò: Objektif Sòti a: Abiman Espesifik/Ekipman ki Nesesè pou Sòti sa a: Men aktivite fizik ak espòtif kap genyen nan sòti sa a: Mwen se paran/reskonsab elèv ki gen non li anlè a, mwen bay pèmisyon nan fòm konsantman sa a pou pitit mwen an patisipe nan sòti lekòl la ap òganize a ki make pi wo a. a) Mwen konprann ke gen ris posib ki asosye ak aktivite ki make anlè yo epi mwen aksepte pou pitit mwen patisipe nan tout aktivite yo eksepte pou aktivite swivan yo: b) Tanpri make pi ba a tout pwoblèm medikal tanporè oswa pèmanan, lòt kondisyon medikal, medikaman oswa manje espesyal, oswa aparèy pou tande oswa pou wè ke nou ta dwe konnen sou pitit ou: c) Mwen konprann ke kòm paran, si mwen kwè ke li nesesè pou yo limite aktivite pitit mwen an pou anpil tan, alòs lekòl la ka paka akomode pitit mwen nan sòti sa a. Yo pral fè mwen ak pitit mwen an konnen sa, depi lekòl la resevwa fòm konsantman sa a, ki ranpli. d) Mwen dakò ke si gen yon ijans, maladi oswa aksidan, moun ki anchaj sòti a ka aji nan plas mwen pou pitit mwen an ka resevwa tretman doktè. Parent Consent Form Day Trip T&I71 (Haitian Creole)

Chanselye A-670 Atachman #1 Paj 2 nan 2 e) Mwen konprann ke pitit mwen an dwe konpòte li byen epi li dwe swiv règleman disiplin lekòl la. f) Mwen aksepte epi mwen konprann ke mwen reskonsab zak pitit mwen an, epi mwen pap pote plent kont lekòl la ni mwen pap rann lekòl la reskonsab pou okenn ensidan ki ka rive pandan sòti sa a, eksepte si se neglijans anplwaye lekòl la ki lakòz ensidan sa a. g) Mwen konprann ke mwen reskonsab pou mwen mennen pitit mwen ale nan pwen depa epi pou mwen al chache nan pwen retou nan kote ki idantifye anwo a yo. Mwen konprann ke gen anpwlaye lekòl la kap akonpaye pitit mwen pandan sòti sa a, menm lè lap deplase de pwen depa a pou ale nan pwen destinasyon an, epi de pwen destinasyon an pou ale nan pwen retou a. h) Mwen konprann ke yo pa pèmèt gen alkòl ak/oswa dwòg ki pa legal epi mwen pale de sa ak pitit mwen an. Mwen konprann ke si yo jwenn pitit mwen an ak bagay sa yo, li ka resevwa pinisyon lekòl la epi yo ka menm pouswiv li pou krim. i) Mwen konprann ke lekòl la ka anpeche elèv ki pa swiv règleman disiplin lekòl la patisipe nan yon sòti. j) Si gen yon ijans ou ka jwenn mwen nan: Lajounen: ( ) Leswa: ( ) Lòt moun anplis ou ka Kontake: Non Lajounen: ( ) Leswa: ( ) k) Mwen bay pèmisyon pou pitit mwen an patisipe nan sòti lekòl sa a. (Siyati Paran/Reskonsab) (Dat) DEKLARASYON ELÈV (Pou elèv Lekòl Elemantè ak Lekòl Segondè siyen) Mwen li Fòm sila a epi mwen konprann ke mwen dwe konpòte mwen byen nan sòti sa a menm jan mwen sipoze konpòte mwen lekòl. (Siyati Elèv la) (Dat) Parent Consent Form Day Trip T&I71 (Haitian Creole)

Chanselye A-670 Atachman #2 Paj 1 nan 2 REMAK: Ka oblije gen chanjman ki fèt nan dokiman sa a pou egzije enfòmasyon anplis depandan de sikonstans inik sou yon sòti patikilye. Avi pou Paran/Fòm Konsantman Sòti tout jounen/rive demen maten Non Klas Lekòl (make lòt moun ki ap sipòte sòti a si genyen) Dat Sòti a: / / Kowòdònatè Sòti a: Destinasyon: Kote yo ap Derape: Lè Depa: Kote yo ap Retounen: Lè Retou: Mwayen Transpò: Objektif Sòti a: Abiman Espesifik/Ekipman ki Nesesè pou Sòti sa a: Men aktivite fizik ak espòtif kap genyen nan sòti sa a : Mwen se paran/reskonsab elèv ki gen non li anlè a, mwen bay pèmisyon ak fòm konsantman sa a pou pitit mwen an patisipe nan sòti leòl la ap òganize a ki make pi wo a. a) Mwen konprann ke gen ris posib ki asosye ak aktivite ki make anlè yo epi mwen aksepte pou pitit mwen patisipe nan tout aktivite yo eksepte pou aktivite swivan yo: b) Tanpri make pi ba a tout pwoblèm medikal tanporè oswa pèmanan, lòt kondisyon medikal, medikaman oswa manje espesyal, oswa aparèy pou tande oswa pou wè ke nou ta dwe konnen sou pitit ou : c) Mwen konprann ke kòm paran, si mwen kwè ke li nesesè pou yo limite aktivite pitit mwen an pou anpil tan, alòs lekòl la ka paka akomode pitit mwen nan sòti sa a. Yo pral fè mwen ak pitit mwen an konnen sa, depi lekòl la resevwa fòm konsantman sa a, ki ranpli. d) Mwen dakò ke si gen yon ijans, maladi oswa aksidan, moun ki anchaj sòti a ka aji nan plas mwen pou pitit mwen an ka resevwa tretman doktè. Parent Consent Form Overnight/Extended Day Trip T&I71 (Haitian Creole)

Chanselye A-670 Atachman #2 Paj 2 nan 2 e) Mwen konprann ke mwen reskonsab mennen pitit mwen an kote sòti a ap derape a ak kote l ap retounen an ki make anlè a. Mwen konprann ke pitit mwen dwe gen moun estaf la ki pou akonpaye li pandan sòti a, ansanm ak lè li derape ak lè li retounen. f) Mwen konprann ke lekòl la ka chanje aranjman vwayaj la, detay yo si sa nesesè. Yo pral fè mwen konnen chanjman sa yo depi yo kapab. g) Mwen konprann ke lè lekòl la ap fè aranjman ak detay vwayaj la, lè li chwazi avyon, tren, restoran, lotèl ak lòt bagay yo, li paka kontwole kalite sèvis ke yo bay. Poutèt sa, lekòl la pa reskonsab aksyon konpayi sa yo, tankou lè gen malèt ki pèdi, chanm ki pa bon, ranbousman ak lòt bagay. h) Mwen konprann ke pitit mwen an dwe konpòte li byen epi li dwe swiv règleman disiplin lekòl la. i) Mwen aksepte epi mwen konprann ke mwen resoonsab zak pitit mwen an, epi mwen pap pote plent kont lekòl la ni mwen pap rann lekòl la responsab pou okenn ensidan ki ka rive pandan sòti sa a, eksepte si se nelgijans anplwaye lekòl la ki lakòz ensidan sa a. j) Mwen konprann ke lekòl la ka anpeche elèv ki pa swiv règleman disiplin lekòl la patisipe nan yon sòti. Lèfini, mwen konprann si yon enfraksyon grav oswa yon enfraksyon ki repòte pandan sòti a, lekò la gen dwa pou li retire pitit mwen an nan pwogram nan epi voye li tounen lakay li. Si yo fè sa yap fè mwen konnen. Mwen konprann ke si yo voye pitit mwen tounen lakay li bonè, mwen reskonsab tout frè li koute paske Ii kite bonè epi mwen pèdi tout lajan mwen peye deja ke yo pa ranbouse lekòl la. k) Mwen konprann ke lekòl la ka anpeche elèv ki pa swiv règleman disiplin lekòl la patisipe nan yon sòti. l) Si gen yon ijans ou ka jwenn mwen nan: Lajounen: ( ) Leswa: ( ) Lòt moun anplis ou ka Kontake: Non Lajounen: ( ) Leswa: ( ) m) Mwen bay pèmisyon pou pitit mwen an patisipe nan sòti lekòl sa a. (Siyati Paran/Responsab) (Dat) DEKLARASYON ELÈV (Pou elèv Lekòl Elemantè ak Lekòl Segondè siyen) Mwen li Fòm sila a epi mwen konprann ke mwen dwe konpòte mwen byen nan sòti sa a menm jan mwen sipoze konpòte mwen lekòl. (Siyati Elèv la) (Dat) Parent Consent Form Overnight/Extended Day Trip T&I71 (Haitian Creole)

Chanselye A-670 Atachman #3 Paj 1 nan 3 REMAK: Ka oblije gen chanjman ki fèt nan dokiman sa a pou egzije enfòmasyon anplis depandan de sikonstans inik sou yon sòti patikilye. Fòm konsantman sa a pa aplike pou sòti kote elèv yo rete kay fanmi ki resevwa yo Avi pou Paran/Fòm Konsantman Vwayaj Lòt Bò Dlo Non Klas Si pitit ou a pa gen yon paspò Ameriken, tanpri antre an kontak ak kowòdonatè vwayaj la. Peyi etranje gen diferan règ sou viza ak pèmi pou vwayajè ki pa gen paspò Ameriken. Lekòl (make lòt moun ki ap sipòte sòti a si genyen) Dat Vwayaj(yo): / / rive / / Kowòdònatè Sòti a: Destinasyon: Kote yo ap Derape: Lè Depa: Kote yo ap Retounen: Lè Retou: Mwayen Transpò: Non Transpòtè: Objektif Sòti a: Abiman Espesifik/Ekipman ki Nesesè pou Sòti sa a: Men aktivite fizik ak espòtif kap genyen nan sòti sa a: Mwen se paran/reskonsab elèv ki gen non li anlè a, mwen bay pèmisyon ak fòm konsantman sa a pou pitit mwen an patisipe nan vwayaj pou ale, ki make pi wo a. a) Mwen konprann ke gen ris posib ki asosye ak aktivite ki make anlè yo epi mwen aksepte pou pitit mwen patisipe nan tout aktivite yo eksepte pou aktivite swivan yo: b) Tanpri make pi ba a tout pwoblèm medikal tanporè oswa pèmanan, lòt kondisyon medikal, medikaman oswa manje espesyal, oswa aparèy pou tande oswa pou wè ke nou ta dwe konnen sou pitit ou : Parent Consent Form International Trip T&I71 (Haitian Creole)

Chanselye A-670 Atachman #3 Paj 2 nan 3 c) Mwen konprann ke kòm paran, si mwen kwè ke li nesesè pou yo limite aktivite pitit mwen an pou anpil tan, alòs lekòl la ka paka akomode pitit mwen nan sòti sa a. Yo pral fè mwen ak pitit mwen an konnen sa, depi lekòl la resevwa fòm konsantman sa a, ki ranpli. d) Mwen dakò ke si gen yon ijans, maladi oswa aksidan, moun ki anchaj sòti a ka aji nan plas mwen pou pitit mwen an ka resevwa tretman doktè. e) Mwen konprann ke mwen reskonsab mennen pitit mwen an kote sòti a ap derape a ak kote l ap retounen an ki make anlè a. Mwen konprann ke pitit mwen dwe gen moun staf la ki pou akonpaye li pandan sòti a, ansanm ak lè li derape ak lè li retounen. f) Mwen konprann ke lekòl ka chanje aranjman vwayaj la, detay yo si sa nesesè. Yo pral fè mwen konnen chanjman sa yo depi yo kapab. g) Mwen konprann ke lè lekòl la ap fè aranjman ak detay vwayaj la, lè li chwazi avyon, tren, restoran, lotèl ak lòt bagay yo, li paka kontwole kalite sèvis ke yo bay. Pou tèt sa, lekòl la pa reskonsab aksyon konpayi sa yo, tankou lè gen malèt ki pèdi, chanm ki pa bon, ranbousman ak lòt bagay. h) Mwen konprann ke pitit mwen an dwe konpòte li byen epi li dwe swiv règleman disiplin lekòl la. i) Mwen dakò epi mwen konprann ke mwen reskonsab zak pitit mwen an epi mwen pap pote plen kont lekòl la ni mwen pap rann lekòl la reskonsab pou okenn ensidan ki ka rive pandan sòti sa a, eksepte si se neglijans anplwaye lekòl la ki lakòz ensidan sa a. j) Mwen konprann ke lekòl la ka anpeche elèv ki pa swiv règleman disiplin lekòl la patisipe nan yon sòti. Lèfini, mwen konprann si yon enfraksyon grav oswa yon enfraksyon ki repòte pandan sòti a, lekò la gen dwa pou li retire pitit mwen an nan pwogram nan epi voye li tounen lakay li. Si yo fè sa yap fè mwen konnen. Mwen konprann ke si yo voye pitit mwen tounen lakay li bonè, mwen reskonsab tout frè li koute paske Ii kite bonè epi mwen pèdi tout lajan mwen peye deja ke yo pa ranbouse lekòl la. k) Si gen yon ijans ou ka jwenn mwen nan: Lajounen: ( ) Leswa: ( ) Lòt moun anplis ou ka Kontake: Non Lajounen: ( ) Leswa: ( ) l) Mwen bay pèmisyon pou pitit mwen an patisipe nan vwayaj lòt bò dlo sa a, lekòl la ap fè a. (Siyati Paran/Reskonsab) (Dat) Parent Consent Form International Trip T&I71 (Haitian Creole)

Chancellor s Regulation A-670 Atachman #3 Paj 3 nan 3 DEKLARASYON ELÈV (Pou elèv Lekòl Elemantè ak Lekòl Segondè siyen) Mwen li Fòm sila a epi mwen konprann ke mwen dwe konpòte mwen byen nan vwayaj sa a menm jan mwen sipoze konpòte mwen lekòl. Mwen aksepte règleman ke Lekòl la ak Depatman Edikasyon an mete sou pye pou pwogram entènasyonal yo. Mwen pwal swiv lwa ak règleman peyi etranje a. Mwen dakò pou mwen aksepte kondisyon vwayaj lekòl la chwazi yo. Mwen pwal patisipe nan pwogram oryantasyon lekòl ak Depatman edikasyon an fè anvan epi apre yo. Mwen konprann ke yo entèdi gen alkòl ak/oswa dwòg ki pa legal epi si yo jwenn mwen gen bagay sa yo, lekòl la ka pini mwen epi yo ka menm pouswiv mwen pou krim. (Siyati Elèv) (Dat) Parent Consent Form International Trip T&I71 (Haitian Creole)