Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Similar documents
Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Other books by or edited by Bryant Freeman

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

Pushing: stage 2 of labor

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

English Language Lesson two Dr. S. Fiala

Elementary: Intermediate:

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

Byenvini nan klas kreyòl!

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

Lesson 35: Sick Day (20-25 minutes)

Preche Levanjil Mwen an

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

What s the matter? WORD POWER Parts of the body. A ` Listen and practice.

Here we go again. The Simple Past tense, is a simple tense to describe actions occurred in the past or past experiences.

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Health Unit: Level 3

Lesson 60: Visit to the Doctor / Dentist (20-25 minutes)

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Contents. sample. Unit Page Enrichment. 1 Conditional Sentences (1): If will Noun Suffixes... 4 * 3 Infinitives (1): to-infinitive...

Get ready 1 Talk about the pictures

Reference: Book: American Channel - Level: Beginners Unit: 1 Lesson 1 COURSE 1 PART A. Conversation Models and Patterns:

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

ESL Podcast 227 Describing Symptoms to a Doctor

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

1 Family and friends. 1 Play the game with a partner. Throw a dice. Say. How to play

Sample. How to Use an Apostrophe. Lesson Objective. Warm-Up. A. Writing. Writing in English

Instant Words Group 1

PRESENT CONTINUOUS AND FUTURE TENSES

GRAMMAR CURRICULUM LEVEL I

Blue Cow, Green Cow. University of Massachusetts Boston. From the SelectedWorks of Rebecca Saunders

1 st Final Term Revision SY Student s Name:

QualityTime-ESL Podcasts

9 Guests are allowed to wear casual dress. 11 There's a possibility that the show will be cancelled think that Andrew will collect the money.

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

HERE AND THERE. Vocabulary Collocations. Grammar Present continuous: all forms

The shadows, The shadows, the emptiness, this

to believe all evening thing to see to switch on together possibly possibility around

Punctuation Parts 1 & 2 E N G L I S H 2 1 M S. B R O W N

PRE-ADOLESCENTS BEGINNERS WEB SAMPLE 2018 NEW CONTENTS

PRE-ADOLESCENTS 1 WEB SAMPLE 2015 NEW TASKS & MARKING SCHEME

Parts of the Body: Level 3. Directions: Write about the picture and answer the questions. Read your story to your group when you are finished.

Key Stage 2 example test paper

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

ii) Are we writing in French?. iii) Is there a book under the chair? iv) Is the house in front of them?

Talking about the Future in English. Rules Stories Exercises SAMPLE CHAPTER. By Really Learn English

Hello. I m Q-rex. Target Language. Phone Number :

DOSYE ENSKRIPSYON POU

METACOGNITIVE CHALLENGES SUMMARY CHART

Unit 7 Speech/Narration

Sample unit. me to ask him visit my aunt. about work there for you?

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

Pronouns. *when nouns go pro*

S. 2 English Revision Exercises. Unit 1 Basic English Sentence Patterns

Basic English. Robert Taggart

A Pleasant Evening. Listening Comprehension Lesson Plan

DOCTORS A PT E R 2. Picture Story. Asking Questions. Describing Symptoms. What is happening in these pictures?

First Nations Language Essentials

ELEMENTARY GRAMMAR LABORATORY 1ST SEMESTER

The verb PIACERE (to like) #1

LEARNING GRAMMAR WORKBOOK 6 is specially designed to assess and expand the student s usage of grammar in the English Language.

Starting and Ending a Conversation

MODAL VERBS ABILITY. We can t meet them tomorrow. Can you hear that noise?

Name Date. Listen to the conversations. Check the correct sentences. #1 Vera is a new patient not a new patient

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

VOCABULARY. Working with animals / A solitary child / I have not seen him for ages

Prof. Jendry E. Barrios O.

ENGLIGH REVIEW. 1ºy 2ºESO Colegio "La Inmaculada" Am, is or are? Write the correct word in the gaps. Then make the sentences negative.

I SPY WITH LITTLE EYES I SPY WITH MY LITTLE EYES. By Katie Drew

VOCABULARY. Looking for a temporary job / Spoil yourself! / If I were you...

THE MAGICIAN S SON THE STORY OF THROCKTON CHAPTER 7

Commonly Misspelled Words

5.1 Present Perfect: Statements

Jane Haining angol nyelvi verseny

My interests. Vocabulary. Free-time activities. Let s go to the new pizza place. Good idea! I m really hungry. What are you drawing?

able, alone, animal, become, call, catch, country, monkey, thin, word; baby, clean, eat, enjoy, family, fruit, jump, kind, man, parent

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

"Ways Verbal Play such as Storytelling and Word-games Can Be Used for Teaching-and-learning Languages"

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

01- Rewrite the sentences below in the passive voice. a) The police fined the driver for speeding. b) Her friends sent her a lot of birthday cards.

Value: Truth / Right Conduct Lesson 1.6

Transcription:

Leson 1 Bonjou Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten. Nou ka rele-m pwofesè Jisten. Elèv yo: Bonjou, pwofesè Jisten. Pwofesè: Mesye-dam, byenveni nan klas Kreyòl-la. Elèv yo: Mèsi, pwofesè. Pwofesè: Ann aprann Kreyòl. Nou dwe tande, pale, epi panse. Èske nou konprann? Elèv yo: Nou konprann, wi. Pwofesè: Nou dwe pote yon kaye, yon plim, ak liv la. Elèv yo: Wi, pwofesè. Pwofesè: Mwen swete nou tout bòn chans nan klas la. Elèv yo: Mèsi anpil. Pwofesè: Mèsi pou pasyans ak patisipasyon nou. 1

VOKABILÈ (Vocabulary) NOUNS chèz chanm doktè enfimyè etid fanm fi gad malad (nèsizèd)* gason kabann klas konesans lakay, kay lopital mesye nèg nonm pasyan pasyans timoun tout tout moun * Nòt Vokabilè chair bedroom doctor nurse study woman girl nurse s aide man, boy bed class, classroom knowledge, consciousness home, house hospital sir, mister guy man patient patience child all, every everybody VERBS achte antre aprann bezwen chita dwe etidye konprann mache pale panse pote rele * swete tande OTHERS Ann fè konesans. bòn chans byenveni epi, epitou kijan, kouman mesye-dam to buy to enter to learn to need to sit down must to study to understand to walk to speak to reflect, to think to bring, to carry to call, to be called, to scream to wish to listen Let s make acquaintance. good luck welcome and, then, and also how ladies and gentlemen Onè! and Respè! are used in greeting an individual or a group. When you meet an individual, or if you knock on someone s door, or if you are going to address a group, you generally say, Onè! (literally Honor, used here as one might say, Is anybody home? The individual or the group will respond, Respè! (literally Respect, used as one might say, Come in!) klas-la la is the article, referring to klas (the class); elèv-la (the student). The noun is unchanged in the plural, which is indicated by the article yo (klas-yo, the classes; elèv-yo, the students) or by context (Gen yon chèz, There is a chair; Gen chèz, There are chairs.). See the Gramè section in Lesson 4 (Definite and Indefinite Articles, p. 20). rele in the expression Kijan ou rele? (What s your name? [How are you called?]) can also mean to call or to scream. Mwen rele Franswa. My name is François. [I am called François.] Rele doktè-a. Call the doctor. Doktè-a rele m. The doctor calls me. Pasyan an rele. The patient screams. Tifi-a rele Mari. The girl s name is Mary. [The girl is called Mary.] nèsizèd nurse s aide borrowed from English, to express a term that s unfamiliar in Haiti. This and a few other foreign terms are italicized in this text. 2 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

ANN APRANN (Let s Learn) Greetings & Names Note that some greetings in Kreyòl may not have exact English translations. Tout moun tande, epitou repete. Everybody listen and then repeat. Bonjou, madanm. Good morning, madam. Bonjou, mesye. Good morning, sir. Mwen rele... My name is. E ou menm? And you [yourself]? Kijan ou rele? What is your name? Kijan manman ou rele? What s your mother s name? Kijan li rele? What s his/her name? Papa mwen rele Loran. My father s name is Lawrence. E li menm? And he [himself]? Kijan gason an rele? What s the boy s name? Gason an rele Andre. The boy s name is Andre. Ki non pasyan an? What s the patient s name? Non pasyan an se Nikòl. The patient s name is Nicole. Wi, non li se Nikòl. Yes, her name is Nicole. Mis la rele Elèn. The nurse s name is Eileen. Wi, li rele Elèn. Yes, (she is called ) her name is Eileen. Kouman pwofesè a rele? What is the teacher s name? Pwofesè a rele Janèt. The teacher s name is Jeanette. Èske ou pale Kreyòl? Do you speak Creole? Èske ou konprann Angle? Do you understand English? Wi, mwen konprann Kreyòl ak Angle. Yes, I understand Creole and English. Kijan ou ye? How are you? Anfòm. Fine. Pa pi mal. Not too bad. LEson 1: Bonjou 3

GRAMÈ Pwonon pèsonèl (Personal pronouns) a) In Kreyòl, five personal pronouns are used. Nou is used for both first-person plural and second-person plural. Singular: mwen I ou you li he, she, it Plural: nou we nou you yo they b) Each pronoun has a short form, used for contractions. The sounds can be subtle, especially if a native speaker is talking fast listen carefully for them. Also, you may optionally use an apostrophe to replace missing letters in contractions, just as in English. Long form: mwen ou li nou yo Short form: m w l n y Mwen gen lafyèv. M ale lopital la. M bezwen li. I have a fever. I go to the hospital. I need it. Ou mèt chita. W ale lakay. W achte manje. You may sit. You go home. You buy food. Li chita sou kabann-lan. L ale labank-lan. He sits on the bed. She goes to the bank. Nou pale ak doktè-a. N ale lekòl. N aprann lang lan. We speak to the doctor. We go to school. We learn the language. Yo malad. Y ale legliz. They are ill. They go to church. c) The same personal pronouns serve as subject, object, and possessive. long form short form subject object possessive Singular mwen m I me my ou w you you your li l he/she/it him/her/it his/her/its Plural nou n we/you us/you our/your yo y they them their Papa mwen chita sou kabann-lan. My father sits on the bed. (possessive) Doktè-a rele mwen. The doctor calls me. (object) Mwen rele doktè-a. I call the doctor. (subject) 4 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

EKZÈSIS (Exercise) Greetings & Names I. Make up names to answer the following questions in Kreyòl, following the model. Modèl: Kijan pwofesè-a rele? Pwofesè-a rele Toma. Li rele Toma. 1. Kouman pitit-la rele? 2. Kijan enfimyè-a rele? 3. Ki non pasyan-an? 4. Kijan gason-an rele? 5. Kouman fi-a rele? 6. Kijan papa-ou rele? 7. Kijan mesye-a rele? II. Translate the following sentences into Kreyòl. Modèl: My name is Robert. And you, what s your name? Mwen rele Robè. E ou-menm, kijan ou rele? 1. The teacher calls the student. 2. What is the teacher s name? 3. The student s name is Anna. 4. And the nurse, what s his name? 5. His mother s name is Josette. 6. The patient speaks Kreyòl. 7. She understands English. PWOVÈB (Proverb) Piti piti zwazo fè nich li. Little by little the bird makes its nest. LESSON 1 GOOD MORNING Let s make aquaintance. Teacher: Onè! (Honor!) The students: Respè! (Respect!) Teacher: Good morning, everybody. The students: Good morning, teacher. Teacher: My name is Jeanette Justin. You can call me Professor Justin. The students: Good morning, Professor Justin. Teacher: Ladies and gentlemen, welcome to the Kreyòl class. The students: Thank you, teacher. Teacher: The students: Teacher: The students: Teacher: The students: Teacher: Let s learn Kreyòl. You must listen, speak, and think. Do you understand? We understand, yes. You need to bring a notebook, a pen, and the book. Yes, teacher. I wish you all good luck in the class. Thank you very much. Thanks for your patience and participation. LEson 1: Bonjou 5

Leson 2 Yon ekzamen medikal Chal gen lafyèv ak malgòj. Li vizite doktè-li. Doktè: Bonjou, Mesye Chal. Chal: Bonjou, Doktè Lwi. Doktè: Mesye Chal, kijan ou ye jodiya? Chal: Mwen pa pi mal, non. M gen malgòj. Doktè: Enben, chita sou chèz la, souple. Chal: Mèsi, Doktè Lwi. Doktè: Louvri je ou. Gade isit. Louvri bouch. Di Aaah! Vire tèt ou adwat agòch... Respire Sispann. Leve bra ou... Leve janm ou... Lòt janm Kanpe. Mache. Ou mèt chita. Kouche. Sa fè ou mal? Kikote isit? 6 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

VOKABILÈ NOUNS bouch bra janm malgòj tèt je (also zye) mouth arm leg sore throat head eye(s) VERBS bese to lower, to bend down chita to sit fèmen to close, to shut gade to look genyen, gen * to have kanpe to stand leve to raise, get up mache to walk (ou) mèt * (you) may ouvè (also louvri, ouvri) to open respire to breathe rete sispann rive vire OTHERS adwat agòch ankò atè anlè isit la lòt Kijan ou santi w? kontan fe-m mal Se tout? tou toudwat to stop, stay, reside to stop to arrive to turn to the right to the left again down [to the earth] up, upward here there other How are you feeling? happy, glad hurts me [makes me bad] Is that all? too, also straight * Nòt Vokabilè Mèt has several meanings. It means may, as in giving permission. Ou mèt ale. You may go. Mwen mèt chita? May I sit down? Wi, ou mèt chita. Yes, you may sit down. It also means teacher: Mèt Jisten. It has the meaning of master, in the sense of ownership mèt kay la, master/owner of the house. Mèt also means meter, the unit of measure 2 mèt an longè, 2 meters in length. Genyen, gen to have. Gen at the beginning of a sentence means There is/are. Gen twa moun. There are three persons. Gen kat kilomèt... It is four kilometers Gen kèk semèn It s been a few weeks Pa gen pwoblèm. There s no problem. (You re welcome.) Genyen yon is typically shortened to Gen yon, or even further to Gon: Gen yon liv. (Gon liv.) There s a book. M gon malgòj. I have a sore throat. Leson 2: Yon ekzamen medikal 7

ANN PRATIKE (Let s Practice) Read this dialog between a receptionist and a patient. Resepsyònis: Bonjou mesye. Pasyan: Bonjou madam. Resepsyònis: Mwen rele Rita. E ou-menm, kijan ou rele? Pasyan: M rele Chal. M kontan fè konesans ou. Resepsyònis: Mesye Chal, kijan ou santi w? Pasyan: Mwen pa santi m byen. Resepsyònis: Poukisa? Kisa ou genyen? Pasyan: Mwen gen malgòj. Resepsyònis: Se tout? Pasyan: Non, tèt mwen fè-m mal tou. Resepsyònis: Mesye Chal, chita isit. Pasyan: Mèsi, madam Rita. GRAMÈ Tan prezan (Present tense) The present tense expresses an action that is happening now or that happens as a general rule. It can have different shades of meaning, depending on context and intonation (pretty much as in English). Li travay byen. 1. She works well. 2. She really works well. 3. She is working well. Mwen pale I speak Ou pale You speak Li pale He/She speaks Nou pale We/You(plural) speak Yo pale They speak English often uses helping verbs (Do you want? Is he going?), where Kreyòl does not. Ou pran otobis kounyeya? Non, mwen pa pran otobis la. Kikote ou rete? Kilè ou vle ale? (Are) you taking the bus now? No, I (do) not take the bus. Where (do) you live? When (do) you want to go? EKZÈSIS Practice with verbs I. Tradui fraz sa yo an Angle. Translate these sentences into English. 1. Chal chita sou chèz-la. 2. Nou pale ak Nikòl. 3. Li kanpe, mache, epi kouri. 4. Mesye Janjak gade pitit-li. 5. Li louvri bouch-li. 6. Mari kouche sou kabann nan. 7. Papa-li ale lopital jodiya. 8 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

II. Make commands (or other sentences) with the following words, then translate into English. Modèl: louvri (open) Chal, louvri bouch-ou. Charles, open your mouth. 1. chita (sit down) 2. fèmen (close) 3. gade (look at) 4. kanpe (stand) 5. kouri (run) 6. kouche (lie down) 7. mache (walk) 8. pale (speak) 9. tande (hear) 10. vire (turn) GRAMÈ Prezan Pwogresif (Present progressive): ap The present progressive is expressed by using the tense marker ap before the verb or predicate. The tense marker ap is sometimes used to indicate a near-future event or situation. M ap manje pen. W ap mache toudwat. L ap pale ak zanmi li. N ap travay rèd. Y ap ede fanmi yo. M ap vini demen. I am eating bread. You are walking straight. He s talking with his friend. We are working hard. They are helping their families. I will come tomorrow. [I am coming tomorrow.] PWOVÈB Se mèt kò ki veye kò. The owner of the body looks out for the body. LESSON 2 A MEDICAL EXAM Charles has a fever and sore throat. He visits his doctor. Doctor: Good morning, Mr. Charles. Charles: Good morning, Dr. Louis. Doctor: Mr. Charles, how are you today? Charles: I m not too bad. I have a sore throat. Doctor: Well, sit on the chair, please. Charles: Thanks, Dr. Louis. Doctor: Open your eyes. Look here. (Doctor:) Open your mouth. Say Aaah! Turn your head to the right to the left Breathe Stop. Raise your arm Lift up your leg The other leg Stand up. Walk. You may sit. Lie down. Does this hurt you? Where here? Leson 2: Yon ekzamen medikal 9

Leson 3 Yon maten nan kay la Andre vini pou ti dejene, men Mari santi li malad, li poko leve. Andre: Bonjou, manman. Jozèt: Bonjou, Andre. Kijan ou ye jodiya? Andre: Mwen byen, wi. E ou menm, manman? Jozèt: M pa pi mal, pitit mwen. Kikote sè ou ye? Andre: Li nan chanm li. Li poko leve. Jozèt: L ap dòmi toujou? M pral tcheke l. Jozèt ale nan chanm Mari. Jozèt: Bonjou, pitit mwen. Kijan ou ye maten an? Mari: Bonjou, manman. Mwen malad. M anvi vomi. Jozèt manyen fwon Mari, epi kenbe men-li. Jozèt: Ou genlè malad! Epi ou gen lafyèv. M ap rele doktè a. 10 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

VOKABILÈ NOUNS frè fwon lafyèv malad maten-an men pitit sè ti dejene VERBS ale, al anvi dòmi genlè kenbe manyen pral * sanble tcheke vle vomi, vonmi brother forehead fever sick person this morning hand, but, here is child sister breakfast to go to feel like, desire to sleep seem, appear to hold to touch am/is/are going to look like, resemble to check to want to vomit ADJECTIVES byen malad miyò OTHERS daprè deja kounyeya, kounye-a jodiya, jodi-a poko toujou * IDIOMS genlè kite m Li bonè. Li ta. M anreta. M pa byen. M pa pi mal. souple fine, well sick, ill better according to already, yet now today not yet still, always it seems that let me It s early. It s late. I am late. I m not well. I m not too bad. please * Nòt Vokabilè toujou The word toujou in Kreyòl may mean still or always, depending on its position in the sentence. When placed before the verb or predicate, it has the meaning of always. Li toujou malad. (He is always sick.) When placed afterward, toujou has the equivalent of still in English. Li malad toujou. (He is still sick.) kay, lakay Kay and lakay are often interchangeable. Kay generally means house (kay Jozèf, Joseph s house); while lakay can mean at home (Jozèf lakay, Joseph is at home). pral, prale ap + ale = prale, or pral for short. As in English, it is also used to indicate a future event. Mwen pral dòmi. Yo pral voye li demen. I m going to sleep. They re going to send it tomorrow. Leson 3: Yon maten nan kay la 11

GRAMÈ Fraz negatif (Negative sentences): pa Non (like English no) indicates a refusal or a negative answer. Generally, a negative sentence is formed by placing pa (like English not) before the verb or predicate. Pa ap is abbreviated to p ap. Li p ap vini. He isn t coming. Affirmative Negative Verb: Doktè-a vini jodiya. Doktè-a pa vini jodiya. Aux + Verb: Elèv-la ap etidye. Elèv-la p ap etidye. Adjective: Nikòl malad grav. Nikòl pa malad grav. Adverb: Mari isit maten-an. Mari pa isit maten-an. KESYON SOU DYALÒG LA I. Reponn chak kesyon ak yon fraz. Answer each question with a sentence. 1. Kijan Mari ye maten-an? 2. Èske Mari gen lafyèv? 3. Kijan Andre ye jodiya? 4. Èske Mari nan lopital? 5. Kijan Jozèt ye jodiya? 6. Kimoun ki poko leve? 7. Kimoun ki antre nan chanm Mari? 8. Èske Jozèt manyen tèt Andre? II. Suiv modèl la. Follow the model. Restate each statement as a question. Then (according to the dialog) answer the question with a yes or no statement. Modèl: Jozèt malad. Èske Jozèt malad? Non, Jozèt pa malad. 1. Mari manje maten an. 2. Jozèt vle vomi. 3. Andre gen lafyèv. 4. Jozèt anfòm. 5. Mari pa byen. 6. Mari rele doktè a. 7. Andre byen. 8. Mari gen lafyèv. 9. Jozèt rele doktè a. 12 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

Kimoun sa? Se Andre. Andre gen senkan, li fèt nan vil Boston. Li mache al lekòl chak maten. Li renmen al nan mache ak manman li. Kimoun sa? Se Mari. Mari gen uitan. Li fèt vil Miyami. Li pale Kreyòl ak Angle byen, epi li anseye zanmi li kèk mo Kreyòl. Epi, li renmen kwit manje ak manman li. ANN APRANN (Let s learn) More greetings Bonjou, Doktè Lwi. Good morning, Dr. Lwi. Bon aprèmidi. Good afternoon. Bonswa, madam. Good evening, madam. Kijan ou ye jodiya? How are you today? Kouman ou ye? How are you? Kijan w santi w? How do you feel? Ban m nouvèl ou. How are you? [Give me your news.] Mwen byen, wi. I m fine, yes. E sante ou? And your health? Mwen pa pi mal, non. I am not too bad, no. Sa ki pase? [Sa-k pase?] What s happening? M ap boule. I m holding on. [I m burning.] Mwen la. I am okay. [I am here.] M la, grasadye! I m here, by the grace of God! M ap kenbe. I m holding on. M ap debat. I m struggling. Orevwa, madam. Good bye, madam. Mèsi anpil, mesye. Thanks very much, sir. Pa gen pwoblèm. You re welcome. [There s no problem.] M kontan fè konesans ou. I m glad to meet you [to make your acquaintance]. Leson 3: Yon maten nan kay la 13

ANN PRATIKE Louvri bouch ou. Open your mouth. Vire tèt ou. Turn your head. Kouche sou do ou. Lie on your back. Leve bra ou. Raise your arm. Bese bra ou. Lower your arm. Respire. Breathe. Ou gen vètij? Are you dizzy? Sa fè ou mal? Does this hurt? L ap vomi. He is vomiting. Kote l fè w mal? nan gòj mwen Kijan ou santi w? M pa twò byen. Ou bouke. Èske w gen lafyèv? M gen malgòj. maldan maltèt Where does it hurt you? in my throat How do you feel? I m not too well. You re tired. Do you have a fever? I have a sore throat. toothache headache EKZÈSIS (Exercises) I. Tradui fraz sa yo nan Kreyòl. Translate these sentences into Kreyòl. Modèl: I m feeling better. Mwen santi m miyò. 1. Josette enters the room. 2. The child calls his mother. 3. I have a headache today. 4. No, I m not sick. 5. She vomits a lot. 6. She sits on the bed. 7. The girl looks sick. II. Tradui an Angle. Translate into English. 1. Kijan zanmi ou ye? 2. Papa mwen pa pi mal. 3. Kijan li santi l jodiya? 4. Li pa santi l twò mal. 5. Kijan malad la ye? 6. Timoun yo ap manje. 7. Kijan maltèt la ye? 8. Mwen pa gen maltèt. 9. Kijan maldan ou ye? 10. L ap fè m mal toujou. 14 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante

III. Use ap to change the sentences below to present progressive tense. Modèl: Jozèt bwè kafe ak lèt. Jozèt ap bwè kafe ak lèt. 1. Doktè Pòl antre nan chanm-lan. 2. Madan Jozèf rele klinik-la. 3. Li vomi chak maten. 4. M mande w yon kesyon. 5. Nou manje diri ak pwa jodiya. 6. Enfimyè-a vini pou fè tès la. IV. Answer these questions using the tense marker ap (a) in the affirmative and (b) in the negative. Modèl: Èske Mari vomi? a) Wi, Mari ap vomi. b) Non, Mari p ap vomi. 1. Èske-w manje kounyeya? 2. Èske li vomi toujou? 3. Èske yo vini lopital-la? 4. Èske Jozèt travay jodiya? 5. Èske lekòl la ouvè? 6. Èske tout moun dòmi? GRAMÈ To be: Using se and ye The English linking-verb (is, are) is often omitted. Li ta. It s late. Mwen swaf. I m thirsty. Li malad. She s sick. Kay la gwo. The house is big. Past tense (with tense marker te) can also be indicated without a verb. Li te malad. She was sick. Kikote nou te ye? Where were we? Nou te lakay. We were at home. Li te twò ta. It was too late. Se is used if the predicate indicates identity, profession, or nationality. When identifying by name, position or title, se is used: Yo se timoun. They re children. Li se pedyat. He/She s a pediatrician. Nou se Ameriken. We re Americans. Madanm-li se dantis. His wife is a dentist. Li se Doktè Lwi. He is Dr. Louis. Sa yo se liv-mwen. Those are my books. When the above statements are negative, se is sometimes used, sometimes not: Yo pa timoun. They re not children. Se pa Doktè Lwi. It s not Dr. Louis. Yo pa liv mwen. They re not my books. Leson 3: Yon maten nan kay la 15

Se is used at the beginning of a sentence. Se yon bon jou. It s a good day. Se pitit fi Jozèt. That s Josette s daughter. Se pa sa. That s not it. If a (state-of-being) question would end with the subject, add ye. Kijan ou ye? How are you? Kisa sa ye? What is that? Kilè li ye? What time is it? Kikote Nikòl ye? Where is Nicole? Kimoun yo ye? Who are they? Or if se is used to emphasize the beginning of a sentence, use ye at the end. Li se pwofesè. Se pwofesè li ye. He s a teacher. It s a teacher that he is. (emphasizing teacher) JWE WÒL (Role-playing) Role-playing exercises appear throughout this text. They can be done by one person, or by a team of two or three (e.g., 2nd person is Mr. Charles, 3rd person observes and makes suggestions; then students switch roles.) Imagine you ve just had your first lesson of Haitian Creole and you only know a few phrases. Mr. Charles has a cold, fever, cough, and bellyache. Ask him to sit, open his eyes, open his mouth, turn his head, take deep breaths, and lie down. Some words you might use: grip a cold tous a cough vant fèmal (or malvant) bellyache gripe to have a cold touse to cough PWOVÈB Bèf ki bèf, li pran kanpo. Even the cow takes a break. LESSON 3 A MORNING AT THE HOUSE Andre comes for breakfast, but Mary feels sick; she hasn t yet gotten up. Andre: Good morning, Mom. Josette: Good morning, Andre. How are you today? Andre: I m well And you, Mom? Josette: I m not too bad, child. Where s your sister? Andre: She is in her room. She hasn t yet gotten up. Josette: She s still sleeping? I m going to check on her. Josette goes into Mary s room. Josette: Good morning, my child. How are you this morning? Mary: Good morning, Mom. I m sick. I m nauseated. Josette touches Mary s forehead and holds her hand. Josette: You look sick! And you have a fever. I m calling the doctor. KIMOUN SA? (WHO IS THIS?) Andre is 5 years old; he was born in the city of Boston. He walks to school every morning. He likes to go to the market with his mother. Mary is 8 years old. She was born in the city of Miami. She speaks Creole and English well, and she teaches her friends some Creole words. Also, she likes to cook food with her mother. 16 Haitian Creole for Health Care / Kreyòl Ayisyen pou Swen Sante