Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION

Size: px
Start display at page:

Download "Règleman. Chanselye a N EW Y ORK C ITY D EPARTMENT OF E DUCATION"

Transcription

1 Kategori : ELÈV YO Nimewo : A-815 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Paj : 1-1 REZIME CHANJMAN YO sa a ranplase A-815 date 21 jiyè Li founi enfòmasyon debaz sou pwosedi responsabilite yo egzije pou pwogram sèvis manje lekòl la. Chanjman : Yo mete ajou règleman sa a pou ajoute yon lòt metòd pou garanti responsabilite ki apwouve sa a ajoute nouvo pwosedi responsabilite pou direktè yo swiv nan kote ki gen plizyè lekòl oubyen pwogram oswa toude.

2 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 1-5 REZIME Sèvis manje maten ak midi dwe kòmanse nan lekòl leta yo nan premye jou lekòl la e yo dwe kontinye sèvi e rann kont pou yo pou chak jou lekòl, e sa enkli demi jounen administratif yo. sa a founi enfòmasyon debaz sou pwosedi responsabilite pou jistifye tout demann ranbousman Depatman an soumèt. Si yo pa swiv pwosedi kòrèk yo, gen posibilite pou gen anpil lajan ki pèdi e sa kapab afekte ni pwogram edikasyonèl yo ni pwogram nitrisyonèl yo. Se responsabilite tout pèsonèl ki enplike nan Pwogram repa lekòl la pou yo okouran enstriksyon sa yo e pou yo respekte yo. I. RESPONSABILITE A. Yo defini responsabilite isit la kòm metòd ak pwosedi ki fèt pou yo bay rezilta sa yo ki pi ba a : 1. Founi chif chak jou ki presi e ki dokimante nan Pwen kote yo sèvi a sou kantite manje maten ak manje midi yo sèvi timoun yo dapre categori elijibilite chak timoun (gratis, ba pri oswa pri nòmal), kèlkeswa kote yo pran repa yo (tankou kafeterya, salklas, elatriye) e 2. Garanti repa yo sèvi yo genyen eleman nitrisyonèl yo egzije yo : twa nan kat eleman yo nan manje maten ak twa nan senk eleman yo nan manje midi. B. Chif dokimante sou kantite repa yo reklame pou ranbousman an se nan Pwen kote yo sèvi a yo anrejistre l. Pwen sa a defini kòm pwen nan operasyon sèvi manje a kote yon kontaj presi kapab fèt sou manje ranbousab yo sèvi yon timoun ki elijib. Yo dwe pran dispozisyon pou kolekte e dokimante lajan pou patisipan ki oblije peye pri nòmal la oswa pri ki pi ba a pou repa yo. II. KIJAN POU YO DOKIMANTE ELIJIBILITE A. Pwosedi administratif yo dwe toujou anplas pou yo idantifye, selon elijibilite yo, tout elèv ki prezante pou yo sèvi yo manje. Sa enkli pwosedi pou idantifye elèv ki pèdi kat pou repa yo oubyen sa yo te vòlè kat pou repa yo oswa kanè talon yo. Elijibilite elèv yo dwe dokimante nan ATS la, swa otomatikman atravè yon match nan òdinatè oswa manyèlman atravè yon aplikasyon SD1041 oubyen yon lèt Sètifikasyon andirèk Direct Certification (konsilte Chanselye A-810 lan).

3 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 2-5 III. 1. ATS la ap sèvi kòm baz pou responsabilite sou tout repa elèv e y ap defini yon lis prensipal pou eleman idantifikasyon pou manje elèv dirèkteman apati analiz enfòmatik ATS RMEL la. B. Pandan mwa Septanm, lekòl yo kapab kontinye sèvi ak rejis repa ane pase a oubyen lis prensipal elijibilite a rive jis 21 oktòb Sa vle di lekòl leta yo ta dwe konsève rejis repa yo oubyen lis prensipal elijibilite ki soti nan ATS la depi nan dat lekòl la kòmanse rive nan dat sa a sèlman. 1. Rive nan mitan mwa Septanm, y ap retire (elimine) tout kòd ki egziste yo nan ATS la e y ap fè yon match enfòmatik pou tout elèv yo ak done Administrasyon resous imèn lan Human Resources Administration sou moun ki resevwa asistans leta (Temporary Assistance to Needy Families (TANF)) ak moun ki resevwa food stamp. Nenpòt elèv ki ta matche ap resevwa yon kòd nan ATS la ki montre li elijib pou manje midi gratis san konsiderasyon sou si fanmi an fè yon aplikasyon pou manje midi oubyen pa. 2. Apati 24 oktòb 2005, rejis repa yo ak lòt zouti verifikasyon nan Pwen kote yo sèvi a (tankou rejis klas, kat idantite ak talon koupon repa) dwe soti nan rapò RMEL ATS la fè e elijibilite a dwe baze sou done ane ki ankou a. Lekòl yo pa ta dwe sèvi ak rejis ki fèt alamen. METÒD RESPONSABILITE YO REKONÈT A. Yo kapab sèvi ak metòd yo site la yo (e sèlman ak sa yo) kòm metòd responsabilite e tout dwe konfòme yo a kòd repa ane ankou a ki nan ATS la : 1. Yon lis klas kode ki soti nan RMEL nan ATS la (li kapab sèvi nan tout lekòl yo). 2. Kat repa pèmanan ak Rejis nimewote (li kapab sèvi nan tout lekòl yo). 3. Kanè talon (kapab sèvi nan lekòl segondè, entèmedyè ak junior high). 4. Systèm elektwonik nan Pwen kote yo sèvi a Electronic Point-of-Service (POS). B. Kèlkeswa metòd yo sèvi a, gen fonksyon ki pa chanje. 1. Direktè a oswa moun ki deziyen an dwe detèmine elijibilite elèv yo dabò avèk yon mekanis apwopriye tankou kodaj otomatik nan ATS, yon fòm SD1041 yo ranpli oswa yon lèt Sètifikasyon andirèk ki valid. 2. Metòd responsabilite a pa dwe pèmèt idantifikasyon elèv yo pa kategori elijibilite sou baz aparans fizik kat la, kanè talon an elatriye. 3. Nan fen sèvis chak jou a, yo dwe fè total kantite repa yo sèvi pou chak kategori elijibilite. Se kesyè a oubyen manm pèsonèl direktè a deziyen an ki fè total yo e yo

4 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 3-5 IV. voye rapò a ba moun ki responsab pou ranpli Rapò sou repa yo sèvi yo Report of Meals Served (MIE 1). 4. Nan kote ki gen plizyè lekòl oubyen lòt pwogram ki pral fè rapò sou kantite repa yo sèvi sou menm rapò reklamasyon an (Report of Meals Served Form MIE-1 ), direktè yo dwe afekte yon moun pou fè yon analiz responsabilite apa nan Pwen kote yo sèvi a. Manm pèsonèl la ap fè rapò sou patisipasyon elèv la, jan yo endike l anlè a, e li pral bay manm pèsonèl lekòl prensipal yo deziyen an chif definitif la chak jou. 5. Yo dwe sere dokimantasyon apwopriye a pou yon peryòd twazan, plis ane ankou a. C. Deskripsyon detaye alekri sou metòd responsabilite ki apwouve yo disponib nan Biwo pou manje lekòl la Office of SchoolFood. Pèsonèl teren Biwo pou manje lekòl la disponib tou pou bay enstriksyon sou tout egzijans yo e pou bay konsiltasyon sou metòd ki kapab pi apwopriye nan yon sityasyon an patikilye. Si ta gen kesyon, direktè a ta dwe diskite yo ak manadjè SchoolFood yo afekte pou lekòl la. PWOSESIS REPA LEKÒL INIVÈSÈL LA A. Premyè Ane oswa Ane Debaz 1. Lekòl la dwe bay chak elèv li yon aplikasyon pou manje midi nan lekòl la (SD1041). 2. Lekòl la dwe sètifye aplikasyon pou manje midi elèv la kòm gratis, ba pri oswa pri nòmal dapre direktiv federal aktyèl yo ak Chanselye A-810 la. 3. Lekòl la dwe mete anplas youn nan metòd responsabilite yo defini pi wo a. 4. Lekòl la dwe asire l li fè reklamasyon kòrèk pou tout repa elèv yo (maten ak midi) nan Pwen kote yo sèvi a chak jou pa kategori elijibilite kòm repa gratis, a ba pri oswa pri nòmal dapre kantite repa yo konte avèk sistèm responsabilite a. 5. Yo dwe sèvi ak metòd responsabilite a chak jou lè yo sèvi manje maten ak midi, menm lè gen demi jounen lekòl ak jou pwomnad e pou salklas ak lòt kote yo sèvi repa. 6. Yo pa dwe touche lajan pou manje maten ak midi, sòf pou sèvis alakat pou elèv ak granmoun. 7. Yo dwe ranpli yon fòm rapò MIE-1 (Report of Meals Served) ak yon fòm MIE-2 (Cash Receipt Worksheet) e soumèt yo ba Manadjè SchoolFood lan nan lendi apre semenn sèvis lan.

5 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: Lekòl la dwe sere tout dosye yo (aplikasyon, rejis, talon, fòm MIE-1 e 2, lis prensipal, elatriye) pou twazan plis ane ankou an si lekòl la pa apwouve pou repa inivèsèl. Si lekòl la apwouve, yo kenbe dosye yo pou menm tan sa a apre fen sik repa inivèsèl la. B. Dezyèm Ane rive Katriyèm Ane (Apre apwobasyon lekòl la pa SED kòm Lekòl repa inivèsèl Universal Meals School) 1. Chak jou, nan Pwen kote yo sèvi a, manm pèsonèl direktè a afekte a dwe konte kantite repa konplè manje maten ak manje midi yo sèvi elèv yo. Yo dwe sèvi ak yon aparèy kontaj ("clicker") pou yo konte repa yo. Kontaj kantite plato oswa pòsyon manje oubyen metòd dediksyon pa de metòd akseptab pou konte repa yo. 2. Nan fen chak jou, manm pèsonèl direktè a afekte dwe bay moun k ap prepare fòm MIE-1 an kantite total manje maten ak manje midi konplè yo sèvi elèv yo. Chif sa a dwe anrejistre nan liy total la sèlman. 3. Repa yo sèvi elèv yo ke yo reklame ranbousman pou yo dwe repa konplè. Repa a dwe gen ladan l eleman nan manje yo egzije yo. Sa vle di yon manje maten dwe gen omwen twa nan kat eleman manje yo egzije yo pou yo ranbouse l. Yon manje midi dwe gen omwen twa nan senk eleman manje yo egzije yo pou yo ranbouse l. V. AFICHAJ PANKAT POU LAVANT KOTIDYEN KAT MANJE OUBYEN KANÈ A. Nan lekòl ki pa lekòl Repa inivèsèl, yo dwe afiche yon pankat kote tout moun ka wè l nan kafeterya a pou garanti gen kat kotidyen pou manje oubyen kanè ki la pou vann anvan repa a. Pankat sa a dwe di: KAT REPA KOTIDYEN OUBYEN KANÈ AP VANN LA A CHAK JOU. VI. (DAILY MEAL CARDS OR STUBS ARE AVAILABLE FOR PURCHASE DAILY.) B. Avi sa a ta dwe fè pati anons yo li ba elèv yo nan salklas yo. ADMINISTRASYON SISTÈM RESPONSABILITE A A. Pa gen okenn sityasyon kote yon direktè oswa yon moun yo deziyen kapab sèvi ak yon metòd responsabilite ki pa nan sa yo defini nan règleman sa a. Si yo ta prefere nenpòt lòt metòd, metòd sa a yo pwopoze a dwe soumèt ba Biwo pou manje lekòl la, nan adrès nou bay nan fen règleman sa a, pou yo soumèt li pou evalyasyon ak apwobasyon alekri ba Depatman Edikasyon Leta a. B. Si yon ajans federal oswa yon ajans eta a refize yon ranbousman poutèt yon lekòl pa mete anplas yon metòd responsabilite ki apwouve oubyen lòt egzijans pwogram manje maten, manje midi oswa sa lòt pwogram manje, lajan ki pèdi a pral soti nan fon prelèvman taks distri oubyen divizyon ansèyman ki responsab la.

6 Osijè : ADMINISTRASYON AK RESPONSABILITE NAN PWOGRAM SÈVIS MANJE LEKÒL LA Pa j: 5-5 VII. VIII. RAPÒ SOU DONE MANJE MATEN AK MANJE MIDI A. Tout direktè oswa moun ki deziyen dwe sètifye patisipasyon lekòl yo nan manje maten ak manje midi e lajan yo kolekte nan yon fòm Rapò sou kantite repa yo sèvi (MIE-1) yo soumèt chak semenn ak yon fòm Cash Receipts Worksheet (MIE-2) ki gen yon chèk ki akonpaye l. Chèk sa a dwe fèt sou non Office of SchoolFood pou yo prepare yon reklamasyon pou ranbousman onivo federal ak eta a. B. Yon sistèm responsabilite ki apwouve dwe anplas depi premye jou ane akademik la. Elijibilite yon timoun pou ane ki sot pase a valab rive jis 21 oktòb 2005 oubyen rive lè yon nouvo analiz elijibilite fèt, selon sa ki vin anpremye a. C. Tout kat repa pèmanan, kanè, rejis, tikè ak kat manje midi, fòm MIE-1, fòm MIE-2 ak nenpòt lòt dosye (tankou tèp kès otomatik) ki asosye ak metòd responsabilite lekòl la dwe rete nan dosye lekòl la pandan twazan anplis ane ankou a e yo dwe disponib pou oditè vil la, eta a oubyen federal analize yo pandan lè nòmal lekòl yo. REKÈT Rekèt ki gen pou wè ak règleman sa a ta dwe adrese ba : Telefòn (718) Office of SchoolFood Internal Audit Unit NYC Department of Education Vernon Boulevard Long Island City, NY Faks (718)

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la:

REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT GARANTI DWA MOUN. Tout sa ki aplike a ou, mete you ti kwa devan li nan bwat la: OFFICE ADMINISTRATIVE HEARINGS 11101 GILROY ROAD, UNIT E/CLERK S OFFICE HUNT VALLEY, MARYLAND 21031 (410)229 4281 FAX (410) 229 4277 www.oah.state.md.us REKET POU MEDYASYON AVEK PWOSEDE SOU ZAFE PLENT

More information

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005.

Chanselye a. Rezime chanjman yo. Règleman sa a ranplase Règleman Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005. Osijè : PWOMENAD LEKÒL YO ÒGANIZE Paj : 1-1 Rezime chanjman yo sa a ranplase Chanselye A-670 ki date 9 fevriye 2005. an mete anplas règ ak pwosedi pou yo swiv nan tout sistèm eskolè a lè lekòl ap òganize

More information

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL Sijè : Regleman sou kredi ak rekouvreman Paj 1 nan 8 Dat orijinal li antre an vigè : Jiyè 86 Dat yo te revize l : Avril 90, mas 2005 Kòd klasifikasyon : 400.301 Dat yo te revize l : Avril 2012, avril 2014,

More information

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe

Broward County Public Schools Exceptional Student Education Gifted Program Pwogram pou elèv dwe Pwogram pou elèv dwe Procedural Safeguards for Exceptional Students Who Are Gifted 6A-6.03313 Pwosedi pwoteksyon dwa pou elèv esepsyonèl, elèv dwe Dapre regleman-sa-a, bay manman/papa enfòmasyon konsènan

More information

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal

Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal Dwa Paran Avi Leta Maryland sou Garanti Pwosedi Entèvansyon bonè pou Tibebe ak Tikatkat Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Edikasyon Espesyal REVIZE AN JIYÈ 2017 DEPATMAN EDIKASYON NAN MARYLAND DIVIZYON

More information

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System

Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System Pwogram Kredi ak Resèt Hallmark Health System 7.2017 Lis Sijè yo I. ENTWODIKSYON... 3 II. BAY SÈVIS SWEN SANTE... 3 A. Prensip Jeneral... 3 B. Sèvis Emèjènsi ak Sèvis Dijans... 4 C. Sèvis ki Pa Emèjènsi

More information

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL

SIGNATURE HEALTHCARE BROCKTON HOSPITAL Sijè : Regleman sou asistans finansye Paj 1 nan 11 Dat orijinal li antre an vigè : septanm 2016 Dat yo te revize l : fevriye 2018, jiyè 2018 Kòd klasifikasyon : 400.115 Dat yo te evalye l : Referans yo

More information

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo

Prentan Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo Prentan 2018 Gid Entèpretasyon Rapò Nòt yo Pou Paran yo Sa Ki nan Liv la 1.0 Enfòmasyon Jeneral pou Paran ak Edikatè... 1 1.1 Istorik... 1 1.2 Evalyasyon PARCC... 1 1.3 Konfidansyalite nan Repòtaj Rezilta...

More information

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT

ESOL Stem Questions by Benchmarks READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT READING STRAND: COMPARISONS AND CAUSE/EFFECT The student recognizes the use of comparison and contrast in text The major difference between and was. According to the author, what is the most important

More information

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè

Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè Gid Enfòmasyon pou Elèv Lekòl Segondè (Ak Adilt Ki Ede Yo) Se Kim Nauer ak Sandra Salmans ki ekri li Desen Anime se R.J. Matson ki fè yo Konsepsyon an se Stone Soup Creative ki fè l Dat Piblikasyon: Oktòb

More information

DOSYE ENSKRIPSYON POU

DOSYE ENSKRIPSYON POU DOSYE ENSKRIPSYON POU 2016-2017 Chwazi yon kanpis: Boynton Beach Cooper City Palm Beach Gardens Pembroke Pines (K 8) Pembroke Pines (6-12) Sunrise List pou kontwole sa ou bezwen pou Enskripsyon an Se pou

More information

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la?

Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la? Around the Pond: Who s Been Here? Arebò yon basen dlo: kilès ki te la? William ak Cammi se frè ak sè. Yon jou yo al pwomennen a pye bò yon basen dlo ansanm ak chen yo a ki rele Sam. Yo t ap chache yon

More information

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts

Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School Nichols Street Norwood, Massachusetts Gid pou Elèv, Paran/Gadyen Norwood High School 2014-2015 Norwood High School 245 Nichols Street Norwood, Massachusetts 02062 781-769-2333 www.norwood.k12.ma.us/nhs Gid pou Elèv Paran/Gadyen Norwood High

More information

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan

Gid Kristi House Atravè Sistèm nan. Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan Gid Kristi House Atravè Sistèm nan Yon Manyèl pou Paran ak Gadyen Kap Vizite Sant Orlowitz-Lee kap Defan-n Timou-n nan Non ak Nimewo pou Kontak Kristi House 305-547-6800 Kowòdonatè Kes Mou-n kap bay terapi

More information

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013

Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013 Lekòl Piblik Boston Kòd Konduit Septanm 2013 Apwouve an 1982 Revize epi Apwouve an 1992 Revize an 1993, 1994, 1995, 2006, 2010 ak 2013 Pou mete Kòd la konfòm avèk M.G.L. Chapit 71, Lwa 1993 M.G.L. Chapit

More information

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane

Nòm Disiplin. ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la. Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane TM Nòm Disiplin ak Mezi Pou Entèvni Onivo Tout Vil la TM Kòd Disiplin & Deklarasyon Dwa ak Responsablite Elèv, Jadendanfan Jiska Klas 12yèm Ane Department of Education Joel I. Klein Chancellor Efektif

More information

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo...

TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo... TAB DÈ MATYÈ Salitasyon Sipèrentandan an Komisyon Lekòl la... 3 Administrasyon Lekòl la... 3 Deklarasyon Misyon Lekòl Piblik Norwood yo... 3 POLITIK AK PWOSEDI YO Politik osijè Izaj ki Akseptab... 4 Egzijans

More information

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè!

Pratik, enfòmasyon ki baze sou rechèch sou fason pou ede Moun k ap aprann Angle li... epi yo gen siksè! Haitian Creole: Babies Konsèy Tibebe yo pou Paran Li pa janm twò bonè pou li pou tibebe ou. Depi tibebe ou fèt, l ap kòmanse aprann. Senpleman lè ou pale avèk tibebe ou, lè ou jwe avèk li ak lè pou pran

More information

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA

Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA Tradiksyon nan lang Kreyòl Ayisyen an kòd Etik ILTA Translators: Fénélon Withno, Alex Joseph and Nicholas Pierre English teachers of the MENFP and members of the Haiti-Canada-France-US Professional Learning

More information

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal...

Nan chapit sa a : C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal. Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay Ale nan yon sant medikal... C h a p i t 24 Chache jwenn asistans medikal Nan chapit sa a : Ki sèvis sant sante ak lopital yo ka bay. 433 Egzamen laboratwa...434 Transfizyon sagin Sonogram, Doplè, ak radyografi.434 (bay san nan venn)...436

More information

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2

MYAP MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2 MYAP 2008 2013 MCHN Manyèl Ajan Sante pou Fòmasyon Gwoup Manman Lidè Modil 2 ALIMANTASYON KONPLEMANTÈ EPI MIKWONITRIMAN Adapted from materials produced by Food for the Hungry 1 Leson 1: PREMYE ALIMAN (ALIMANTASYON

More information

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE

Pwojè Kore fanmi. KreyÒL ayisyen-ayiti. Maladi Dyare. Liv PatisiPan. yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE Pwojè Kore fanmi KreyÒL ayisyen-ayiti Maladi Dyare Liv PatisiPan yon modil nan pwogram fòmasyon pou ajan Kore Fanmi BANQUE MONDIALE Copyright policy Published by Partners in Health. Subject to the rights

More information

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL

MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL MSD Victims Fund Final Protocol Haitian Creole MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL FON POU VIKTIM-YO POTOKÒL FINAL 27 Avril, 2018 Atak 14 Fevriye nan lekòl Marjory Stoneman Douglas High School te yon

More information

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti

SIMON & SCHUSTER S. angle. english for haitian speakers. liv lekti SIMON & SCHUSTER S PIMSLEUR angle english for haitian speakers liv lekti Graphic Desgn: Maia Kennedy and Recorded Program 2002 Simon & Schuster, Inc. Reading Booklet 2002 Simon & Schuster, Inc. Pimsleur

More information

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT

OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT OCHAN POU YON LIDÈ KI PA FIN PAFÈ NÈT (Se Deborah Ancona, Thomas W. Malone, Wanda J. Orlikowski ak Peter M. Senge ki ekri atik sa a. Atik sa a te pibliye nan Harvard Business Review an fevriye 2007. Tit

More information

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial

Kolera. kreyol. Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE. Banque Mondial kreyol Kolera MANYÈL FomATÈ Youn nan Chapit pou fòmasyon Ajan kominotè Zanmi Lasante yo ZANMI LASANTE Banque Mondial Zanmi Lasante (Partners In Health (PIH)) se yon òganizasyon endepandan ki pa travay

More information

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon

Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon LIV POU FASILITATè Entwodiksyon Sou Sante Mantal ak Maladi Depresyon Yon pati nan seri fòmasyon pou travayè sante kominotè ZL yo KREYÒL-AYITI Zanmi Lasante (ZL) se yon òganizasyon karikativ endepandan

More information

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.-

Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.- Tout règleman minimòm Nasyon Zini revize pou trètman prizonye (Règleman Nelson Mandela) Yon ti gid.- Ti Gid Règ Minimòm Revise Nasyon Zini sou jan yo fèt pou trete prizo (Règ Nelson Mandela) nye Piblikasyon

More information

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223

C h a p i t 13. Nan chapit sa a: Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a. Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay...223 C h a p i t 13 Manmanvant lan tonbe: twazyèm etap tranche a Nan chapit sa a: Chèche wè ki kalite siy kò manman an ap bay.....223 Pèt san apre akouchman an...224 Chèche wè si li ap senyen anpil anvan manmanvant

More information

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole

Date Printed: 04/20/2009. JTS Box Number: lfes 64. Tab Number: 84. Document Title: Document Date: Haiti. Document Country: Creole Date Printed: 04/20/2009 JTS Box Number: lfes 64 Tab Number: 84 Document Title: Chimen yon fanmi ak lalwa Document Date: 1995 Document Country: Document Language: lfes ID: Haiti Creole CE00803 l ~. Cabinet

More information

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè

Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè Theme 2 Colors All Around Poem 1) Mwen Renmen Koulè Mwen renmen koulè, Wi, mwen renmen yo anpil! Wouj, jòn abriko, vèt avèk ble! Mwen renmen koulè, fonse ou pal, Jòn, mòv, nwa, avèk blan! Mwen renmen koulè

More information

Pushing: stage 2 of labor

Pushing: stage 2 of labor C h a p t e r 12 Pushing: stage 2 of labor CHAPIT 12 Nan chapit sa a: In Pouse: this chapter: dezyèm etap tranche a Chèche siy ki montre dezyèm etap la prèske oswa deja koumanse...195 Kisa ki pase nan

More information

Preche Levanjil Mwen an

Preche Levanjil Mwen an Yon gid pou sèvis Misyonè Preche Levanjil Mwen an (D&A 50:14) Repanti, ou menm tout kwen latè a, vin jwenn mwen, epi batize nan non m, pou ou kapab sannktifye lè ou resevwa Sentespri a (3 Nefi 27:20).

More information

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan

Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan Pwogram Entèvansyon Bonè pou Tibebe ak Timoun Depatmant Lasante, Sèvis Medikal pou Timoun Sou adrès entènèt nan www.cms-kids.com Gid Resous pou Florid pou Fanmi Jèn Timoun Ki Gen Pèt Tande Remèsiman Depatmant

More information

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon. e sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl

More information

Avi sou pratik konfidansyalite

Avi sou pratik konfidansyalite Avi sou pratik konfidansyalite Anvigè apati 1 me 2012 (Revize 7 fevriye 2017) Avi sa a eksplike fason nou ka itilize ak pataje enfòmasyon medikal ki konsène w, ak fason ou ka aksede ak enfòmasyon sa yo.

More information

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo

AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA Rezime nan Avantaj yo AETNA BETTER HEALTH PLAN FIDA SM Rezime nan Avantaj y Aetna Better Health FIDA Plan se yn plan swen jere ki gen kntra avèk tude Medicare ak Depatman Sante Leta New Yrk (New Yrk State Department f Health)

More information

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen

Michel DeGraff MIT, Inisyativ MIT-Ayiti, & Akademi Kreyòl Ayisyen The Journal of Haitian Studies, Volume 22 No. 2 2016 Lang matènèl, pedagoji entèraktif, lojisyèl edikatif nan Inisyativ MIT-Ayiti : «Twa wòch dife» pou bon jan edikasyon ak inovasyon alawonnbadè ann Ayiti

More information

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi

Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi Piblikasyon Depatman Edikasyon Florida Byenvni nan Mond lan: Yon Vizyon jeneral sou pitit ou an k ap grandi Grandi Rive nan 5 Revize 2015 Anvan sa, seri sa a te rele MITCH. Byenvni nan Mond lan, Jenn Timoun

More information

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Mèkredi 27 Janvye :15 a.m. jiska 12:15 p.m. LIVING ENVIRONMENT The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION HAITIAN CREOLE EDITION LIVING ENVIRONMENT WEDNESDAY, JANUARY 27, 2016 9:15 A.M. to 12:15 P.M., ONLY ANVIWÒNMAN

More information

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen

premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen premye edisyon, 2017 Gid Pratik Dwa Travay Ayisyen DONE KATALOG piblikasyon ILO Better Work Haiti. Gid Pratik, Dwa Travay Ayisyen òganizasyon Entènasyonal Travay travay / ayisyen / endistri / dwa Mars

More information

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN

ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL LIV POU ETIDYAN ATLANTIC COMMUNITY HIGH SCHOOL 2017-2018 LIV POU ETIDYAN ECHEK PA YON BON CHWA FILOZOFI AK OBJEKTIF POU LEKOL LA Atlantic Community High School ékzisté pou sèvi bézoin komynoté ya ak étidyan l yo. Misyon

More information

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013

Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013 Benjamin Hebblethwaite interviews Welele Noubout At Lakou Souvnans, Gonaïves, Haiti, March 31, 2013 Edited by Benjamin Hebblethwaite Transcribed and translated by Rose-Laure Jean Joseph, Megan Raitano

More information

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS

BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS HAITIAN CREOLE BROWARD COUNTY PUBLIC SCHOOLS PLAN ESTRATEJIK 2016 19 ANNOU VANSE NAN BON DIREKSYON Broward County Public Schools 600 SE Third Avenue Fort Lauderdale, FL 33301 754-321-0000 browardschools.com

More information

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten.

Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten. Leson 1 Bonjou Ann fè konesans. Pwofesè: Onè! Elèv yo: Respè! Pwofesè: Bonjou, tout moun. Elèv yo: Bonjou, pwofesè. Pwofesè: Mwen rele Janèt Jisten. Nou ka rele-m pwofesè Jisten. Elèv yo: Bonjou, pwofesè

More information

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la

GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e Syèk la 1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 GA-1732 (Dokiman pou etid) Jerans Kòm Yon Disiplin Espirityèl ak Tout Aplikasyon li yo Pou 21 e

More information

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO

LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO LIV SOU KOMES SAN ANTRAV LIV POU PWOFESE YO 15 Prensip kle yo pou fè komès san Antrav Listwa Allen, Andre, Marcella ak Sabetha Aktivite ki pou fèt ak elèv yo Moun ki ekri liv sa Jerry Dean Epps, Ph.D.

More information

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5

Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5 Comprehensive Read-at-Home Plan Grades K-5 Haitian Creole Broward County Public Schools Gid Konplè Plan-Lekti-Lakay Klas Ane K-5 BED Document translated by the Bilingual/ESOL Department

More information

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO

OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO OUMENM AK TIBEBE W LA: YON GID RESOUS POU NOUVO PARAN YO BYENVENI Nan Lee Health, nou konprann ni manman yo ni tibebe yo bezwen swen ak atansyon

More information

Fè konesans ak konpostaj matyè moun

Fè konesans ak konpostaj matyè moun Gid SOIL la pou Asenisman Ekolojik Premye Edisyon, Fevrye 2011 Fè konesans ak konpostaj matyè moun Tretman ak transfòmasyon dechè ki soti nan twalèt yo, pou fè matyè moun ki te kapab danjere vin tounen

More information

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI

ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI HAITIAN EDITION GLOBAL HISTORY AND GEOGRAPHY WEDNESDAY, JANUARY 28, 2004 9:15 to 12:15 p.m., only The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ISTWA JENERAL AK JEYOGRAFI Mèkredi,

More information

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m.

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Madi, 24 Jen, :15 a.m. pou 12:15 p.m. LIVING ENVIRONMENT The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION HAITIAN CREOLE EDITION LIVING ENVIRONMENT TUESDAY, JUNE 24, 2008 9:15 a.m. to 12:15 p.m., only ANVIWÒNMAN VIVAN

More information

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la

The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN VIVAN. Non Elèv la. Non Lekòl la LIVING ENVIRONMENT HAITIAN CREOLE EDITION LIVING ENVIRONMENT The University of the State of New York WEDNESDAY, JANUARY 25, 2017 9:15 A.M. to 12:15 P.M., ONLY REGENTS HIGH SCHOOL EXAMINATION ANVIWÒNMAN

More information

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo.

Satan kont KRIS. Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo. Satan kont KRIS Gen gran viktwa sou movezespri yo. Pa janm adore twonpè a, Satan, ak denmon li yo. Tout moun ki resevwa mak bet la sou fwon yo osinon sou men yo, pou yo kap achte, vann, yo tonbe anba kole

More information

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI

ISTWA JENERAL AK JEOGRAFI regents in global history and geography HAITIAN CREOLE EDITION GLOBAL HISTORY & GEOGRAPHY TUESDAY, JANUARY 24, 2006 9:15 A.M. TO 12:15 P.M. ONLY The University of the State of New York REGENTS HIGH SCHOOL

More information

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK

8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK 8THE UNIVERSITY OF THE STATE OF NEW YORK 8YÈM ANE NIVO ENTÈMEDYÈ EGZAMEN EGZAMEN SYANS EGZAMEN EKRI PRENTAN 2009 HAITIAN CREOLE EDITION SCIENCE GRADE 8 INTERMEDIATE-LEVEL WRITTEN TEST Non Elèv la Non Lekòl

More information

The shadows, The shadows, the emptiness, this

The shadows, The shadows, the emptiness, this The Human Strike / the human strife, colors in the sky, striking out, the improvisation, konbit kombit, to refuse the order of this system that withdraws the figuring of community: he stands up and he

More information

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010

Kiltivasyon Kounya. Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti. 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010 140 Oxfam Briefing Paper Oktòb 2010 Kiltivasyon Kounya Defi ak okazyon agrikòl pou rekonstriksyon Ayiti Apre tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, yon gwo kantite deplase al rete nan La Vale Atibonit. Kèk moun

More information

Other books by or edited by Bryant Freeman

Other books by or edited by Bryant Freeman 1 Chita Pa Bay 2 3 Other books by or edited by Bryant Freeman Carrié Paultre, Tonton Liben: Annotated Edition for Speakers of English, ed. Bryant C. Freeman. 1982, 2001. Lyonel Desmarattes, Mouché Défas,

More information

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN

POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN POU N VIN YON KOMINOTE TOUT MOUN RENMEN ANGAJMAN ALONTÈM LEGLIZ EPISKOPAL LA POU REPARASYON RASYAL, REKONSILYASYON AK JISTIS www.episcopalchurch.org/page/racial-reconciliation reconciliation@episcopalchurch.org

More information

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo

Reve, Kwè, Reyisi! Yon Manyèl Planifikasyon Kolèj pou Elèv k ap Aprann Lang Anglè English Language Learners (ELL) ak fanmi yo Reve, Kwè, Reyisi! Yo Mayèl Plaifikasyo Kolèj pou Elèv k ap Apra Lag Aglè Eglish Laguage Learers (ELL) ak fami yo Remak Etwodiksyo Etwodiksyo 4 Oryate w a sistèm lekòl Vil Nouyòk la eta yo ELL 5 Edikasyo

More information

Elementary: Intermediate:

Elementary: Intermediate: TONTON LIBEN Carrié Paultre (Karye Polt) 1924-1999 Elementary: Bryant C. Freeman, Survival Haitian, 4th edition. Port-au-Prince: La Presse Evangélique; Lawrence: University of Kansas Institute of Haitian

More information

Literary Terms & Devices in English for Language Arts

Literary Terms & Devices in English for Language Arts Literary Terms & Devices in English for Language Arts English / Haitian The Literary Terms are only for instruction. Not for ELL Accommodation. THE STATE EDUCATION DEPARTMENT THE UNIVERSITY OF THE STATE

More information

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè

Simbi. feat Sanba Zao. So Yèyè Simbi feat Sanba Zao So Yèyè SIMBI feat Sanba Zao So Yèyè Founded in 1987, Simbi is a Swedish band that performs in Creole, soulful dance music inspired by the Haitian roots music (mizik rasin) they learned

More information

Byenvini nan klas kreyòl!

Byenvini nan klas kreyòl! Haitian Creole III, Fall 2003 Benjamin Hebblethwaite, University of Florida at Gainesville 1. Prezante silabis la an kreyòl Ranpli enfòmasyon Byenvini nan klas kreyòl! 1) Name: 2) Age: 3) Year in school:

More information

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE)

APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE) APRANN PALE KREYÒL (LEARN TO SPEAK CREOLE) Pa Samuel Gerve ak John Rigdon 2 Aprann Pale Kreyòl Aprann Pale Kreyòl Learn To Speak Creole 2 nd enprime Mé 2008 14 Copyright 2006. Eastern Digital Resources.

More information

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite

GRADES 6-8. Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center. Zile Nou Michel-Ange Hyppolite REAdinG And WriTING GRAdes 6-8 Information Pack for Teachers The Haitian Creole Resource Center A compilation of references relevant to Haiti and Haitians. ISBN: 1-88183-921-4 Catalog number: B006 Zile

More information

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede?

L A N G O R LANGAJ ORAL. Ransèyman anplis. Ki sa li ye? Wèbsayt ki itil. Ki sa fanmi ka fè pou ede? Rasèyma aplis Wèbsayt ki itil ERIC Clearighouse o Readig, Eglish ad Commuicatio http://eric.ed.gov The Florida Ceter for Readig Research (FCRR) www.fcrr.org Just Read, Florida! www.justreadflorida.com

More information

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL English IV Through ESOL The Novel: Lesson 4: The Phantom of the Opera by Gaston Leroux Chapter 7: Above the Trapdoors ; Chapter 8: The Disappearance FCAT Reading/Writing Focus: Information Gathering FCAT

More information

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways

COPYRIGHTED MATERIAL. About Reading Pathways About Reading Pathways Many students need extra help in learning how to track left-to-right with their eyes. These students benefit from reading practice that gradually and systematically builds letters

More information

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax.

Joel Martinson (Choral score) Selah Publishing Co., Inc. Hn. J œ œ œ œ œ œ. j œ. 8 5 Choir: (Women or Men) for review only. ni- mi- pax. Missa Guadalupe o Martson 10-911 (Choral score) Sah Publishg Co. Inc. Orr rom your avorite aler or at.sahpub.com (Or call 00--1.S. and Cada) This document is provid or revie purposes only. It is illegal

More information

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers.

Please note that not all pages are included. This is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers. Please note that not all pages are included. his is purposely done in order to protect our property and the work of our esteemed composers. If you would like to see this work in its entirety, please order

More information

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert

You Don't Speak for Me Lyrics and Melody by: Judy Small arranged with permission by the songwriter by: Jenny Callanan and Sarah Lambert Don't peak for Me Lyrics and Melody by: udy mall arranged with permission by the songwriter by: enny Callanan and ar Lambert v3 oprano 4 3 Alto 1 4 3. scribble on walls with r min i scule minds Alto 2

More information

On the Common Goods. Dr. Gregory Froelich

On the Common Goods. Dr. Gregory Froelich [T Aa R V. W. 0: 1 5 Ma 2010, 2:19..] O C G D. G F S. Ta a a a a aa a a. I a a a a Ta a a a, a,, a a a a. T, Ta a a P a, a a aa; a, a a.¹ B a a Ta a a Taa. Ra, S. Ta a a aa a a a a aa a a a a a. Ca a,

More information

English IV Through ESOL

English IV Through ESOL English IV Through ESOL The Novel: Lesson 2: The Phantom of the Opera by Gaston Leroux Chapter 3: The Mystery in Box 5 ; Chapter 4: The Enchanted Violin FCAT Reading/Writing Focus: Recognizing Sequence

More information

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell

Jean Mouton. (before ) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars. Gimell Jean Mouton (before 1459 1522) Quis dabit oculis? This edition prepared for The Tallis Scholars Gimell Quis dabit oculis nostris fontem lachrimarum? Et plorabimus die ac nocte coram domino? ritannia, quid

More information

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo)

Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo) Maskilanje A Haitian novel by Kesler Brézault (Keslèbrezo) P R E F A C E This story could be like a mirror for all politicians in Haiti to look at their face every morning. The artist, Keslèbrezo, has

More information

2018 ROSS COUNTY IDOL & JR. IDOL Presented by Feast of the Flowering Moon

2018 ROSS COUNTY IDOL & JR. IDOL Presented by Feast of the Flowering Moon 2018 ROSS COUNTY IDOL & JR. IDOL Presented by Feast of the Flowering Moon Prizes: The winner of Ross County Idol will receive $1000.00, 2nd Place winner will receive $350.00 cash and 3rd Place winner will

More information

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages

te o agete! song (on page 13 of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Sample pages The te o agete! song A Listen again to the te o agete! song (on page of your Coursebook) and write what you are being asked to do. Verse tatte Verse mite suwatte matte te o agete hiraite yonde Verse kiite

More information

Celebrai Will Lopes pdf download $1.00 GP-L003 SATB a cappella. Will Lopes. Celebrai. for SATB a cappella.

Celebrai Will Lopes pdf download $1.00 GP-L003 SATB a cappella. Will Lopes. Celebrai. for SATB a cappella. pd download $1.00 G-L003 a cappella o a cappella www.gaphitepublishing.com G - L003 pd download $1.00 a cappella choi sung in otuguese LL R Modeato q = 90 4.. > > > >.... Ce - le - bai com jú - bi - lo!

More information

MUSIC FOR CHILDREN CARL ORFF CANADA MUSIQUE POUR ENFANTS ORFF CHILDREN S DAY

MUSIC FOR CHILDREN CARL ORFF CANADA MUSIQUE POUR ENFANTS ORFF CHILDREN S DAY Dear Music Educator, The Manitoba Orff Chapter will once again be presenting Orff Children's Day on Friday, April 27, 2018. You and six grade 5 students from your school are invited to participate in this

More information

2018 UNDERGRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM

2018 UNDERGRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM Hofstra University Office of International Admission 100 Hofstra University Hempstead, NY 11549-1000 USA InternationalAdmission@hofstra.edu Phone Number: +516-463-6700 Fax Number: +516-463-5100 2018 UNDERGRADUATE

More information

Remote Control Setup

Remote Control Setup Remote Control Setup Personalizing Your Remote Controls What you ll find in this chapter: IMPROVING RECEIVER CONTROL CONTROLLING OTHER COMPONENTS THE RECOVER BUTTON SENDING DISCRETE POWER ON AND OFF 7

More information

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions

COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions COHU, INC. Elec tron ics Di vi sion In stal la tion and Op era tion In struc tions 2200 SE RIES NTSC/YC, PAL/YC, AND RGB COLOR CAM ERAS This de vice com plies with part 15 of the FCC Rules. Op era tion

More information

Execu/Suite Master Folio Setup

Execu/Suite Master Folio Setup Master folios are used to post charges or payments not otherwise posted to guest folios. There are several types of master folios, each handled differently. They include Guest Advance Deposits, POS, Gift

More information

College of MUSIC. James Forger, DEAN UNDERGRADUATE PROGRAMS. Ad mis sion as a Ju nior to the Col lege of Mu sic

College of MUSIC. James Forger, DEAN UNDERGRADUATE PROGRAMS. Ad mis sion as a Ju nior to the Col lege of Mu sic College of MUSIC James Forger, DEAN The College of Music offers undergraduate programs leading to the de grees of Bach e lor of Mu sic and Bach e lor of Arts, and grad u - ate pro grams lead ing to the

More information

Doshisha Women s College of Liberal Arts Japanese Studies Program 2016 Application Checklist

Doshisha Women s College of Liberal Arts Japanese Studies Program 2016 Application Checklist Personal Information Sheet If you fill out this Personal Information Sheet data will be copied all the documents. Enter information print it out and fill out the rest of the part clearly in black ink.

More information

四川苗 小花苗 Gan Yi Dry Yi 干彝 Hei Yi Black Yi 黑彝 Bai Yi Eastern Lisu

四川苗 小花苗 Gan Yi Dry Yi 干彝 Hei Yi Black Yi 黑彝 Bai Yi Eastern Lisu L2/18-326R Universal Multiple-Octet Coded Character Set International Organization for Standardization Organisation Internationale de Normalisation Международная организация по стандартизации Doc Type:

More information

For Review Only. Pangasinan Pronunciation Guide. Consonants are pronounced like the typical Italian ones except: c which is pronounced like k

For Review Only. Pangasinan Pronunciation Guide. Consonants are pronounced like the typical Italian ones except: c which is pronounced like k Pangasinan Pronunciation Guide Consonants are ronounced like the tyical Italian ones excet: c which is ronounced like k n and g when seen together in that order (ng) are considered one consonant and is

More information

2017 Tentative Roster

2017 Tentative Roster 2017 Tentative Roster Seeing your name on this list only means that you were assigned to a DHA in the Application Process & Lottery. To actually be placed into the 2017 Hunt, you are still required to

More information

Ilio Volante Composer

Ilio Volante Composer Ilio Volante Comoser Italia, Rome About the artist Ilio Volante, Italian comoser of classical and azz music Born in Italy on 15 of May 1964, he as still a teenager hen he started his music studies (saxohone)

More information

2018 GRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM

2018 GRADUATE FINANCIAL VERIFICATION FORM Hofstra University Office of Graduate Admission 126 Hofstra University Hempstead, NY 11549-1260 USA graduateinternational@hofstra.edu Phone Number: +1-516-463-4723 Fax Number: +1-516-463-4664 2018 GRADUATE

More information

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference

A Dictionary Of Law Oxford Paperback Reference We have made it easy for you to find a PDF Ebooks without any digging. And by having access to our ebooks online or by storing it on your computer, you have convenient answers with a dictionary of law

More information

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes

KREOL MORISIEN MAURITIUS EXAMINATIONS SYNDICATE. Primary School Achievement Certificate Assessment. October Time: 1 hour 45 minutes Mens M ES Gerat Corpus Let the mind manage the body Que l esprit gère le corps Index Number:... KREOL MORISIEN (Subject code No. P220) examinationssyndicatemauritiu examinationssyndicateexamin examinationssyndicatemauritiu

More information

Perusal only. So - leil. go sur. les flots. Vo-guons

Perusal only. So - leil. go sur. les flots. Vo-guons Commissioned by Arts Buau or Continents or Unisong Festival, Ottawa, Canada UNITED IN SONG TOUS UNIS EN CHANSON SATB with optional tble choir and piano our hands Fnch translation by Gilles Plante Moderately,

More information

AUDITIONS. Woodland Theatre Presents

AUDITIONS. Woodland Theatre Presents AUDITIONS Woodland Theatre Presents Saturday June 24, 2017 10:00 MANDATORY Parent/Guardian Meeting 11:00 Auditions Begin 12:30 Lunch Break 1:00 Auditions Resume Until Finished Sunday June 25, 2017 10:00

More information

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers

Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers Discovering French Nouveau Blanc 2 Workbook Unit 5 Answers We have made it easy for you to find a PDF Ebooks without any digging. And by having access to our ebooks online or by storing it on your computer,

More information

Cheers to Chapman Wilson Spa and Pool.

Cheers to Chapman Wilson Spa and Pool. Cheers to Chapman Wilson Spa and Pool. I had a banging noise with my attic fan and stopped by the Chapman Wilson Spa and Pool store on Hope Mills Road and asked Mr. Chapman whether he does this kind of

More information

Setting Up Your Camera

Setting Up Your Camera Setting Up Your Camera Plug in your Camera(s) Indoor LED light Outdoor Micro USB (Optional) Indoor camera stand installation Status Lights on your Camera 82802 (Indoor) 82801 (Outdoor) Colour Status Meaning

More information

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher

MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher MAURIZIO MACHELLA Arranger, Interpreter, Publisher Italia About the artist Famous musician and organist, known throughout the world. Italian publisher, researcher and organist. Music collaborator with

More information